Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Refleksyon sou aktivite pou oryante
Lajenès an Ayiti
, e nan Dyaspora

Emmanuel W. Védrine

Photo courtesy: Tinèg Lazil

Fevriye 2020 
Mizajou 19 Jiyè 2023

English • Kreyòl

(•) Biyografi •  Biography •  Biografía •  Biographie

(•) BIBLIYOGRAFI
30 Ane Rechèch & Piblikasyon
Santre sou Ayiti, Kreyòl e Dyaspora Ayisyen
Kreyòl Ayisyen, de Epòk Kolonyal a 2022
Resous Edikasyonèl an liy pou Anseyan Ayisyen,
Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora

(•) KONFERANS
Eperyans Dyaspora Ayisyen  (EDA /
Haitian Diaspora Experience - voka)
Kozri sou koleksyon dokimantasyon sou kreyòl

(•) SEYANS FÒMASYON POU ORYANTE AYISYEN

(•) ENTÈVYOU

N ap salye tout moun ki pral li refleksyon sa yo, e ki pral sikile yo tou pou ede n sove lajenès an Ayiti (pou oryante l nan bon chemen dekwa demen pou jèn sa yo vin lidè konsyan. Nou bezwen lidè ki gen moral, k ap ede Ayiti sou tout fòm. Nou bezwen lidè k ap ba yo tou bon enfòmasyon (enkli enfòmasyon sou lekòl, sou inivèsite aletranje (pwogram d echanj), konsèy,  preparasyon yo dwe genyen depi Ayiti, filyè pou etidye aletranje… An retou, y ap kapab ede tèt yo, e miltipliye seyans fòmasyon / oryantasyon sa yo (enkli seminè pou aprann devlope biznis pou fè lajan depi bonè) pou ede jèn nan tout komin. () N ap panse a tout tip aktivite ki ka ede yo, e plizyè yo ka fè pandan gran vakans ou vakans ete. Nou pa ta renmen rate sa w gen pou di, oubyen esperyans ou nan travay ak jèn ayisyen. () Tout enfòmasyon sa yo kapab disponib pou yo sou entènèt la, e nan 4 lang prensipal Dyaspora Ayisyen an (anglè, espayòl, fransè, kreyòl) dekwa pou tout 146 komin Ayiti aksede yo, tout lekòl Ayiti, e tout dyaspora a. Mèsi davans! Nou konte sou èd ou nan konbit sa a pou kòmanse bay figi Ayiti yon eskanp tounèf.
Lajenès se fiti demen. Ki preparasyon n ap ba li depi jodiya pou pran larelèv demen? Se yon kesyon pou tout sitwayen, tout lidè ki ta renmen wè yon pi bèl Ayiti demen dwe panse.

«Lajenès» se yon sijè trè enpòtan pou nou, e nou toujou ap panse a swaf jèn yo genyen Ayiti, yon peyi ki pa ofri yo anyen. Lè n gade konpòtman move lidè  (ki san vizyon, k ap monte-desann sou pouvwa, nou anpàn mo pou ta dekri yo. Yo montre aklè ke yo pa sousye de avni lajenès. Nan sans sa a, nou pa ka blame jèn yo lè majorite nan yo ta renmen kite Ayiti pou al dèyè lavi miyò aletranje.

Nou wè ki valè ki gen tan kite Ayiti pou al Brezil, Chili, Repiblik Dominikèn… tout lòt kote posib e menm riske vi yo nan kanntè pou ateri Bahamas, Florida… Pa mwayen teknoloji jodiya, nou ka eseye wè kijan n ka oryante yo. N ap eseye fè sa fason nou kapab pou ta amelyore kondisyon y ap viv Ayiti.

Atravè seyans fòmasyon & oryantasyon long distans, tout moun ki enterese ede kapab pran woulib teknoloji a ofri pou fè sa. Nan sans sa a, n ap ankouraje devlopman videyo edikatif (ki ka fèt nan kad seyans fòmasyon, epi sikile yo atravè rezo sosyal yo pou atenn maksimòm jèn posib). e.g Resous pou edikatè yo : Resources for educators).  Travay konbit sa a kapab jwe yon gran wòl pou gide yo nan bon direksyon, e pou wè yon demen miyò.

Tout lidè an Ayiti (nan tout domèn, e nan tout enstitisyon) dwe lanse yon kanpay nasyonal pou oryante lajenès vizavi konsèy, (devlopman) biznis pou fè lajan (nan bon kondisyon), karyè, metye, pwofesyontravay sivik, e edikasyon pratik dekwa pou evite yo tonbe nan gang. Jèn yo bezwen prepare yo davans pou pwofite opòtinite travay endistri touris entènasyonal ka ofri yo.
Li enpòtan pou yo metrize lang anglè  espayòl fransè(ou plis lang) depi nivo segondè. Nou sijere pou lang etranje e rejyonal sa yo fè pati pwogram (oubyen korikilòm) lekòl Ayiti depi senkyèn ane fondamantal (menm jan sa yo nan plizyè peyi nan lemond jodiya). Yo dwe kòmanse mete pwogram konpwoutè nan lekòl yo (depi nivo fondamantal) pou elèv ka kòmanse itilize yo kòm zouti enpòtan, e obligatwa pou gen aksè a mache entènasonal la pi devan (kote pandan yo Ayiti y ap ka travay pou konpayi aletranje, menm jan jèn nan anpil lòt peyi fè sa).

Jèn yo swaf yon edikasyon pratik nan tout lekòl Ayiti, e nan tout nivo pou ede yo (wè kote yo prale), e pou sove lajenès. Se yon nesesite pou prepare, e oryante yo pou demen. Nou sijere itilizayon jou vandredi pou ta fè aktive sa yo nan tout lekòl atravè peyi a, pou fè seyans fòmasyon e oryantasyon ak yo.

An menm tan, yon fwa majorite lekòl ta konsyantize sou sa, e wè enpòtans sa genyen pou ede jèn yo, nou kwè yo pa menm bezwen tann leta (ofisyèlman) pou fè sa ki pratik, e benefisyab ak elèv yo. Donk li enpòtan pou tout moun ki nan domèn edikasyon pran konsyans de sa, e chèche mwayen pou kòmanse fè kèk aktivite nan sans sa a.

N ap ankouraje òganizasyon rejyonal ki eseye ede lekòl komin (lokal) kote yo soti. Genyen ki kòmanse fè sa atravè ekipman y ap voye pou ede lekòl sa yo (e.g, materyèl pou bati laboratwa konpwoutèkonpwoutèmachinakoud pou elèv aprann kouti, e lòt metye yo ka kòmanse aprann pandan yo lekòl).

Nou ta renmen wè tip aktive sa yo pou yo replike nan tout 146 komin yo. Yon fwa moun nan chak komin wè nesesite pou òganze yo, e travay de konsè  (kòtakòt) ak konpatriyòt ki nan dyaspora (ki soti nan menm komin), yo ka rive fè anpil bagay o nivo lokal. Ann wè kijan n ka fè seyans fòmasyon pou konsyantize pwofesè lekòl yo tou sou sa, atravè yon seri videyo fòmasyon yo ka gade an liy (sou ekran konpwoutè yo, oubyen sou ekran telefòn yo) yon fwa yo sikile atravè rezo sosyal yo.

SIJESYON KÈK PWOGRAM KI KA FÈT AK JÈN YO

(•) Agrikilti (•) Anglè (lang) (•) Ar Masyal (•) Bibliyotèk [aktivite] (•) Biznis (•) Daktilografi (•) Debwazman [anviwonnman] (•) Echanj [Pwogram Echanj ak Inivèsite Aletranje] (•) Edikasyon Pratik (•) Ekitasyon [espò] (•) Ekri, Ekriti [Atelye ekriven] (•) Elektwonik (•) Enstiti Politeknik [aprantisay metye] (•) Enstriman mizik (•) Entèpretarya, Entèprèt (•) Entèvyou ak kèk jèn, pwofesyonèl (•) Envantè orijin ayisyen & Syantifik Ayisyen (•) Envesti (•) Envite pwofesyonèl vin pale (•) Eskout (•) Espayòl (•) Espò (•) Etazini [USA] (•) Etid Inivèsitè [Edikasyon Siperyè] (•) Foutbòl [soccer] (•) Fransè [Lang etranje & Leson patikilye] (•) Gran Vakans, Vakans ete (•) Irigasyon (•) Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora (•) Jwèt (konpetisyon (•) Kan d ete [aktivite edikatif] (•) Kanalizasyon [anviwonnman; agrikilti] (•) Karyè (•) Kilti (•) Konpwoutè [teknoloji], Enfòmatik (•) Kontak (•) Laboratwa [teknoloji] (•) Lidèchip [devlopman l] (•) Lisans pou kondi machin (•) Mize Atizana [pou fè espozisyon] (•) Mize Syans (•) Mizik (•) Oto Ekòl [pou aprann kondi] (•) Pale [diskou] (•) Pepinyè [aktivite agrikòl] (•) Pwofesyon (•) Pwogram d Echanj pou jèn (•) Rechofman klimatik [anviwonnman] (•) Rezo Sosyal (•) Seyans fòmasyon & oryantasyon (•) Sivik (•) Tradiksyon & Tradiktè (•) Vakans, Gran Vakans ou Vakans d ete [aktivite, pwogram] (•) Vandredi [aktivite edikatif] (•) Anviwonnman (•) Ànyè Elektwonik (•) Atelye Ekriven [aktivite entelektyèl] (•) Biyografi (•) Etid Segondè  [Edikasyon Segondè] (•) G.E.D (•) Lang Etranje (•) Maryaj (•) Metye, Pwofesyon, Karyè (•) Rebwazman [anviwonnman] (•) Rezo Etidyan Ayisyen Ayiti -- Dyaspora (•) Seyans oryantasyon pou ekri (•) Teknoloji (•) Vizit [joune, randone] lekòl Ayiti dwe òganize ak elèv.

A

Agrikilti Debwazman

AGRIKILTI [•] DEBWAZMAN [•] KANALIZASYON [•] REBWAZMAN [•] IRIGASYON [•] PEPIN.  Kèk nan nou ka ap panse etidye agwonomi nan inivèsite pi devan. Depi bonè, li enpòtan pou n konnen ke youn nan pwoblèm prensipal Ayiti pou soudevlopman l gen pou wè ak «povrete agrkilti». Nou bay plis detay nan youn nan atik nou, Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti, e nan woman nou Sezon sechrès Ayiti -- ki santre sou pwoblèm peyizan ayisyen. Majorite peyizan pa gen tè pou travay. (•) Ti moso tè kèk nan yo ta genyen, anpil fwa yo vann yo pou ede yo ak bezwen ijan yo genyen (tèlke pa egzanp nan ka maladimòtalite). Pa gen pwojè irigasyon pou awoze ti moso tè kèk nan yo ta genyen. Pri manje monte bwa (monte de sèt wotè), e sa fè pati de sa yo rele lavichè paske yo pa gen pwodiksyon nasyonal a gran echèl (an gran kantite) pou ta desann pri manje. Ti pwodiksyon nasyonal k ap fèt yo non sèlman pa ka fè konpetisyon ak pwodui enpòte (san bon jan kontwòl gouvènman an sou sa), men tou monopòl absoli yon ti elit komèsyal  genyen pou l fè sa. (•) Sa vin fòse peyizan yo kite zòn riral ou milye riral yo pou al konble nan Pòtoprens, dèyè aktivite ekonomik pou siviv. Lè yo rive nan kapital la, yo gen espwa jwenn sa yo t ap reve a (tèlke yon travay nan kèk faktori). Pifò faktori non sèlman pa egziste ankò, men yo pa t janm nan avantay devlopman peyi a (tankou n ta panse a endistri agwo-alimantè ki ta ede anpil peyizan nan zòn kote y ap viv). Donk, anpil peyizan ayisyen oblije jete (kò) yo Sendomeng (ilegalman) pou travay nan chan kann, kafe, travay nan (domèn) konstriksyon, e fè lòt ti djòb. (•) Gen lòt ki eseye pran kanntè pou ateri Miyami, Bahamas (jewografi)... Malerezman, anpil pèdi lavi yo nan lanmè (tanzantan) nan risk sa a y ap eseye pran. Malgre agrikilti pa janm nan plan oken kandida, oken politisyen pou fè yon revolisyon radikal ladan, li ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti. Si ta gen yon pwogram radikal ladan, se t ap revè pwoblèm sa yo peyizan ayisyen ap konfwonte depi plis pase yon syèk. Lè nou di revè, sètadi Ayisyen ki sot an pwovens, e ki an tranzit Pòtoprens (dèyè lavi miyò) ta retounen lakay yo (nan komin kote yo soti) al travay latè. Yo ta patisipe nan aktivite agrikòl ki ta ba yo kèk okipasyon.

AKTIVITE AGRIKÒL (Agricultural Activities).
ANGLÈESPAYÒLFRANSÈ (English, Spanish, French • Foreign Language). Byenke lekòl Ayiti poko kòmanse anseye lang sa yo kòm lang etranje depi nivo fondamantal, li enpòtan pou yo nan lis lang etranje tout moun Ayiti dwe metrize depi bonè (nan) lekòl. Enpòtans pou tout jèn an Ayiti metrize 3 lang entènasyonalkomèsyal, e rejyonal sa yo (ki fè pati de eritaj istorikkiltirèl, e lengwistik Ayiti) depi nan segondè dekwa pou gen aksè a opòtinite mache mondyal la ofri. Pou plis detay, gade yon atik nou sou sa: Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti.

ANVIWONNMAN (Environment). Akvite e seyans fòmasyon & oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo pou aprann pwoteje anviwonnman an.

ÀNYÈ, DIRECTORY OF THE HAITIAN COMMUNITY IN GEORGIA. (edisyon Betty Fortunat). Ànyè Kominote Ayisyen nan (eta) Georgia, Etazini (USA).

ÀNYÈ, HAITI’S SUPER WEB DIRECTORY & DIASPORA : GRAN ÀNYÈ ELEKTWONIK AYITI & DYASPORA) ABCDEFGHIJKLMNOPQRSTUVWXYZ (•) Pou kisa ànyè sa a? Repons lan se enfòmasyon sou Ayiti & Dyaspora. Pafwa kèk moun konn mande kijan yo kapab ede Ayiti. Nou rankontre anpil jèn ameriken orijin ayisyen, e zanmi Ayiti ki konn poze kesyon sa a. Kòm chèrchè, biyograf (k ap fè rechèch ki plis santre sou Ayiti, e sou kreyòl ayisyen, nou reyalize li enpòtan pou gen yon ànyè an liy (oubyen sou entènèt la) ki ta enkli tout bagay ki an rapò ak Ayiti e Dyaspora Ayisyen an. Gen moun tou k ap fè rechèch sou Ayiti, e ki toujou ap mande enfòmasyon paske yo pa t gen aksè a yon ànyè ki ta enkli tout bagay (de «A» a «Z»). Nou pran nòt de sa, epi n itilize aksè entènèt la dekwa pou fasilite rechèch sou Ayiti nan 21èm (venteyinyèm) syèk.

AYITI VA BÈL LÈ N ANTERE NEGATIVITE YO (Haiti Will be beautiful when we burry the negativity) poetry : pwezi).

AR MASYAL. (Martial Arts • Wè espò).

ATELYE EKRIVEN (Writers’ Workshop). Wè ekriekriti). Aktivite e Seyans Fòmasyon & Oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

B —

BIBLIOGRAPHIE HAÏTIENNE ET INDICES BIBLIOGRAPHIQUES. (Bibliyografi Ayiti & Nòt - Endis Bibliyografik : Haitian Bibliography and Biographical Notes).

BIBLIYOTÈK (Library). Plizyè tip aktivite ka fèt pou jèn yo nan bibliyotèk, e enpòtans pou chak komin ta gen kèk bibliyotèk (kèlkeswa kapasite yo), e youn ki piblik ke leta dwe kreye. (•) «Yon bibliyotèk se limyè l pote nan yon kominote, nan yon peyi pou gide jèn yo nan lekti pou yo vwayaje lòt kote, nan lòt mond san yo pa deplase fizikman, men lespri yo fè sa lè yo estimile. Pou n reyalize yon bibliyotèk, nou bezwen lokal. Nou bezwen liv nan tout domèn. Mwen ankouraje pou gen liv etidyan yo itilize lekòl yo paske anpil paran anpil fwa pa gen lajan pou achte liv. (•) Bibliyotèk lòt peyi ka fè don liv… Li enpòtan pou gen konpwoutè (òdinatè) nan yon bibliyotèk. Li nesesè pou gen yon estaf (ekip moun) ki anfòm, ki konnen kominote a, ki gen esperyans nan travay kominotè. Fò yo ka bati pwogram pou jèn yo, travay ak jèn yo tou. Li enpòtan pou fòme klib literè pou jèn yo, teyat, wobotik, fè aktivite enteresan aprè lekòl. Fè konpetisyon ak lekòl yo, bay prim epi envite otè, e pwofesyonèl vin pale tanzantan» (Joel Theodat)… [Bibliothèque de la Faculté de Médecine et de Pharmacie de l’UEH, State University of Haiti • Bibliothèque et Archives d’Haïti : Bibliyotèk e Achiv Ayiti • Bibliothèque Haïtienne des Pères du Saint-Esprit : Bibliyotèk Pè Sentespri • Bibliothèque Nationale d’Haïti : Bibliyotèk Nasyonal Ayiti • Bibliothèque Virtuelle du Réseau de Bibliothèques de l’Université d’État d’Haïti • Bibliyotèk 54, Carrefour • Bibliyotèk Rasin Lespwa (Dabòn- Leyogàn)  •  E. W. Védrine Virtual Library Bibliyotèk Vityèl E. W. Védrine • Haiti Reads • Martin Luther King, Jr. Library at the Haitian-American Institute].

BIYOGRAFI (Biography). Seyans Oryantasyon sou Biyografi Otobiyografi Memwa. Kisa biyografi ye? Se tout bagay ki an rapò avèk lavi yon moun. Se yon rechèch trè enpòtan pou n panse ekri sou sa nou fè pandan nou vivan (oubyen nan vivan n). Ou ka yon lidè, otè, ekriven, yon pwofesyonèl nan diferan domèn ki ta vle travay sou sa ou reyalize nan vi w. Ou kapab panse fè sa. Ou pa bezwen yon ekriven pou fè sa, men ou kapab peye yon ekriven pwofesyonèl fè sa. Li ka chita fè entèvyou ak ou. Entèvyou sa a kapab gen diferan sègman. Apre sa, li travay sou transkrip la pou mete l sou fòm liv. Se ou menm ki gen dwa d otè w. An tèm liv, ou kapab diskite tou ak yon mezon d edisyon pou pibliye l. (•) Gen anpil moun ki reyalize yon dal travay pandan 10, 15, 20 an men yon fwa yo mouri pa gen oken tras sa yo te fè. Se vre, moun kapab pale de ou, ou te yon bon papa, ou te yon bon manman, men ou pa kite anyen ekri dèyè lè w mouri. Anpil lidè nan plizyè peyi peye yon moun ekri otobiyografi yo pou kite dèyè kòm memwa. (•) Pou moun k ap viv nan gran peyi (tankou Etazini, Kanada, Lafrans…) nou di gran dyaspora (fason kòman nou rele yo) nou wè kòman moun òganize yo. Poutan nou menm Ayiti, anpil nan nou k ap viv nan gran peyi sa yo, nou pa gade kòman blan yo òganize travay yo. Se pou sa nou lanse apèl la. Ou menm, kèlkeswa kote w ap viv nan dyaspora a, li enpòtan pou panse a sa pandan w vivan. (•) Se ou menm ki pou fè yon jan pou travay sou otobiyografi w, oubyen peye yon moun fè sa pou ou (atravè entèvyou l pral fè ak ou). Ou kapab revize tout sa ou fè paske se ou menm ki konnen vi w pi byen; se ou menm ki konnen travay ou yo pi byen ke tout moun. (•) Pa panse ke moun pral travay sou sa lè w mouri. Tout moun se afè pa yo ke yo pral gade, e pa gen pwoblèm nan sa (pou wè tèt ou avan). Se vre, si y ap fè rechèch yo kapab site w, men se ou menm nan vivan w ki kapab vini ak pi gwo biyografi, youn ki pi konplè nou ka di an tèm travay ou fè. Nou gen gwo pwoblèm nan kenbe dosye, etan gwoup etnik. Pa egzanp, nou ka fè  entèvyou  adwat agoch men nou pa kenbe kopi yo; nou pa gen transkrip yo sou diskèt. (•) Anpil fwa, nou nèke fè entèvyou epi n bliye sa. Li enpòtan pou chak entèvyou nou bay oubyen fè, pou n toujou mande yon kopi l pou klase nan dokiman nou pou al pwodui yon lòt kopi, epi pandan n gen tan nou kapab travay sou transkrip la. Sètadi, nou pral chita tande son an epi ekri pawòl yo sou papye. Konsa, n ap gen kopi yo nan yon bwat, espesyalman kote dlo p ap pase pou detwi yo, oubyen dife. (•) Toujou mete yon dat sou tout sa ou fè. Konsa ou kapab kategorize yon seri travay ou fè. Ki modèl ou kapab suiv? Jodiya gen yon dal modèl an liy (sou entènèt la) an tèm memwaotobiyografi, tout travay yo ale ak dat (e.g, ki dat ou te fè tèl bagay pou òganize l). Ou kapab gade tou modèl biyografi travay nou fè sou Ayiti (an tèm rechèch ki santre sou Ayiti, dyaspora ayisyen e sou kreyòl.

BIZNIS (Business). Akvite e seyans fòmasyon - oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

BONDYE (God). Mete Bondye devan nan tout sa n ap fè. Lakrent pou Bondye se kòmansman lasajès.

C —

CHAK AYISYEN ENPÒTAN POU DEVLOPMAN AYITI (Every Haitian is important in Haiti’s development).

CHANJE MANTALITE POU RANVÈSE KONDISYON POVRETE AYITI  (Changing mentality to curb poverty in Haiti). [Materyèl pou moun k ap aprann kreyòl : Materials for learners of Haitian Creole].

CURRICULUM VITAE (C.V). Pou kisa moun dwe prepare yon C.V? Ki enfòmasyon ki dwe ale nan yon C.V e pou kisa? Postile kòm kandida pou travay, estaj (internship) ki an rapò ak pwofesyon / domèn etid kandida a, postile pou etidye aletranje (kijan pou ranpli fòmilè yo an liy, tradiksyon davans atravè motè de rechèch «google translate»).

DAKTILOGRAFI (Typing). Tape, aprann tape / daktilografye). Se yon metye ki fè pati travay yon sekretè ou asistan administratif. Aktyèlman avèk pwogram konpwoutè ki fè pati pwogram lekòl (korikilòm) nan plizyè peyi nan lemond, elèv yo aprann tape pi rapid sou konpwoutè, aprann pozisyone dwèt yo (e.g, ki dwèt ki pou ki lèt). Yon konesans nan daktilografi kapab ede tout moun (pou itilize konpwoutè pi rapid jodiya, lè machinatape (prèske) pa alamòd ankò. Si lekòl ou ale a pa gen yon pwogram pou montre elèv tape, debouye w aprann li, aprann dwate. Sa pral ede w tape papye w rapid sou konpwoutè, sou laptòp ou. Si ou pa gen yon pwogram patikilye w ap fè pandan vakans ete, òganize w pou aprann tape.

DEBWAZMAN (Deforestation • Wè agrikilti). Akvite e seyans fòmasyon - oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

DEVELOPMAN (Development). CHAK AYISYEN ENPÒTAN NAN DEVLOPMAN AYITI (Every Haitian is important in Haiti’s development).

DIZNEVYÈM GRADIYASYON HAITIAN MULTI-SERVICE CENTER, DISKOU ENVITE ESPESYAL, E. W. VÉDRINE (Nineteenth Graduation of the Haitian Multi-Service Center, Special Guest Speech, E. W. Védrine).

E —

ECHANJ, PWOGRAM ECHANJ AK INIVÈSITE ALETRANJE (Exchange, Exchange Programs with Foreign Universities). Gade atik «Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè» (seksyon Pwogram Echanj). Pwogram d Echanj ak inivèsite aletranje ta yon sijè ki enterese n anpil. Nan syèk aktyèl la, oken peyi pa ka fonksyone yon ti kote apa (pou kont li) san l pa fè echanj ak lòt. Puiske inivèsite se espas kote ide yo jèmen, dwe gen bon jan echanj ant inivèsite yo (kit se inivèsite rejyonal ou entènasyonal). Pa egzanp, ta dwe gen Pwogram Echanj ant inivèsite BrezilGiyàn FransèzJamayikKolonbiKostarikaKibaKirasoMeksikPòtorikoRepiblik Dominikèn, elt. An menm tan tou, ta dwe gen bon jan patenarya ant inivèsite an Ayiti ak inivèsite EtaziniKanada e Ewòp (AlmayBèljikEspayFransItaliSwis). Ta dwe gen pwogram ki fasilite etidyan ak pwofesè pou al founi je gade sa k ap fèt lòt kote.

EDIKASYON BILENG : TEYORI E PRATIK (Bilingual Education : theory and practice). [Materyèl Edikatif disponib an liy pou ede elèv, lekòl, chèrchè].

EDIKASYON PRATIK (Practical Education). Wè vandredi). Itilizasyon jou vandredi pou fè edikasyon pratik nan tout lekòl Ayiti.
EDIKE JÈN AYISYEN E KOMINOTE AYISYEN NAN DYASPORA (Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora).

EKITASYON (Horse riding). Kous cheval, galope cheval). Wè espò.

EKRIEKRITI. (ATELYE EKRIVEN E SEYANS ORYANTASYON POU EKRI). Teknik pou ekri (kritikpwezi / powèmpyèsteyat, refleksyon, resiwoman). Enpòtans pou ekri yon jounal (chak jou) sou sa ou te fè  (pa egzanp pandan w an vakans yon kote, sou yon esperyans kèlkonk w ap fè, sou yon bagay kèlkonk w ap obsève). (•) Se atravè jounal la ou ka dokimante tout bagay. Eseye ekri yon atik (omwen chak semèn) sou nenpòt sijè. Si w ka pwodui yon atik chak semèn pandan 52 semèn, donk nan yon ane ou gen tan ekri 52 atik. Selon longè yo, e sijè w abòde, ou ka gen maniskri pou de, twa liv. Teknik pou ekri fiksyon oubyen èv fiktif (resipyès teyatpweziwoman).

EGOYIS: YON VIRIS K AP DETWI KOMINOTE AYISYEN (Selfishness: a virus destroying the Haitian Community).

ELEKTWONIK (Electronics). (Aparèy elektwonik). Aprann (ranje) tout bagay elektwonik posib, kote w ka viv sou sa kòm metye (e.g, bagay tankou konpwoutè, motè, radyo, telefòn, televizyon… Demonte epi remonte yo). Jèn yo renmen sèvi ak aparèy elektwonik (e.g, GPS, konpwoutè, laptòp, motè, radyo, tepikòdè, telefòn selilè, televizyon, tablèt). Yon moun ki aprann ranje (plizyè) aparèy elektwonik kapab viv sou sa kòm metye. Demonte epi remonte yo. N ap ankouraje anpil jèn tou nan kad envansyon y ap fè. Nou gade kèk videyo sou sa an liy. Ann wè kijan nou ka ankouraje, e ankadre yo nan tip aktivite sa yo (e.g bay prim, chache bous d etid pou ede yo, fè entèvyou ak yo / konnen nan ki lekòl y ale, e suiv pwogrè y ap fè).

ENFÒMATIZE AYITI, E ESTRATEJI POU SA FÈT : Computerizing Haiti, and the strategy to do it : Informatiser Haïti et la stratégie pour parvenir : Informatizar Haití y la estrategia para hacerlo.

ENPÒTANS POU DEKWOCHE YON DIPLÒM FEN ETID SEGONDÈ (L’Importance d’acquerir un diplôme de fins d’études secondaires).

ENSTITI, LEKÒL POLITEKNIK. Nesesite pou gen youn Ayiti.

ENSTRIMAN, MIZIKMIZIKAL (Instrument, music, musical instrument). Èske lekòl ou a montre elèv jwe enstriman? Èske (gen) mizik nan pwogram lekòl ou a? Èske w jwe nan yon fanfa? Èske w jwe nan yon gwoup? Èske w jwe nan yon bann? Èske w pratike ak lòt mizisyen? Èske w ta renmen pwodui pwòp C.D ou kòm atis pou vann? Fè konsè? Ki enstriman ou (ka) jwe? Ki enstriman ou konn jwe? Ki enstriman ou ta renmen aprann jwe? Ki sous enspirasyon w pou ekri chan, powèm? Ou chante nan yon koral? Ou gen vwa pou chante? Ou ka chante? Ou konn chante? Ou ka ekri powèm, epi w chante l? Ou ka konpoze chan?

ENVESTI (Investing). Tout jèn (ki nan ventèn, e menm ki poko nan ventèn) dwe aprann envesti nan yon biznis kèlkonk, nan kèk aktivite ekonomik k ap ba yo lajan, pou aprann fè lajan (nan bon kondisyon), pou yo pa depann de moun k ap vin ede yo tout tan. Se fason pou aprann libere tèt yo ekonomikman, epi re-envesti pou fè plis pwofi. Yo ka envesti nan byen imobilye (tankou acha , tè pou bati kayguesthousemotèl (ti otèl). Yo ka lwe kay yo pa pyès pa pyès (•) amenaje kay yo (si l posib) pou l tounen guesthouse pou lwe l ak plis moun, e pou fè plis pwofi.
Yo ka anfèmen (peye anyèlman) pou fè jaden (k ap pran 3, 4 mwa pou rekòlte), epi vann rekòt la pou fè pwofi. Yo ka konstwi sitèn dlo sou yon tè (ki ka tè yo), epi awoze tè vwazen (pou lajan)… Se jis kèk ide biznis yo ka devlope, e nou p ap kite dèyè mache elekwonik lan (konpwoutètelefòn pòtab, e tout lòt aparèy elektwonik) ak aksè teknoloji a pou fasilite kominikasyon pami jèn yo.

ENTÈPRETARYAENTÈPRÈT -  (Interpreting Interpreters). Preparasyon e pwofesyon). Seminè aprantisay lang pou ou vle entèprete yo (•) Kote ou pran fòmasyon pou sa (•) Sa ou genyen kòm zouti pou pwofesyon an (e.g. diksyonèleksik bileng (•) Resous ou bezwen kòm referans (•) Resous ki an liy). Kèk diksyonè • leksik • bank done leksikal (ki baze sou rechèch sou kreyòl ayisyen) nou kapab gade: (•) Dictionary of Haitian Creole Verbs with phrases and idioms (Emmanuel W. Védrine, 1992). (•) Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 février 1986 à nos jours. Vol I, II. André Vilaire Chéry). (•) English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. (Albert Valdman, chief editor. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017) (•) Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the «DICO Project», Vol. I). Albert Valdman, chief editor. 2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team). (•) Haitian-English Dictionary (Bryant Freeman and Joel Laguerre, revised ed.). (•) «Lexique du créole d’Haïti». Pradel Pompilus, 1961. Thèse complementaire. Université Sorbonne (•) Oxford Picture Dictionary, English – Haitian Creole. [Bilingual Dictionary for Haitian Creole speaking teenage and adult students of English. 2nd ed.] (•) Petit lexique du créole haïtien (historical linguistics). Emmanuel W. Védrine (•) «Quelques plantes créoles et leurs noms en latin». Emmanuel W. Védrine. *For reference of French, Spanish, German, Italian dictionaries: see Barron's bilingual collection (online, e.g., Dictionnaire Français-Anglais (Barron’s Bilingual Dictionaries).

ENTÈVYOUWE KÈK JÈN • PWOFESYONÈL . (Interviewing some youth, professionals). Nou ka wè entèvyou kòm rechèch premye sous. Li enpòtan pou n fè entèvyou ak pwofesyonèl nan yon domèn (pou aprann de domèn sa a, edike n ladan, poze kesyon sou li). Nou ka prepare yon lis kesyon (ke n bezwen konnen repons  yo, sitou pou yon rechèch n ap fè. Li enpòtan pou n travay sou transkrip entèvyou pou sev li (kòm dokiman pou rechèch). Aparèy pou fè entèvyou: aktyèlman nou kapab fè l ak telefòn pòtab nou, epi voye kopi l bay imel nou (kòm bakòp). Li toujou enpòtan pou n date tout entèvyou nou fè (pou dosye nou).

ENVANTÈ SYANTIS ORIJIN AYISYEN (Inventers and scientists of Haitian origins) • Non, e sa yo fè.
ENVITE MOUN PWOFESYONÈL VIN PALE (Inviting Professionals to come and speak). Lekòl yo ka planifye pou envite pwofesyonèl nan plizyè domèn, pwofesyon, metye pou vin pale nan klas. Se fason pou elèv yo gen yon ide kijan pou kòmanse prepare yo lekòl si yo gen entansyon antre nan tèl ou tèl domèn sa yo demen. Depi bonè, yo pral konnen ki matyè pou yo vèse ladan, pwogram yo dwe suiv. Ka gen yon sesyon kesyon pou etidyan poze kesyon apre envite a fin pale. Anseyan an ka sèvi kòm abit k ap kontwole sesyon an. Li kapab mande elèv yo ekri yon papye (youn, de paj kòm devwa) sou prezantasyon ki te fèt nan klas la.

ESKOUT (Scout, Scouting). Antre nan pwogram eskout se yon bèl aktivite sivik pou oryante jèn, e pou aprann bati lidèchip depi bonè. Yo gen opòtinite aprann plizyè bagay pratik y ap bezwen nan lavi. Li gen pati avanti ladan l tou pou jèn, e fanmi yo (e.g, vwayaje al lòt peyi pou rankontre lòt eskoutkanmping [òganize kan, ale nan kan] e seyans fòmasyon yo ka aprann nan kan). Tout enstitisyon Ayiti ta dwe ankouraje, pwomote sa dekwa pou jèn yo gen opòtinite devlope sivism depi bonè. (•) Nan sèman yo prete sèman, yo dwe fè mye nan travay yo anvè Bondye e obeyi lwa pou eskout. Yo dwe ede lòt moun tout tan. Yo dwe kenbe kò byen fizikman, e moralman. Konfyans enpòtan pou yon eskout genyen. (•) Misyon eskout se pou prepare jèn yo pou fè chwa moral pandan tout vi yo, kote yo enkilpe valè lwa sèman yo prete a. Konpòtman sa yo dwe reflete kay yon eskout: amikal (friendly), ekonòm (thrifty), janti (kind), kontan (cheerful), kouraje (courageous), koutwa (courteous), lwayal [moun dwe fè l konfyans] (loyal), obeyisan (obedient), pwòp (clean), respektye (reverent), sèviyab (helpful). [Ref. The Foundation of Scounting, www.scouting.ort/ ].

ESPAYÒL (Spanish • Wè lang etranje).

ESPÒ (Sports). Nou ka site espò tankou: ar masyalbaskètbezbòldyògingekitasyonfoutbòlkouskous bisiklèt (siklism), mach (lan, rapid), natasyon, plonjon, tenis… jis pou site kèk.  Enpòtans pou gen antrenè pou ta montre yo jwe bezbòl, yon espò entènasyonal ki popilè nan Karayib la, Amerik Santral, e Amerikdinò jèn yo ka fè karyè ladan pou vin jwè pwofesyonèl.

ETAZINI (USA)  SEYANS ORYANTASYON POU ETIDYAN AYISYEN K AP VIN ETAZINI (Orientation Seminar for Haitian students coming to the United States). Kèk kesyon enpòtan pou reflechi sou yo: (1) Èske te konnen li enpòtan pou toujou mache ak idantite sou ou (e.g, lisanspaspòidantite etidyan kote w al lekòl) an ka lapolis mande w idantifye w? (2). Èske w gen yon kanèdadrès ak enfòmasyon (ekri) w ap bezwen? (3). Èske w te konnen lapolis la pou sèvi, ede, e pwoteje? Ou pa bezwen pè ni kouri si lapolis estope w. Jis kowopere, respekte l. (4). Ki koneksyon w ak kominote ayisyen nan Etazini? (5). Ou gen paranzanmi ladan? (6). Ki kote ou pral fè ladesant (nan otèl, motèl, ka zanmi, ka paran, nan yon kanmpous inivèsitè)? (7). Ki limit viza w la? (8). Ki tip viza ou genyen? (9). Kijan w ap vin Etazini (kòm antreprenèbiznismannetidyan entènasyonalimigran legalkonferansyetouris, ak gwoup etidyan an vizit)? (10). Kisa ou pa dwe fè selon viza ou genyen an? (11). Kisa w ap vin etidye kòm etidyan (ki gen viza etidyan)? (12). Konbyen tan etid la ap dire? (13). Ou gen tout enfòmasyon deja sou sa w ap vin etidye a? (14). Ou an kontak ak moun ki nan chan d etid la pou enfòme w sou sa? (15). Èske w ap gen pou fè internship (estaj) pandan w ap etidye ou apre w fin etidye? (16). Èske w ap gen pou ekri yon tèz metriz / doktora dekwa pou kòmanse lokalize bibliyografi rechèch ou? (17). Kisa w konnen sou lwa imigrasyon?  (18). Nan ki lang ou pral pale ak Ameriken? (19). Ou gen kowòdone sant kominotè ayisyen (ki nan plizyè vil / eta) ou ka kontakte pou mande enfòmasyon? (20). Ou konn sa pou fè an ka ou gen yon ijans (emèjennsi)? (21. Ou gen adrès ak nimewo telefòn konsila ayisyen, an ka w ta bezwen kontakte yo pandan w Etazini? (22). Ou ka paleekri anglè byen? (23). Ou te nan yon enstiti lang pou aprann anglè avan w kite Ayiti? (24). W ap ka li e konprann afich yo an anglè, oubyen enfòmasyon ki sikile? (25). Sitwayènte Ameriken: Kesyon ak Repons pou egzamen an.

ETID INIVÈSITÈ EDIKASYON SIPERYÈ (University Studies, Higher Education. N ap pran jèn yo kòm sib, men nou pa pral ekskli moun ki ta pi aje. Moun ka al lekòl a nenpòt laj (selon jan opòtinite ta prezante pou yo, oubyen lè yo jwenn opòtinite). N ap gade nan ki brakèt laj y ap kite Ayiti [17181920, elt.]. Si yo ta twouve yo nan brakèt sa a, nou si e sèten gen ladan yo ki ta gen tan rive nan nivo Bakaloreya (I, II – fen sik segondè a), e ki enpòtans sa genyen (kòm edikasyon de baz o nivo mondyal pou kòmanse prepare, e oryante yo vè mache travay la). Sa gen gran enpòtans, si yo konplete oubyen rive nan nivo bakaloreya nan laj sa a, epi y ap vin Etazini (ak rezidans, sètadi papye legal pou imigran), kote paran te aplike (oubyen fè demann) pou yo. (•) Tout etidyan nan inivèsite an Ayiti ta dwe: (1). Gen omwen 3 kont imel pou estoke dokiman rechèch ak referans yo bezwen. (2). Kenbe kontak ak espesyalis ki nan domèn etid yo (ki nan peyi etranje, nan inivèsite aletranje). (3). Gen yon ide jeneral sa yo ka fè kòm karyè / pwofesyon apre yo fin resevwa diplòm inivèsitè yo. (4). Pale e ekri anglè, espayòl, fransè trè byen. Fransè poko anseye kòm lang etranje nan lekòl Ayiti byenke se youn nan lang ofisyèl peyi a. Ayisyen (ki rive lwen lekòl) plis li fransè, ekri, pale fransè men se pa lang matènèl Ayisyen. Nou mansyone twa lang sa yo (non sèlman se eritaj lwengwistik Ayiti, men tou pou gen plis opòtinite nan kontinan ameriken an, kote yo pale, e ouvèti a mache mondyal ki itilize yo). (5). Gen yon lisans pou kondi. Konsa yo ka fè taksi, lòt ti biznis ak yon pikòp pandan yo lekòl pou fè lajan. Kèlkeswa sa y ap etidye, yo dwe ale nan seyans / seminè pou biznis, aprann envesti depi byen bonè pou kreye endepandans ekonomik. (6). Konn itilize òdinatè (konpwoutè) fen e byen, konn langaj konpwoutè ki enpòtan pou biznis… pou gen aksè plop-plop a mache entènasyonal la (pandan y Ayiti) pou fè gwo lajan. (7). Gen kontak ak klib etidyan ayisyen (nan inivèsite Etazini, Kanada, Lafrans, Ameriklatin… oubyen chache mwayen an kontak ak etidyan / pwofesè nan lekòl sa yo. (8). Esplore posiblite pou y al etidye Kiba omwen pou 6 mwa, fè rechèch la tou nan diferan domèn. (9). Panse a posiblite pwogram echanj nan inivèsite ewopeyen (Almay, Bèljik, Espay, Itali, Lafrans, Lasuis), Ameriklatin (kote yo ka jwenn viza pi fasil pou fè sa). (10). gen yon ide jeneral sa yon edikasyon siperyè vle di (nan kad preparasyon sivik pou ede peyi w, komin ou, kominote w an retou, rechèch ou dwe ka fè nan domèn etid ou epi pibliye yo sou fòm liv pou fè lajan, pibliye tèz ou (sou fòm liv, oubyen vèsyon elektwonik li pou fè lajan. Pa jis kite l ap dòmi nan bibliyotèk depatman an, nan bibliyotèk inivèsite a, patisipe nan konferans  tout kote posib pou twoke (boukante) lide ak lòt entelektyèl, fòme e oryante maksimòm jèn posib pou pran larelèv demen.

ETID LAMEDSIN ETIDYE MEDSIN (Etazini, Kanada : Medical Studies in the USA,Canada). Sa ou dwe konnen. Èske yon etidyan ki fin bakaloreya Ayiti prepare pou anbrase yon karyè nan syans (yon karyè syantifik) nan inivèsite aletranje? Repons a kesyon sa a ka varye de yon elèv a yon lòt. Sa ka varye tou an tèm ki tip lekòl elèv la t ap frekante Ayiti, e kòman li menm li ye (an tèm preparasyon akademik). (•) Gen elèv Ayiti, ki fin bakaloreya, ki fin inivèsite ki kapab briye nan inivèsite aletranje. Konsa tou, genyen ki fin bakaloreya, ki fin inivèsite an Ayiti ki pa ka fonksyone nòmalman nan inivèsite aletranje. Byenke lekòl Ayiti gen pwoblèm ak absans laboratwa, yo pa anseye syans kote gen laboratwa (o nivo segondè). (•) Se gwo pwoblèm elèv yo genyen. Yo bat pakè anpil chapit. Yo kapab avanse nan matematik, ki pa mande laboratwa, diferan de matyè kouwè biyolojichimifizik. Sa kapab ba yo pwoblèm lè pou yo fonksyone nòmalman nan matyè sa yo nan laboratwa aletranje (akoz pratik la yo ta rate depi nivo segondè Ayiti. Konpare ak gran peyi, elèv yo gen askè a laboratwa nan nivo segondè. Nou ka desann menm pi ba toujou pou n di depi nivo elemantè e mwayen. (•) Èske elèv sa a ka etidye medsin nan peyi Etazini, Kanada? N ap di korikilòm peyi sa yo (Etazini, Kanada, pa egzanp), ta diferan de lekòl ewopeyen kote apre etidyan fin etid segondè li ka antre dirèkteman nan fakilte medsin. (•) Nan Etazini, si elèv sa a gen entansyon al fè medsin, fò l antre nan inivèsite pou l fè kat ane etid inivèsitè (Undergraduate Studies). Li ka espesyalize l nan biyolojibiyochimi ou chimi pa egzanp. Elèv yo pral fè plis travay nan laboratwa nan lekòl medsin. Donk yon elèv ki etidye chimi nan inivèsite Etanizini, Kanada, plizoumwen li gen yon preparasyon nan laboratwa pandan premye sik inivèsitè a. Aprè sa, etidyan an pran egzamen MCAT (Medical College Admission Test) egzamen d antre ki obligatwa. Kandida a ap voye rezilta egzamen sa a bay anviwon 6 a 7 inivèsite y ap aplike (pou antre nan fakilte medsin yo). (•) Pou elèv an Ayiti, li vin pi difisil ankò si elèv la fin bakaloreya, pase l gen pwoblèm lang anglè a pou l konfwonte. Si l fin bakalora, epi l fè kat premyè ane yo nan yon inivèsite Kanada frankofòn pa egzanp, (nan pwovens Kebèk. Donk, sa depan ki kote elèv la pral fè kat ane inivèsite a. Si se yon elèv ki briye nan segondè an Ayiti, li kapab fè tranzisyon an pi fasil nan Kanada frankofòn, ke Etazini (ou Kanada anglofòn). Fò l metrize anglè Etazini, e se gwo pwoblèm sa a li pral rankontre, kote (tout) elèv k ap sot Ayiti poko metrize lang anglè a nòmalman. Tout matyè y ap fè nan inivèsite ameriken se an anglè yo ye. Se sa ki pral koze reta pou elèv ki fin bakaloreya, ki ta vle etidye lamedsin nan peyi Etazini. Omwen se yon karyè ki ka pran dis a douz ane avan ke elèv la vin medsen oubyen avan l diplome fakilte medsin. N ap swete ti eklèsisman sa yo kapab oryante elèv Ayiti k ap panse a etid / karyè sa a, e kijan sa ye nan kèk peyi aletranje.

ETID SEGONDÈ • EDIKASYON SEGONDÈ • ENPÒTANS POU DEKWOCHE YON DIPLÒM FEN ETID SEGON (Secondary Studies / Education The importance to have a High School Diploma). Apre etid segondè, li ta preferab pou yon elèv antre nan lekòl profesyonèl, pran seyans fòmasyon & oryantasyon pou aprann fè e devlope biznis, ale nan yon lekòl pou aprann enfòmatik (syans konpwoutè) avan yo kouri al nan inivèsite Ayiti (ki pa gen oken laboratwa, pa gen pwofesè k ap pibliye rechèch syantifik nonpli)… Konplete pwogram etid segondè nan plizyè peyi, se yon bagay ki kapab konsidere yon liks lè edikasyon pa yon bagay gratis nan plizyè andwa nan lemond. Li koute lajan, e se pa nan tout peyi etidyan gen aksè a lekòl leta ki ta gratis (pa egzanp, kèk nan lekòl sa yo pa gen ase plas pou resevwa elèv. Genyen ki pa totalman gratis lè elèv gen pou peye frè enskripsyon oubyen anwolman, lè pou yo achte liv ak inifòm tou.

FOUTBÒL (Soccer • Wè espò).

FRANSÈ (French • Wè lang etranje).

G.E.D (General Educationnal Development) • Egzamen / Diplòm ekivalan a Diplòm Etid Segondè Etazini ou High School Diploma. Gen elèv ki sot lòt peyi ki vin Etazini. Gen ladan yo ki ka vin ak Diplòm Etid Segondè yo • Gen ladan yo ki pa gen diplòm sa a. Yon fwa ou Etazini, si w ta depase laj 18 ane, e ke w pa ka antre nan High School (lise ameriken), ou kapab ale nan kèk sant kote w ka pran yon fòmasyon k ap prepare w pou pran egzamen G.E.D pou ka gen Diplòm Etid Segondè w. San diplòm sa a, ou p ap ka antre nan inivèsite Etazini. Elèv ka pran l nan lang ki pi fasil pou yo (e.g, anglè, fransè, espayòl, pòtigè…).

GRAN VAKANS. (Summer vacation • Wè vakans, vakans ete).

I —

IDE POU KREYE YON HIGH SCHOOL AYISYEN PRIVE NAN BOSTON (Ideas to found a private Haitian High school in Boston). [debate : deba].

IRIGASYON (Irrigation • Wè agrikilti). Akvite e seyans fòmasyon & oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

JÈN AYISYEN & KOMINOTE AYISYEN NAN DYASPORA (Haitian youth and the Haitian Community in Diaspora). Travay edikasyon ki dwe fèt pou jèn Ayisyen Ayiti e sa yo ki nan Dyaspora. Moun ki gen enfòmasyon gen pouvwa. Pa bliye sa. Ki valè enfòmasyon moun nan kominote nou genyen? Gen yon bezwen pou tout lidè kominotè ayisyen ta ini yo pou yon konferans sou edikasyon (an jeneral) nan kominote lokal kote yo ta ye. Ekonomize  lajan w, epi kòmanse envesti otan sa posib (pandan ou jèn). Souple, anseye pitit ou fè sa (menm si yo poko gen 18 an). Nan kisa m ka envesti? Se yon kesyon enpòtan pou n panse, e pou debat li avèk lòt moun (ki ta ka gen kèk esperyans nan domèn lan oubyen nan biznis). Tan ou presye tou; pa gaspiye l. Itilize l byen nan avantay ou (travay, etidye, epi ede kominote ou kote w ka volontè pou bay kèk è d tan nan tan ou).

JWÈT (Games • Plizyè tip jwèt). Nou ka aprann plizyè tip jwèt pou distraksyon, sosyalizasyon, e konpetisyon.

K —

KAN D ETE (Summer camp Aktivite edikatif). Majorite jèn an Ayiti pa gen oken aktivite y ap fè pandan vakans ete ou gran vakans. Se yon obligasyon pou lidè tout enstitisyon ta jwenn ansanm pou fè konferans sou sa. Konsa, yo ta kapab wè ki pwogram yo kapab kreye pou yo pou kan d ete, e ki aktivite ki ka fèt nan kan d ete pou yo. Sètènman, gen plizyè ki ka fèt si yo vini ak yon lis, epi gade pwogram ki gen pou yo nan lòt peyi, e nan dyaspora ayisyen an pou kòmanse aplike yo Ayiti. Lekòl e lòt enstitisyon ka vin ak yon lis tou.

KANAL KANALIZASYON (Canals). [Anviwonnman]. Akvite e seyans fòmasyon - oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

KARYÈ(Careers • Wè metye). Akvite e seyans fòmasyon & oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo. [Li tèks la an: Deutsch (alman) • Español  • Français  • Kreyòl].

KÈK ENFÒMASYON KLE POU EDE KOMINOTE AYISYEN (Some key information to help the Haitian Community).

KESYONNEN KILTI AYISYEN POU APRANN PLIS DE LI (Questioning Haitian Culture to learn more about it).

KILTI (Culture). Pwogram, aktivite kiltirèl jèn ka patisipe ladan yo (e.g, jwe pyès teyat / pyesèt yon otè ekri ki an rapò kilti a, ak mès moun, ak yon bagay kèlkonk ki reyèl nan sosyete a. The cultural richness s of Haiti.

KONPWOUTÈÒDINATÈENFÒMATIK (Computer, Computer Science)• Teknoloji). Enpòtans pou tout jèn / tout laj fè pwogram konpwoutè, pran kou konpwoutè, aprann itilize konpwoutè depi nivo fondamantal dekwa pou gen askè a mache mondyal la kòm youn nan gwo zouti yo bezwen konn itilize. Konbyen jèn an Ayiti ki familye ak yon konpwoutè? Ki ka itilize yon konpwoutè? Nou jis poze kesyon sa yo pou motive w, pou fè w konnen ou se yon zouti enpòtan pou konn itilize l. Si w gen aksè itilize youn, esplore itilizasyon l plis menm si ou poko pran kou nan syans enfòmatik (computer science). W ap bezwen l pou fè rechèch sou entènèt la (kèlkeswa kote k ta ye nan lemond jodiya, e nan lekòl ta ye). English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl. Liv: Premye etap avèk yon òdinatè. (First Step With Computers / Computer Manual). Eastern Digital Resources.

KONSYANTIZE MOTIVE CHANJE (Consciousness raising Motivate Change).

KONTAK (Contact). Kontak ak moun kle nan dyaspora ayisyen, e pwofesyonèl ki nan domèn oubyen chan d etid ou. Kenbe bon kontak ak grandèt (adil) moun ki gen esperyans, ki gen moralpwofesyonèl, e moun ki ka oryante ou nan bon chemen. Evite antre nan gang, evite fòme gang, evite fè gang pou raketè (kèlkeswa nivo yo nan sosyete a, e pou kèlkeswa sòm lajan). Pa bliye alafen se ou ki pral viktim (y ap itilize w, epi fè tiye w aprè). Si w entelijan, reflechi sou sa. Men lè w rive lwen lekòl (ou ka panse, ou pa kite bandi manipile w pou regle afè yo), epi w vin gwo pwofesyonèl, sosyete a bezwen w (pase w gen tèt, ou enpòtan, ou se yon modèl pozitif). Sosyete a pral ba w respè (paske ou gen yon tit, yon non). Pa kouri al fè lajan nan move kondisyon. Se vi w pral met an danje, e pafwa vi zanmi w. Ou pa prale ak yon dola nen men w lè w mouri, e w ap kite tout byen dèyè. Kòmanse prepare w (nan vivan w) pou lòt vi a aprè lamò: paradi ou lanfè. (Ref. Doctrine chrétienne).

KONVÈSASYON KAT TI ZANMI KI TE NAN HIGH SCHOOL (Conversation of four friends who were in high school. [pyesèt : sketch].

KOZRI SOU KOLEKSYON DOKIMANTASYON SOU KREYÒL (Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole). (•) A Bibliography of Theses and Dissertations related to Cape Verde (•) A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (20th Century), including Theses & Dissertations Related to Haitian Creole (•) A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (2011-2020) (•) A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (From 2001-2004) (•) An Annotated Bibliography on Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000 (•) Bibliographie Haïtienne et Indices Bibliographiques: Online General Bibliography Related to Haiti  (•) Collection of Haitian Education Materials by Albert Valdman (•) Directory of the Haitian Community in Georgia (•) E. W. Védrine Creole Project Electronic Archives: Resources for Haitian Bilingual Programs, on Haitian Creole Language and Literature, Creole Studies & Linguistic (•) Haiti’s Super Web Directory & Diaspora (•) INSMINOGEC (Institution Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes). [Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs in Haiti]) (•) Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora Summary in: • Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento (•) Path to the most ever published bibliography research on Haitian Creole (•) Techniques to formulate a research topic for dissertation and bibliographic orientation (•) Welcome to L’Asile (Lazil), a commune in Haiti (•) 25 Twenty five Years of Research and Publications on Haiti, the Haitian Diaspora and on Haitian Creole (•) 75 Seventy-five Years of Research & Publications on Haitian Creole].

KREYOL WITHOUT TOIL: AN INTRODUCTORY COURSE TO HAITIAN CREOLE. [Materyèl pou natif ki pale kreyòl k ap aprann anglè, e visevèsa]

LABORATWA (Laboratory). Nesesite pou gen laboratwa nan tout lekòl. Akvite e seyans fòmasyon / oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

LANG ETRANJE (Foreign Language). Anfaz sou anglè, espayòl, fransè). Konbyen ou pale, ekri deja pou an kontak ak moun ki pale yo? Pou gen aksè a mache entènasyonal la, e opòtinite l ofri, enstiti ete pou etidye lang etranje… Anpil jèn ta renmen ale nan yon enstiti ete pou etidye anglè ak espayòl. Se ta yon opòtinite bab e moustach si lekòl piblik kou prive ta panse fè sa, e mete l nan korikilòm (pwogram lekòl) yo. (•) Konsa, tout jèn nan peyi a ta angaje yo nan yon aktive kèlkonk pandan gran vakans. Nou wè benifis sa genyen nan peyi etranje ki òganize seminè sa yo, ki atire etidyan ki soti nan lòt peyi vin patisipe ladan yo, vin aprann yon lang etranje, yon lòt kilti. Li enpòtan pou tout jèn yo ta metrize anglèfransè ak espayòl (pale e ekri yo nan menm nivo avan yo fini etid segondè). Li atik sa a: Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti. Nou dwe mansyone enfòmatik tou (syans konpwoutè), matematik depi byen bonè. (•) Metriz lang anglè nan peyi Ayiti trè enpòtan pou ta gen aksè a anpil dokiman, e rechèch syantifik ki ekri nan lang sa a (ki pa tradui, ou poko tradui nan lòt lang). (•) Konsa, yo ta jwenn referans anpil dokiman trapde, e pou ta an kontak ak gran dyaspora ayisyen an (patikilyèman jèn jenerasyon an ki nan laj 20, 30, 40) pou kominike avè l, e pran nan men l (atravè klib ayisyen ki nan kolèj / inivèsite yo) tout enfòmasyon enpòtan yo ta bezwen.

LEKÒL (School). Moun pa janm fin lekòl. Lavi se yon lekòl, yon inivèsite. Chak kou moun ap aprann yon bagay tounèf nan lekòl sa a. Pinga janm montre n konnen plis pase lòt moun. Twò konnen, sòt pa lwen (pwovèb). Kite yo obsève nou; kote zòt di sa yo panse de nou. Nou bezwen tout kalte moun nan lavi. Malere pa vye chen. Nou pa janm konnen kilès k ap ede nou demen nan jou malè.

LEKÒL POLITEKNIK. (Politechnical School • Wè enstiti politeknik).

LESON (BAY LESON POU KÒB, BAY LESON PATIKILYE PRAN LESON, PEYE POU PRAN LESON AK YON MOUN KI KONNEN YON MATYÈ BYEN). Toujou gen paran k ap chache moun pou ede pitit yo ak kèk matyè kèlkonk. Tout sa se opòtinite jèn yo ka panse pou fè lajan, kreye aktivite pou fè lajan. Pandan gran vakans, yo gen plis tan toujou pou fè sa si yo pa gen lòt aktivite.

LIDÈCHIP TRENING / SEYANS ORYANTASYON POU LIDÈ (Leadership, Training / Orientation Sessions for leaders). Kisa lidèchip ye vrèman?  Estrateji pou kiltive lidèchip, Estrateji pou pale an piblik (•) Konpòtman yon lidè dwe genyen, langaj l ap itilize e kontwòl sou langaj (•) Lè yon lidè ka kritike (fè kritik), e lè pou l obsève (•) Obsève lidèchip lòt lidè (•) Obsève san kritike (•) Rekonèt lidèchip yon moun nan yon fwaye (•) Sa ou ka aprann de pozitif nan men yon lidè (•) Sajès yon lidè dwe genyen (•) Toleryans yon lidè (pafwa) e pou kisa (•) Travay yon lidè.

LISANS (POU KONDI MACHIN) (Driving license). N ap ankouraje tout jèn (depi laj 18 ane) pase nan yon oto ekòl pou aprann kondi pou gen lisans yo. Sa pral ede yo nan aktivite biznis (pou bwote / distribiye machandiz de yon andwa a yon lòt, de yon komin a yon lòt).

MACHE (Walking • Wè espò).

MANJE KREYÒL: RESÈT POU KÈK PLA AYISYEN (Creole food: recipe for some Haitian dishes).

MARYAJ (Mariage). Yon desizyon (ki dwe pran) ant de moun sèlman, yon antant ant de moun sèlman). An ka bagay yo ta vire an kòbòy pi devan, de moun sa yo pa pral blame pesonn paske se yo menm ki te deside pran angajman (sakre) sa a  (san moun pa t fòse yo). (•) Donk sa mande pou yo reflechi avan yo deside. Avan yon jèn marye (si l gen entansyon fè sa pou kreye yon fanmi), li ta dwe gen 3, 4, 5 metye nan men l (davans) pou l ka viv, e pou sipòte fanmi an. Li ta dwe eseye rive lwen lekòl (si l posib) tèlke fini etid segondè l. Li ta dwe lanse l nan fè biznis, devlope biznis (omwen pandan kat ane) avan l antre nan inivèsite (si l gen entansyon fè sa) oubyen si l ta gen entansyon marye. Maryaj p ap pouri; li pa bezwen al nan frijidè. (•) Ankouraje moun nou gen entansyon marye ak li a pou fè menm bagay (avanse lekòl, antre nan yon biznis, al pran fòmasyon nan biznis, suiv seminè sou biznis pou aprann fè lajan nan bon kondisyon). Li Konferans sou maryaj seyans oryantasyon sou maryaj.

METYE, PWOFESYON, KARYÈ  SEYANS ORYANTASYON POU ETIDYAN AYISYEN AYITI (Trades, Professions, Careers, Orientation Sessions For Haitian Students in Haiti). Gade nan 10, 15 an ki kote w ap ye. Reflechi sou kesyon sa yo: (1). Ak kilès ou konekte o nivo entènasyonal, pou pran bon jan enfòmasyon k ap itil ou, e pou orante w? (2). Èske w fin bakaloreya? (3). E aprè bakaloreya, kisa w ap fè, kisa w pral fè? (4). Ou janm panse a 2, 3, 4 metye? (5). Èske w konplekse? (6). Èske w ap alèz nan 10, 15 an, pou gen sa ou bezwen? (7). Èske w gen  pou bati kay? (8). Èske w gen yon bèl kay, ak plizyè pyès ou ka lwe ladan pou fè lajan? (9). Èske a 18 an ou deja gen yon lisans pou kondi machin, gen yon pikòp pou fè biznis, bwote machandiz, bwote moun pou fè lajan trapde? (10). Èske a 18 an ou ka pale anglèespayòlfransè byen dekwa pou konekte w ak lemond antye sou fesbouk, sou entènèt la? (11). Èske w ap alèz nan 10, 15 an pou gen sa ou bezwen?  (12). Èske w ap gen biznis pa w pou pa travay ak moun tout rès vi w? (13). Èske w ap gen yon kayvwati ak yon bon travay pou viv? (14). Èske w ap kreye yon fwaye, e kijan w pral sipòte fwaye sa a ekonomikman? (15). Èske w gen tè pou bati kay? (16). Èske w gen yon bèl kay, ak plizyè pyès ou ka lwe ladan pou fè lajan? (17). Si w nan ventèn ou, ki metye ou gen nan men w deja pou travay? (18). Èske w se yon achitèkbiznismannbòs masonchofèelektrisyenenfimiyèenfòmatisyenenjenyèkontremètmedsenmekanisyenteknisn… (19). Èske w ka kondi traktè, kamyon? (20). Kisa w konnen nan domèn konstriksyon / reparasyon kay… e tout metye ki bay lajan nan lemond? (21). Ak kilès ou konekte o nivo entènasyonal, pou pran bon jan enfòmasyon k ap itil ou, e pou oryante w? (22). Èske w konekte ak pwofesyonèl ayisyen nan dyaspora a? (23). Ki seminè fòmasyon ou suiv / patisipe ladan yo deja pou oryante w? Sou kisa yo ye? (24). Kijan w ap fè viv si w pa gen yon pwofesyon? (25). Kilès ki pral ba ou kòb pou al an vakans? (26). Kilès ki pral peye lwaye w, bil (fakti) ou? (27). Kisa w konnen nan domèn konstriksyon / reparasyon kay… e tout metye ki bay lajan nan lemond? (28). Kisa w panse zanmi w ap fè (an tèm metye, pwofesyon, karyènan 10, 15 ane?

MIZE ATIZANA ATIZANAL (Craft Museum).

MIZE SYANS (Science Museum).

MIZIKMIZIKAL (Music • Wè enstriman). Enpòtans pou konn jwe yon enstriman.

MO NOUVO AK ESPRESYON KI ANTRE NAN KREYÒL (New Words and Idioms entering Haitian Creole).

MODÈL TRADIKSYON KÒTAKÒT KÒM MODÈL MATERYÈL DIDAKTIK BILENG (Side by side translation as model of Bilingual Teaching Materials).

N —

NATASYON (Swimming • Wè espò). Naje (nan pisin, rivyè, lak, lamè): sa ou dwe konnen, e atansyon ou dwe fè).  (1). Èske  w ap nan yon kannòt? (2). Èske dlo a klè? (3). Èske w ap an gwoup e ki mwayen sovtaj yo genyen an ka ijans? (4). Èske w ap gen sovtaj an ka ijans? (5). Èske w ap nan yon chaloup? (6). Èske w ap nan yon kayak (kannòt ki fèt pou yon sèl moun)? (7). Èske w ap sou yon chanm (e si van soti nan chanm sa a, epi w pa ka naje)? (8). Èske w konn teknik pou sove yon moun k ap nwaye? (9). Ki bèt ki ka atake w nan dlo (kayimankoulèvreken)? (10). Ki jan dlo a ye (èske l klè)? (11). Ki pwofondè dlo a? (12). Kilès ki ka pote w sekou an ka ijans? (13).  Kisa pou fè si w gen kranp? (14). Kisa pou fè si w santi w ap gen atak kadyak?.

NÒT: YON KOUDÈY SOU NÒT NAN SISTÈM LEKÒL AMERIKEN
SISTÈM (BAY) NÒT NAN LEKÒL AMERIKEN.

= = = = = = = = = = = = = = = = = = =  =
NÒT LÈT           NÒT NIMERIK   MWAYÈN TOTAL*
= = = = = = = = = = = = = = = = = = =  =

A /A+ 94 – 100 4.0
A- 90 – 93 3.7
B+ 87 – 89 3.3
83 – 86 3.0
B- 80 – 82 2.7
C+ 77 – 79 2.3
73 – 76 2.0
C- 70 – 72 1.7
D+ 67 – 69 1.3
63 – 66 1.0
D- 60 – 62 0.7
 0 – 59 0  

N.B: Nou bay yon tablo pi detaye, byenke nou ka wè kèk (ti) varyasyon nan kèk lòt tablo. Mwayèn (aseptab, nòmal, transferab) pou dezyèm sik inivèsitè (metriz), twazyèm sik  inivèsitè (doktora) ta «B» ou pi wo nan inivèsite ameriken. • *Mwayèn Tottal G.P.A / Grade Point Average).

NÒT ETIDYAN INIVÈSITE AP RESEVWA (Grades University Students are receiving).  Gen yon gwo pwoblèm ki egziste nan fason pwofesè bay etidyan nòt nan inivèsite an Ayiti. Sa ka koze anpil pwoblèm si etidyan sa a ap vin nan inivèsite Etazini pou transfere nòt yo. O nivo metriz, doktora Etazini, e nou ka menm rekile nan premye sik (nivo Lisans ou Bachelor / Bachelye). Nòt etidyan an trè enpòtan. Nòt la ka detèmine kilès k ap jwenn bous d etid pou yon seri pwogram (metriz, doktora). (•) Konpetisyon an trè sere Etazini, kote w pral jwenn krèm etidyan ki sot nan plizyè peyi nan lemond, ki sot nan gran inivèsite etranje. Donk afè nòt la pou fè evalyasyon an nan inivèsite ameriken se pa yon jwèt. Yon nòt ki pi ba 80% (80 pou san) ka yon ti jan difisil pou transfere l nan inivèsite Etazini. Donk se yon mesaj pou nou menm ki Ayiti pran o serye. (•) Pwofesè pa ka jis jwe / gade figi elèv pou ba l nòt. Sa dwe fèt yon fason ki reflete pwofesyonalite pwofesè a. Nou pa konnen kòman bagay yo ye nan lekòl pedagojik Ayiti (si yo penyen lage, pou oryante etidyan ki pral anseye pi devan sou sa). Isit Etazini, pwofesè pa ka jwe ak nòt elèv; yo ka pèdi dyòb yo pou sa. Elèv kapab pran avoka pou yon pwofesè si l pa suiv pwosedi yo byen, kote l ta bay yon elèv move nòt. Se sa k fè depi premye jou klas (o nivo inivèsitè) pwofesè a sipoze bay klas la yon syllabus. (•) Nan dokiman sa a, tout responsablite travay elèv la gen pou fè nan klas la dwe ladan (e.g, materyèl li gen pou l li, lis liv, lis kopi / dokiman pou li, kòman pwofesè a pral kontwole nòt l ap bay elèv yo. Ann di, pwofesè ka deside pou gen 3, 4 papye pou elèv yo ekri (pandan trimès, ou semès la), men sou ki pousantaj yo ye. 3, 4 papye sa pral konsidere kòm 20, 25% (vensenk pou san) nòt final elèv la; n ap gen 2 egzamen (men pousantay chak egzamen pa egzanp). (•) Donk kontwòl la dwe fèt pou tout pousantay yo bay 100% (an total).  Patisipasyon nan klas ap 10% (dis pou san) pa egzanp. Nan patisipasyon an klas la, pwofesè a ka envite yon moun vin pale (nan domèn lan pa egzanp). (•) Li ka mande elèv yo ekri yon papye sou sa ki kapab 2, 3 paj (rezime sou sa envite a te pale), plis lòt patisipasyon an klas. Donk sa kapab yon nòt de 7 a 10% (dis pou san). Pwofesè a kapab deside sou sa. Gen pwofesè ki konn mete egzamen final la a 50%. (•) Genyen ki ka mete l a 30%. Se jis yon egzanp, kòman pwofesè a kapab kontwole pousantaj yo. Egzamen mi semès (pasyèl), pwofesè a ka kontwole sou ki pousantaj l ap ye (sou 20, 25% pa egzanp). Sa bay yon ide kòman pou kontwòl la fèt. (•) Pwofesè a dwe fè tout fason pou nòt elèv la pa desann pi ba ke 80%. Si l wè l pral desann pi ba ke 80%, li menm kòm pwofesè (si l pwofesyonèl) ta dwe di elèv la sa, dekwa pou l ta ekri papye siplemantè (ekstra) pou monte mwayèn li (nan nòt final) pou l ta gen yon mwayèn total ant 80, 85% oubyen pi wo toujou. Se devwa pwofesè a pou ede elèv la jere sa. (•) Se yon gwo pwoblèm lè nòt sa yo transfere nan inivèsite Etazini, Kanada ki suiv menm pwosedi. Donk pwofesè pa bezwen klouwe elèv ak move nòt (nan yon sans) pou yo pa asepte nòt sa a nan evalyasyon relve de nòt (transkrip la) yo pral fè a. Nou kwè w ap gen aksè wè kèk modèl syllabus (syllabi, pliryèl) pou n gen yon ide kòman sa enpòtan, e dwe ladan depi premye semèn klas la, premye jou klas  la. Nou sipoze make sa. (•) Se tankou yon kontra enstriktè a fè ak klas la, yon kontra ak elèv yo. Yo konnen ki liv y ap genyen. Gen yon seri klas ki ka pa pral gen liv; men elèv yo pral jwenn yon seri kopi atik (tout yon pake). Sa fèt Etazini, kote elèv yo kapab resevwa yon pake pwofesè a pral distribiye nan klas. Se pa tout klas ou pral jwenn liv pou yo. Elèv ap jis peye pou kopi yo resevwa. (•) Sètadi, gen plizyè fason nou kapab solisyone pwoblèm nou Ayiti lè n gade modèl inivèsite amerikenkanadyen (kòman yo fè sa rapid). Li trè enpòtan pou nou menm ki Ayiti gade kontak ak pwofesè, chèrchè ayisyen ki aletranje. Konsa, nou pa izole tèt nou si n ap fè yon rechèch. (•) Nou ka bezwen mande yon enfòmasyon. Konsa nou sipoze chache yon mwayen pou kreye pwòp resous pa nou, lè n konn kilès nou ka kontakte nan domèn lan, ki moun ki kapab oryante nou. Menm si moun nan pa ta nan domèn nou, men li ka ban nou referans kèk lòt moun, referans travay rechèch lòt moun ki nan domèn lan.

NWAYAD • NWAYE NAN DLO (Drowning). [vokal] Prekosyon pou pran, menm si w konn naje. Pa pran chans ale nan joune epi pou a monte sou chanm (menm si w konn naje, si w ka naje sa pi rèd toujou si van soti ladan). Prekosyon pa kapon.

O —

ORYANTE ETIDYAN NIVO INIVÈSITÈ AYITI (Orienting Students, University Level). Nesesite pou oryante yo depi premyè ane). (1). Seyans oryantasyon pou tout etidyan inivèsitè depi premyè ane an Ayiti sou sa yo dwe konnen, e sou inivèsite aletranje. (2). Fwa chak fakilte ta dwe fè nan kad oryantasyon etidyan yo (e.g, espozisyon dokimanetid aletranje / pwogram echanj ak inivèsite aletranje kijan pou patisipe ladan yo / pwogram ete nan inivèsite sa yo). (3). Oryantasyon Rechèch Bibliyografik (e.g, atik syantifik, dokiman (odyo, vizyèl), odyovizyèl, liv, revi, tèz ki prezante (nan ki inivèsite / kijan pou gen kopi [elektwonik] yo). (4). Kontak ak aletranje (etidyan, chèrchè, pwofesè, pwofesyonèl pou byen enfòme sou tout bagay). (5). Relve de nòt (enpòtans pou transfere yo nan inivèsite aletranje). Tout etidyan dwe mande sa chak fwa yo konplete kou (matyè) pandan ane akademik lan. Epi kenbe 3 kopi yo, diferan kote. (6). Dokiman an liy (online, sou entènèt la pou lokalize pou rechèch: tit yo, paj wèb, ralonj wèb). (7). Nòt… move nòt pwofesè ap bay etidyan ki pa baze sou oken kritè (kijan sa pral bloke etidyan yo pou transfere nòt sa yo nan inivèsite aletranje, kijan yo ka kraze mwayèn etidyan pou pèdi yon seri avantay tankou bous d etid oubyen opòtinite pou fè estaj ak pwofesè nan domèn lan, evalyasyon). (8). Piblikasyon… Enpòtans pou etidyan aprann pibliye rechèch yo depi bonè (sou fòm atik, liv). Yo ka kòmanse pibliye nan jounal, revi, paj wèb, ekri chapit pou pibliye nan liv, sikile maniskri rechèch yo bay espesyalis / pwofesè nan domèn etid yo ki aletranje). (9). Evalyasyon nivo… Chache konnen si yo o menm nivo ak etidyan lòt peyi / nan inivèsite aletranje ki nan menm chan d etid. (10). Evalyasyon pwofesè (nan fen kou y ap anseye a). Fason etidyan dwe fè evalyasyon an (suivan modèl inivèsite tankou Etazini, e kèk lòt peyi fè l), san non etidyan yo pa mansyone. Epi evalyasyon sa a ale nan dosye inivèsite a, avan l al jwenn piblik la an liy pou nenpòt moun aksede l.

OTO EKÒL POU APRANN KONDI MACHIN (Driving School).

ÒDINATÈ (Computer • Wè konpwoutè).

P —

PALE (Speaking). KominikasyonOratè • Pouvwa lapawòl genyen • Aprann pale byen kòm ar • Sa pou di, pou pa di an prive / piblik • Diskou (kisa l ye, pou kisa, ki mesaj ou vle odyans ou tande) • Diskou politik Diskou diplomatik . Nou pa dwe kouri pale tout bagay san nou pa reflechi. Bouch ka manje tout bagay men l pa ka pale tout pawòl (Pwovèb). Gen moun ki ka mal entèprete sa nou di (sitou sou entènèt la, sou fesbouk, nan fowòm, an piblik). Pito n ekri davans sa nou ta vle di a; nou revize l, e reflechi sou li avan; konsa, nou ka korije l davans.

PASAJ YVES ESTENVIL BOSTON NAN KAD YON MISYON EDIKATIF E KILTIRÈL (Yves Estenvil’s visit in Boston: an educative and cultural mission).

PEPINYÈ (Nurseries). Aktivite agrikilti • wè agrikilti). Akvite e seyans fòmasyon & oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.
PLONJON (Diving) • Gade espò). Fè plonjon • Fè plonjon nan yon basin • Fè plonjon nan yon pisin • Fè plonjon yon kote ki fon • Fè yon plonjon.

POWÈMKOLEKSYON POWÈM PIBLIYE NAN JOUNAL, ANTOLOJI, LIV (Poetry, Collection of Published Poems in journals, anthologies and books).

PWOFESYON (Profession • Wè metye). Akvite e seyans fòmasyon & oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.

PWOGRAM ECHANJ (Exchange Programs • Wè echanj).

R —

REBWAZMAN (Reforestation). Lekòl dwe fè yon jan pou fè tout jèn patisipe nan pwojè rebwazman. Estrateji pou rebwaze Ayiti. Akvite e seyans fòmasyon / oryantasyon ki ka fèt ak jèn yo.
wè ak tout yon kanpay edikatif sou sa, e nou pa ka kite jèn yo dèyè nan yon tèl kanpay. Se yon bagay ki dwe konsène gouvènman, sektè prive, òganizasyon, ONG ak gwoup moun nan chak seksyon kominal an Ayiti. Sa ta dwe antre tou nan kad korikilòm lekòl (yon kou espesyal sou sa pou edike timoun yo dekwa depi piti pou yo pran konsyans de anviwonnman an / kijan pou renmen l, e pwoteje l tou, montre yo kijan pou fè pepinyè, epi òganize joune ak yo pou al vizite pwovens Ayiti, patisipe nan yon seri ti aktivite rebwazman epi ekri yon ti rapò sou aktivite sa yo), reyinyon tribòbabò pou edike tout moun sou sa (patikilyèman tout peyizan), montre timoun yo kijan pou fè pepinyè, ki kote ki pi bezwen pou yo plante pyebwa, ki tip pyebwa pou plante (an priyorite). Fòk ta gen yon yon seri sant sou pye ki anchaje yo de pepinyè ak distribisyon yo. (•) Plante pyebwa, ki kote, pou kisa. Lekòl dwe fè yon jan pou fè tout jèn patisipe nan pwojè rebwazman. Estrateji pou rebwaze Ayiti gen pou wè ak tout yon kanpay edikatif sou sa, e nou pa ka kite jèn yo dèyè nan yon tèl kanpay. Se yon bagay ki dwe konsène gouvènman, sektè prive, òganizasyon, ONG ak gwoup moun nan chak seksyon kominal an Ayiti.

RECHOFMAN KLIMATIK (Climate change • Anviwonnman).

REZO ETIDYAN AYISYEN AYITI - DYASPORA (Haitian Students Network, Haiti - Diaspora). Enpòtans pou ou menm ki Ayiti konekte ak dyaspora a atravè rezo sosyal pou enfòme w sou plizyè bagay). Resamman, atravè opòtinite nou te genyen pou te rankontre kèk etidyan ayisyen (nan inivèsite aletranje). Nou te gen chans fè yon ti pale sou pwoblèm yo esperyanse depi avan yo te kite Ayiti. Nou te tande kèk ladan avèk anpil enterè, epi nou reyalize ke pa gen vrèman yon Rezo etidyan Ayiti -- Dyaspora  sou pye ki ta panche sou pwoblèm yo, pou bay konsèy, e kèk enfòmasyon kle yo ta bezwen, avan menm yo ta kite Ayiti.

REZO SOSYAL (Social Network). Kijan jèn ap itilize yo). Etan jèn, ou dwe aprann itilize rezo sosyal yo pou pwomote biznis ou, biznis zanmi ou, biznis yon konpatriyòt. Ou dwe aprann itilize pou pwomote yon òganizasyon k ap ede Ayiti, Ayisyen, dyaspora ayisyen, komin ou. Ou dwe aprann itilize yo pou edike Ayisyen sou tout fòm, pou oryante jèn ayisyen Ayiti e nan dyaspora ki swaf oryantasyon. Pa pèdi tan nan sikile adwat agoch anyen ki pa edikatif. Panse davans sou sa avan ou poste kwakseswa sou lis kontak ou.

RICHÈS KILTIRÈL AYITI: YON MIN KI POKO ESPLWATE (Haiti’s Cultural Wealth: a mine that has not yet been exploited).

S —

SA NOU KA FÈ POU AYITI JODI, PA RANVWAYE L POU DEMEN (What we can do for Haiti today, do not postpone it for tomorrow).

SELEBRASYON KREYÒL AYISYEN (celebrating Haitian Creole). [vocal]. Original Air Date: 9/13/2022. Tele Kreyol [media & Orèsjozèf (Oreste Renel Josesph)].

SEYANS FÒMASYON & ORYANTASYON (Training and Orientation Sessions). Kapab gen plizyè tip pou oryante jèn yo sou: Curriculum Vitae/ C.V (kijan ou prepare yon C.V, enfòmasyon ki dwe ale ladan e pou kisa), estaj (internship) ki an rapò ak pwofesyon / domèn etid ou • Etid aletranje (kijan pou ranpli fòmilè yo an liy, tradiksyon davans atravè motè de rechèch «google translate») • Etid pa korespondans • karyèKontak ak etidyan ayisyen nan gran dyaspora a (Kanada, Etazini, Lafrans) • Lèt biznis (fòma pou ekri lèt biznis) • MetyePwofesyonPwofesyonèl aletranje (kijan pou tabli kontak ak yo) • Pwogram Echanj a koutèm (ak inivèsite aletranje, kijan pou fè sa an liy) • Vizit nan lòt komin (pou esplore yo pou rechèch e gade sa k egziste ladan yo, yo dwe genyen pou viv nan sosyete a).

SEYANS FÒMASYON E ORYANTASYON SOU METYE, PWOFESYON, KARYÈ POU EDE TOUT JEN AN AYITI PANDAN YO LEKÒL (Training and Orientation Sessions on Trades, Professions, Careers to help all young people in Haiti while they are in school). N ap ankouraje lidè ayisyen (nan tout domèn) pou fè seyans sa yo pou ede jèn yo, ba yo direksyon depi bonè. Pataje ide sa yo ak lis kontak ou, mande tout moun pataje yo tou. Enprimedistribiye yo nan tout lekòl, pibliye yo nan jounal. Se yon gran sèvis sivik n ap rann Ayiti. Ann itilize jou vandredi pou fè aktivite pwofesyonèl nan tout lekòl (piblik kou prive), montre timoun yo itilize konpwoutè, anseye yo plizyè metye, montre yo kijan pou itilize e ranje tout aparèy elektwonik, fè pwogram anglèespayòlfransè pou metrize lang entènasyonal sa yo depi bonè dekwa pou gen aksè a mache mondyal la. Itilize lang kreyòl nan tout lekòl pou esplike timoun yo tout bagay, menm si liv yo ta an fransè. Elimine afè Memwa de Sòti nan inivèsite an Ayiti ki bloke etidyan, ki koze anpil reta pou yo jwenn opòtinite travayestaj aletranje, bous d etid nan inivèsite aletranje. Bay etidyan tout nivo enfòmasyon sou kijan lekòl ap fonksyone nan gran peyi serye nan lemond, epi edikasyon an gratis ti cheri (nan lekòl leta).

SEYANS ORYANTASYON POU EDE JÈN AYISYEN AYITI WÈ KLÈ (Orientation Sessions to help Haitian Youth see clearly).

SEYANS ORYANTASYON POU EKRIEKRIVEN (Writing Orientation Session for Writers) • Wè ekri, ekriti).

SEYANS ORYANTASYON POU ETIDYAN AYISYEN K AP VIN ETAZINI (Orientation Session for Haitian Students coming to the United States).

SEYANS ORYANTASYON SOU MARYAJ, YON ENSTITISYON BONDYE KREYE (Orientation Session on Marriage, an institution created by God).

SIKLISM. (Cycling • Gade espò, kous bisiklè, motosiklèt).

SIVIK, TRAVAY SIVIK JÈN YO TA DWE OBLIGATWA POU TOUT JÈN AYITI. (Civic, Civic works should have been mandatory for all youth in Haiti). Kèk peyi mete l obligatwa pou jèn yo fè sèvis militè pandan (omwen) de ane, apati laj dizuit an. Yo panse se yon bèl fòmasyon sivik pou devlope sivism, e oryante yo tou pou vin bon sitwayen pi devan pou sèvi peyi yo pi byen… Etandone Ayiti pa gen yon lame fonksyonèl (epi li sou titèl yon okipasyon toujou, ak fòs entènasyonal ki sou sòl li) pou ta fè sèvis militè). An menm tan tou, tout moun, tout patriyòt ayisyen ka panse kijan sa ka tounen yon reyalite atravè lwa ki ta sipòte sa. Sa ta bay tout jèn nan laj dizuit an mwayen pou fè devwa sivik pou kòmanse sèvi lapatri.

SWAF POU YON SOSYETE AYISYÈN K AP FÒME SITWAYEN (Thirst for a Haitian society that is forming its citizen).

T —

TEKNOLOJI, E WOULIB ETIDYAN AYITI DWE PRAN (Technology and free ride students in Haiti should take). Teknoloji dwe jwe yon wòl nan edikasyon Ayiti (nan tout nivo). Li dwe aplikab pou ede elèv e pwofesè òganize yo (selon domèn, espesyalite yo, sijè y ap anseye). Etidyan, pwofesè kapab kreye fowòm (whatsApp, imel) pou diskite pwoblèm y ap konfwonte, e solisyon yo kapab pwopoze). Se yon opòtinite pou yo lokalize resous an liy yo bezwen pou ede yo ak rechèch. (•) L ap pi pwofitab si pwòfesè, ki nan menm domèn syantifik ta echanje sou eksperyans yo. Sa mande motivasyon tou pou gwoup yo ta aktif, pou ta gen pataj ak deba regilye ki fèt.

TRADIKSYONTRADIKTÈ (Translation TranslatorsSeyans tradiksyon pou etidyan Ayisyen Ayiti e Dyaspora). Mouri pou libere Ayiti (short story). English translation: Dying for Haiti’s liberation, by the author; French translation: Mourir pour libérer Haïti, Jean-S. Sahaï; German translation: Sterben, um Haiti zu befreien, Jnes Angela Pellegrini • Italian translation: Morire per liberare Haiti, Francesca Palli • Japanese translation: Mihoko Tsunetomi • Latin translation: Vittore Nason • Papiamentu translation: Muriendo pa liberashon di Haiti, Yaniek Pinedo • Russian translation: Karlova Ekatarina • Spanish translation: Morir para liberar Haití, Miguel Calzada]. Ralonj wèb ak tèks orijinal de kreyòl a anglè, e kèk lòt lang etranje (almanfransèespayòlitalyen).

(1) potomitan.info/vedrine/kilti2.php • potomitan.info/vedrine/lakilti.pdf 
(2) potomitan.info/vedrine/agrik.pdf   • potomitan.info/vedrine/agriculture.pdf 
(3) potomitan.info/vedrine/bwa_kayiman.php • potomitan.info/vedrine/diksyone.php 
(4) potomitan.info/vedrine/diksyone.php#a • potomitan.info/vedrine/ego.php 
(5) potomitan.info/vedrine/kek.php • potomitan.info/vedrine/kesyon.html 
(6) potomitan.info/vedrine/kesyon.html#a • potomitan.info/vedrine/lekol.html 
(7) potomitan.info/vedrine/restructuring.phppotomitan.info/vedrine/lekte.php 
(8) potomitan.info/vedrine/mariage.php • potomitan.info/vedrine/martelly.php 
(9) potomitan.info/vedrine/mo_nouvo.php •  potomitan.info/vedrine/pwodiksyon.php 
(10) potomitan.info/vedrine/reta.php • potomitan.info/vedrine/sivik-e.php 
(11) potomitan.info/vedrine/zouti.php • potomitan.info/vedrine/bileng.php   
(12) potomitan.info/vedrine/orientation_k.php

TRAVAY PI DI POU KONBLE FOSE ANT (DIFERAN) JENERASYON AYISYEN (Working harder to bridge the generation gap).

TRAVAY SIVIK TA DWE OBLIGATWA POU TOUT JÈN AN AYITI (Work harder to bridge the gap between (different) Haitian generation).

V —

VAKANS ETEGRAN VAKANS (Summer vacation). Kisa w fè kòm jèn pandan vakans ete? (1). Èske w ale yon oto ekòl pou aprann kondi? (2). Èske w ap aprann anglèespayòl (nan yon lekòl, nan yon enstiti lang, ak yon pwofesè)? (3). Èske w ap eseye fè kèk pwodui atizana (ou ka vann, ekspoze sou entènèt la pou montre talan w)? (4). Èske w ap pratike yon espò kèlkonk? (5). Èskè w ap prepare pou repran Egzamen Bakaloreya? (6). Èske w ap travay sou yon seri chan ou ekri pou soti yon C.D pou fè kòb? (7). Èske w eseye aprann jwe yon enstriman? (8). Èske w eseye pran leson nan yon matyè ou bezwen domine. (9). Èske w nan yon aktive literè ak yon klib literè (kote w ap travay sou yon liv, pyèsteyat, rekèy powèm? (10). Èske w pral nan kan (ak yon legliz, òganizasyon)? (11). Èske w pwofite aprann naje (nan yon pisin) sou siveyans moun ki konn naje? 12). Kisa w fè? 13). Èskè w pwofite aprann yon metye  pandan vakans? (14). Ki aktivte jèn yo fè pandan gran vakans (vakans ete)? Si w pa gen yon aktivite, panse a youn nan sa yo: Atizana (aprann fè kè kèk atizana) • Ekri (yon liv, pyès teyat [sou reyalite w ap obsève], rechèch, rekèy pwezi, resi, woman [sou yon sijè, yon reyalite envante pèsonaj yo / lye prensipal, pa pibliye non vrè moun si istwa w ap rakonte a baze sou reyalite]) • Entèvyou (fò yon seri entèvyou pou rechèch sou yon sijè ou vle esplore) • Espò (pratike yon espò kèlkonk pou sante w, e pou esplore l plis) • Fotografi (aprann fotografi kòm ar) • Kilti • Kouti (ale nan yon lekòl kouti) • Lang (ale nan yon enstiti pou aprann yon lang etranje) • Mizik (aprann jwe yon enstriman) • Oto ekòl (ale nan yon oto ekòl pou aprann kondi) • Penti (aprann fè penti / tablo) • Pepinyè (patisipe nan seyans sou pepinyè pou ede nan pwojè rebwazman, teknik kijan pou fè pepinyè plant / legim) • Seminè fòmasyon / oryantasyon • Vizite (gwòt, lye istorik, Repiblik Dominikèn pou konpare l ak Ayiti), sit touristik, sodo (panse kòman yo ka kapte yo pou awoze tè), vizit esplorasyon, yon komin (pou al gade sa k gen ladan), zanmi ki nan lòt komin.

VANDREDI (Friday). Jou vandredi kòm jou pou fè aktivite edikatifpou yon edikasyon pratik. Tout lekòl Ayiti ta dwe itilize pou fè seyans fòmasyon / oryantasyon ak elèv you, fè vizit gide atravè peyi a  ak tout elèv dekwa pou yo ekspoze yo a reyalite peyi a pou pran konsyans sa yo dwe fè pou ede nan kapasite yo, pwogram sivik / volontarya jèn nan tout komin dwe fè pou ede nan devlopman komin sa yo.

VEN KÒB KONSYANS POU VIN YON PI BON MOUN. (Twenty cents of consciousness to become a better person).

VIDEYOGRAFI (Videography • Ar pou fè videyo).

VIDEYO AK AKTIVITE POU JÈN (Videos and activities for youth) pou itilize nan seyans fòmasyon / oryantasyon): agrikiltiaktivite kiltirèl • ar masyal • baraj (konstriksyon diferan baraj e pou kisa) • bibliyotèk • bisiklèt (aprann monte) • biznis (ou ka panse fè / devlope nan yon kominote, komin, biznis k ap mache nan tèl zòn / kote e pou kisa) • enstiti (lekòl, sant) politeknik pou aprann plizyè metye, enstiti politeknik ak seyans fòmasyon / oryantasyon /pwogram ete) • enstriman (aprann jwe youn, de enstriman) • eskout • espò • kamyon (aprann kondi) • kan d ete • kanalizasyon (pou dirije dlo, kannale dlo, bay dlo wout li) • konferans pou jèn • konstriksyon (ayewopò, baraj, kay, pon, rezèvwa (sitèn) • motè (aprann demonte, monte, ranje) • motosiklèt (aprann monte) • pèch (teknik pou peche lamè, kòm biznis); pisikilti (kiltive pwason kòm biznis, yon biznis nan agrikilti) • plante (legim, pyebwa) • poulaye (sa w bezwen pou fè yon poulaye pou biznis poul, ze) • pwoteksyon anviwonnman • rebwazman • seminè biznis (kijan w derape yon biznis, ki biznis ou ka anbake ladan) • sitèn (konstriksyon sitèn anba tè / anwo tè pou konsève dlo, dlo lapli, dlo pou wouze tè) • sivik (travay sivik) • traktè (aprann kondi traktè) • vizit gide ak lekòl (pou vizite andwa istorik, touristik) • vizit (lekòl yo ta dwe gen nan plan yo pou vizite lye istorik, e sit touristik yo ak elèv) • wouze (teknik pou kapte dlo pou wouze tè, jaden).

VIZIT LEKÒL YO DWE ÒGANIZE (Fieldtrips schools should organize). Lekòl yo ta dwe gen nan plan yo pou vizite lye istorik, e sit touristik yo ak elèv.

VOLONTARYA (Volunteering). Travay volontè nan kominote w, nan komin ou pou ede. Sa fè pati de sivism).

Y —

YON KOUDÈY SOU PWOBLÈM LEKÒL AYITI (A look at the problem of schools in Haiti). 

NÒT

Reflection on activities to orient youth in Haiti • Refleksyon sou aktivite pou oryante lajenès an Ayiti • Réflexion sur des activités pour orienter les jeunes en Haïti • Reflexión sobre actividades para orientar a los jóvenes en Haití • Reflexion über Aktivitäten zur Orientierung der Jugend in Haiti.

TÈKS ANEKSE

DEGRAFF, Michel (director). MIT- Haiti Initiative: • About (Sa l ye) • Events (Aktivite) • Funding • News (Nouvèl) • Organizations (Òganizasyon) • Questions about the Platform (Kesyon sou Platfòm lan) • Resources (Resous) • STEM  (Science : Syans, Technology : Teknoloji, Engineering : Jeni, Mathematics: Matematik) • Team (Ekip).

GEORGES, Joseph Marcel. A look at Haitian Creole documentation, lexicography and morphology : Koutje sou dokimantasyon kreyòl, leksikografi ak mòfoloji.

LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gapBoston Haitian Reporter.

OXINÉ, BonelInvitation to a conference series centered on Haitian Diaspora experience and careers : Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora (EDA).

VALDMAN, Albert. Ann pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole. (revised ed.)
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).

VEDRINE, Emmanuel W. Agriculture the first Target for Haiti's DevelopmentBoston Haitian Reporter, July 2004. (Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti).
---. A look at Higher Education in Haiti : another step after secondary level.
---. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti”.  (pdf, 54 KB).  Agriculture the first Target for Haiti's Development (pdf, 57 KB). Boston Haitian Reporter, July 2004.
---. Bilingual Education in Haiti : theory and practice | Edikasyon Bileng Ayiti: teyori e pratik.
---. Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
---. Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole. [Conference].
---. Civic Duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti.
---. Consciousness raising, Motivation, Change : Konsyantize  • Motive • Chanje.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms by Emmanuel W. Védrine and research on Haitian creole lexicology.
---. Does Haiti need more mediocre universities after January 12, 2010? : Èske Ayiti bezwen plis inivèsite bòlèt apre 12 janvye 2010?
---. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora.
---. Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers. [Summary • Rezime • Sommaire • Resumen • Zusammenfassung].
---. English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: anglè – kreyòl
---. Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
---. Èskè kreyòl se yon bon zouti pou ta prann nan lekòl Ayiti? (Haïti en Marche, Vol. XXIV, #36, sept. 2010) : Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l’école en Haïti? : Is Creole a good tool to learn in schools in Haiti?
---. Essays’ models to help Haitian Students (high school and university level).
---. Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---. Geography, Enivironment, Flora & Fauna : Jewografi, Anviwonnman, Flòr & Fòn. [Teaching materials in Haitian Creole, English & for Haitian Bilingual Programs].
---. Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haitian Creole (Kreyol) from colonial times to 2022 : Kreyòl ayisyen, de epòk kolonyal a 2022.
---. Haitian Lexicology: databases and references for research.
---. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston (deba) : Idea to found a Haitian Private High School in Boston (debate). 1994. 109 p.
---. In Kreyol and English : An Kreyòl e an Anglè.
---. INSMINOGEC (Institut Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes). [Teaching Materials in Haitian Creole and English for school].
---. Jojo’s Guesthouse in Curacao : an interview with the owner (Josias Joseph).
---. Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou maryaj, yon enstitisyon Bondye kreye : Some important points to orient people on ‘mariage’, an institution founded by God).
---. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in Sezon sechrès Ayiti for essays. [Woman ayisyen : Haitian novel].
---. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè.
---. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creole.
---. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
---. My country is Haiti : Peyi m rele Ayiti.
---. Network of Haitian Students: Haiti–Diaspora | Rezo Etidyan Ayisyen: Ayiti–Dyaspora.
---. New words and idioms entering Haitian Creole : Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl.
---. Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora [Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.
---. Open your eyes, Haitians ! : Ouvè je w, Ayisyen ! 
---. Orientation Training for Haitian students coming to the United States.
---. Orientation training for Students and Teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation training for students and teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation Training on Library and its importance for youth to do educational and community activities : Seyans oryantasyon sou Bibliyotèk, e enpòtans li pou lajenès fè yon seri aktive edikatif e kominotè.
---. Orientation training to help young Haitians see better : Seyans oryantasyon pou ede jèn ayisyen Ayiti wè klè.
---. Pasaj Yves Estenvil Boston nan kad yon misyon edikatif e kiltirèl | Yves Estenvil’s visit in Boston: an educative and cultural mission.
---. Premye etap avèk yon òdinatè. (First step with computers, manual). Eastern Digital Resources.
---. Questioning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li.
---. Rasanble • Konsyantize • Chanje.
---. Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime | Refleksyon sou 7 Fevriye 2019 : 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
---. Research & Publications (summary).
---. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti : Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Retorik an kreyòl Ayisyen, tèks: Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
---. Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen : What you can do for Haiti today, don’t put off for tomorrow).
---. Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
---. Seminar on biography, autobiography, and memoir : Seyans oryantasyon sou Biyografi, Otobiyografi, Memwa.
---. Seminar on marriage : Seminè sou maryajLecture on Marriage.
---. Seminar on translation to help Haitian students in Haiti and Diaspora : Seminè sou tradiksyon pou ede etidyan ayisyen Ayiti e diaspora.
---. Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen (Formation Training to motivate Haitians).
---. Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela) • Questions on the 10 (ten) chapters : Kesyon sou 10 chapit yo : Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos.
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a]. [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries): © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and o abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country.
---. Teaching materials for schools in Haiti: Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. The cultural richness s of Haiti,  an unexploited mine : Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate.
---. The situation of deaf and mute people in Haiti, an interview with Marky Norde : Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti, yon entèvyou ak Marky Norde. [with versions in • English • Français • Español • Deutsch].
---. Trades, Professions, Careers: orientation training for Haitian students in Haiti | Metye, Pwofesyon, Karyè: seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen Ayiti
---. Twenty key Creole phrases : 20  (Ven) fraz kreyòl potomitan
---. Working harder to bridge the generation gapBoston Haitian Reporter.

E. W. Védrine Creole Project.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté