Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou
Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora

Bonel OXINÉ

Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti
Kontak Prof. Bonel OXINÉ: imel (#1) • imel (#2)

VOKAL

Photo: Bonel Oxiné

KreyòlEnglishEspañol

11 me 2022

Esperyans Dyaspora Ayisyen (E.D.A) ap lanse yon seri konferans nan nivo dyaspora. Pou atenn objektif nou, n ap envite Ayisyen ki nan dyaspora vin pataje, yon fason fòmèl, esperyans e konesans karyè pwofesyonèl yo. Se yon esperyans enpòtan ki pral oryante moun Ayiti, sitou lajenès ki swaf oryantasyon e k ap ka ede o nivo entènasyonal. 

Inisyativ enteresan sa a panche sou mizè ak soudevlopman ki enfliyanse popilasyon an. Sa pral ede nan lide pou n jwenn refleksyon tounèf k ap pèmèt Ayisyen (ki sou teren an) vize devlopman Ayiti, e kòman yo kapab rive jwenn bonjan estrateji pou fè aksyon nan enterè nasyon, e popilasyon an. Pou n pi dirèk, estrateji k ap pèmèt peyi a debouche sou yon edikasyon pratik nan avantay tout moun.

Puiske se dyaspora nou vize, kidonk yo pa sou teren an, youn nan mwayen prensipal nou itilize pou chak konferans n ap òganize se zoom kòm zouti. Nou pa ekate posiblite tou pou yon Ayisyen dyaspora ta an Ayiti, epi apre echanj nou genyen nou òganize yon aktivite kote l ap prezante yon konferans pandan l nan peyi natal la. 

Sa ap toujou rete nan kad esepsyonèl kòm se pa yon sitiyasyon ki parèt dri. Lang sib nou itilize pou konferans yo se kreyòl ak anglè (si w prezante an kreyòl, yon moun ap tradui an anglè, e vice versa. An ka nou ta gen frankofòn (ki pa Ayisyen) k ap prezante an fransè, p ap gen tradiksyon.

Poukisa bileng? Gen de (2) rezon:

  1. Fenomèn mondyalizasyon an se premye rezon ki fè nou itilize estrateji sa a, yon mànyè (fason) pou chak konferans nou reyalize gen chans rive jwenn maksimòm moun posib (nan gran dyaspora ayisyen an, e o nivo mondyal pou fasilite rechèch, pou travay sansibilizasyon e kolèk resous nou vle fè pou ede Ayiti).  
     
  2. Etandone anglè parèt kòm dezyèm lang ki prezan nan tout kwen monn lan, nou pa ka iyore koneksyon l nan tout aktivite rechèch. Donk, nou twouve l lojik pou rezilta refleksyon ak ide n ap kolekte nan konferans sa yo pran woulib ak anglè pou n fè konnen gwo travay entelektyèl sa a nou anvizaje. 

Erezman, pa filyè teknoloji kote n gen aksè a rezo soyal yo, nou imajine seri konferans sa yo pral sèvi oryantasyon pou pwofesyonèl ki Ayiti (patikilyèman sa yo ki nan milye edikasyon). Y ap rive jwenn tout moun ki konekte sou rezo sosyal, e ki swaf aprann chak jou nan lespri pataj ak echanj konesans. 

Nan menm liy ide a, E.D.A pa limite a dyaspora ayisyen sèlman pou vin brase lide avèk piblik la ki varye. Espas la laj puiske nou swete, avèk anpil kontantman, jwenn oubyen gen espesyalis etranje ki ta renmen konsakre yon ti tan disponib pou vin pataje esperyans yo avèk nou.

Nou vize espesyalis tankou: lengwis (k ap travay sou etid kreyòl ak lengwis ki ap travay sou fransè nan milye kreyolofòn oubyen frankofòn, e latriye), kreyolis (ki pa ayisyen) k ap travay nan milye kreyolòn kou lòt milye (kote y ap itilize yon lang kreyòl), didaktisyen lang etranje). Nou vize espesyalis kouwè: antwopològ, avoka, biznismann, ekriven,enfimyè, enjenyè, envantè, lidè kominotè, medsen, pwofesè lang, pwofesè lekòl, syantis, teknisyen… Gen anpil kichòy yo ka pataje avèk nou kit se nan nivo esperyans, kit se nan nivo karyè pwofesyonèl).

*

 Viré monté