Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt

Emmanuel W. Védrine

Photo E. W. Védrine

28 me 2023

DeutschEnglishEspañolFrançaisKreyòl

Kisa leson n aprann nan anpil dokiman nou pèdi nan tranblemanntè 12 janvye 2010la an Ayiti? Anpil kay, bilding tonbe ou efondre nan Pòtoprens (kapital peyi a), ki te reyèlman frape fò. Lekòl, inivèsite kraze; elèv, anseyan peri ladan yo.

Anpil dokiman antere anba dekonm (graba). Kesyon nou ka poze se: Èske yo te gen vèsyon elektwonik yo? Anpil ladan yo pa t gen vèsyon elektwonik. Donk, nou wè kòman vèsyon elektwonik dokiman enpòtan, e n ap gade nan vantyèm e venteyinyèm syèk nan gran peyi kòman yo eseye enfòmatize tout dokiman pou vini ak vèsyon elektwonik yo.

E nou menm Ayiti, kisa sa nou aprann de sa k ap pase nan gran peyi? Pa egzanp, kòman yo prepare pou nenpòt katastwòf ki ta rive. Ebyen, yo gen yon vèsyon elektwonik, yon bakòp tout dokiman ke yo ta kapab genyen. Sa trè enpòtan lè n ap gade povrete lekòl Ayiti, materyèl didaktik /pedagojik, tout korikilòm nan, kòman ke yo te kapab gen vèsyon elektwonik yo.

Non sèlman vèsyon elektwonik lan kenbe tout yon bakòp, men tou li ta amelyore sitiyasyon ekonomik elèv yo kote yo ta jwenn tout vèsyon elektwonik materyèl sa yo gratis, oubyen peye yon ti kras kòb pou dawounlod yo (sou telefòn yo), kèlkeswa kote yo ta ye an Ayiti.

Pou travay sa a fèt, sa ta mande kolaborasyon tout anseyan pou konprann pwoblèm Ayiti, moun ki nan domèn teknoloji pa egzanp k ap itilize konpwoutè (òdinatè), ki nan enfòmatik (computer science /syans konpwoutè) e kòman yo kapab pote-kole oubyen ede), mezon d edisyon k ap enprime (plizyè milye liv an Ayiti pou sèvi nan lekòl, e ide pou ta vann vèsyon elektwonik liv sa yo.

Vèsyon liv elektwonik ta mwen chè ke liv enprime. Epi tou, li ta pi rapid pou tout elèv nan tout peyi a gen aksè a tout materyèl pedagojik lekòl yo (de klas matènèl jiska klas «Filo») ap itilize pou yon ti kras kòb. Konsa, nou t ap enfòmatize Ayiti nan de tan twa mouvman, e solisyone yon dal pwoblèm lekòl.

Sa mande tou pou otè Ayisyen ki ta renmen wè chanjman konprann sitiyasyon an. Anpil fwa n ap pale, pale anpil, tout moun ta renmen Ayiti chanje men lè w pwopoze yon bagay pou yo kontribye, ebyen pa gen Ayisyen ki vle kolabore; pa gen Ayisyen ki vle kontribye. Se yon dal moun k ap pale anpil, ki san vizyon pou devlopman Ayiti, ki pa soti pou fè oken sakrifis. Yon otè ayisyen p ap menm mete yon chapit nan liv li gratis, menm entwodiksyon liv la li p ap pibliye an liy pou fè piblisite pou pwòp liv li pou yo konnen l.

Pa gen pwoblèm se vann w ap vann, se lajan w ap fè. Ou mete tan w pou fè rechèch, donk pa gen oken pwoblèm si w vann liv ou. Nou konprann sa. Men se kòman ou fè piblik la konnen materyèl ou pibliye a, kòman li kapab itilize nan lekòl? Kòman moun k ap fè rechèch kapab itilize l? Èske se yon liv ki pral ede anseyan? Nou bezwen liv k ap ede anseyan pou anseye pi byen, liv pou fè seyans fòmasyon pou moun k ap anseye. Donk, yo pa fè sa.

Nou pale de reyalite a jan l ye. Nou pa nan voye wòch kache men paske nou bay egzanp travay nou fè pandan 30 ane san pran souf. N ap fè rechèch, n ap pibliye an liy materyèl didaktik /pedagojik an kreyòl e an anglè. Nou tradui kèk nan materyèl sa yo an espayòl paske gen yon gwo kominote Ayisyen an Repiblik Dominikèn ki jwenn yo trè pratik.

Nou tradui kèk an fransè, paske n ap pwone kat gwo lang nan dyaspora ayisyen an ki kreyòl (lang ki konekte tout Ayisyen, lang tout Ayisyen pale), anglè (lang entènasyonal, dezyèm lang kominikasyon nan lemond jodiya, lang biznis e komès entènasyonal, lang lasyans pi itilize jodiya), fransè (lang komèsyal o nivo mondyal e dezyèm lang ofisyèl Ayiti), espayòl (dezyèm lang tout kontinan Amerik la) e lang prensipal tout peyi latino an Amerik (Amerik di Nò / Meksik (kòm peyi ki pale l) • Amerik SantralKarayib [Cuba, Repiblik Dominikèn, Pòtoriko] e Amerik di Sid).

Nou te kapab di «peyi vwazen» nou yo pale espayòl. Donk, pou nou fè yon seri pwogram d echanj avèk yo, li enpòtan pou n ta aprann lang espayòl la depi nivo elemantè (kòm lang etranje). Anplis, lè nou pran eta Florid (USA) pa egzanp, nou wè estansyon lang kreyòl la pran nan eta sa a. Se youn nan twa lang (apre anglè, espayòl). Nan tout bagay gouvènman an ap poste, tradiksyon yo parèt nan twa (3) lang sa yo.

Anpil etranje, anpil Ameriken an Florid oblije aprann kreyòl pou konsève travay yo, e gen kominikasyon ak Ayisyen ki epapiye nan tout eta a, k ap travay nan tout domèn. Kòman nou gade lang kreyòl la Ayiti?  Bon, pou jiskounye lè n ap gade pankat piblisite Ayiti, ebyen yo poko an kreyòl nèt. Lè n ap gade paj wèb konsila ak anbasad ayisyen aletranje, enfòmasyon pa parèt an kreyòl nan anpil dokiman. Sètadi nan manman peyi a, nou an reta avè lang matènèl la.

Li bon pou ta gen tradiksyon tout materyèl lekòl yo an kreyòl tou Ayiti byenke fransè a se youn nan de lang ofisyèl yo, men pou tout travay sa yo fèt, èske se leta n ap tann pou kòmanse sa? Èske nou menm nou pa ka kòmanse kòm volontè, sa nou kapab fè? La a, li enpòtan pou n ta òganize nou paske youn nan pwoblèm nou sèke nou toujou ap tann se leta ki pou vin fè tout bagay (de «a» rive nan «z»), e leta pa fonksyonèl an Ayiti depi plizyè ane.

Nou poko vrèman gen yon leta k ap travay. Donk pa konfonn ant enstitisyon leta avèk yon gouvènman ki sou pouvwa. Gouvènman sou pouvwa fè senk ane, apre sa l ale (si yo ba l chans yo pa asasine l, oubyen pa gen koudeta pou ta fini manda senkan an) ebyen li prale aprè senkan, men leta sipoze la tout tan pou enstitisyon yo kontinye travay. Pa melanje de antite sa yo.

Se sa k fè menm si yon gouvènman pa ta sou pouvwa (lè l ta dwe sou pouvwa), leta sipoze kontinye ap fonksyone tèt kale (nòmalman). E nou menm kounyeya, kòm endividi, ki pouvwa nou genyen? Nou gen yon pouvwa estraòdinè nan men nou; non sèlman nou kapab vote nan eleksyon pou chwazi kandida nou ta renmen dirije nou (majistra, depite, senatè, prezidan) men tou kòm Ayisyen nou temwen pwoblèm yo Ayiti pou n ta pran konsyans travay ansanm pou solisyone anpil nan yo.

Èske n ap kontinye pale de pwoblèm sa yo, oubyen èske n ap aprann òganize nou etan gwoup pou wè kisa n kapab fè (piti kou l ta ye) paske Ayisyen plis pale anpil, kritike sèlman men yo pa kreye? Kounyeya, si ou ta di kèk Ayisyen: ann òganize n pou fè tèl bagay pou ede yon komin, yon kominote, e menm Ayiti, nou pa kwè n ap jwenn yon repons pozitif.

Retounen sou sijè nou an, Enfòmatize Ayiti e estrateji pou sa fèt, li enpòtan kounyeya pou n idantifye moun serye ki ta vle patisipe nan kanpay sa a (an Ayiti kou nan dyaspora) paske nou gen teknisyen ayisyen nan tout nivo nou te kapab bezwen. Genyen ki travay nan achiv nan peyi Etazini nou kapab entèvyouwe yo, gade pou wè kòman bagay yo fèt Ayiti paske lè ou bezwen yon estrè d achiv Ayiti se yon kaskèt chinwa (yon tèt fèmal, anpil pwoblèm) tèlman gen magouy.

Yon bagay yo te kapab ba ou nan kèk minit sèlman yon fwa ou peye pou li, ebyen non sèlman yo pa vle enfòmatize Achiv Nasyonal, men tou se yon fason moun yo mete nan pòs sa yo jis la pou fè rakèt adwat agoch pou lajan. Yon dokiman yo te kapab ba ou nan kèk minit, ebyen sa kapab pran ou yon ane oubyen plis, epi ou pa kapab jwenn li. Tandike si Achiv Nasyonal te enfòmatize, kèlkeswa pri yo ta mande ou peye ou ta fè sa pou jwenn dokiman an soulechan.

Se tout pwoblèm sa yo n ap konfwonte Ayiti, e nou dwe denonse yo jiskaske tout moun pwoteste pou bagay yo chanje. Fò nou reyalis tou pou n aprann fè otokritik pou n di: pi gwo pwoblèm Ayiti ou premye pwoblèm Ayiti se Ayisyen. Toutotan ke nou pa ka dakò pou n fè otokritik, ebyen n ap kontinye voye-monte, n ap kontinye blame Etazini, Lafrans ouben Kanada pou soudevlopman Ayiti, menm jan anpil Ayisyen ki refize aprann fè otokritik kontinye ap pwone sa; yo toujou ap chache yon bouk emisè.

Pifò peyi nan lemond ap chache avantay pa yo, oubyen avantay pou sitwayen yo. Si yo jwenn yon avantay pou ede pwòp peyi pa yo, ebyen y ap pran l kote yo jwenn li. Li pa bezwen se Ayiti sèlman, men se nou menm etan Ayisyen kounyeya ki pou di: kote avantay Ayiti ye nan sa? Èske nou kapab solidarize pou n travay ansanm kòm gwoup pou fè yon bagay pou n ede Ayiti (Ayisyen ki Ayiti, kèk Ayisyen ki serye nan dyaspora)? Pa panse ke tout Ayisyen nan dyaspora serye nan yon sans.

Genyen ki magouyè, k al Ayiti e ki fè pi rèd (pi mal) paske yo gen esperyans aletranje kote yo ka pa aplike l pou fè sa ki bon. Men, nou dwe fè otokritik: èske sitiyasyon Ayiti a ap rete konsa pou tout tan? Èske se modi peyi sa a modi ki fè l pa kapab avanse nan oken domèn? Donk, fò nou fè egzamennkonsyans (reflechi sou konpòtman nou).

E pou vini ak yon pwogram pou enfòmatize tout Ayiti, tout lekòl, korikilòm lekòl (pou l pibliye, pou nou konnen ki liv, ki materyèl k ap itilize, de «matènèl» a «Filo» (fen segondè) pa egzanp, ki kote kopi liv sa yo ye, lè elèv la nan tèl klas ki kou matematik li sipoze wè oubyen konnen (lè l nan tèl klas, lè l fini tèl klas)? Ki tip liv k ap itilize de tèl a tèl klas.

Liv syans pa egzanp, nou konnen syans Ayiti timoun yo bat pakè epi pa gen laboratwa pou mete teyori an pratik. Kòman nou kapab vini ak yon pwogram modèn lè nou gade korikilòm Lafrans k ap aplike nan teritwa fransè yo?

Anseyan oubyen chèchè nou yo k ap fè rechèch sou sa, kapab gade pou wè kisa ki aplike nan Kebèk oubyen nan Kanada frankofòn (de matènèl jiska fen segondè pou n fè yon sentèz). Gade sa ki ap aplike nan korikilòm ameriken an tou (de matènèl jiska fen segondè), e kòman laboratwa yo ap mache nan Etazini, Frans oubyen Kanada sa nou kapab aprann de yo epi kreye pwòp pwogram nou (sa nou karele modèl).

Se modèl oubyen echantiyon nou bezwen Ayiti nan tout domèn, epi replike yo. Pa egzanp, yon fwa nou gen yon modèl syans plis laboratwa (de tèl a tèl klas), nou kapab replike l. Kounyeya, n ap gen yon referans kote pou gade sa pou n suiv, e de la li kapab replike nan tout peyi a.

Tout sa nou bezwen se ta yon referans. Oke, ann gade korikilòm sa a (de tèl a tèl klas), epi n mete l an liy. Yon fwa nou fè sa, nou kòmante sou li, nou revize l, nou mete l ajou (aprè revizyon l). Enpòtans seyans fòmasyon ki dwe fèt pou anseyan, espesyalman lè (vakans) ete, lè lekòl fèmen pa egzanp, kòman nou kapab fè yo, epi n mete yo sou youtube.

Nou kapab tradui yo an anglè tou dekwa pou dyaspora a gen aksè a yo, e moun k ap fè rechèch o nivo edikasyon nan lemond pou ekri tèz metriz, doktora. Donk nou pa ka yon pèp k ap pale anpil sèlman, k ap kritike sèlman men lè w di: ann fè tèl bagay, ann eseye fè tèl bagay… ebyen Ayisyen an li menm sa pa enterese l. Sa k enterese l se pale anpil pito, kritike sansès men pa gen aksyon.

ANNEXED TEXT : TÈKS ANEKSE

DEGRAFF, Michel (director). MIT- Haiti Initiative: • About (Sa l ye) • Events (Aktivite) • Funding • News (Nouvèl) • Organizations (Òganizasyon) • Questions about the Platform (Kesyon sou Platfòm lan) • Resources (Resous) • STEM  (Science : Syans, Technology : Teknoloji, Engineering : Jeni, Mathematics: Matematik) • Team (Ekip).

GEORGES, Joseph Marcel. A look at Haitian Creole documentation, lexicography and morphology : Koutje sou dokimantasyon kreyòl, leksikografi ak mòfoloji.

LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gapBoston Haitian Reporter.

OXINÉ, BonelInvitation to a conference series centered on Haitian Diaspora experience and careers : Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora (EDA).

VALDMAN, Albert. Ann pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole. (revised ed.)
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).

VEDRINE, Emmanuel W. Agriculture the first Target for Haiti's DevelopmentBoston Haitian Reporter, July 2004. (Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti).
 
---. A look at Higher Education in Haiti : another step after secondary level.
---. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti”.  (pdf, 54 KB).  Agriculture the first Target for Haiti's Development (pdf, 57 KB). Boston Haitian Reporter, July 2004.
---. Bilingual Education in Haiti : theory and practice | Edikasyon Bileng Ayiti: teyori e pratik.
---. Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
---. Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole.
---. Civic duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti.
---. Consciousness raising, Motivation, Change : Konsyantize   Motive  Chanje.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms by Emmanuel W. Védrine and research on Haitian creole lexicology.
---. Does Haiti need more mediocre universities after January 12, 2010? : Èske Ayiti bezwen plis inivèsite bòlèt apre 12 janvye 2010?
---. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora.
---. Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers. [Summary • Rezime • Sommaire •  Resumen • Zusammenfassung].
---. English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: anglè – kreyòl
---. Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
---. Èskè kreyòl se yon bon zouti pou ta prann nan lekòl Ayiti? (Haïti en Marche, Vol. XXIV, #36, sept. 2010) : Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l’école en Haïti? : Is Creole a good tool to learn in schools in Haiti?
---. Essays’ models to help Haitian Students (high school and university level).
---. Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---. Geography, Enivironment, Flora & Fauna : Jewografi, Anviwonnman, Flòr & Fòn. [Teaching materials in Haitian Creole, English & for Haitian Bilingual Programs].
---. Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haitian Creole (Kreyol) from colonial times to 2022 : Kreyòl ayisyen, de epòk kolonyal a 2022.
---. Haitian Lexicology: databases and references for research.
---. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston (deba) : Idea to found a Haitian Private High School in Boston (debate). 1994. 109 p.
---. In Kreyol and English : An Kreyòl e an Anglè.
---. INSMINOGEC (Institut Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes). Founder : Enock Fedna.
---. Jojo’s Guesthouse in Curacao : an interview with the owner (Josias Joseph).
---. Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou maryaj, yon enstitisyon Bondye kreye : Some important points to orient people on ‘mariage’, an institution founded by God).
---. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in Sezon sechrès Ayiti for essays. [Woman ayisyen : Haitian novel].
---. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè.
---. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creole.
---. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creole.
---. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
---. My country is Haiti : Peyi m rele Ayiti.
---. Network of Haitian Students: Haiti–Diaspora | Rezo Etidyan Ayisyen: Ayiti–Dyaspora.
---. New words and idioms entering Haitian Creole : Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl.
---. Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora [Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.
---. Open your eyes, Haitians ! : Ouvè je w, Ayisyen ! 
---. Orientation Training for Haitian students coming to the United States.
---. Orientation training for students and teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation training on library and its importance for youth to do educational and community activities : Seyans oryantasyon sou bibliyotèk, e enpòtans li pou lajenès fè yon seri aktive edikatif e kominotè.
---. Orientation training to help young Haitians see better : Seyans oryantasyon pou ede jèn ayisyen Ayiti wè klè.
---. Pasaj Yves Estenvil Boston nan kad yon misyon edikatif e kiltirèl | Yves Estenvil’s visit in Boston: an educative and cultural mission.
---. Premye etap avèk yon òdinatè. (First step with computers, manual). Eastern Digital Resources.
---. Questioning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li.
 ---. Rasanble Konsyantize Chanje.
---. Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime | Refleksyon sou 7 Fevriye 2019 : 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
---. Research & Publications (summary).
---. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti : Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Retorik an kreyòl Ayisyen, tèks: Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
---. Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen : What you can do for Haiti today, don’t put off for tomorrow).
---. Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
---. Seminar on biography, autobiography, and memoir : Seyans oryantasyon sou Biyografi, Otobiyografi, Memwa.
---. Seminar on marriage : Seminè sou maryaj
---. Seminar on translation to help Haitian students in Haiti and Diaspora : Seminè sou tradiksyon pou ede etidyan ayisyen Ayiti e diaspora.
---. Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen (Formation Training to motivate Haitians).
---. Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela) Questions on the 10 (ten) chapters : Kesyon sou 10 chapit yo : Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos.
---. Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela), questions on the ten chapters [Kesyon sou 10 (dis) chapit yo : Preguntas sobre los 10 (diez) capítulos… Teaching materials in Haitian Creole, English and Spanish & for Haitian Bilingual Programs].].
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a]. [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries): © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and o abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country.
---. Teaching materials for schools in Haiti: Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Teaching materials for schools in Haiti : Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. The situation of deaf and mute people in Haiti, an interview with Marky Norde : Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti, yon entèvyou ak Marky Norde. [with versions in English Français Español Deutsch].

* * *

Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté