Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Peyi m rele Ayiti

(Yon rezime istwa Ayiti soti epòk kolonyal rive an 1994)

(Emmanuel W. Védrine)

 

 

 

 

 

 

 

Capois La Mort par Stephen SAINTILUS. Carrie Art Collection

Capois La Mort

Mo Ayiti a se yon mo ki soti nan lang Endyen1 ki te rete sou teritwa sa a nan tan lontan. Mo sa a vle di: kote ki gen anpil mòn, kote ki bèl. Se Endyen yo ki te premye rete Ayiti.

Espayòl yo se premye pèp ewopeyen ki vin rete Ayiti. Yo te poze lapat sou tè sa a epi reklame l kòm tè pa yo. Kristòf Kolon2 se youn nan preye Ewopeyen ki te pile tè Ayiti. Kolon te fèt nan peyi Itali nan yon vil ki rele Jèn. Li te ateri Ayiti nan dat 5 oktòb 1492. Pafwa lè n ap li istwa Ayiti, yo di n se nonm sa a ki te «dekouvri» Ayiti. Nan jounen jodiya, gen anpil klarifikasyon n dwe fè nan sa moun ap ekri, sitou sou koze istwa.

Kolon te ateri Ayiti pa aksidan. Se nan peyi Zend li ta prale; li pèdi wout li epi l chwe Ayiti. Ayiti vin tounen yon koloni espayòl. Kolon ak lòt ekip Espayòl ki te avè l, reklame tè sa a kòm yon koloni pou peyi Espay. Yon koloni se yon tè oubyen yon andwa yon lòt peyi reklame kòm pa l. Anpil fwa, se ak fòs ponyèt sa fèt. Pafwa se kapab apre yon lagè ant 2 peyi; youn nan peyi sa yo pèdi epi sa k genyen an ka vin reklame teritwa peyi pèdan an te genyen apre trete ki vin siyen antre yo.

Dabitid, lè yon peyi kolonize yon kote, kolonizatè yo fè krim, anpil zak malonnèt: yo touye pitit natifnatal andwa sa a, fè kadejak sou fanm yo ak anpil lòt krim. Espayòl yo te fè jan de krim sa yo tou lè Ayiti te koloni Espay.

O depa, Endyen yo te byen resevwa Espayòl yo. Yo panse se yon seri moun ki te sot nan syèl. Endyen yo te ede yo, ba yo manje, adòmi ak laswenyay. Endyen yo te parèt non sèlman inosan oubyen nayiv pou Espayòl yo, men tou, Espayòl yo panse yo te enbesil, yo panse yo te siperyè a yo menm; konsa, yo te kòmanse esplwate yo depi «a» jiska «z». Espayòl yo te kòmanse fè lagè ak yo, touye yo kote yo te rive detwi prèske tout plan Endyen Ayiti. Sa k pa t gen tan mouri te gen chans kraze rak, y al kache byen lwen nan mòn. Kasik Anri3 se youn nan chèf Endyen ki te reziste kont Espayòl yo.

Hispaniola

Carte d'Hispaniola de Jodocus Hondius, Atlante Mercator/Hondius, 1580. Source

Istwa Ayiti mansyone youn nan bèl rèn Endyen yo. Rèn sa a te rele Anakawona4. Li te fanm kasik Kawonabo5. Rèn sa a te gen yon bote estraòdinè. Fox Tree, youn nan gran pent Endyen Ameriken k ap nan eta Massachussets (Etazini), pentire anpil bèl tablo sou istwa Endyen. Youn nan chedèv li yo se yon tablo sou rèn Anakawona.

Panyòl yo te rive tann yon anbiskad pou rèn Anakawona. Dabitid, Endyen yo te konn òganize yon seri fèt kiltirèl pou Espayòl yo. Espayòl yo pran menm woulib la tou pou yo te òganize yon fèt pou rèn Anakawona. Se nan fèt sa a yo trayi l. Yo mete lapat sou li epi yo pann li. Yo touye tou anpil lòt zotobre Endyen ki te akonpaye l.

Dominasyon Espayòl yo Ayiti kontinye jouk nan ane 1600 yo. Fransè yo pral fè kou pa yo tou. Kolonizasyon pa Fransè yo kòmanse ak de ti gwoup fransè ki t ap pwonmennen, non sèlman kòm avantirye, men tou ki t ap chache mwayen amelyore fason yo t ap viv nan kontinan ewopeyen an. De ti gwoup sa yo te rele boukanye6 ak flibisye7. Listwa rapòte ke flibisye yo se vòlè yo te ye. Se te yon seri zenglendo ki renmen byen san swe. Travay yo se te tann bato ki t ap transpòte pou te fè dappiyanp sou yo. Yo konn tout kachkou nan lanmè pou mete lapat sou bato.

Boukanye yo se bèt sovay yo te konn chase tèlke sangliye, yon espès kochon mawon ak lòt bèt. Mo 'boukanye' a an rapò ak mo boukan. Lè yo te fin touye bèt, yo limen gwo boukan oswa fago dife pou kwit vyann yo, chode vyann yo, yon fason pou te pwoteje yo. Yo konsève po bèt sa yo pou te voye vann an(n) Ewòp.

Pwovèb kreyòl la di: De towo pa bat nan menm savann8. Lè gen 2 peyi ki tabli koloni yo nan yon sèl teritwa, ap toujou gen hinghang, dyòl long, rayisman. Tanzantan te gen ti dife vole ant Espayòl ak Fransè yo. Dènye lagè ki te vin fèt ant de towo sa yo vin bay nesans a Trete Riswik9. Se yon trete ki te siyen ant yo menm nan ane 1697. Selon trete sa a, pati lwès Il Ispayola10 vin tonbe sou dominans Lafrans; pati lès la pou Espay.

Pandan tout tan sa yo, bourik t ap travay pou chwal garyonnen11: nèg nwè te non sèlman t ap bourike pou Espayòl (soti depi 1503), men tou, tanzantan kolon blan yo voye chache plis an(n) Afrik. Mati Espayòl ak Fransè te fè nèg nwè pase Ayiti Tonma, pa gen bouch pou pale. Men, jou va jou vyen.

Kolon yo te fè tout sa yo te konnen pou mete dezantant ant moun nwè; pa ekzanp, si yon gwoup esklav te pale menm lang, yo konn separe yo, voye yo al bourike nan diferan andwa, deferan plantasyon dekwa pou koupe tout kominikasyon posib antre yo. Kolon yo te remake enpòtans kominikasyon antre yo. Yo te pè pou yo pa fè konplo kont yo. Men, nou pa ka esplike kote dlo pase li antre nan bwa joumou. Tanzantan lang kreyòl la t ap grandi, li rale jouktan l rive mache. Lang sa a se youn nan zouti ki te ini esklav yo pou yo te kòmanse frape kolon yo. Esklav ayisyen yo fè anpil jefò pou libere tèt yo. Youn nan gran reyinyon yo te òganize se te yon rankont nan yon zòn Ayiti ki rele Bwakayiman12. Gen anpil dokiman ki ekri sou rankont sa a. Youn nan moun ki te devan bann nan se yon nonm ki te rele Boukmann13. Listwa rapòte ke Boukmann te yon vodouyizan ki soti Lamayayik. Nan seremoni sa a, yo te senyen yon kochon; chak esklav te bwè yon ti san. senbòl sa a reprezante yon sòt sèman Aya Bombe14: swa yo viv lib oubyen yo mouri. Rankont sa a pa t pote yon siksè total, men li make yon pa enpòtan pou te konsyantize esklav yo pou te vin fè yon 1804.

Lè n ap pale de Istwa Ayiti, gen yon ewo ki mansyone nan tèt lis: Tousen Louvèti15 se youn ladan yo, youn nan gran ewo Ayiti te ka bay. Li te goumen anpil pou libere esklav yo. Devouman l te fè l rive nan grad jeneral ak gouvènè. Anpil nan zotobre ki te reprezante Lafrans pa t renmen misye; yo te wè l kòm yon danje. Finalman, yo kaptire l nan yon anbiskad yo te tann pou li. Yo mete l sou yon bato epi y al anprizone l nan peyi Lafrans nan yon prizon ki rele Fòdejou, nan montay Jira. Avan Tousen kite Ayiti, li di Fransè yo: «Nou rache pyebwa libète moun nwè yo; li gen pou l pouse nan rasin li paske rasin sa yo fon nan tè epi yo anpil16». Choz di, choz fèt; Desalin, youn nan ansyen manm Lame Endijèn nan te pran mayèt la. Li kontinye òganize esklav yo jouk yo te rive fè yon gwo leve-kanpe nan dat 18 Novanm 180317. Dat sa a se youn nan dat enpòtan nan Istwa Ayiti Tonma. Se dènye leve kanpe yo te fè, ki non sèlman vin libere tout esklav men tou esklav yo vin genyen yon peyi ki rele yo chèmèt-chèmetrès. ki te fèt

Apre premye endepandans sa a, gen anpil moman nwa peyi a travèse. Anpil batay fèt pou gade pouvwa a , non pa pou mete tèt ansanm pou travay pou fyète tout Ayisyen. Se konsa Ayiti gen yon rek ò d iktatè ki pase nan tèt pouvwa a. Dènye gwo diktati ki te tabli Ayiti se te diktati Divalye a.

François Duvalier (Papa Dòk) te yon doktè nan peyi Ayiti. Anpil moun ki te konnen l rapòte li te patisipe nan kanpay kont pyan nan peyi a. Li fofile kò l, l al nan eleksyon prezidansyèl 1957 yo kote l te vin monte prezidan (gras a èd jeneral lame a18 nan epòk la). Apre kèk ane kote manda l te bout, olye pou ta gen eleksyon li vin konvèti an diktatè. Se konsa l te elimine anpil nan moun li panse ki te elmi l. Anpil entelektyèl ayisyen pèdi lavi yo. Sa k te gen chans sove, y al nan peyi kouwè: Etazini, Lafrans, Kanada, kèk peyi Afrik, Ewòp ak nan plizyè lòt andwa.

Pou te bay diktati l la plis jarèt, li te vin kreye yon fòs paramilitè ki rele tonton makout19. Yo rele yo makout tou. Yo fè e defè pandan tout rèy diktatoryal la. Yo touye anpil kretyenvivan, anpil inosan. Yo fè kadejak sou fanm e sou fanm moun, vòlè byen moun, pran tè peyizan elt…

Anpil ti leve-kanpe te fèt pou eseye chavire diktati Papa Dòk la men san siksè . Youn nan gwoup rebèl sa yo te rele kamoken20. Dabitid, lè yon Makout pran yon Kamoken, li pa kite l viv. Li koupe tèt li. Makout yo te touye anpil Kamoken. Makout yo te toujou bay enpresyon ke Kamoken yo pa bon moun, ke yo se kominis. Tout sa k negatif, yo te toujou eseye mete l sou do yo.

Youn nan dènye leve-kanpe ki te fèt kont Papa Dòk, se te atak kolonèl Octave Cayard21 la. Cayard (Kaya) te yon militè wograde nan Lame Ayiti ki te chèf gadkòt. Nan ane 1970, li te mande gadkòt ki te desèvis yo pou t al fè yon virewon nan lanmè. Se konsa l te kòmanse atake ak zamfannfwa. Youn nan sib prensipal li se te Palè Nasyonal. Boulèt sa yo te frape anpil pwebwa ki tou pre palè a. Apre yon jou l te fè ap tire, li te rive kite Ayiti pou l jete kò l Etazini. Papa Dòk te siviv; li kontinye gouvène pou yon lòt ane.

Nan kòmansman ane 1971, Papa Dòk te santi vye kò a ap tyoule. Nan youn nan diskou l yo, li te prezante Jean-Claude Duvalier kòm jèn lidè ki pral kontinye zèv li. Nan mwa avril 1971, Papa Dòk te al bwachat. Kòm Tonton an te mansyone vre, Tibonòm nan kontinye zèv li. Yo chak fè katòz lane sou pouvwa.

Ak jan sitiyasyon politik la t ap dewoule Ayiti nan kòmansman ane 80 yo, anpil leve kanpe te kòmanse fèt kont diktati Jean-Claude la. Youn nan gwo gout gazolin ki tonbe sou dife a, se te twa elèv yo te touye nan vil Gonayiv22. Tanzantan te gen manifestasyon kont diktati a nan plizyè rakwen peyi. Finalman tout peyi a leve kanpe pou te di Jean-Claude fè malèt li.

Nan fen ane 1985 pou rive nan kòmansman 1986, Jean-Claude te wè pèp la move kou kong. Makout yo fin pran chenn tèlman yo t ap fè krim tribòbabò. Men, pèp la pa t bay legen. Avan Jean-Claude bwaze (an fevriye 1986), li te fè yon dènye virewon anba lavil ak premyè dam nan, Michele Bennet23. Pèp la kouri dèyè yo; pou yo te eseye kraponnen l, yo di: «Nou la pi rèd ke yon ke makak24». Tèlman ke makak la te rèd, sa pa t pran lontan pou l te kase. Jean-Claude te bay peyi a blanch kote l t al ateri Lafrans.

Pandan tout dinasti Divalye a (1957-1986), pèp la te swaf jistis e pa t gen pesonn ki t ap garanti l sa. Se konsa yo te rive dechouke anpil Makout apre depa Jean-Claude. Dechoukay25 sa a te parèt sou plizyè fòm: bay Makout pèlebren, bat yo, boule ou dechouke kay yo. Anpil moun panse se te Dezyèm Endepandan Ayiti26. Te gen yon jent militè ki te vin pran rèn pouvwa a ak jal Anri Nanfi27. Yon konstitisyon28 tounèf te vin parèt an 1987; malgre konstitisyon sa a gen bèl atik ladan men sektè anti-chanjman an pa t respekte l. Eleksyon lib te pwojte pou 29 novanm 1987. Move zangi nan lame a, ansanm ak sektè anti-chanjman an gate l, kote anpil moun ki t al vote pèdi lavi yo; anpil moun te tonbe nan Riyèl Vayan29. Byenke pèp la te kòmanse respire apre tout peripesi l sou dinasti a, pa t gen vrèman yon amelyorasyon nan sitiyasyon politik Ayiti. Militè yo te vin kreye tou yon lòt diktati. Anpil krim fèt nan peyi a. Zenglendo30 vin pran nesans. Y ap vòlè, touye moun, fè kadejak sou fanm nan tout rakwen peyi a.

Ak eliminasyon eleksyon prezidansyèl 1987 la31, li te vin ranvwaye pou yon dezyèm tou nan mwa janvye 1988 kote Leslie F. Manigat32 te vin monte (ak koukou lame a). Li te rete nan tèt pouvwa a jis jen 1988 kote yon koudeta te fè l bay peyi a blanch. Jal Nanfi repran pouvwa l epi apre kèk mwa jal Prosper Avril33 fè kou pa l tou (sot nan fen ete 1988). Nan dat premye avril 1989, kèk zotobre nan lame a34 te eseye rale fotèy la pou jal Avril ta tonbe. Kou sa a pa t reyisi. Li te plis parèt kòm yon pwasondavril mesye yo t ap eseye bay jal la. Te gen anpil krim ak pèsekisyon pandan jal Avril t ap gouvène. Youn nan pèsekisyon sa yo se te akizasyon yo te pote kont twa moun: K-Plim (Evans Paul ), Mezye, Marino. Yo te akize yo pou konsimanda tèlke yo t ap maniganse pou chavire gouvèlman jal Avril la. Yo te fè yon dal tan nan prizon kote yo te tòtire yo. Istwa plis pale de twa pèsonaj sa yo kòm Prizonye Latousen35. Sou presyon pèp la ankò, fotèy boure a te kòmanse vin cho pou jal Avril; se konsa l te kòmanse fè malèt li pou l jete l.

Finalman nan kòmansman mwa mas 1990, Madam Ertha Pascal Trouillot36 pran mayèt la. Se premye fanm nan istwa Ayiti Tonma ki monte prezidan. Li te youn nan ansyen jij yo; se li yo te finalman chwazi pou chita sou fotèy boure a pou fè yon kenbe, annatandan eleksyon prezidanyèl fèt. Nan diskou l, madanm nan te fè konnen ke l pa la pou lontan li menm, se jis yon ti kenbe l ap fè pou l ede prepare eleksyon. Bagay yo te kòmanse chofe pandan ete 1990; sektè makout la te kòmanse reveye ankò pou l al nan eleksyon prezidansyèl. Anpil kandida koni kouwè M. L. Bazen, R. Tewodò, S. C. Claude… t ap mennen kanpay yo. Roger Lafontant37 voup li vin parèt tou pou kòmanse kanpay elektoral li. Òganizasyon popilè yo te kòmanse diskite koze a. Yo wè fòk yo ta voye yon towo pou kontrekare Lafontant. Finalman, Jean-Bertrand Aristide (Titid) soti kòm kandida tou pou chèz boure a. Lòbèy gaye menm lè a!

Kanpay Aristide kòmanse nan mwa oktòb 1990. Lanse l fin lanse kanpay li, sa te fè anil eko nan tout medya yo (nasyonal kou entènasyonal). Aristide te vwayaje tou nan Dizyèm Depatman an kote l te jwenn yon sipò estraòdinè.

Dat eleksyon te pwojte pou 16 desanm 1990. Aristide eli prezidan ak plis pase 70% vwa. Aristide se premye prezidan demokratik ki eli nan peyi Ayiti. 7 janvye 1991, yon mwa anvan l te monte sou pouvwa, Roger Lafontant eseye fè yon koudeta pou bare Aristide. Men, sou presyon pèp souvren an, kou sa a pa t pase. Yo te mete Lafontant nan prizon. Jou sèt fevriye 1991, Aristide te prete sèman kòm prezidan Ayiti. Sou gouvèlman li an, anpil chajman te kòmanse fèt. Malerezman, apre sèt mwa sou pouvwa, jal Raoul Sedras38 ak yon ti klik nan lame a, ansanm ak kèk moun nan sèktè anti-chanjman an te bay Titid yon koudeta. Koudeta 30 Septanm 1991 Lan39, se koudeta ki pote anpil tèrè Ayiti: lame a ansanm ak gang kraze zo a te touye plis pase 10,000 (dimil) moun. Anpil moun te nan mawon; anpil te kite peyi a, enkli prezidan Aristide sou presyon lame represif la. Malgre Titid te an ekzil, li te toujou rete aktif pou demokrasi te ka retounen Ayiti. Li te vwayaje anpil pou antreprann yon seri misyon diplomatik pou te eseye jwenn yon solisyon nan kriz peyi a t ap travèse.

Dezan apre koudeta a, te vin gen yon akò ki siyen ant prezidan Aristide ak jal Sedras. Selon akò sa a, prezidan an te sipoze tounen nan yon dat fiks sou pouvwa e ke jal la ta gen pou l demisyone. Akò sa a te rele: Akò Zile Gouvènè40. Yo rele l konsa paske se nan ti zile sa a yo te siyen l nan eta Nouyòk (Etazini). Men, malgre tou, jal la pa t kenbe pwomès li. Li te vin vyole akò sa a e prezidan Aristide pa t tounen nan dat li te sipoze tounen an. Prezidan an ekzil la kontinye lit diplomatik li kote finalman li te vin jwenn sipò prezidan meriken an, Bill Clinton. Kèk jou avan prezidan Aristide te repile tè Desalin nan, twoup meriken yo te gentan ateri nan peyi a pou plis sekirite. Finalman, nan dat 15 Oktòb 1994, prezidan Aristide retounen Ayiti. Dat sa a vin yon gran dat nan Istwa Ayiti. Non sèlman pèp la te kòmanse reveye nan twazan koma li te ye a, men tou se premye fwa nan istwa Ayiti yon prezidan kite peyi a sou presyon koudeta epi l retounen sou pouvwa ankò.

Malgre prezidan Aristide tounen sou pouvwa, men gen anpil travay pou l te fè toujou paske pandan rèy sedrasyen an, jal la koupe tout branch òganizasyon popilè yo. Pwoblèm ensekirite blayi pi rèd, zenglendo ak FRAP te toujou rete ame malgre fòs miltinasyonal yo te prezan sou teren an. Jodiya, nou menm Ayisyen k ap viv Ayiti e nan dyaspora a, fò nou tout rete dyanm, rete mobilize pou kapab genyen yon chanjman ke tout Ayisyen ka benefisye de li. Ann pa ret gade sou yon seri peyi etranje k ap pase n nan betiz, k ap fè n filalang tèlke y ap vin ede nou. Moun ki met soulye, se li k konnen kote chosèt chire41. Nou menm Ayisyen ki vle chanjman, se nou ki reyèlman konnen sa nou bezwen e pou rive kote nou vle a, fòk nou travay ansanm pou lonè ak respè Ayiti.

(© E W. Védrine)

My country is Haiti (a summary of Haiti 's history from colonial times to 1994)

boule   boule   boule

E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 Viré monté