Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ouvè je w, Ayisyen !

Emmanuel W. VÉDRINE

Ouvè je w, Ayisyen !

Photo E. W. Védrine Creole Project

English version

28 Jiyè, 2022

ENFÒME
Lè w byen enfòme w,
magouyè ki pa vle Ayiti avanse
p ap ka manipile w

KLERE JE W
pou yo pa kontinye
esplwate w,
kokoratize w,
zonbifye w

REKLAME
edikasyon gratis
pwogram sante
sekirite tout kote
Pa kite voryen manipile w
sezon eleksyon
pou ti sak diri
ak ke lanmori
Konnen kilès ki t ap
ede w,
edike w,
lave je w

SISPANN
anpwazone,
boule,
dechouke,
esplwate,
joure,
kidnape,
kraze-brize,
rekile,
tire,
touye,
vyole!

APRANN
Avanse pou sispann kole
Brase pou pa ret kanpe
Ede pou chanje
Ekonomize pou toujou ka manje
Ekspòte pou vann aletranje
Enfòme pou pa ret egare
Envante pou pa jis konsome
Envesti pou pa apovri
Fè biznis pou gen lajan
Fè komès pou ede w tout tan
Kopye tout sa ki bon
Kreye sa k pa t egziste
Miltipliye pou ede
Priye Bondye pou chanje
Obsève pou al rapòte
Òganize pou ranfòse
Panse pou montre w edike
Pataje pou egoyis pa pote w ale
Plante pou jwenn manje
Pwodui tout sa w kapab
Rebwaze pou pwoteje lanati
Renmen pou kraze rayi
Replike pou gen plis pou ede
Solidarize pou ranfòse
Travay di pou viv mye
Vwayaje al gade tout kote
Pou ede Ayiti chanje.

(Koleksyon: «Kri pou liberasyon
: Cry for liberation». Jiyè, 2022)

*

TÈKS ANEKSE

(Zèv Powetik E. W. Védrine Poetic Works)

(•). COLLECTION OF PUBLISHED POEMS. (In periodicals, anthologies and books).

(•). Dezyèm Endepandans • Second Independance • Segunda Independencia.

(•). KOZE LANMOU (Volume I, poetry collection).

(•). KOZE LANMOU (Volume II, poetry collection).

(•). Kreyòl se lang ki towo a (poetry) Kreyol is commander-in-chief.

(•). «POETRY COLLECTION».

(•). POETRY IN HAITIAN CREOLE. 75 p.

(•). Se kreyòl mwen pale (I speak Creole). Kreyòl Connection. 1997. [Ref. in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, a review of publications from colonial times to 2000,  pp. 505].

(•). Si m te, m ta...  (If I were, I would).

(•). Tande kri peyizan yo! (Listen to the peasants’ cry), © E. W. Védrine. Ref. in (novel) Sezon Sechrès Ayiti.

(•). The Butios have promised victory.

(•). «TI POWÈM AYISYEN OKTOSILAB». [Poetry collection -- A collection of short octosyllable poems in Haitian Creole with two stanza and eight syllables per verse and eight lines (total); published in the Tanbou (Haitian cultural magazine in Boston) and also appears in newspapers... Some  of the titles include: [•] Pòv k ap mande nan Pòtoprens : Beggars in Port-au-Prince. In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 274 [•] Peripesi yon ti Pèp Nwa : Hardships of a small Black Nation [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003, pp. 577] [•] Oktosilab pou Alfred Largange : Octosyllable for the late Alfred Largange) [•] Mòtorat : Rat poison. Haïti en Marche. Vol. XI, #2, fev. 1997 [•] Lomeyans pou Mapou : In praise of Jan Mapou, in Haïti en Marche. Vol. XI, #1 [•] Lanmou se yon fri san sezon : Love, a fruit with no season].

(•). 23 POÈMES EN FRANÇAIS ET EN HAÏTIEN : 23 POEMS IN FRENCH AND HAITIAN CREOLE. Titles include: 1 «Afrika oh! Afrika oh! : Afrika! Afrika». 2 «Au bord de l'Océan : Bò Oseyan an». 3 «Ce que tu dois savoir : Sa ou dwe konnen». 4 «Dans la Forêt Noire Nan Forè Nwa : In the Black Forest : Im Scharzen Wald». 5 «Dans le Parc : Nan Pak la». 6 «Europe et Espagne : Ewòp ak Espay». 7  «Les deux Ponts : Pon Nèf ak Pon Women». 8 «Le voyageur Vwayajè». 9 «L'enfant et sa mère adoptive : Pitit ak manman adoktif li».  10 «L'existence et la puissance de l'amour : Ekzistans ak puisans lanmou (Kat lèt : Four letters)». 11 «L'Alpha et L'Omega : Premye ak dènye». 12 «L'Haïtien et le Chinois : Ayisyen ak Chinwa». 13  «L'Haïtien, un metis : Ayisyen, yon metis». 14   «L'Oiseau et le printemps : Zwazo ak prentan15 «Où se trouve Haïti? : Ki kote Ayiti ye? ». 16 «Qui vous êtes Kisa ou ye? : Quem é você? : Who you are». 17  «Salamanca : Salamank». 18 «Saison rouge Sezon wouj. 19  «Souvenir : Souvni». 20 «Souvenir de Vienne : Souvni k sot Vyèn». 21 «Trente ans emprisonné :Trantan anprizone». 22 «Un temoin : Yon temwen». 23  «Vive les vacances : Viv vakans».

* * *

E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté