Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Eske kréyol se yon bon zouti pou ta aprann nan lekòl Ayiti?
Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l'école en Haïti?

© Emmanuel W. VEDRINE

Haïti en Marche, Vol XXIV, #36, Sept. 2010

Septembre 2010

Se yon bèl kesyon nou ka poze, men jan chak moun reponn li kapab diferan (depan de bakgrawoun chak moun, konesans yo nan domèn lang, konesans yo nan pedagoji ak lang, nivo lojik yo (si sèvèl yo pa chavire oubyen si yo pa ta pèdi yon fèy), prejije yo ka genyen pa iyorans) menm si yo ta rive lwen lekòl, konesans yo nan istwa lang an jeneral (e.g, evolisyon yo) ...

 

C’est une bonne question que nous pouvons poser mais la façon dont chaque personne va la répondre peut être différente (tout dépend de la «connaissance» de chaque personne, leur connaissance dans le domaine de langue, leur connaissance dans le domaine de la pédagogie et des langues, leur niveau de logique (s’il ne leur manque pas une case), les préjugés qu’ils peuvent avoir (par ignorance) même s’ils ont atteint un haut niveau d’éducation, leur connaissance de l’histoire de la langue en général (par e.g, leur évolution) ...

Chak tip travay yon bòs ap fè, gen zouti espesyal li itilize (nan branch li). Remake tou: tout bòs se bòs men tout bòs pa menm.   Gen travay yon bòs (nan yon domèn presi) ap fè, li oblije sèvi ak yon zouti pou l fè yon travay annatandan li ka jwenn yon meyè zouti pou travay la.

 

Chaque type de travaille un artisan est en train de faire, il se sert d’outils spéciaux dans son domaine.  Remarquez aussi: tous les artisans sont des artisans mais ils ne sont pas tous les mêmes. Pour certain travail qu’un artisan (dans un domaine précis) est en train de faire, il est obligé de se servir d’un outil pour le faire en attendant qu’il trouve un outil meilleur pour le travail.

Tank gen plis zouti nan yon branch espesyal, se tank sa nan avantaj moun k ap travay nan domèn lan.  Lè gen mwens zouti, yo gen plis gratetèt pou fè yon seri travay.  Donk pa mande si kreyòl se yon bon zouti pou aprann, men pito mande tèt ou:  ki valè zouti nou menm, Ayisyen nan tout domèn, ka devlope an kreyòl pou sèvi)?

 

Tant qu’il y a plus d’outils dans une branche donnée, tant qu’il serait avantageux pour les gens qui travaillent dans ce domaine.  Quand il y a moins d’outils, ils ont beaucoup plus de problème pour faire une série de travaux. Donc ne demandez pas si le créole est un bon outil pour apprendre, mais demandez-vous plutôt: combien d’outils nous, les Haïtiens, avons besoin dans tous les domaines, combien pouvons-nous développer en créole pour se servir?

Gen moun ki panse ke devlopman zouti nan yon lang se ta travay lengwis ak grameryen senpman.  Non! Pa panse konsa.   Se travay tout moun alawonnbadè, e nan tout domèn pou pote kole ou kontribye nan avansman lang lan nan pwòp domèn pa yo.

 

Certaine personnes pensent que le développement des outils dans une langue serait le travail des linguistes et des grammairiens.  Non! Ne pansez pas ainsi. C’est le travail de tout en chacun, sans distinction et dans tous les domaines pour contribuer à l’avancement de la langue dans leur propre domaine.

Pou moun ki pa okouran pi gwo bibliyografi kreyòl mwen pibliye (an 2003), an palan de An annotated bibliography On Haitian Creole, mwen envite ou jete yon koudèy sou tit dokiman ki pibliye deja an e sou kreyòl (soti epòk kolonyal pou rive lan 2000).  Nan rechèch mwen an, mwen pa ka di ke m resanse tout bagay a 100%, men mwen fè tout jefò, tout posib mwen pou te eseye dokimante piblikasyon sou lang kreyòl la otan m te kapab.

 

Pour ceux qui ne sont pas au courant de la plus grande bibliographie créole  que j’ai publiée (en 2003), en parlant de An annotated bibliography On Haitian Creole, je vous invite à jeter un coup d’œil sur les titres des documents publiés en et sur le créole (de l’époque coloniale à l'an 2000). Dans ma recherche, je ne peux pas dire que j’ai tout recensé à 100%, mais j’ai déployé tous mes efforts possible pour essayer de documenter les publications sur la langue créole au tant que je pouvais.

Lòt kesyon kèk konpatriyòt sou fowòm ayisyen diskite kote anpil voye pye, voye flè, estomake, se yon kesyon ki ta gen pou wè ak lasyans an kreyòl.  Premyèman, mwen felisite konpatriyòt ki te di: «Pa bliye ke diskisyon elèv Ayiti sou fizik ak chimi se an kreyòl sa fèt».  La a, li klè kou jou ke elèv pi konprann lasyans lè li ka aprann li nan lang matènèl yo.

 

Une autre question discutée par certains compatriotes sur les forums haïtiens, où il  y avait beaucoup de coups de pieds, ceux qui disent des conneries, des offenses, est une question qui a à voir avec la science en créole. Premièrement, je tiens à féliciter les compatriotes qui ont déclaré: «N’oubliez pas que la discussion entre les élèves en Haïti sur la physique et la chimie se fait en créole».  Ici, il est très clair que les élèves comprennent mieux la science quand ils peuvent l’apprendre dans leur langue maternelle.

Se yon reyalite ke majorite liv k ap sèvi nan lekòl Ayiti se nan lang fransè yo ye.  Men sa pa vle di pou otan yo pa ka an kreyòl tou.  Se jis yon travay tradiksyon ak adaptasyon ki dwe fèt.  Men tout bagay Ayiti, nou konnen se biwokrasi, se pale anpil, se politik (pale anpil pou konnen ki voum lajan ki pral debloke pou fè gagòt); pandanstan, chaje brenn ayisyen k ap gaspiye, ki p ap fè anyen.  Donk sa mande pou Ayisyen panse tradui liv, dokiman lasyans an kreyòl menm jan Fransè yo te tradui dokiman lasyans ki te an grèk ak laten (pou te ede nan devlopman lang fransè a ki brile plizyè etap pou l rive kote l ye jodiya.

 

C’est une réalité que la majorité des livres utilisés à l’école en Haïti sont en français. Mais cela ne veut pas dire pour autant qu’ils ne peuvent pas être en créole aussi. C’est simplement un travail de traduction et d’adaptation qui doit être entrepris. Mais comme nous le savons, en Haïti tout est bureaucratique, beaucoup de palabres, tout est politisé (on parlerait beaucoup pour savoir quelle somme d’argent va être décaissée pour gaspiller); entretemps, ils y a beaucoup de génies qui passent leur temps sans rien faire.  Donc, les Haïtiens doivent penser à traduire des livres, documents scientifiques en créole la même façon que les Français ont traduit des documents scientifiques qui étaient en grec et latin (pour le développement de la langue française qui a parcouru plusieurs distances pour arriver à l’étape qu’elle est aujourd’hui.

Devlopman yon lang pa yon bagay ki fèt nan de tan twa mouvman.  Pa gen anyen majik ladan nonplis.  Se pa ilizyon li ye.  Se yon pwosesis ki non sèlman pran tan (pou l devlope), men tou youn ki mande kolaborasyon ekspè nan tout domèn pou pote pwòp kontribisyon yo.  Nan reyalite n ap viv jounen jodiya, sèke gen plis travay rechèch k ap fèt sou kreyòl ayisyen nan inivèsite aletranje ke an Ayiti.  Pa etone ou si mwen di sa, men se reyalite a toutouni.  Donk fòk travay de baz yo kòmanse fèt Ayiti, fòk gen kolaborasyon tou ant dyaspora a ak Ayiti, pase nou menm nan dyaspora a, nou gen plis mwayen pase  moun ki Ayiti.

 

Le développement d’une langue n’est pas quelque chose qui se fait dans un clin d’œil.  Il n’y en a rien magique non plus. Ce n’est pas une illusion.  C’est un processus qui, non seulement, prend du temps (pour se développer) mais aussi un qui demande la collaboration d’experts de tous les domaines pour apporter leur propre contribution.  La réalité de laquelle nous vivons aujourd’hui, c’est qu’il y a plus de travaux de recherche sur le créole haïtien dans les universités à l’étranger qu’en Haïti. Ne vous étonnez pas si je vous le déclare, mais c’est la réalité telle qu’elle est.  Donc, les travaux de base doivent commencer en Haïti, il faut qu’il y a de collaboration aussi entre la diaspora et Haïti, parce que nous, de la diaspora,  avons plus de moyens que ceux qui sont en Haïti.

Nan diskisyon sou kreyòl tou, pa mande kisa kreyòl fè pou ou men pito kisa ou ka fè pou kreyòl.

 

Dans la discussion sur le créole, ne demandez pas ce que le créole a fait pour vous mais plutôt, ce que vous pouvez faire pour le créole.

Donk …

 

Donc ...

Si ou se anseyan, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?» 
Si ou se avoka, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?» 
Si ou se diplomat, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?» 
Si ou se enjenyè, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se filozòf, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se lengwis, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se medsen, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se palmantè, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se politisyen, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se syantis, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?». 
Si ou se teknisyen, mande tèt ou: «Kisa mwen ka pwodui an kreyòl nan domèn sa a?».

 

Si vous êtes enseignant, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?». 
Si vous êtes avocat, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».
Si vous êtes diplomate, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?». 
Si vous êtes ingénieur, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?». 
Si vous êtes philosophe, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?». 
Si vous êtes linguiste, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».
Si vous êtes médecin, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».
Si vous êtes parlementaire, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».
Si vous êtes politicien, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?». 
Si vous êtes scientiste, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».
Si vous êtes techniciens, demandez-vous: «Qu’est-ce je peux produire en créole dans ce domaine?».

boule

 Viré monté