Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen

(Emmanuel W. Védrine)

5 me, 2010

Si se pale ou ka pale pou simaye bonjan pawòl pou ede rekonstwi yon lòt Ayiti, pa neglije fè sa. Si ou ka kontribye nan fannrezing pou ranmase lajan pou Ayiti, pa pèdi tan fè sa. Si ou ka pale nan kèk konferans pou ede nan rekonstriksyon Ayiti, ankouraje fè sa. Pafwa, lè n ap panse a yon opòtinite rate pou n te fè yon bagay, epi nou pa t fè l, nou konn santi nou koupab annapre; nou konn santi nou mòtifye dèske nou pa t fè l. Anpil fwa, nou konn di :  n a gen tan, kòmsidire (kòmkidire) nou ta konnen sa k ap rive demen; kòmsidire, nou ta gen kontwòl demen. Si nou jwenn opòtinite (pou) fè yon travay pou ede nan edikasyon politik pèp la apre 12 (douz) janvye, nou dwe sezi opòtinite sa a.

Nou ka konprann pafwa fason kèk Ayisyen ta pale de «pèp la». Mwen ka di se paske «edikasyon politik li» pa janm fèt. Men pèp ayisyen gen «bon sans»; si li wè dife, li pa pral foure men l ladan; donk sa vle di : li ka distenge ant sa ki bon e sa ki mal. Anpil fwa, mwen tande moun k ap blame pèp la (pou jan li ta aji ak «emosyon», kote li ka kraze brize, boule, dechouke pafwa); tout sa gen pou wè ak «edikasyon». Lè nou di ‘edikasyon’ la a, sa pa vle di «konn li ak konn ekri». Men an menm tan tou, fò nou di li nesesè pou tout Ayisyen ta konn li ak ekri pou ede nan devlopman Ayiti.

Pou tounen sou premye kote nou te ye, nan chapit ‘edikasyon’ an, nou ta plis wè: «fason pozitif ou negatif» moun ap aji nan sosyete a. Donk nan ka sa a, n ap jwenn ni moun ki te pase sou ban lekòl, ni moun ki pa t gen chans pase sou ban lekòl kapab aji pozitivman ou negativman nan sosyete a, dèfwa. Gen yon kokenn swaf pou yon «edikasyon san limit» ki ta dwe blayi sou tout teritwa Ayiti. Pou ta kòmanse ede nan fè travay valab sa a, nou ta vize «medya» a, patikilyèman «radyo» (an premye lye), paske tout moun Ayiti gen aksè tande radyo, tout moun ka posede yon radyo, menm si yo pa ka ni li ni ekri. Chak fwa nou touche tèm ‘edikasyon’, se pòt deba nou ouvri sou yon sijè manch long, e youn ki trè enpòtan tou nan sosyete ayisyen an. N ap di tou, se pa yon sijè ki ta rete sèlman Ayiti, men tou li enpòtan pou anpil Ayisyen k ap viv nan dyaspora.

Wi, li enpòtan pou ta gen konferans fèt sou edikasyon tanzantan, tabwonn ki ta dwe fèt sou sa an Ayiti e nan dyaspora a, e sou tout sijè enpòtan nan sosyete ayisyen an pou enfòme piblik la. Men fò nou pa kite lapèrè anvayi nou (pou nou pa fè travay nou dwe fè), pou pote chanjman nan sosyete a. Fò nou pa panse toutan a «menas» nou ka jwenn, lè n ap fè yon travay pou klere je moun. Moun k ap viv Ayiti (patikilyèman sa yo ki pa ta renmen chanjman tout bon yo rive fèt, moun ki ta sèlman gen nan tèt yo rive sou pouvwa, pran rèn pouvwa a pou al kanbende, san regle anyen serye pou avansman peyi a, moun k ap reve monte sou pouvwa pou al kontinye fonksyone nan yon nivo magouy pi wo), se nòmal pou moun sa yo ta panse yon sitwayen ayisyen k ap pale de «chanjman» ta dèyè kèk pòs ou plas politik, ou menm ta gen aspirasyon politik. Bon, an menm tan tou, fò nou di : nou pa ka limite fason moun ap panse. Yon moun lib pou l panse sa l vle, osilontan endividi sa a pa kreye pwoblèm nan sosyete l ap viv la; osilontan moun sa a pa koze oken pwoblèm pou pesonn; osilon moun sa a respekte lòt; li pa fè difamasyon; li pa vyole oken lwa ... Se nòmal pou toujou gen kritik (men, li ta pi bon si kritik sa yo ta «konstriktif», kritik ki pa chita sou voye monte pou jis kalonnen kèk moun). Se nòmal pou n toujou tande kritik (e nou pa ka atann ke yo ta pozitif toutan). Non, yo p ap parèt pozitif toutan. Men, sa ki dwe pi enpòtan pou nou, kòm Ayisyen, se ta panse a tout mwayen, tout chemen kout nou ka pase pou ede Ayiti (yon fason, yon lòt) san pè, san krent, san atake pesonn, san rete tann pesonn k ap vin bat bravo pou sa n ap fè, san rete tann yon plak oubyen yon ewad pou rekonèt travay nou. Nou dwe, pito, fonksyone ak yon filozofi, kote nou bliye pwòp tèt nou dekwa pou nou konsantre sou yon travay nou pa atann oken salè ou rekonpans pou li an retou).

Depi douzan, mwen monte alagrandefouwou sou entènèt la, pou patisipe nan prèske tout fowòm ki konekte Ayisyen. Non mwen parèt nan prèske tout melinglis ou «lis diskisyon» ki an rapò ak Ayiti. Epoutan, mwen pa dèyè oken plas Ayiti; mwen pa dèyè ale nan eleksyon pou oken pòs politik; mwen pa dèyè oken plak ni ewad nan men pesonn … Men sa ki pi enterese m, se wè kijan mwen ka mete kèk èd tan de kote pou ta ede Ayiti, atravè rechèch, ki ide mwen ka bay (lè m ka ekri yon ti atik), kijan mwen ka patise (mwen ta di : nan rekonstwi yon lòt Ayiti mwen t ap reve depi avan 12 janvye 2010 (demil dis). Nan diskisyon kèk konpatriyòt sou fowòm ayisyen, se nòmal yo mansyone «vil» ou «andwa» yo soti Ayiti a. Lè yo fè mansyon an, imedyatman, sa ki vin nan tèt mwen se «òganizasyon rejyonal». Se yon koze enpòtan pou tout Ayisyen ta pran oserye. Bon, li enposib pou tout Ayisyen ta soti Petyonvil, Tijo, Bwapatat, Pegivil... (jis pou site kèk zòn ki ta konsidere «zòn lelit», kèk tan de sa). Se pa zòn sa yo sèlman ki fòme tout Ayiti, men akoz yon mank ‘edikasyon’, anpil Ayisyen konn pa santi yo alèz pou di kibò yo soti Ayiti pafwa. Rezon an byen klè : pandan plizyè ane, gouvènman ayisyen te kreye yon prejije kote lè yon moun te fèt an pwovens, yo te konn make «peyizan» sou batistè l, epi «sitaden» sou batistè moun ki fèt Pòtoprens. Mo ‘peyizan’ an nan peyi Ayiti, selon jan yo ta itilize l, kapab gen yon «konotasyon negatif» (ki ta vle di : moun mòn, nèg fèy, gwo soulye, moun ki pa pase lekòl). Donk, se depi lontan, anpil Ayisyen te santi yo etranje nan pwòp peyi yo. Pou tounen sou sijè ‘òganizasyon’ an, pa gen dout ke n konnen egzistans kèk «òganizasyon rejyonal» nan dyaspora a. Pou nou menm ki sou entènèt la, ki ta manm yon ‘òganizasyon jejyonal’ kèlkonk, nou dwe kenbe fèm, kenbe dyanm ladan pou ede rejyon kote nou soti a.

Lè ou se manm nenpòt òganizasyon, se pa yon koze ki fasil; pa mete nan tèt ou tout bagay pral mache byen. Anndan yon òganizasyon «moun ki soti menm rejyon», manm òganizasyon sa a konn gen ti pwoblèm antre yo, ti jalouzi (pa egzanp, si youn ta ap fè plis efò pase lòt, si yo ta bat plis bravo pou yon manm òganizasyon an, si yo ta bay yon moun yon ewad, si yo ta plis rekonèt travay yon moun …). Zanmi, sa ki dwe enpòtan pou ou, se ta fyè de travay w ap fè andedan yon òganizasyon. Kwè nan sa w ap fè a, travay tèt kale pou pote kontribisyon pa ou. Kèlkeswa pwoblèm ou ta rankontre, kontinye pèsevere. Kenbe rèd, pa moli. Anplwaye talon ou yo pou avansman òganizasyon an. Gen moun se bon manje yo ka kwit pou pote nan reyinyon òganizasyon an. Enben, kontinye fè travay ou: kontinye kwit bon manje pou òganizasyon an. Gen moun se bèl ide yo ka bay pou òganizasyon an fè pwogrè; enben, kontinye layite bèl ide pou òganizasyon an vanse. Gen moun se «piblisite» yo ka fè pou òganizasyon an; enben, òganizasyon an bezwen bonjan piblisite dekwa pou moun konnen egzistans li; kontinye fè piblisite pou li, dekwa pou plis moun (kèlkeswa kote yo soti) bay òganizasyon sa a jarèt… Donk, chak moun kapab gen yon «don» espesyal, ou yon «talan» patikilye. Li enpòtan pou mete ‘don’ ou ‘talan’ sa a o sèvis Ayiti. 

Finalman, kèlkeswa sa ou wè ou ka fè jodi pou ede Ayiti, pa janm di ou va gen tan demen. Demen pa pou ou. Ou pa gen oken kontwòl sou demen. Se Bondye ki gen kontwòl demen. Peyi nou ap travèse moman difisil, apre katatwòf douz janvye a. Pou nou menm Ayisyen ki vivan jodiya, se pa chans nou la; men se pa paske nou ta pi bon pase sa ki viktim yo. Nou te ka pami yo. Grasadye, nou vivan jodiya; ann di Bondye yon gwo mèsi pou sa. Men, pandan nou vivan toujou, gen anpil bagay nou ka fè pou ede Ayiti. Kèlkeswa sa nou ka fè a, nou pa dwe janm panse l ap twò piti. Nou dwe toujou met nan tèt nou ke anpil lòt moun ka benefisye de sa nou ka fè nan chan ou domèn pa nou pou ede peyi sa a. Ou menm ki gen aksè a entènèt la, pa annik li mesaj, pa annik gaspiye tan ou sou granchemen savwa sa a, lè nou konnen ou ka itilize l pou fè anpil bagay pou ede Ayiti, yon fason, yon lòt. Ou menm ki gen yon talan kèlkonk oubyen yon don, montre li pou ede Ayiti ki bezwen èd ou jodiya. Kèlkeswa sa ou ka fè a, pa pèdi tan pou fè l pou ede rekonstwi Ayiti sou tout fòm.

Viré monté