Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Metye, Pwofesyon, Karyè:
Seyans Oryantasyon pou Etidyan Ayisyen Ayiti

Emmanuel W. Védrine

Jiyè 2019

Deutsch  English  Español  Français  Kreyòl

 

Foto: Koutwazi Tinèg Lazil

Depi epòk fowòm entènèt (nan ane 90 yo) e avèk devlopman wot teknoloji a, n ap suiv plizyè Ayisyen k ap pale sou Ayiti. Majorite diskisyon yo ta santre sou pwoblèm politik, soudevlopman, ensekirite, kèk gwo peyi devlope k ap souse Ayiti oubyen ki pa ta vle Ayiti devlope, plenyen, koripsyon… Kisa ankò? Lektè yo va joute sou lis la. Men se raman pou n ta jwenn kèk atik ekri ki oryante jèn ayisyen pou viv demen (an tèm metye, pwofesyon e karyè).

An gwo, se plis pale nou tande (etandone sa fè pati de kilti nou) ke aksyon pou chanje. Men pa gen pwopozisyon pou solisyon a pwoblèm sa yo, sou kijan n ta kreye yon pi bon sosyete demen. Nou pa di «yon sosyete ideyal», menm jan Platon ta pwopoze nan liv filozofik, La République (kote l wè se moun ki byen prepare yo ki ta dwe ap gouvène).

Wi, nou kwè nan edikasyon pou gen vrè devlopman nan yon peyi. Nou pa kwè nan moun ki pa prepare (oubyen ki zoukoutak nan preparasyon), sa yo ki kowonpi, san entegrite e etik dwe gouvène nan oken nivo. Men an menm tan tou an Ayiti, nou enfliyanse pa yon kilti koripsyon nan tout nivo. Pa gen pèsòn nou ka fè konfyans (kèlkeswa nivo edikasyon moun nan). N ap frape klou a sou tèt (sètadi, di reyalite a jan l ye menm si l blesan).

Nan fokis nou sou sijè a, prepare e oryante jèn ayisyen pou demen, fò yo ta gen aksè a bon lekòl. N ap pale de lekòl ki byen ekipe ak founiti (materyèl) yo bezwen nan lekòl yo, e ak bon jan pwogram. Yo ta dwe gen aksè resevwa omwen yon edikasyon gratis jiska Bakaloreya (fen sik lekòl segondè). Depi yo tanmen nivo segondè a, nou kwè ta dwe gen pwogram k ap oryante yo sou metye, pwofesyon ak karyè.

Li toujou bon pou n gade sa ki gen pou jèn yo o nivo lekòl segondè nan gran peyi. Pa egzanp, korikilòm yo enpòtan pou gade an tèm sa ki ofri kòm pwogram pou prepare yo pou edikasyon siperyè, e preparasyon ak trening yo bezwen pou fonksyone nòmalman nan sosyete a. Donk, li trè enpòtan pou kòmanse oryante yo pou antre nan mache travay la.

Pami jèn ayisyen (ki ka gen chans konplete etid segondè yo), genyen ki petèt pa ta enterese ale nan inivèsite (pou ta pase plis tan prepare yon karyè). Nou pa ka fòse yo nonplis (an tèm atitid yo vizavi sèten metye, pwofesyon e karyè) men omwen si nou ka oryante yo depi bonè, plizoumwen y ap gen yon opsyon sa pou fè pou viv demen.

Jodiya (kèlkeswa kote w ka ye nan lemond), si w se yon elèv ki nan lekòl segondè oubyen ki fin lekòl segondè, li enpòtan pou ta gen yon lisans pou kondi. Ou ta dwe fè posib domine twa lang entènasyonal sa yo: anglè, fransè, espayòl (ki ta plis itilize nan domèn biznis, komès, e relasyon entènasyonal) e lang lokal ou lang matènèl ou tou. Li enpòtan pou ta avanse nan enfòmatik (syans konpwoutè), yon zouti esansyèl pou mache travay la.

Pou ou menm ki Ayiti, si lekòl segondè ou frekante a pa ta gen pwogram enfòmatik (syans konpwoutè), nou ta ankouraje w ale nan yon lekòl enfòmatik pou pran yon fòmasyon. Pa egzanp se yon bèl ide pou ta an mezi pou kreye e edite yon paj wèb, epi konnen kèk langaj konpwoutè ki itilize nan domèn biznis. Li enpòtan pou ta ale nan yon lekòl otelri (si w ta bezwen yon dyòb rapid), kote w ka pran yon fòmasyon pou yon karyè entènasyonal nan endistri touris la, e enstiti lang ki ta gen pwogram tradiksyon (pou vin tradiktè e entèpret). Se yon esperyans ki ka sèvi w tout kote nan lemond, e avantaj pou travay sou kwazyè yo (gwo bato touris).

Etan jèn (ki ka konekte sou facebook, ki ka fè pati kèk fowòm, ki ka sou kèk lis whatsApp), pa pè mande enfòmasyon ou konnen w bezwen pou ede w. Se avantaj sa a ou genyen, jodiya, nan lemonn atravè wot teknoloji a pou enfòme w.
Plizoumen, w ap konnen ki direksyon ou vle ale apre w fin li atik sa a. Pa bliye pataje l ak lis kontak ou pou ede lòt moun tou. N ap swete w rete lekòl. Pa panse pwoblèm kòb ka bloke rèv pou atenn objektif ou. Rete lekòl, epi fè tout mwayen posib pou konplete etid segondè w. Se edikasyon de baz w ap bezwen pou fonksyone o nivo entènasyonal, kèlkeswa kote ou ta ye.

*Nòt

  • Seminè /Seyans fòmasyon pou oryante jèn an Ayiti, e nan Dyaspora Ayisyen.
     
  • Seminè tradiksyon (lang: alman, anglè, espayòl, fransè e kreyòl ayisyen).

Tèks anekse

boule

 Viré monté