Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Texte bilingue : créole haïtien – français sur
L’importance d’acquérir un diplôme de fin d’études secondaires

Enpòtans pou dekwoche yon
diplòm
fen etid segondè

Emmanuel W. VEDRINE
(9 me, 2010)

L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires

Emmanuel W. VEDRINE
(9 mai, 2010)

Nan chak sosyete, edikasyon toujou jwe yon gran wòl nan lavi anpil moun. Se yon zouti ki gen gran enpòtans, e yon kle paspatou ki ka ouvè anpil pòt siksè.

Dans chaque société, l’éducation joue toujours un grand rôle dans la vie de beaucoup de gens. C’est un outil de grande importance et un passe-partout qui peut ouvrir plusieurs portes de succès.

Pou moun ki grandi nan yon peyi tyèmonn (ou peyi ki fèk sou wout devlopman), kote edikasyon kapab konsidere yon «liks», rive konplete «fen etid nivo mwayen» (klas uityèm ou uityèm ane nan kèk peyi) ta deja yon akonplisman pou anpil moun (konpare ak pifò moun ki ka nan menm peyi sa a, e ki pa t gen chans atenn nivo sa a). Pou moun ki rive konplete nivo mwayen an nan peyi sa yo, yo konnen deja yo ta gen tan nan wout lekòl segondè (depan de chans yo), kote yo ta reve pran yon diplòm nan fen etid segondè.

 

Pour ceux qui ont grandi dans un pays du tiers-monde (ou pays en voie de développement), où l’éducation peut être considérée comme un “luxe”, complétant les “fins d’études du niveau moyen” (classe de huitième ou “la huitième année” dans certains pays) serait déjà un accomplissement pour beaucoup de gens (en comparaison avec la plupart de gens qui peuvent être du même pays, et qui n’avaient pas la chance d’atteindre ce niveau). Pour ceux qui arrivent à compléter le niveau moyen dans ces pays, ils savent déjà qu’ils seraient sur la route de l’école secondaire (tout dépend de leur chance), où ils rêveraient d’obtenir un diplôme de fin d’études secondaires.

Yon diplòm lekòl segondè, nan anpil peyi, ta konsidere kòm yon gran akonplisman paske yo mande l kòm dosye enpòtan nan CV (ou Curriculum Vitae) yon moun pou jwenn sèten travay, oubyen pou ta gen aksè nan mache travay la plizyè kote. Plis yon moun ta gen chans atenn yon pi wo nivo edikasyon, se plis sa ta nan avantay li. Konsa, n ap ankouraje moun pou toujou kontinye ale lekòl, paske yon moun pa janm fin konnen tout bagay nan lavi.

Un diplôme de l’école secondaire, dans plusieurs pays, serait considéré comme un grand accomplissement parce qu’on l’exige comme un dossier important du CV (ou Curriculum Vitae) de quelqu’un pour certain emploi, ou pour avoir accès au marché du travail dans beaucoup d’endroits. Plus une personne aurait la chance d’atteindre un niveau d’éducation plus avancée, plus cela lui serait avantageux. Ainsi, nous encourageons les gens de continuer d’aller à l’école parce qu’on n’arrive jamais à tout connaître dans la vie.

Konplete pwogram etid segondè nan plizyè peyi, se yon bagay ki kapab konsidere yon liks lè edikasyon pa yon bagay gratis nan plizyè andwa nan lemonn. Li koute lajan, e se pa nan tout peyi etidyan gen aksè a lekòl leta ki ta gratis (pa egzanp, kèk nan lekòl sa yo pa gen ase plas pou resevwa elèv; genyen ki pa totalman gratis lè elèv gen pou peye frè enskripsyon ou anwolman, lè pou yo achte liv ak inifòm tou).

L’achèvement du programme d’études secondaires dans plusieurs pays, est quelque chose qui peut être considérée un luxe quand l’éducation n’est pas quelque chose gratuite dans plusieurs endroits dans le monde. Elle coûte de l’argent, et ce n’est pas dans tous les pays que les étudiants ont accès à l'enseignement public qui serait gratuit (certaines écoles n’ont pas suffisamment de place pour accueillir des élèves; certaines d’entre elles ne sont pas totalement gratuites quand les élèves doivent payer les frais d’inscription, quand ils doivent acheter aussi leurs livres et uniformes.

Nan kèk peyi, li pa ta parèt si fasil pou pran ou dekwoche diplòm lekòl segondèa. Nan kèk ladan yo, elèv ale lekòl pandan sis a sèt ane, kote yo etidye diferan matyè an menm tan. Yo chaje yo ak anpil devwa (pou fè nan klas ak lakay). Gen kote nan peyi tyèmonn yo, elèv bat pakè pi rèd pase Ayiti. Se yon pwoblèm pedagojik ki poko solisyone paske nan bat pakè, anpil fwa elèv pa asimile sa l memorize a dekwa pou ta esplike l (nan) fason pa l. Elèv la jis etidye pakè pou fè gwo nòt. Wi, yo dwe fè gwo nòt nan egzamen dekwa pou fè ase pwen pou admi nan lòt klas la; san sa, y ap refè ou double (menm) klas la. Elèv ap toujou ap etidye. Gen peyi kote yo menm ale lekòl lè samdi.

Dans certains pays, il ne serait pas facile de décrocher le diplôme de l’école secondaire. Dans certains d’entre eux, les élèves vont à l’école pendant sis à sept années, où ils étudient différentes matières en même temps. On leur donne beaucoup de devoirs (en classe et à la maison). Dans certains pays du tiers-monde, les élèves apprennent par coeur beaucoup plus qu’en Haïti. C’est un problème pédagogique qui n’est pas encore résolu parce qu’en apprenant par cœur, en maintes fois, l’élève n’assimile pas ce qu’il a mémorisé afin de l’expliquer sa propre façon. L’élève étudie par cœur juste pour obtenir de bonnes notes. Oui, ils doivent obtenir de bonnes notes dans les examens afin de marquer assez de points pour être admis à la prochaine classe; sans ça, ils risquent de répéter la même classe. Les élèves étudieront toujours. Dans certains pays, ils vont à l’école même les samedi.

Lè nou fokis (ou santre) sou sijè prensipal nou an, “akeri yon diplòm etid segondè”, sa ta rezime baz ou fondasyon edikasyon yon moun ka genyen avan l ta tanmen nivo siperyè. Se yon kondisyon davans tou pou jwenn, plizoumwen, yon pi bon travay nan anpil peyi nan lemonn. Se youn nan dosye obligatwa pou antre nan inivèsite tout kote nan lemonn. Pou anpil nan nou, k ap gade nenpòt gwo bilding wo (kote moun abite), nou kapab imajine enpòtans yon baz oubyen fondasyon solid yon konstriksyon konsa ta dwe genyen, kote tout pwa lou a ta chita ou repoze sou baz la. Menm paralèl la kapab tabli anrtre yo (sètadi, baz gwo bilding sa a avèk baz elèv la ta dwe genyen lè l konplete nivo segondè a, kote l ta sipoze resevwa yon edikasyon adekwat ki prepare l avan li tanmen nivo siperyè ou inivèsitè).

Quand nous focalisons sur notre sujet principal, “acquérir un diplôme d’études secondaire”, cela résumerait la base ou fondation de l’éducation une personne peut avoir avant d’entamer le niveau supérieur. C’est aussi une condition préalable pour trouver plus ou moins un meilleur emploi dans plusieurs pays du monde. C’est l’un des dossiers obligatoires pour entrer à l’université partout dans le monde. Pour beaucoup d’entre nous, qui regardons n’importe quel grand immeuble (où habitent des gens), nous pouvons imaginer l’importance d’une base ou d’une fondation solide qu’une certaine construction de ce genre devrait avoir, où tout le poids reposerait sur la base. Le même parallèle peut être établi entre eux (c’est à dire, la base de cet immeuble, et la base que l’élève devrait avoir à la fin du niveau secondaire où il devait recevoir une éducation préparatoire adéquate avant d’entamer le niveau supérieur ou universitaire).

An rezime, akeri diplòm lekòl segondè a, nan kèlkeswa peyi nan lemonn, gen yon yon enpòtans kapital pou anpil moun k ap lite pou ta genyen, lè nou konnen enpòtans pou gen moso edikasyon ki ka ouvri pòt siksè nan lavni (ou pi devan). Anplis, tou depan kote nou ta ye sou glòb la, sa kapab konsidre kòm yon boul lò pou anpil nan nou, lè nou konnen sa ka youn nan egzijans pou antre nan mache travay la. Donk, avni anpil moun depann de dokiman sa a, kòm yon premye fwontyè pou franchi, epi li kapab konsidere kòm youn nan gwo akonplisman nan lavi.

En résumé, acquérir le diplôme d’école secondaire, dans quelque soit le pays du monde, a une importance capitale pour beaucoup de gens qui luttent d’en avoir, quand nous savons l’importance d'avoir un peu d’éducation qui peut ouvrir les portes du succès dans le futur. En outre, tout dépend où on serait sur le globe, ça peut être considéré comme une boule d’or pour beaucoup d’entre nous, quand nous savons que ça peut être l’une des exigences pour entrer au marché du travail. Donc, l’avenir de beaucoup de gens dépend de ce document, comme une première frontière à franchir et il peut être considéré comme un grand accomplissement dans la vie.

 Viré monté