Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti
Changing mentality to curb poverty condition in Haiti

Emmanuel W. Védrine

Photo E. W. Védrine Creole Project

18 Jiyè 2022 : July 18, 2022

SEYANS FÒMASYON POU TIZONNEN LESPRI SOU : Absans lidèchip • Absans pwogram pou lajenès • Aktivite ekonomik • Biznis • Devlopman biznis lokal • Devlopman biznis • Devlopman komin yo • Devlopman lidèchip efikas • Dyaspora ayisyen (resous imèn) • Edikasyon • Envestisman • Estrateji pou fwennen egzòd riral • Koz povrete • Mache lokal (jou yo) • MetyeOryantasyon lajenès • Pwofesyon • Teyori e pratik • Vizyon pou devlopman Ayiti.

 

TRAINING SESSIONS FOR BRAIN STORMING ON: Absence of leadershipAbsence of youth programsEconomic activitiesBusinessLocal business developmentBusiness developmentCommunal developmentEffective leadership development Haitian Diaspora (human resources)EducationInvestmentStrategy to curb rural exodus Causes of povertyLocal markets (days)TradesYouth orientationProfessionsTheory and practiceVision for Haiti’s development.

ACHTE & REVANN (BUY / SELL). Achte e revann tout sa k ap ba ou lajan : Buy and sell everything that will give you money.

AGRIKILTI (AGRICULTURE). Anfème tè pou kiltive pwodui ki p ap pran tan pou rekòlte : Lease land to produce what will not take time to harvest • Kreye yon rezo pou vann yo : Create a network to sell them Atik sou agrikilti : Article on agriculture.

AKTIVITE (ACTIVITY). Aktivite ou ka fè ak fanmi w (lè wikenn) e pandan gran vakans (ete): Activities you can do with your family (on weekends, and during summer vacations) • Vini ak yon lis: Come up with a list.

ANGLÈ (ENGLISH). Si ou poko pale anglè, chache mwayen fè sa rapid: If you have not spoken English yet, find ways to do that quickly. Liv bileng pou aprann kreyòl oswa anglè.

Anglè se lang Biznis • Bous d Etid Entènasyonal • Dyaspora Ayisyen (resous imèn) • Edikasyon Entènasyonal • Envansyon • Komès • Koneksyon Dyaspora Ayisyen • Koneksyon Mondyal • Konferans Entènasyonal • Lajan •  Lasyans • Pwogram d Echanj Inivèsite Entènasyonal • Rechèch • Relasyon Entènasyonal • Resous Imèn Mondyal • Siksè nan Biznis.

 

English is the business language International Scholarships Haitian Diaspora (human resources) International Education Invention Trades Haitian Diaspora Connection International Conferences Money Science International University Exchange Programs Research International Relations World Human Resources Business Success.

ATIZANA (CRAFT). Panse a tout sa ou ka pwodui nan domèn atizana pou fè lajan : Think of all that you can produce as crafts to make money.

BATISÈ KAY (HOUSE BUILDER). Metye pou fè lajan: Trades to make money.

BAY LESON (TUTORING). Bay leson se youn nan aktivite ou ka kreye pou fè lajan: Tutoring is one of the activities you can create to make money.

BIZNIS (BUSINESS) Eseye ale nan seyans oryantasyon sou biznis: Try to attend business orientation sessions • Estrateji pou kòmanse yon biznis, kapital w ap bezwen, patenarya: Strategies to start a business, capital you will need, partnership • Biznis ak manm fanmi an: Business with family members.

BONDYE (GOD). Bay Bondye premye plas nan lavi w, e nan tout sa w ap fè: Put God first in your life and in everything you are doing • Rete nan pye Bondye: Remain at God’s feet • Rete fidèl ak Bondye nan bon kou nan move tan: Be faithful to God in good in good and bad times.

BOULANJRI (BAKERY) Biznis pou fè lajan: Business to make money.

CHAPANTYE (CARPENTER). Metye pou fè lajan: Trade to make money.

CURRICULUM VITAE & REZIME (C.V & RESUME). Prepare curriculum vitae ou, epi pibliye l an liy, nan pajwèb òganizasyon w : Prepare you C.V, and publish it online, in your organization ‘s web site. Modèl (Model).

DLO & TEKNIK POU AWOZE TÈ (WATER & TECHNIQUES TO IRRIGATE LAND) • Kaptay dlo lapli pou wouze tè: Rainwater catchment to irrigate land.

DYASPORA (DIASPORA). Chache konekte ak rezo pozitif nan dyaspora : Try to connect with positive networks in diaspora.

EDE LÒT (HELP OTHERS). Ede lòt (menm si se ak ide, konsèy): Help others (even with ideas, advise).

EDIKASYON (EDUCATION). Ankouraje pitit ou, ti fanmi ou rete lekòl pou konplete omwen nivo bakaloreya : Encourage your child and family to stay in school to complete at least high school.

EGOYIS (SELFISHNESS). Antere egoyis! Se malediksyon l ye: Bury selfishness! It’s a curse.

EKONOMIZE (SAVE). Ekonomize pou miltipliye byen, richès, pou alèz (demen e pou retrèt ou): Save to multiply assets, wealth, to live comfortably tomorrow.

ENSTRIMAN MIZIK (MUSICAL INSTRUMENT). Aprann jwe akòdeyon, gita, kibòd, òg, pyano, saks… pou montre talan w o nivo entènasyonal: Learn to play accordeon, guitar, keyboard, organ, piano, saxophone… to show your talent internationally.

ENVESTI (INVEST). Envesti lajan, nan yon kès d Epay pou ede lòt moun olye w kite lajan w nan yon bank regilye sèlman, brase avè l : Invest your money in some types of credit unions to help others instead of leaving it in a regular bank only, to some business with it.

ESPÒ (SPORTS). Eseye pratike kèk espò pou rete an sante: Try to practice some sports to remain in good health.

FEWONYÈ (WELDER). Metye pou fè lajan: Trades to make money.

FOWÒM /GWOUP (FORUM /GROUP). Vin manm kèk gwoup ki p ap radote, men k ap ede w nan ide k ap sikile, k ap orayante w pou aprann fè lajan: Become member of some groups that are not wasting their time but who are helping you with ideas, who are orienting you to make money.

GRAN ÀNYÈ AYITI - DIASPORA (HAITI SUPER WEB DIASPORA)

A | B | C | D | E | F | G | H | I | J | K | L | M | N | O | P | Q | R | S | T | U | V | W | X | Y | Z.

IMEL (E-MAIL). Kreye omwen 4 imel • Youn ke piblik la pa dwe konnen pou estoke dokiman w : Create at least four emails One that the public does not know to store your documents.

JOU MACHE (MARKET DAY). Jou mache nan diferan komin: Open market days in different communes • Al vann ladan yo pou fè lajan: Go and sell there to make money • Kondi pikòp ou pou al vann ladan yo: Drive your pickup to go and sell things at them.

KAT KREDI (CREDIT CARD). Enfòme w pou gen yon kat kredi rapid: Inform yourself to have a credit card quickly.

KONFERANS & PREZANTASYON (CONFERENCE & PRESENTATIONS). Patisipe nan maksimòm konferans posib pou pale de biznis, òganizasyon w, enstitisyon ou afilye, pwofesyon w : Attend as many conferences as possible to talk about your business, your organization, your affiliated institution, your profession.

KONT AN BANK (BANK ACCOUNT). Kreye youn si w potko genyen: Create one if you had not done so.

KONTAK (CONTACT). Kenbe kontak ak zanmi (ki la pou ou, ki ka ba w bon konsèy, ki nan rezo kontak ou): Keep in touch with friends (who are there for you, who can give you good advice, who are in your contact network).

KOUTI (SEWING). Aprann kouti, tayè pou fè lajan: Learn to swe, become a tailor to make money • Degaje w gen yon machinakoud pou koud rad, inifòm elèv… pou fè anpil lajan pandan gran vakans (ete): Get a sewing machine to sew students’ uniform… to make a lot of money during summer vacation.

KOUTIRYÈ (SEAMSTRESS, DRESSMAKER). Metye koutiryè, tayè pou koud rad pou fè lajan: Sewing profession, tailoring to sew clothes to make money.

LANG (LANGUAGE). Aprann anglè, espayòl rapid dekwa pou an kontak dirèk ak kontinan ameriken an pou fè biznis, e pran avantay opòtinite yo ofri : Learn English, Spanish quickly to get in direct contact with the American continent to do business, and take advantage of opportunities offered.

LEGLIZ (CHURCH). Tout legliz (kòm enstitisyon) dwe gen yon ti lekòl, òganize seyans fòmasyon pou tout moun ki afilye ak li: All churches (as institution) must have a small school, organizing training sessions for all those affiliated with.

LISANS (LICENSE). Ankouraje tout jèn fè lisans kondidepi yo gen 18 ane (ou avan) dekwa pou yo antre nan biznis transpòtasyon pou fè lajan: Encourage all young people to have their driver’s license from the age of 18 (or even before).

LIV (BOOK). Pozisyone w pou dokimante tout sa w reyalize, sa w fè nan òganizasyon w lan, biznis ou pou al ekri liv pou fè lajan: Position yourself to document everything you achieve, what you do in your organization, your business to write books to make money.

MASON (BRICKLAYER). Youn nan metye nan konstriksyon pou fè lajan tout tan, tout kote: One of the trades in construction to make money all the time, everywhere.

MEKANIK (MECHANIC). Metye pou fè lajan, tout kote: Trades to make money everywhere.

METYE (TRADE). Aprann omwen 3, 4 metyedekwa pou toujou ap fè lajan: Learn at least 3, 4 trades so that you always make money.

MOTO (MOTORCYCLE). Aprann monte moto pou fè taksi moto, e pou transpòtasyon: Learn to ride a motorcycle taxi, and for transportation.

OTO LEKÒL (DRIVING SCHOOL). Kreye youn nan komin ou pou montre moun kondi, e pou fè lajan:  Create one in your commune to teach people how to drive and to make money.

PAJ WÈB (WEB SITE).  Degaje w gen yon paj wèb pou òganizasyon ou, biznis ou, pou moun konnen sa w ap fè o nivo nasyonal e entènasyonal: Make sure you have a web site for your organization, your business so that people know what you are doing nationally and internationally.

PASPÒ (PASSPORT). Fè paspò w met la. Mete w prè pou vwayaje nenpòt lè, pou pran avantay ki ka ede w : Make your passport (Get your passport ready). Get ready to travel anytime, to take advantage that can help you.

PATAJE (TO SHARE). Aprann pataje (menm si se ide, konsèy, pinga fè monopòl ak sa w konnen): Learn to share (even it’s ideas, advice, don’t monopolize what you know).

PISIKILTI (FISH RAISING). Elvay pwason : Fish breeding.

PONP DLO (WATER POMP). Ponp dlo pou awoze tè, jaden (apati yon pisin ki ranmase dlo, dlo lapli) : Water pomp for watering soil, gardening (from a pool that collects water, rain water) •  Kaptaj dlo potab : Extraction of drinking water.

POULAYE (CHICKEN COOP): Biznis pou fè lajan: Business to make money. Definisyon poulaye (an fransè).

PRIYE BONDYE (PRAY GOD). Priye Bondye san relach (kominikasyon espirityèl ak kreyatè a: Pray without ceasing (spiritual communication with the Creator).

RECHOLYE (CHARCOAL BURNER MAKER). Envante diferan tip recho ou ka fè pou vann: Invent different types of charcoal burner you can make to sell.

REZO (NETWORK). Vin manm kèk rezo sosyal pou òganize w /oryante w nan bon chemen pou fè lajan: Become a member of some social networks to organize and orient yourself in the right way to make money.

REZO ETIDYAN AYISYEN, AYITI – DYASPORA  (NETWORK OF HAITIAN STUDENTS, HAITI-DIASPORA). Sijè d enterè ak enfòmasyon | Subjects of interest and information:

A | B | C | D | E | F | G | H | I | J | K | L | M | N | O | P | Q | R | S | T | U | V | W | X | Y | Z.

SANTE (HEALTH). Se ou menm ki dwe aprann pran swen tèt ou /jere l : You must learn to take care of yourself /manage it • Manje byen, konnen sa pou manje :  Eat well, know what to eat • Fè egzèsis regilyèman : Exercise regularly • Wè yon doktè omwen de fwa lan : See a doctor at least twice a year • Rete an kontak ak kèk doktè oubyen klinik : Stay in touch with some doctors or clinics.

TABERNACLE DE GLOIRE & SHEKINAH.FM. Edike w espirityèlman, ekonomikman, finansyèman nan ansèyman Bichòp Gregory Toussaint yo (fondatè enstitisyon an): Educate yourself spiritually, economically, financially from Bishop Gregory Toussaint’s teachings (TG founder) • Pataje yo: Share them • Aplike yo: Apply them.

TAKSI (TAXI). (moto, pikòp, trisiklèt, mwayen transpòtasyon pou fè lajan: motorcycle, pickup, tricycle) mean of transportation to make money.

TAYÈ (TAILOR). Metye pou fè lajan: Trades to make money.

TEKNISYEN (TECHNICIAN). Teknisyen ki ka fè plizyè bagay, tèlke ranje aparèy elektwonik, òdinatè (konpwoutè), telefòn, televizyon pou fè lajan: Technicians who can do many things, such as fixing electronic devices, computers, telephones, televisions to make money.

TRANPÒTASYON (TRANSPORTATION). Met ansanm ak kèk zanmi pou achte yon pikòp pou bwote machandiz, moun, transpòte komès, pwodui agrikilti de yon andwa a lòt : Get together with some friends  to buy a pickup truck to transport goods, people, agricultural products from once place to another.

TRAVAY (WORK). Travay 6 jou: Work six days • Repoze setyèm jou a : Rest on the seventh day • Se yon rekòmandasyon biblik : It’s a biblical recommendation • Pa rete san fè anyen: Don’t be idle • Ou dwe travay pou pwodui pou genyen, pou pa mennen yon vi pòv : You must work to produce things you need to have in order not to lead a poor life • Moun parese toujou pòv: Lazy people are always poor • Aprann travay di : Learn to work hard.
 
VIZA (VISA). Omwen chache mwayen gen yon viza pou al gade sa k gen an Repiblik Dominikèn: At least find a way to get a visa to travel to the Dominican Republic to see what’s there • Tabli kontak ak moun la: Make contact with people there • Sa ou ka achte la pou revann Ayiti : What you can buy there to resell in Haiti.

VWAYAJE (TO TRAVEL). Al gade ou obsève sa k egziste / pa egziste nan lòt komin:  Go and observe what exists and what does not exist in other communes • Fè zanmi ak moun lòt komin, epi panse sa nou ka fè ansanm pou fè lajan : Make friends with people from other communes, and think about what you can do together to make money.

ZANMI (FRIEND). Atansyon ak kilès w ap fè zanmi: Pay attention to who you are making friends with • Èske moun sa a pozitif?  Is that person positive? • Kisa l ap fè? What is he /she doing? • Èske l gen moral? Does he or she have moral?  • Kisa w ka aprann de li? What can you learn from him or her?  • Ki metye l oubyen kisa l fè pou viv? What’s his or her profession or what is he or she doing for living? • Ou ka respekte tout moun, men ou pa ka fè zanmi ak tout moun: You can respect everyone, but you can’t make friends with everyone.

RESEARCH NOTE : NÒT POU RECHÈCH

(•) Bilingual education in Haitian Creole - French, Creole – English : Edikasyon bileng an kreyòl ayisyen – fransè – anglè (•) Creole linguistics : Lengwistik kreyòl (•) Creole literacy projects : Pwojè alfabetizasyon kreyòl (•) Creole philology : Filoloji kreyòl (•) Database in Haitian Creole : Bank done an kreyòl ayisyen (•) Dictionaries on Haitian Creole : Diksyonè sou kreyòl ayisyen (•) Dictionary and glossary projects : Pwojè diksyonè e leksik (•) Documents for training sessions for Haitian lexicographers : Dokiman pou fè seyans fòmasyon pou leksikograf ayisyen (•) Educational material in English and Haitian Creole for schools in Haiti : Materyèl edikatif an anglè e an kreyòl ayisyen pou lekòl Ayiti (•) Educational materials for Haitian teachers’ training : Materyèl edikatif an anglè pou fòmasyon anseyan ayisyen (•) Educational resources, training and orientation sessions for Haitian teachers : Resous edikatif, trening e seyans oryantasyon pou anseyan ayisyen (•) French based Creoles : Kreyòl a baz fransè (•) Haitian Creole lexicon : Leksik kreyòl ayisyen (•) Haiti, Linguistic planning (amenagement linguistique) : Ayiti, amenajman lengwistik  (•) Materials for Long distance tutoring for learners of Haitian Creole : Materyèl pou bay leson patikilye long distans pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (•) Orientating Haitian teachers : Oryante anseyan ayisyen (•) Seminars for Haitian Teachers on Teaching Materials : Seminè sou materyèl didaktik / pedagojik pou anseyan ayisyen (•) Stragies to develop Teaching Material Models in Haitian Creole (Kreyòl) : Estrateji pou devlope modèl materyèl didaktik / pedagojik an kreyòl ayisyen (•) Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs : Materyèl didaktik /pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Teaching Materials in Haitian Creole (Kreyòl) for learners of the language (beginning, intermediate and advance level) :  Materyèl pedagojik an kreyòl pou moun k ap aprann lang nan (nivo debitan, entèmedyè e avanse).

* * *

Courtesy : Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté