Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Does what we write make sense for readers ?

Èske sa n ekri a gen sans pou lektè ?

Emmanuel W. VEDRINE

Sept. 15, 2018 : 15 sept. 2018

Deutsche Version, English version, Nederlandse versie, vershon na papiamento, Versión española, Version française,
Versione italiana, Vèsyon kreyòl (ayisyen)

Marché en fer de Port-au-Prince

Marché en fer de Port-au-Prince, dessin de Harold Flerimond - 8 Janvier 2008.

It’s a question for everybody who is writing should ask themselves. First, it’s in the native language we think when writing. It’s in it that the thoughts we’re going to write comes faster, even if we borrow another language to write. The native languages is always considered to be a raw material, what’s coming out of our thought faster.

 

Se yon kesyon tout moun k ap ekri ta dwe poze tèt yo. Dabò, se nan lang matènèlla nou panse lè n ap ekri. Se ladan l panse n pral ekri yo vin pi rapid, menm si nou ta prete yon lòt lang pou n ekri. lang matènèl la toujou konsidere yon matyè premyè, sa k ap soti nan panse nou pi rapid.

Many people may have the inspiration to write (article, essay, fiction /reality, short story, critics, poetry, play, novel, etc.)… But we cannot just write down anything quickly to say we write, and publish it. It’s important to let other people look at what we write, look at what they suggest, comments they make (especially if they already have experience in the area).

 

Anpil moun ka gen enspirasyon ekri (atik, esè, fiksyon /reyalite, istwa kout, kritik, powèm /pwezi, pyès (teyat), resi (istwa kout), woman, elt.)… Men nou pa kapab ekri nenpòt bagay plop-plop, pou n di nou ekri, epi pou n pibliye l. Li enpòtan pou n bay lòt moun gade sa nou ekri, gade sijesyon yo bay, kòmantè yo fè (sitou si yo gen esperyans deja nan domèn lan).

One of the works we should do, would be to take time reading (some) famous authors, or authors who become famous (look at why their works have become famous, how they write to spread out a message so that everyone understands it, why they translate them to other languages, where many people in the world have access reading them).

 

Youn nan travay nou ta dwe fè, se ta pran tan li (kèk) otè ki fame, oubyen ki vin fame (gade pou kisa zèv yo vin fame, kijan yo ekri pou fè yon mesaj pase pou tout moun konprann, pou kisa yo tradui nan lòt lang, kote plizyè moun nan lemond vin gen aksè li yo).

We should try to read (some of) the works of these authors, look at their style of writing, how they take time polishing what they are saying (all the  rhetoric they are using). We believe it’s important for everyone who is writing should do, as their hobby. We’re not saying that people should go and copy their style, because each writer should develop, and adopt his /her own style.

 

Nou dwe chache mwayen li (kèk nan) zèv otè sa yo, gade estil yo ekri, kijan yo pran tan pou swaye sa y ap di a (tout retorik  y ap itilize). Nou kwè sa enpòtan pou tout moun k ap ekri ta dwe fè, kòm pastan yo. Nou pa di pou moun al kopye estil yo, pase chak ekriven dwe devlope, e adopte pwòp estil pa l.

When looking at writers’ workshops taking place in the United States, or in other great countries (some of us may participate in them) for literary categories such as:  short story,  Poetry, play, novel … It’s not something to be taken lightly to win a literary prize in these countries, where the completion is very high.   Lè n ap gade atelye ekriven ki fèt Etanizi, oubyen nan lòt gran peyi (kèk nan nou ka patisipe ladan yo) pou kategori literè kouwè:  istwa kout (resi),  pweziteyatwoman… Se pa yon bagay yo pran alaleje pou rive pran yon pri literè nan peyi sa yo, kote konpetisyon an sere-sere.
So, it requires hard work (bringing our manuscripts to writers' workshop for many colleagues to read them, write their comments, give their suggestions, and give them back to us to go and think about). It has become more difficult for fellow writers in some countries (who are writing), who have not participated in any writers’ workshop, for their work to reach an international audience.   Donk sa mande travay ki byen fèt (pou n pote maniskri nou nan atelye ekriven  pou plizyè kolèg li yo, ekri kòmantè yo, bay sijesyon yo, epi retounen yo ban nou pou n al panse sou sa). Sa vin pi difisil ankò pou kèk ekriven nan kèk peyi (k ap ekri), ki poko suiv oubyen patisipe nan oken atelye ekriven, pou zèv yo ta atenn yon nivo entènasyonal.
We are not saying it’s impossible, because there are many great writers coming from anywhere in the world, and become famous (and their works have been translated to many languages), but we must hit the nail on the head (in other word, we should say the reality the way it is, and that’s going to help many people who are writing to become conscious to learn how to produce beautiful literary works, in whatever literary category they embrace, or where they feel at ease).   Nou p ap di ke sa enposib, paske gen anpil gran ekriven ki sot tout kote nan lemond, e ki vin fame (e zèv yo tradui nan plizyè lang), men nou dwe frape klou a sou tèt li (andotretèm, nou dwe di reyalite a jan l ye, e sa pral ede anpil moun k ap ekri vin pran konsyans pou aprann pwodui bèl zèv literè, nan kèlkeswa kategori literè yo ta anbrase, oubyen santi y alèz).
We shouldn’t just write for writing, to say we write (something), or to say we make literature. In writing, there is e message that we are communicating (with the reader who is going to read what we write, as if that reader were our interlocutor). So, we must write in a way so that readers decode our message. It is not to say that we must write in such and such spoken language, but rather in an understood common language (to interpret the dept of our thought).   Nou pa dwe jis ekri pou ekri, pou n di n ekri (yon bagay), oubyen pou n di n fè literati. Nan ekri, gen yon mesaj n ap kominike (ak lektè ki pral li sa n ap ekri, kòmsi lektè sa a ta moun k ap dyaloge ak nou). Donk fò nou ekri yon jan pou lektè yo rive dekode mesaj nou. Sa pa vle di pou otan se nan tèl ou tèl lang nou dwe ekri, men pito nan yon langaj komen (pou entèprete fondèt panse nou).
As a matter of fact, any work that we produce can always be translated in other languages, but is what we write going to make sense for any reader who is going to read it, and in any language (it may be translated)? As readers, we can get to know a culture, style of life, the customs of a (particular) people through a novel written on that group people (how everything is done in that culture, how they live, how the norms are established, and how the society is, or functions…).   Dayè nenpòt zèv nou pwodui kapab toujou tradui nan lòt lang, men èske sa n ekri a pral gen sans pou nenpòt lektè ki pral li l, e nan nenpòt lang (li ta tradui)? Etan lektè, nou ka rive konnen yon kilti, mòd de vi, koutim yon pèp atravè yon woman ki ekri sou pèp sa a (kijan tout bagay fèt nan kilti sa a, kijan yo viv, kijan nòm yo tabli, e kijan sosyete sa a ye, ou fonksyone…).

Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts

boule

 Viré monté