Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Èske w te pase nan kèk atelye ekriven
avan w pibliye premye liv ou?

Emmanuel W. VEDRINE

Photo E. W. Védrine Creole Project

10 fevriye 2021

Imel nou kòmantè w
Biyografi otè a
Sa otè panse

DeutschEnglishEspañolFrançaisKreyòl

Kòman n ekri? Pou kisa n ekri? Kisa n ekri? Nan ki lang nou panse lè n ap ekri?

Ekri se yon aktivite anpil nan nou kapab ap panse fè. Li difisil lè n pa konnen ki kote pou n kòmanse. Nou ka twouve n nan yon tèl sitiyasyon lè nou pa nan yon anbyans, pwogram pou oryante nou, oubyen egzistans kèk atelye ekriven pou n ta ale ladan yo kote nou ye a.

Gen plizyè rezon pou kisa n ekri. Pa egzanp, an n pran yon ofisye polis (ke) yo depeche l pou al fè konsta yon aksidan… Li dwe ekri yon rapò pou depatman polis la, kòm dosye ki dokimante sa k pase, ki lè sa (te) pase, kijan sa (te) pase, e pwobableman li gen pou l kesyone temwen ki te prezan, e sa yo rakonte l kòm evidans. Tout sa dokimante alekri, e ka sèvi pou kèk ka legal.

Gras a entènèt la jodiya, nou kapab jwenn enfòmasyon an liy pou oryante nou. Nou kòmanse yon kote kanmèm lè n kòmanse ekri. Nou kapab nan kèk domèn ki mande pou n ekri chak jou, selon tip travay n ap fè.

Men yon lis sa nou kapab ekri: bibliyografi, biyografi, esè, fiksyon (istwa envante), istwa kont (foklò), istwa kout (resi), jounal, kritik, leksik, lodyans1, pwezi /powèm, pyès teyat,pyesèt, refleksyon, rapò, rechèch, reyalite (sa k pa envante), woman. Kèk zouti n ap bezwen pou n ekri: plim, kreyon, imel, konpwoutè, lakrè, laptòp, machinatape, telefòn selilè, tepikòdè,oubyen aparèy pou anrejistre.

Kèk ekriven ka kòmanse ekri pwezi, resi (istwa kout), istwa kont (pa egzanp, kont Bouki ak Malis) sa yo rele «folktale» an anglè, sa yo rakonte nou (literati oral ou oraliti), egzanp rechèch Frenand Léger sou sa. Depi n piti, n ap tande istwa (kont) Bouki ak Malis (de frè, pafwa yo di «nonk Bouki»), e istwa sa yo gen pou wè ak dyalite2 nan sosyete ayisyen an. Pandan grandèt ap rakonte n istwa foklorik sa yo, nou kapab anrejistre yo ak telefòn selilè nou, oubyen kèk lòt istwa ki te pase. Pa egzanp, nou gen istwa Maryela monte Sanfil. Se yon vrè istwa; se premye Ayisyen, e fanm ki grenpe antèn ki pi wo an Ayiti apre l te posede pa kèk (move) espri, nan kòmansman ane 70 yo.

Maryela te yon natif Jeremi (depatman Grandans). Tout Pòtoprens (kapital Ayiti) te desann nan zòn Bèlè pou t al gade evennman sa a, ki t ap dewoule vè zòn dizè nan maten. Li rive sou tèt antèn nan apre kèk è d tan, kote l t ap danse sou platfòm li. Yo te eseye fè plizyè mannèv pou desann ak li, men san siksè. Finalman, yon elikoptè te atrape l atravè yon filè. Gen chan ki ekri sou evennman sa a, youn ki te kapte atansyon medya a.

Moun kapab panse ekri yon istwa kout oubyen yon istwa kont sou evennman sa a, atravè entèvyou yo ka fè ak moun ki te temwen l pa egzanp, pou rakonte istwa a. -- Kòman n jwenn enspirasyon pou n ekri? Malerezman, anpil nan nou pa t gen chans suiv yon seri atelye ekriven oubyen wòkchòp pou ekri. Atelye sa yo ka kouvri diferan kategori oubyen jan literè (tèlke istwa kout (resi), istwa kont (foklò), kritik literè, pyès teyat, pyesèt, pwezi - powèm, teyat, woman pa egzanp). Lè n mansyone mo kritik, kèk moun ka panse se kraze n ap kraze travay lòt. Pa ditou! Sa antre nan kad aktivite literè.

Nou kapab pran yon liv, n analize l chapit pa chapit oubyen n analize tèm prensipal otè a abòde ladan, epi n ekri yon kritik sou liv sa a. Nou fè sa nan kèk kou literati, e prezantasyon oral nan klas. Nou kapab pran yon woman tankou Sezon sechrès Ayiti pa egzanp, oubyen yon woman ki ta anglobe diferan tèm epi n fè prezantasyon nan klas sou li, jan pwofesè klas la ta mande etidyan fè sa. Etidyan yo ka ekri yon kritik selon yon tèm yo chwazi nan kèk woman patikilye yo ta gen pou li nan yon kou literati.

Gen ekriven se pyès teyat yo ekri; yo rele yo dramatij. Yo ka ekri pyesèt tou, ki pi kout ke pyès teyat. Gen moun se esè yo ekri. Gen ekriven ki kapab travay sou biyografi moun. Donk, lè n ap ekri, gen tout yon varyete kategori literè nou ka chwazi ladan yo. Premyèman, nou ka mansyone fiksyon (bagay envante, zèv fiktif). Kisa nou ka mete anba fiksyon? Nou ka mansyone istwa kout (resi), istwa kont (foklò), lodyans, pyès teyat, pyesèt, pwezi /powèm, woman… kòm fiksyon, nou pa pral ekri vrè non pèsonaj yo vre byenke kèk zèv fiktif ka baze sou reyalite, men fò n envante pèsonaj yo (ba yo non fiktif oubyen fo non).

Woman, kòm fiksyon oubyen zèv fiktif, ta pi long pase istwa kout (resi, nouvèl). Nou kapab gen kèk istwa kout ki anglobe apeprè menm tèm yo. Kounyeya, nou ka adapte yo pou woman oubyen enkli nan yon woman, men pèsonaj yo toujou rete fiktif (sa nou envante). Nou fè tout sa, kòmante sou tout sa nan atelye ekriven, epi n pataje esperyans nou tou ak moun ki anvi ekri, oubyen ki ta vle antre nan domèn ekri pou vin ekriven pwofesyonèl.

Biyografi -- pa egzanp, kèlkeswa sa ou te fè nan lavi kòm pwofesyonèl, ebyen ou kapab peye yon ekriven ekri biyografi sa w fè. Biyograf sa a (moun ki konn ekri biyografi) kapab òganize entèvyou ak ou, poze w kesyon sou tout sa ou fè, oubyen sa ou akonpli nan lavi. Liv sa a, se pa w li ye; ou ka vann li oubyen fè sa w vle avè l.

Kenbe dokiman –- Sa trè enpòtan pou fè lè n ap ekri. Ki estrateji nou ka itilize pou kenbe dokiman? Nou dwe toujou gen omwen de, twa imel ke nou pa pataje ak piblik la. Yo dwe rete sekrè pou estoke dokiman, epi enprime yo tou kòm bouyon n ap bezwen pou gade lè n ap ekri. Se tankou yon depo nou genyen; tanzantan n ap mete sa n bezwen ladan. Ebyen l enpòtan pou tout rechèch n ap fè, tout sa n ap ekri pou estoke yo ladan, e enfòmasyon n ap bezwen.

Nou vle mansyone jounal. Nou kapab ekri yon jounal sou sa nou fè pandan jounen an, sou sa nou te wè kòm temwen, sou sa k te pase... Nou kapab ekri tout sa, epi n voye yo bay imel nou pou kenbe pou nou. -- Lè n vwayaje (kòm touris) pa egzanp, se yon opòtinite pou n ekri yon jounal trè rich kèlkeswa kote n ta ale. San dout, nou fè sèten esperyans chak jou oubyen n aprann kèk bagay nouvo. Pou kisa n pa ekri sa nan jounal la?

Nou kapab pran sa n ekri nan yon jounal, epi n voye l bay imel nou pou kenbe yon kopi l pou nou (menm si n ekri nan yon kaye). Plis kopi bakòp nou genyen, se plis sa bon. Tanzantan n ap anpile sa n ekri, konsa nou kapab panse ekri istwa kout, woman ak yo (ki ta anglobe diferan tèm, nan diferan epizòd oubyen chapit). Kounyeya, nou kapab an kontak ak kèk moun pou li oubyen revize maniskri a pou nou, di sa yo panse avan nou kontakte yon mezon d edisyon pou pibliye l. Tout sa se teknik nou ka itilize pou n ekri, oubyen kòmanse ekri. -- Nou ka itilize telefòn pòtab nou pou fè entèvyou oubyen nou ka achte yon ti tepikòdè pou fè yon seri entèvyou pou yon liv, yon woman n ap ekri oubyen pou esè ki gen pou wè ak bagay reyèl oubyen zèv ki pa fiktif.

Nou ka voye tout entèvyou sa yo bay imel nou. Nou ka travay sou transkrip yo lè nou gen tan lib. Tout sa se teknik nou ka itilize pou n ekri, e pou kenbe dokimantasyon n ap bezwen kòm sous pou bouyon sa n ap ekri. Pa egzanp, si ou fè yon dal travay nan yon kominote pandan dizan, kenzan, ventan (etan lidè, òganizatè kominotè) epi toudenkou w mouri, oubyen w mouri nan pandemi an, epi w pa t kite anyen ekri pou dokimante travay ou… bon, se vre moun ki dèyè pral pale de ou. Yo pral di ou te fè bon bagay nan vivan w, ou te yon bon moun… men malerezman ou pa kite anyen ekri, oubyen anrejistre (rekòde) an tèm dokimante travay ou. Menm si yo ta eseye ekri biyografi w, l ap toujou youn ki enkonplè nan absans ou.

Chak fen d ane, nou sipoze revize tout sa n te fè pandan ane a. Kounyeya, nou gen ide sou estrateji pou dokimante tout sa n te fè, tout travay nou fè ki enpòtan. Konsa, n ap kite dèyè dokiman pou plizyè jenerasyon k ap vini paske n dokimante tout travay enpòtan n pandan n vivan. Menm si n pa pibliye liv ak yo, men sa enpòtan pou rekòde yo yon fason yon lòt lè n voye yo bay imel sekrè nou, oubyen pataje yo ak yon zanmi nou fè konfyans, e ki ka ede n kenbe yo an sekirite. Transkrip yo kapab ekri nenpòt lè, e sa ta pi bon si nou menm nan vivan n ka fè sa si l posib.

Jodiya, gras a aksè entènènèt, nou pa bezwen kraze kò n chache kèk mezon d edisyon, menm jan sa te ye lontan, pou pibliye zèv nou. Nou ka ekri liv nou, epi vann vèsyon elektwonik yo rapid ak yon pri trè ba. Lè n fè sa, sètènman n ap jwenn plis kliyan achte yo nan lemonn. Tout estrateji sa yo se fason nou kapab pibliye pwòp zèv nou pou fè lajan kòm ekriven, epi ede lòt moun tou k ap fè rechèch oubyen ki nan menm domèn ak nou. -- Nou ka wè enpòtans ekri tou kòm zèv imanitè oubyen aktivite entelektyèl lè nou pa konnen kilès ki pral itilize sa n ekri, oubyen kòman sa ka tounen yon sous enspirasyon pou zòt (lòt moun).

Pwofesyonèl –- Li toujou bon pou n an kontak ak moun pwofesyonèl (nan domèn ekri) pou revize maniskri nou. Nou pa dwe janm panse nou konn twòp, menm si n ta pibliye kèk liv deja. Si nou pa nan yon branch oubyen domèn, ebyen nou pa vrèman konnen l. Konesans nou limite ladan l; se pawòl sajès. Sètadi, avan n pibliye yon liv, toujou kenbe kontak ak moun ki nan domèn ekri, editè, tradiktè e moun ki nan domèn maketing tou si l posib. Gen anpil trik nou ka pa konnen, chemen kout pou pase, e estrateji pou komèsyalize non n kòm otè pou mache mondyal la.

Anpil otè ka manke esperyans lè y ap pibliye premye liv yo. Pa egzanp, nou ka poze kesyon sa yo pou satouyèt lespri: (1) Èske w pibliye nan jounal, revi, antoloji, atik nan yon liv deja pou moun konnen sa w pwodui, pou familyarize ak non w, e zèv ou? (2) Ak ki rezo sosyal ou konekte (enstagram, fesbouk, fowòm, tiktok, twitè, whatsApp)? (3) Chak ki lè distribitè w yo ap fè w konnen ou enfòme w konbyen egzanplè nan liv ou ki vann? (4) Èske w aktif sou kèk fowòm? (5) Èske se yon liv ki ka sèvi kòm tèks, oubyen mànyèl nan lekòl? /Pou ki nivo (elemantè, mwayen, segondè ou inivèsitè?). (6) Èske w konn enpòtans pou siyen yon papye legal ak mezon d edisyon ki pral pibliye liv ou a? (7) Èske w pral vann vèsyon elektwonik li? /Ou konn kijan pou fè sa? (8) Ki estrateji ou pral itilize pou fè kanpay maketing pou liv ou a? (9) Ki medya (radyo, rezo sosyal, televizyon) ki pral ba w entèvyou pou pale de liv ou a? (10) Ki piblik oubyen odyans ou sible kòm lektè? (11) Ki tip liv li ye (fiksyon, non-fiksyon, rechèch)? (12) Kijan maketing li ap ye? (13) Kijan w pral aranje w pou fè pwomosyon l? (14) Kijan w pral òganize w pou bibliyotèk inivèsitè (kòm gran kliyantèl) achte l pou dokimantasyon? (15) Kilès k ap gen dwa d otè l, e pou kisa? /Ki papye legal k ap siyen pou sa? (16) Kilès ki pral distribiye l, e ki pousantaj yo pral dedui sou li? (17) Kilès ki pral ekri kritik sou li (jounal, revi, revi syantifik, kòlèg)? (18) Konbyen egzanplè gratis k ap disponib pou fè pwomosyon l? (19) Nan ki bibliyotèk w ap panse anrejistre l kòm dokimantasyon, e pou bank done rechèch? (20) Nan ki lang li ekri? (21) Èske w konte traduil nan lòt lang pou plis moun li l nan lemonn? (22) Èske w gen yon lis kontak sou whatsApp oubyen atravè rezo sosyal yo pou pwomote l?(23) Èske w gen yon ralonj wèb oubyen paj wèb?

Apre ou fin li kesyon sa yo, ou pa fouti di ou pa aprann kèk bagay ou pa t konnen ki enpòtan pou konnen kòm otè oubyen ekriven. Donk avan w kouri pibliye liv, li ta bon pou mande konsèy oubyen pran enfòmasyon kòman tout bagay fèt, dekwa pou pesonn pa esplwate w nan oken sans.

Nou ka remake anpil moun k ap ekri pa ta gen yon ralonj wèb.  Li enpòtan jodiya pou ta gen youn ki gen rezime travay ou, sa w fè depi «x» tan, an tèm travay literè. Ou gen dwa (se) yon bon otè, men youn ki pa òganize. Se yon pwoblèm pou lemonn antye konnen zèv ou trapde. Bon, ou ka fè sa atravè yon ralonj wèb si w pa gen pwòp paj wèb ou, blòg, oubyen fason w òganize w sou rezo sosyal yo jodiya. Lè w gen yon ralonj wèb prensipal, tout zèv literè w ka konekte ak li (egzanp kritik oubyen kòmantè sou zèv ou sou rezo sosyal yo, piblikasyon resan, elatriye).

Ou ka kreye yon blòg kote moun kapab voye kritik ba ou, sa yo di de zèv ou oubyen de ou. Konsa, ou ka kopye yo, epi pran yon pati ladan yo pou pibliye ak liv ou. Tout sa se teknik ou ka itilize pou ekri, e pibliye tou... Gen anpil bagay nou kapab fè pou aprann òganize tèt nou pou ekri si n gen anvi ekri.

Brèf, kòm nou mansyone deja, ekri se yon bèl aktivite entelektyèl. Li mande disiplin, òganize tèt nou, ale nan atelye ekriven, prezante nan konferans (kòm chèrchè, editè, ekriven, otè, korektè tèks e tradiktè) pou n tande oubyen aprann de lòt pwofesyonèl nan domèn lan. -- Pou rafrechi memwa nou, n ap repoze kat kesyon sa yo, ki parèt nan kòmansman atik la: 1. Kòman w ekri? 2. Pou kisa w ekri? 3. Kisa w ka ekri? 4. Nan ki lang ou panse lè w ap ekri?

Apre w fin li atik sa a, nou panse l ap klè pou reponn kesyon sa yo, e petèt ou kapab twouve l itil itilize oubyen pataje nan kèk atelye ekriven ki vize debitan. Nou mansyone zouti enpòtan ke n dwe genyen kòm ekriven, e kòman nou pwofite avantay teknoloji a ofri n jodiya pou ede n òganize travay nou pi byen.

Nou konnen ke w pa ka al chita ouvètman nan atelye ekriven oubyen atelye pou ekri pandan pandemi sa a. Ou pa kapab ale nan oken ladan yo fizikman, nan kèk enstitisyon kote w ta jwenn kèk ekriven selèb ki ta pataje esperyans yo ak ou. Nou sèlman espere ke atik sa a va oryante w yon fason yon lòt pou atenn objektif ou.

Nòt esplikasyon

  1. Lodyans ta konsidere yon jan oubyen kategori literè ki fè pati de literati oral oubyen oraliti. Li ta parèt sou fòm monològ, kote se kontè istwa a sèlman k ap adrese yon piblik oubyen odyans. Kontè sa a ka jwe wòl naratè an menm tan. Yo konn rele l odyansè, dizè ou rakontè.
     
  2. Dyalite… (tèlke: kreyòl vs fransè; magouyè vs moun serye (moun de byen); malere vs gran nèg (boujwa); moun andeyò vs moun lavil; moun iletre vs moun ki konn li ak ekri; moun lespri vs moun sòt; moun mare vs moun debouya; negativite vs pozitivite; pòv vs. rich; sòt vs entelijan (egare)… [vs (versus) : opoze a].

Tèks Anekse

ALLEN, JeffAutomated /Machine Translation (MT), Haitian Creole and other Creole languages, Speech Technologies, Language Software.

BELLEFLEUR, Ricardo. “Plèk! Plèk!” (@Ricardo86565). Educative audiovisual episodes with  Ricardo Bellefleur. As audiovisual materials, it will help people who are learning Haitian Creole as foreign language… «My motivation to create plèk! plèk! is that since long ago, more then twenty year I’ve cherishing this dream due to the lies and bad adjustment that I saw going through our society at the political, social, economic, e religious level. I say I am going to come up with a new concept to see what I can do differently to educate this people for the remaining time coming. That’s the reason why each Saturday at 5:00, and activities to develop your biblical knowledge each Sunday on my facebook page.» (Ricardo Bellefleur). -- Epizòd edikatif ak Ricardo Bellefleur. Kòm materyèl odyovizyèl, l ap ede moun tou k ap aprann kreyòl ayisyen (kòm lang etranje)… «Motivasyon pou m te kreye plèk! plèk! sèke depi lontan, plis pase yon ventèn ane m ap karese rèv sa a akoz mansonj ak move ajisteman m te wè k ap travèse sosyete nou an ki politik sosyal ekonomik, relijye. Mwen di m pral vini ak yon lòt konsèp pou m wè kisa m ka fè diferan pou m enstwi ak edike pèp sa a pou rès tan k ap vini an. Se sa k fè chak samdi a 5 è, epi aktivite pou devlope lespri biblik ou chak dimanch sou paj fesbouk mwen.» (Ricardo Bellefleur).

CHERY, André Vilaire. Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 février 1986 à nos jours.

CHERY, Pierre Michel. Douz (12) Prensip Bwa Kayiman : The Twelve Bwa Kayiman Principles. 2010.

DARDOMPRE, M. Carey. “La Lodyans, un romanesques haïtien : Perspectives historique, poétique et didactique» (thèse de doctorat : doctoral dissertation). Université Sorbonne Nouvelle – Paris 3. France. 2018. [Equipe de recherche : DILTEC – Didactique des languaes, des textes et des cultures].

DEGRAFF, Michel. MIT-Haiti Initiative.
---. Platfòm MITI-Ayiti pou yon lekòl tèt anwo.
---. and Glenda S. Stumps. «Ann bati lekòl tèt anwo: lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal». Journal of Haitian Studies, Vol 24, #2. Fall 2018, pp. 114-124.
---. and Mandaly Louis-Charles. Ann chante alfabè kreyòl la. (Haitian Creole alphabet song).
---. New developments… aiming toward a paradigm shift in Haiti’s education system. (interview) Jacques Pierre and Michel Degraff.

DUGE, Jean ArmoceManyèl Kreyòl (1e, 2èm, 3èm, 4èm, 5èm, 6èm, 7èm, 8èm ane fondamantal). C3 Éds.

DEITA (Mercedes Guignard). Malice et le boeuf de Bouki: Malis ak bèf Nonk Bouki; “Compère chien et compère Chat: Konpè Chen ak konpè Chat” (Ref. in  An Annotated Bibliography on Haitian Creole…, 2003).

FAINE, Jules. Bozor, le cambusier : Bòzò chèf kanbiz.  (in Materyèl edikatif pou bileng Ayisyen by E. W. Védrine, 1994).

FOMBRUN, Odette R. Mon pays, Haiti : Peyi m, Ayiti. (Istwa Ayiti : Haiti’s history). Kreyòl translation: E. W. Védrine.

HYPPOLITE, Michel-Ange. «Bèbè Gòlgota: bouskay sitwayènte ak diyite». (Translation from Haitian Creole to English by Emmanuel W. Védrine).

JOSEPH, Renel Oreste (Orèsjozèf) and Emmanuel W. Védrine. Easy English : an introduction to English for Creole and French speakers (forthcoming). [E. W. Védrine ajoute glosè nan fen liv la – enkli fraz ak espresyon idyomatik nan de lang yo; Entwodiksyon a lang anglè pou kreyolofòn e frankofòn; Plis pase 1.400 mo ak espresyon ki vin ak yo]. Field: Teaching materials (elementary, middle, and high school level)].

LÉGER, FrenandPawòl Lakay: Haitian-Creole language and culture for beginners and intermediate learners (2nd ed.). Coconut Creek, Florida: Educa Vision Press, pp. 475.

LORQUET, JoëlBoukan Dife Literati ak Joël Lorquetlexical data (edited by) Emmanuel W. Védrine.

LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gap. Boston Haitian Reporter. Oct. 2000.

MAPOU, Jan (Jean-Marie Willer Denis). D.P.M Kanntè (Dirèk Pou Miyami, play). (Translated to English by Emmanuel W. Védrine).

MASON, Marilyn (web editor). The Creole Clearing House. [Authoring and Documentation Workflow Tools for Haitian Creole; Automated Creole Orthography Conversion; Computing in Creole Languages].

MILLER, Haynes. The MIT-Haiti Initiative: An International Engagement.

OREM, William.  Book of Changes: the preservation of Creole, a nuanced language.

PIERRE, Gotson. Interview with Haitian linguist, Emmanuel W. Védrine… October 2000.

VALDMAN, Albert. Ann pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole.
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (E. W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).

VEDRINE, Emmanuel W. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (2011–2020). (compiled by E. W. Védrine,  Joseph Marcel Georges and Fessando Suffren).
---. A look at Higher Education in Haiti: another step after secondary level.
---. A look at the problem of schools in Haiti (essays and interviews on the problem of schools in Haiti and interviews with some Haitian educators in diaspora). 1994. Soup to Nuts. 2nd  ed., 2007. 221 p.
---. A look at two great dictionaries on Haitian Creole : Yon koudèy 2 (de) diksyonè sou kreyòl ayisyen.
---. Alfabè Jenès Rabòday. (pwezi : poetry).
---. An annotated bibliography On Haitian Creolea review of publications from colonial times to 2000. 700 p. © 2003 by E. W. Védrine and E. W. Védrine Creole Project. Boston, Massachusetts.
---. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM (Curaçao). [On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications. Courtesy of Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curaçao; Richenel Ansano (Director of NAAM]; Yaniek Pinedo Védrine (translator). 2016.
---. Collection of published Poems (in periodicals, anthologies and books).
---. D.P.M.-Kanntè: Yon pon ant fiksyon akreyaliteHaïti en Marche, Vol. XI, #1, fevriye 1997. | D.P.M.–Kanntè (play): A bridge between fiction and reality (book review) | D.P.M -Kanntè: un pont entre fiction et réalité. [book review].
---. Database of Haitian Interpreters, Proofreaders and Translators.
---. De flè nan jaden lavi (Two flowers in the garden of life, poetry). Haïti en Marche, Vol. XV, #23.; in JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen), jiyè 2002, Vol. 1, #1.
---. Depozisyon Ti Jilyen (Haitian Creole version by E. W. Védrine). “La déposition de Ti-Julien” in Bulletin de l'enseignement de la Martinique, numéro spécial, Fort-De-France, 1948.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with phrases and idioms. 1992. Soup to Nuts: Cambridge, MA. 246 p. [Reprint by Educa Vision]. [Research ref. in Haitian–English Dictionary, University of Kansas; ref. in Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (HCEBD). Indiana University - Creole Institute. 2007
---. Diskou yon kandida tafyatè (Speech of a drunkard - poetry)Bon Nouvèl, novanm, #423.
---. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora.
---. Eklèsisman ak Demistifikasyon Tontongi nan liv li a, Critique de la francophonie haïtienneTontongi’s clarification and demistification in his book, Critique de la francophonie haïtienne. [book review].
---. Entelektyèl komokyèl. (Pseudo scholar - poetry). Haitian-American Tribune, Vol. IV, #3/4.
---. Fanm Ayiti : Haiti Women (poetry). Haiti en Marche, Vol. XXI, #29.  out. 2007. In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 275.
---. File se yon lotri (Courting is a lottery - poetry). Tanbou, ivè – prentan.
---. Flè sovay : Wild flower : Fleur sauvage (poetry). Le Matin, 17 nov.
---. 20 Fraz kreyòl potomitan (tradui an plizyè lang): 20 Key creole phrases (translated to different languages). [Ven Fraz... Translated to many languages: ABC (Aruba, Bonaire, Curaçao) Papiamentu: Hilda de Windt Youbi; Dutch translation: Hilda de Windt Ayoubi; French Guyana Creole: Aude Fawaka Désiré; French translation: Jean-S Sahaï; German translation: Jnes Angela Pellegrini; Guadeloupe Creole: Ernest Pépin; Itialian translation: Francesca Palli; Martinique Creole: Raphaël Confiant; Maurician Creole: Sedley Richard Assonne; Reunion Creole: Franswa Sintomer; Rodrigue Creole: Marlin Augustin; Saint-Bart Creole (translated by) CLASH (Comité de Liaison et d’Application des Sources Historiques);  Saint-Luicia Creole: Lindy-Ann Alexander; Seychelles Creole: Penda Choppy; Spanish translation: Miguel Calzada; Swedish translation: Maxette, Malte Olsson].
---. Gen defwa m sonje w (Sometimes, I remember you - poetry). JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen), Vol. 1, #5, mas.
---. Haitian authors, editors and translators… know your rights and respect others’.
---. Interview with Jan Mapou (Jean-Marie Willer Denis) about his play, D.P.M-Kanntè. 'Chache-Konnen ak Védrine’, radio program, Haïti Diaspo Inter'. Feb. 1997. Play translated to English by E. W. Védrine.
---. Istwa Bouki ak Malis : Stories of the two brothers, Bouki and Malis). (Creole edition : édition créole, E. W. Védrine. [folktale].
---. Jipon nwa a (an adaptation of ‘Le pargne noir', by Bernard Dadié. Ref. in An annotated bibliography on Haitian Creole, 2003); in Materyèl edikatif pou Bileng Ayisyen,1994). [istwa kout /resi: short story].
---. Jou pa ou : Your day (poetry). Haïti en Marche, Vol. XIII #51.
---. Jounen Entènasyonal Felix Morisseau-Leroy (Felix Morisseau-Leroy's International Day, poetry). Tanbou, ivè – prentan.
---. Kandida dan griyen (Candidates who have nothing to offer - poetry). Bon Nouvèl, #426.
---. Kandida dwategoch (Flip-flop candidates, poetry). Bon Nouvèl, #426.
---. Kandida lamayòt (Clown candidates - poetry). Bon Nouvèl, #426.
---. Konvèsasyon kat ti zanmi ki te nan 'High School’ : Conversation of four friends who were in high school). Ref. in Gramè Kreyòl Védrine, 1996. (Un échantillon d'alternance codique parmi la jeune génération haïtienne aux Etats-Unis : A sample of code switching among the young Haitian generation in the United States). [pyesèt : sketch].
---. Kote kochon kreyòl nou yo? . (What happened to our Creole Pigs? - poetry). in Tanbou.
---. Koudeta nan peyi sivilize. (Coup d’état in a civilized country - poetry). [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole…(2003), pp. 378-379; published also on Haitilonline.com].
---. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti : yon lòt etap apre nivo segondè.
---. Koze Lanmou, Vol. II. (collection, written between 1995 – 2009. A collection of poems in Haitian Creole focusing on “Love”; many of them have appeared in periodicals, anthologies and books).
---. Koze Lanmou. Vol. I. (1st. ed.). Boston, MA: VEDCREP. 48 p. [Written between 1986 – 1995. A collection of poems in Haitian Creole focusing on “Love”; many of them have appeared in periodicals, anthologies and books].
---. Kreyòl without toilan introductory course to Haitian Creole. [Manual for learners of Haitian Creole or English].
---. Kri pou liberasyon (Cry for liberation, poetry collection). [Written between 1986 – 2009. A collection of poems which main theme is “liberation”. Many of them focus on Haiti’s history and the Haitian Reality].
---. Kritik Ak Rechèch Sou Pwovèb Ayisyen: revizyon e edisyon 100 pwovèb ayisyen nan 'You can learn Creole', zèv H. Ormonde McConnell ak Eugene Swain Jr | Critics and Research on Haitian Proverbs: a review and editing of 100 Haitian proverbs from 'You can learn Creole', by H. Ormonde McConnell and Eugene Swain Jr. [book review].
---. Lafrechè (The young prostitute - poetry). JKL (jounal kreyòl ayisyen). Vol. #4.
---. Lago ak lanmou. (Hide-and-sick game with Love) - poetry. Haiti en Marche, Vol. XXI, #34
---. Lago ak Lavi (Hide-and-sick game with Life - poetry). The Creole Connection, Vol. IV, #III. [Translated to English by Anna Wexler (June 1998: The Annual Writers’ Workshop, University of Massachusetts-Boston; translated to French by Pierre M. Chery (2000)].
---. Lanmou o pliryèl. (Love in plural - poetry). Tanbou, ivè - prentan.
---. Lavèy 30 Septanm (The Eve of September 30 - poetry). [In An Annotated Bibliography on Haiti Creole, 2003, pp. 580-581].
---. Lavoum pou yo! (Tell them to go away - poetry). The Nations Tribune.
---. Litani yon machannLitany of a market vendor (poetry). [In Anthology of Haitian Poets of Massachusetts, pp. 78-80, 1998].
---. Manman, pa ban m tete ankò. (Mother, don't breastfeed me no more - poetry). Haïti en Marche.
---. Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen. Cambridge, MA: Soup to Nuts. [Sections on  Poèmes bilingual poems with page reference]. “Afrik! Afrik! : Afrika oh! Afrika oh!” (pp. 64);  “Ayisyen ak Chinwa : L’Haïtien et le Chinois”, pp.67) ;  “Bòn anivèsè : Happy birthday». Haiti en Marche, Vol. XXII, #10, avril 2008; “Ce que tu dois savoir : What I want you to know”, pp. 66); “Dans la Forêt Noire : In the Black Forest”, pp.63) ;  “Defann mwen, m ap defann ou zaboka”. (Defend me, I'll will defend you avocado), pp. 166;  “Elle de dos”. (I see her back, departing). In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 147; “Lang : Language”, pp.65);  “Vwayajè : Le voyageur”, pp.68)].
---. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
---. Men l anlè a l ap vini. (“He is in the air coming”. [Istwa kout /resi : short story].
---. Mother Nature has risen up against us. (English translation : E. W. Védrine). [Original French text, «Un certain mardi de janvier”, by Nicolas AndréBoston Haitian Reporter, January 23].
---. Mouri pou libere Ayiti (Istwa kout /resi : short story). [Traduction anglaise: Dying, l’auteur; traduction française: Mourir pour libérer Haïti, Jean-S. Sahaï; traduction italienne: Morire per liberare Haiti, Francesca Palli; traduction russe: Karlova Ekatarina; traduction japonaise: Mihoko Tsunetomi; traduction papiamentu: Muriendo pa liberashon di Haiti, Yaniek Pinedo; traduction allemande: Sterben, um Haiti zu befreien, Jnes Angela Pellegrini; traduction espagnole: Morir para liberar Haití, Miguel Calzada”].
---. Mwen reve w dwòl (A weird dream of you - poetry). In Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (anthology and essay– edited by Michel-Ange Hyppolite), pp.202.
---. Nan Amerik, nou wè…, Creole translation). [Original English text: “In the Americas, we see… ”, by Roberto Gibral-Tarik (an excerpt from One in a Million by (Roberto Gibral-Tarik), pp. 27-29). Both texts republished in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003, pp. 364- 365].
---. Nan pwovens (In the countryside - poetry). Bon Nouvèl, #36. janv. 1998; #409.
---. New words and idioms entering Haitian Creole. [Haitian Creole lexicon: Leksik kreyòl].
---. Nou se ITIAHaiti : We are ITIAHaiti (chan : song). English translation by E. W. Védrine.
---. Nouvo direktè, nouvo woulo konpresè (A new manager, a new bulldozer - poetry). Haïti en Marche, Vol. XX, #16.
---. Nwèl lavèy Bisantnè (French version: Noël, veille de Bicentenaire by Jean-Samuel Sahaï; Italian version: Natale, vigilia del Bicentenario by Francesca Palli). JKL (jounal kreyòl ayisyen). Vol. 2, #3. [poetry].
---. October 28, International Creole Day, and what?.
---. Otè, editè, tradiktè ayisyen… konnen dwa ou e respekte dwa zòt : Haitian authors, editors and translators…, know your rights and respect others.
---. Pèp ayisyen an 1990 (The Haitian people in 1990, poetry). Tanbou, Vol. II, #1.
---. Peripesi yon ti pèp nwaHardships of a small Black nation (poetry, in Tanbou, 1999; in An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003).
---. Pòv k ap mande nan Ptoprens”. (Beggars in Port-au-Prince - poetry, in Tanbou, ivè - prentan).
---. Pwodiksyon materyèl didaktik an kreyò: ki pozisyon Ayisyen pran?: Production of teaching materials in Creole: what side are Haitians on?.
---. Pwòpte (Cleanliness). JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen). Vol 2, #1, jiyè.
---. 23 Poèmes en français et en haïtien. VEDCREP: Boston, MA. 52 p. [23 poems in French and Haitian Creole. Titles include: (1). “Afrika oh! Afrika oh! : Afrika! Afrika”. (2) “Au bord de l'Océan : Bò Oseyan an(3). “Ce que tu dois savoir : Sa ou dwe konnen.(4) Dans la Forêt Noire Nan Forè Nwa : In the Black Forest : Im Scharzen Wald. (5) “Dans le Parc : Nan Pak la. (6) “Europe et Espagne : Ewòp ak Espay”.(7)  “Les deux Ponts : Pon Nèf ak Pon Women”. (8) Le voyageur Vwayajè. (9) “L'enfant et sa mère adoptive : Pitit ak manman adoktif li”.  (10) “L'existence et la puissance de l'amour : Ekzistans ak puisans lanmou(Kat lèt : Four letters)”; (11) “L'Alpha et L'Omega : Premye ak dènye. (12) “L'Haïtien et le Chinois : Ayisyen ak Chinwa.(13) “L'Haïtien, un metis : Ayisyen, yon metis.(14)  “L'Oiseau et le printemps : Zwazo ak prentan”. (15) “Où se trouve Haïti? : Ki kote Ayiti ye?” .(16) “Qui vous êtes Kisa ou ye? : Quem é você? : Who you are.(17) “Salamanca : Salamank”.(18) “Saison rouge Sezon wouj. (19) “Souvenir : Souvni.(20). “Souvenir de Vienne : Souvni k sot Vyèn”.(21) “Trente ans emprisonné : Trantan anprizone. (22) “Un temoin : Yon temwen”.(23) “Vive les vacances : Viv vakans”.
---. Questionning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li
---. Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans” (Retorik an kreyòl ayisyen : Rhetoric in Haitian Creole). [Text to be analyzed “Rat knows, Cat knows, the barrel of lard is being watched”].
---. Rechèch sou pawoli ak pwovèb ayisyen: Pawoli nan yon roman Pauris Jean-Baptiste, 'Peyi Zoulout' ”. Ref. in  An Annotated Bibliography on Haitian Creole…, 2003); “Chen pèdi Chat genyen” (in Materyèl edikatif pou bileng Ayisyen, 1994).
---. Respè pou Fanm Ayiti Tonma : Respect for the Women of Haiti (poetry).  Libète, #293, me 1998. (in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003, pp. 578-579].
---. Retard dans l’enseignement des langues étrangères en Haïti.
---. Rèv mwen pou demen. (My dream for tomorrow).  Haïti en Marche, Vol. XIV #3. 2000; in JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen). Vol. 2, #3, janvye 2004.
---. Review of Senou's article, ‘A Call for a Coalition and a Unity gove’.
---. Richès kiltirèl Ayiti : yon min ki poko esplwate | The cultural richnes s of Haiti : an exploited mine.
---. Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Sa m panse de powèm. [What I think about poetry : Ce que je pense des poèmes : Was ich über Poesie denke : Ninavyofikiria kuhusu ushairi… In An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003, pp. 379. French translation: Jean-Samuel Sahaï-Viranim; German translation: Andrina Soliva; Swahili translation: Richard Kifutu].
---. Se bon tande! (Watch out! - poetry). Haïti en Marche, Vol. XV, #23; in JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen), jiyè 2002. Vol. 1, #1.
---. Se kreyòl mwen pale. (I speak Creole). Kreyòl Connection. 1997. [Ref. in An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003,  pp. 505)].
---. Sen valanten, priye pou mwen. (St. Valentine, pray for me - poetry, in Haïti en Marche, Vol. XV, #23; in JKL /jounal kreyòl ayisyen, Jiyè; Vol. 1, #1).
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]; VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and o abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country”.
---. Si m te, m ta...  (If I were, I would... - poetry). [In Revolution Révolution Revolisyon: Anthology, 2004, edited by Ella Turenne; in Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, 1994 (pp. 25-26].
---. So many political parties, so little progress. (Anpil pati politik, ti kal pwogrè).
---. Some Reflections for a New Haiti after January 12, 2010The Mass Media, Vol. XLIV #7, Feb. 2010, pp.11, University of Massachusetts-Boston.
---. Some superstitions in Haitian culture : Kèk sipètisyon nan kilti ayisyen.
---. Standardizing Haitian Creole : A Roundtable Discussion.  Haitian Studies Association 18th Annual Conference. October 5-7, 2006 - University of Virginia, Charlottesville, VA. Panel: M. Prou, E. W. Védrine, A. Valdman, J. Barnes-Huducourt. [Konferans /Tab Rond sou «estandadizasyon kreyòl» -- Conference].
---. Suzanne Comhaire-Sylvain : a bibliography of her publications.
---. Tardiness in foreign language teaching in Haiti’s schools  : Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti”.
---. The Butios have promised victory. [English translation of an epic poem translated by by E. W. Védrine; original text appeared in Jean Fouchard’s collection Pre-Columbian history of Haiti; original text in French. Both texts republished in Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen (1994, pp. 9-10); in Prisma (literary magazine, University of Massachusetts-Boston, Spring 1990)].
---. The use of Creole in schools in Haiti (use of the urban variation and the tendency to reject the rural one: Sociolinguistics and the reality behind it).
---. Ti Istwa Kreyòl : Short Stories in Haitian Creole. [Liv Istwa kout, ak kesyon sou istwa yo ; pwovèb sou bèt]. [folktale].
---. Ti Malis ak Bouki apre 12 janvye: Pati II Dyesibon kontinye ap pale sou tranbladtè a”. 29 avril.
---. Translation samples, and all we can do with documents written in Haitian Creole: Echantiyon tradiksyon, e tout sa nou ka fè ak dokiman ki ekri an kreyòl ayisyen • Pwodiksyon kreyòl ekri e sipò konkrè l, grafi a • Chávez en camisa roja, Préval en camisa azúl • Douz (12) Prensip Bwa Kayiman: The Twelve Bwa Kayiman Principles • Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environnemental • Curaҫao welcomes Haiti’s President, Michel Martelly • [Kiraso di bon bini a prezidan Ayisyen an, Michel MartellyBarack Obama’s acceptance speechBèbè Golgota: Bouskay sitwayènte ak diyite • Pierre Ericq Pierre (Ex-Premier Ministre désigné) • Presidente Martelly lo kanta pa rekounda fondo •  “Mouri pou libere Ayiti”, (resi /istwa kout: short story, Dying for Haiti’s liberation). Yon echantiyon tradiksyon apati lang kreyòl: A translation sample from Haitian Creole (to EnglishFrenchGermanItalianJapaneseLatinPapiamentuRussianSpanish…) • Boukan dife literati ak Joël Lorquet.
---. Transpòtasyon an Ayiti. (Transportation in Haiti - poetry. in Tanbou). 
---. Trente ans emprisonné : Thirty years imprisoned” (poetry). [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003, pp. 575-576)]. in Voices of the sun (anthology), Volume I, pp 274.
---. Twenty cents of consciousness to become a better person : Ven kòb konsyans pou vin yon pi bon moun.
---. Un super coup digne de Maître Lefort V du Cap-Haitien!. [A Meaty Case Won by Attorney. Lefort V of Cape-Haitian : Mèt Lefort V, nan Okap, fè yon kokenn kou]. [Joke, story].
---. Vanjans Konpè Chat (édition créole / Haitian Creole edition: E. W. Védrine). [folktale].
---. Working harder to bridge the generation gap. E. W. Védrine. Boston Haitian Reporter.
---. Yon bouke flè pou fanm vanyan. Bon Nouvèl, mas, #416. (A bunch of flowers for brave women - poetry).

LOUIS, Wilson Thelimo and Obdiel Zidane Dormélus. “Kontrandi Edikasyon Kreyòl nan Lekòl Ayiti” (In An Electronic Teaching Materials’ Model for Haitian Students and Teachers by Emmanuel W. Védrine. Winter. 2020).

* * *

Nòt pou rechèch

Atelye pou Anseyan (pwofesè) Ayisyen • Atelye pou otè /ekriven ayisyen • Istwa kout (resi) an kreyòl ayisyen • Itwa foklorik ayisyen (Istwa kont ayisyen) • Literati ayisyen an kreyòl • Literati ayisyen nan dyaspora • Materyèl an liy pou lekòl Ayiti • Materyèl didaktik (pedagojik) an kreyòl ayisyen • Materyèl didaktik (pedagojik) pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen • Materyèl didaktik (pedagojik) pou pwogram alfabetizasyon an kreyòl • Materyèl didaktik /pedagojik an liy (sou entènèt la) pou Etidyan (elèv) ayisyen • Materyèl didaktik /pedagojik an liy pou anseyan ayisyen • Pwezi /powèm an kreyòl ayisyen • Tèz ki an rapò ak Ayiti.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA

*

Viré monté