Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Alfabè Jenès Rabòday

Emmanuel W. Védrine

Photo courtesy: Fessando Suffren

Anmizman yo se ponografi vityèl.
Anbalan, se youn nan mo ki dekri ensètitid yo.
Ànyèlman, tout ap tann kanaval rive pou al banboche.
Banbòch toujou enterese yo, malgre jan Ayiti ye.
Chache aprann plizyè metye pa nan lespri oken rabòdis*.
Dwòg yo se fimen bòz, bwè tafya tout lajounen, san travay.
Èske yo janm reflechi kote y ap ye demen, e sa y ap tounen?
Fesbouk se rezo sosyal yo pi renmen.
Grate santi se sèl metye yo konnen.
Hey! Ki bon metye yo ka aprann pou ede tèt yo?
Imajine w jèn sa yo ki pral gouvène Ayiti demen,
Jèn k ap danse mizik rabòday* tout lajounen?
Kay ji-pwen-èr yo se makrèl, bòdèl pou pase moman ra bòday.
Ling modèl lidè yo se bandi legal, ilegal, chèf gang.
Maladi yo soufri se vin rich san travay di pou ka pran plis plezi.
Non jwèt yo se «Pasèten», paske yo pa kanpe sou anyen.
Ojis, nou pa wè kot Ayiti kanpe demen
Oubyen, nou ka di: fiti Kiskeya ensèten.
Ògàn nou fatige pale de reyalite yon sosyete k ap efondre.
Pastan jèn sa yo se banboche, danse, frape, kalewès, ranse sou rezo sosyo.
Rèv yo se dòmi pòv, leve rich, leve rich, menm si yo pa jwe lotri.
Se sa tout ap reve, san fè efò aprann oken metye pou viv sou li.
Transfè lajan k ap sot nan dyaspora se espwa lèt vach la.
Uvityèm plas nan klas ta gwo mirak pou yo ta pami tòp dis elèv.
Veye jèn yo mezanmi! Ann oryante yo pou yo gen bèl rèv!
Wondonmon, wòklò, wòwòt… se kalifikatif pou n ta dekri yo, men
Zvantray Ayiti, se ladan l nou tout soti,
Menm si Ayiti ta pèdi siyati l «Cheri».

 

*Nòt

Jenès rabòday. 1. Jenès ki renmen mizik rabòday. 2. Jenès ki santre l sou plezi sèlman, sou jwi lavi men ki pa motive pou prepare l pou demen sou oken fòm. Jenès sa a pa motivie nan lekòl pou bay edikasyon valè. Li pa motive pou ta aprann plizyè metye ak pwofesyon. Li pa motive pou anbrase oken karyè. Li pa motive pou mache nan bon direksyon pou devlope lidèchip efikas pou vin lidè dyanm demen, pou ede kontribye nan devlopman Ayiti.

Ra bòday. 1. Prèske plen (ra bouch). 2. tout longè, tout lajè; kòlèt debraye. ◊ Anpil jèn alèkile pa gen anyen nan tèt yo aprè pran plezi ra bòday.

Rabòdis. 1. Miziyen, atis k ap fè mizik rabòday. 2. Fanatik mizik rabòday. 3. Dansè mizik rabòday.

© Emmanuel W. Védrine
Koleksyon poèm | Poetry collection
 «Kri pou liberasyon» (Cry for liberation)
9 Dawou 2020: August 9, 2020

*

 Viré monté