Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Leson KLE: Kreyòl Lang Etranje

Emmanuel W. Védrine

Photo: Courtesy E. W. Védrine Creole Project

3 out, 2020
mizajou 3 out, 2020

Leson Youn

BARIKAD • BARIKAD • BARIKAD

Pati Youn (I) Premye pati
(Imaj)

(foto A) (foto B) (foto C) (foto D)
(foto E) (foto F) (foto G) (foto H)

Pati De (2) Dezyèm pati
(Videyo | Odyo ki an rapò ak leson an)

 

Pati Twa (3) Twazyèm pati
(Kesyon pou dyalòg)

1. Ki kote (kibò) nou ka jwenn barikad?. 2. Ki kote (kibò) yo itilize barikad?. 3. Kilès (ki moun) ki itilize barikad?. 4. Kilès (ki moun) ki ka retire barikad nan yon wout?. 5. Kisa ki ekri sou kèk nan barikad yo?. 6. Ki materyèl ki ka itilize pou fè barikad?. 7. Kisa yon barikad ye?. 8. Konte konbyen barikad ki genyen?. 9. Nan ki evennman polis ka itilize barikad?. 10. Pou kisa (pou ki rezon) yo itilize barikad?.

Pati Kat (4) Katriyyèm pati
(Vokabilè pou dyalòg)

Egzèsis (an ti gwoup): Itilize vokabilè anba yo nan fraz.
 
Modèl: «bisiklèt». Fraz = Mwen genyen yon bisiklèt.

a. bisiklèt
b. dètou
c. legliz
d. sikilasyon (trafik)
e
. konstriksyon
g. aywe
h. lopital
i
. veyikil
j. motosiklèt
k
. anseyan
l. siy estòp
m. chofè kamyon
n. ri (riyèl)
o
. trafik
p. zòn konstriksyon
q. lekòl
r. otobis lekòl
s
. barikad
t. tren
u
. ri yon (sèl) vwa
v. travayè konstriksyon
w. moun
x
. barikad pi devan
z. vitès (ralanti, vit)
 

Pati Senk (5) Senkyèm pati
 (Pratike vèb nan kontèks)

Modèl: «travèse». Fraz = Fè(t) atansyon! Gen yon machin k ap vini.

1. fè(t) atansyon
2. bloke
3. konstwi
4. travèse
5. dirije
6. kondi
7. ranje
8. ale
9. gade
10. mete
11. monte
12. ralanti
13. fè vitès
14. estope
15. anseye
16. veye
17. travay
18. fèmen

Pati Sis (6) Sizyèm pati
(Itilize vèb yo nan fraz,
Pratik lekti ak pwononsiyasyon)

1. Fèt atansyon lè w ap travèse lari a! 2. Ri a bloke. 3. Y ap konstwi yon kay. 4. De moun ap travèse lari a. 5. Yon ofisye polis ap dirije trafik la. 6. Mwen pa ka kondi nan wout sa a; li bloke. 7. Travayè yo ap ranje wout la. 8. Nou pral lekòl jodiya. 9. Gade avan ou travèse lari a. 10. Depoze telefòn ou. 11. Ou ka monte bisiklèt, motosiklèt? 12. Ralanti! Pa kondi vit. 13. Siveye limit vitès ki poste a. Pa fè vitès (pa kouri!)! 14. Estope kote siy ESTÒP la!. 15. Kilès k ap anseye klas la jodiya? 16. Fèt atansyon! Yon pyeton ap travèse. 17. Travayè ap travay nan ri a. 18. Pa antre!

Pati Sèt (7) Setyèm pati
(Fraz ki an rapò ak leson an pou dyalòg)

1. Yon avèg ap travèse ak yon chen gid. 2. Timoun yo ap travèse; ralanti. 3. Gad k ap travèse moun nan ap ede yon pyeton travèse. 4. Gad k ap travèse moun nan kenbe yon siy ESTÒP nan menm dwat li. 5. Siy pa antre (siy entèdi). 6. Kondi ak prekosyon tout tan. 7. Kondi lantman /Siy lan di kondi lantman. 8. Gade ak prekosyon avan ou travèse. 9. Siy ri yon sèl vwa. 10. Pyeton pa ka travèse. 11. Barikad pi devan /Gen yon barikad pi devan. 12. Siy wout fèmen /Siy lan di «wout fèmen». 13. Wout la fèmen a trafik. 14. (siy) barikad. 15. (siy) zòn lekòl. 16. totwa /mache sou totwa /Pyeton an ap mache sou totwa a. 17. siy estòp /kenbe yon siy estòp. 18. Estope (kanpe) machin nan /Chofè a estope machin nan /Ofisye polis la estope machin nan. 19. (siy) ri a fèmen /Siy lan di «ri a fèmen». 20. ranje /Y ap ranje wout la / Y ap travay nan wout la /Y a prepare wout la. 21. Fè siy estòp /Polis la fè m siy estòp. 22. (siy) ri a de (2) vwa /Se yon ri a de (2) vwa (direksyon) /Machin ka ale nan de direksyon (monte ou desann). 23. Siveye nan toude direksyon.

Nòt

E. W. VEDRINE KLE (Kreyòl Lang Etranje).
Haitian Creole for non-native speakers (lesson model).
Modèl leson kreyòl pou non-natif
Tèks Anekse: Kreyol without toil: an introduction to Haitian Creole.
Kredi pou imaj : Credit for images.

*

 Viré monté