Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bèbè Golgota : Bouskay sitwayènte ak diyite

Ak Michel-Ansge Hyppolite

(Translation from Haitian Creole to English: Emmanuel W. VEDRINE)

Golgota

Premye fwa m pran kanntè, moun pa t konn rele m Bèbè, Amiltonn nonplis pa t egziste. Premye fwa sa a, kanntè a pa fè twa jou sou lanmè, li al sote sou yon batiman Gadkot meriken, merin yo fè n monte sou pon batiman an, yo defonse ti bato nou an, yo fè 1 koule. Yo di se pou nou pa jwenn planch pou n fè bato ankò, epi yo mennen nou vin debake sou waf Bizoton. Dezyèm fwa a, kanntè a rive nan lanmè Miyami, nou jete kò nou nan lanmè, moun ki te konn dlo, debat jouk yo rive sou plaj Miyami. Mwen pa konn kouman sa fè fèt, yo ranmase m sou plaj la, san konesans ak yon pye kase. Sèvis Imigrasyon meriken mete m nan yon anbilans, epi m al retwouve m, kouche sou kabann lopital Miyami, vlope nan yon blouz blan. Apre sa, yo mete nou, mwen menm ak yon pakèt lòt konpayèl, nan yon avyon, yo voye n tounen Ayiti.

Apre Eritye Vilokan (2008), Bèbè Gòlgota (2009) se dezyèm woman Pierre-Michel Chèry. Aktyèlman Pierre Michel Chéry ap pote kole avèk REKA (Rezon Entènèt Kreyolis Ayisyen) epi IOCP (International Organization Of Creole People).

De òganizasyon, ki nan fason pa yo, ap travay pou avansman lanng kreyòl.

Lè youn mounn ap li Bèbè Gòlgota, li kab wè li devan  istwa youn bann mounn ki monte kanntè drèt pou Miyami, men ki al rekonèt yo nan youn prizon Bahamas. Istwa-a derape ak youn premye tantativ sove kite Ayiti, ki echwe, epi li reprann ak youn dezyèm esè pou kite peyi-a, men pasaje  kanntè, ki pral rakonte nou tribilasyon-li an,  te twouve li sou do nan youn lopital Miyami ak youn pye kase. Nan youn twazyèm esè, pasaje sa-a pa te  rive pi lwen pase Bahamas. Lè nou di Bahamas, se pa youn Bahamas nòmal. Se nan youn prizon Bahamas tout pasaje, ki chape anba grif sibreka asasen yo, te oblije kantone pandan kèk lane jouk yo te pimpe yo tounen Ayiti. Poudayè, se anndan kan konsantrasyon sa-a aktè prensipal-la, ki pote non Bèbè, te aprann metye mekanisyen.

Istwa Pierre Michel Chéry ap rakonte nou an, se istwa lavi Janèt ak Bèbè. Relasyon de mounn sa yo te kòmanse nan mitan lanmè, apati tribilasyon pasaje ki te abò youn kalite kannòt, noumenm Ayisyen  rele kanntè. Men, se sou tè Ayiti istwa-a  pral pran chè tout bon, paske se nan peyi-li, Bèbè deside met kò li deyò pou li te dekouvri ki mounn li ye pou tout bon.

Pou otè liv-la rakonte nou nan  ki kondisyon Janèt ak Bèbè te al fè konesans, li ekri:

 [Nan mitan lanmè] je maren-an louvri disèt lajè, li pa ka fè anyen. L’ap rele : twòp mounn nan kannòt-la…Sibreka ak zakolit veste rechany bouwo yo….Sèl chans yon pasaje se grif li, ponyèt li… Pasaje ki pa byen asire, pasaje grenn senk, pasaje kòmòkòy, tout se jibye, pwa fasil pou grif atoufè ki tounen bèt sovaj…Y’ap chèche vyann kretyenvivan pou reken, sou non agwe…. Sibreka-a (ki fin lage manman ak papa Janèt nan lanmè) te ponyen ti bra Janèt… Ann ale!... Mwen ranmase de ponyèt sibreka a, mwen  souke yo, mwen fè li konprann mwen gason pase li… Dis min nan fon mwen mare, mwen fè  li wè ponyèt bèfchenn yo… Sibreka a lage men Janèt, epi bouwo yo sispann lage mounn nan lanmè
 ( p. 14-15)

Se depi jou sa-a tou Janèt pral grandi nan men Bèbè, jouk yo vin tounen madanm ak mouche.  Kanta non Bèbè-a, men kisa aktè prensipal istwa-a rakonte nou sou sa:

« Bèbè… se non lespwa m, se non Agwe ban mwen, se non brave-danje m, se non lanfè m, se non tribilasyon m, se non vanyans mwen, non gwo bibit mwen devan atoufè.» ( p. 23 )

Non Bèbè-a se  youn non anplis sou divès kalite non aktè prensipal-la te genyen nan Pòtoprens apati divès aksyon li  oubyen travay li.

Konsa, nan refleksyon Bèbè sou  pwòp tèt li, misye deklare:

«Chans pa m, tout non lasosyete taye pou mwen se non ki byen chita, non pwòp, ki pa gen okenn tras mechanste : (yo rele mwen) Levwayan paske mwen konn wè, Papèchay paske m sèvi mounn byen, Bèbè, paske m entelijan.» (p. 33)

Misye di yo rele li Bèbè, paske li entelijan. Alaverite, jwèt entelijans sa-a se rezilta kanntè-a ki pa te kab derape, paske mèt vwayaj-la pa te fouti jwenn benediksyon agwe ak rès lwa yo.

«Agwe pa vle vwayaj la… Mèt vwayaj la mande èske gen mounn la-a ki gen regleman ak dyab? Pèsonn pa reponn….Mèt vwayaj la mande sibreka a chache konn ki lès k’ap jennen travay li. … … Lè sibreka-a rive sou mwen ( aktè prensipal-la)  mwen pa jwenn kisa pou mwen di-l, mwen kale de boul je mwen sou li, tankou mwen pa konprann. Mwen peze zòtèy mwen atè, mwen pa reponn sibreka a. … … Boutanfen, yon pasaje di sibreka a : « Ou pa remake jennonm nan pa janm di yon mo, se yon bèbè, li pa konn pale». … … Depi jou sa a, m’ aksepte mwen bèbè tout bon, tout moun mèt rele mwen Bèbè». (p. 10-11)

Anndan liv ki rele Bèbè Golgota-a, Pierre Michel Chéry  pase men sou divès branch nan dewoulman lavi anndan peyi-a san li pa janm kite objektif prensipal li: ankèt  Bèbè pou rive jwenn vrè non li, nan ladiyite, paske se  kondisyon lavi sou kanntè-a, ki depatya-li, jouk li rive bliye ki mounn li te ye. Alaverite, Bèbè rive konprann, san vrè non-l, li pa mounn. Kidonk, Bèbè ap chèche non li paske fòk li jwenn non li pou li kapab jwenn diyite li, epi rekonèt tèt li kòm mounn.

Pandan nou  ap li istwa-a, nou konprann si ou pa gen non, ou pa ekziste. Si ou pa ekziste, ou pa kab vote.  Si ou pa gen non, ou pa kab gen paspò. Si ou pa gen non, ofisye imigrasyon nan pwòp peyi ou ap toujou di ou:

«Bèbè? Kouman sa? Moun ki kote ou ye?» ( p. 21).

 Se kondisyon madoulè sa-a Bèbè derefize kite kòm eritay pou pwòp pitit fi li genyen ak Janèt-la, ki lakòz li tounen youn pyepoudre nan Pòtoprens pou li jwenn rasin-li.

Absans idantite sa-a tèlman antre fon nan istwa-a, otè-a pa janm montre nou Janèt adrese mari li sou non li. Sepandan, lè Bèbè, ki  pa te ko dekouvri non manman li ak papa li te ba li-a, te deside rele tèt li Bèna Levwayan, pou li kenbe de premye lèt nan mo bèbè-a, paske li te fin abitye ak kalite non sa-a, Janèt te pwoteste. Li te di, li  pa janm konnen okenn mounn ki rele Levwayan. Enfòmasyon sa-yo se apati  pawòl aktè prensipal istwa-a rapòte nou, nou jwenn -yo. Poutan, Bèbè limenm te wè sa an gran:

«Mwen deside mwen pral chanje non, m ap pran youn non ki mache ak Bèbè. M ap fè yo rele m Bèna.  Bèna Levwayan. Se premye Ayisyen ki ap siyen Levwayan… Se mwen ki ap papa nanchon Levwayan an.» (p. 83)

Alaverite, se kondisyon lavi anndan pwòp peyi Bèbè ki fòse li pran kanntè. Se menm kondisyon  malouk sa yo tou, ki lakòz li mete lavi li an danje  sou youn kanntè jouk li rive bliye pwòp tèt li. Anpil nan nou ap bat pou nou kite peyi nou. Anpil nan nou deja kite peyi nou. Men chak  mounn ki pati kite vil kote kòd lonbrit li te antere-a; chak mounn ki bay  kafou, lakou, riyèl, enpas, chemen, koridò  kote li kab konekte dantan li ak prezan-li do, se youn pwèlyèm li pèdi sou esans mounn li. Se youn moso nan limenm, kòm mounn, ki pati, epi ki pa pe janm retounen vin jwenn li. Menmsi li ta reyisi rekreye pati li manke-a, li (pati sa-a) pa pe janm tounen vin jwenn li menm jan-an.

Nan Bèbè Golgota, tribilasyon abò kanntè-a, veritab gòlgata, mete ak depeyizman nan kan konsantrasyon Bahamas-la lakòz aktè prensipal la bliye ki mounn li te ye. Kalite tribilasyon sa-a, se younn pami divès lapenn mounn ki kite peyi natifnatal yo ap viv nan divès fason. Genyen mounn ki blije bandonnen pwòp non yo pou yo jwenn travay sou tè etranje, paske yo panse non yo ka lakòz yo viktim diskriminasyon. Genyen tou ki rive bliye laj yo nan kreye fo papye pou yo kab jwenn viza pou yo vwayaje. Genyen lòt mounn  ankò ki lage kò yo nan maryaj ki ipoteke lavi santimantal yo. Tout sa, se vwayaje pou chèche lavi epi chanje kondisyon lavi-yo ki lakòz. Konsa, lè nou vwayaje pou nou pa janm retounen nan peyi nou, se noumenm ak tout peyi kòdlonbrit nou-an ki  rantre nan tonm malè. Lè nou vwayaje pou nou tounen imigran sou tè lòt peyi, se youn bwapini  nou al chèche pou nou kale pwòp tèt nou, paske apre youn sèten tan, nou pèdi asirans tè ki te ban nou rasin-lan, epi nou pa vrèman pran rasin nan ekziltik-la. Nou tounen youn kretyenvivan ki ap flote alavolonte tan-an, kondisyon lavi yo, epi sitiyasyon global anviwonnman nou yo.

 Lè nou prèske rive nan fen Bèbè Gòlgota, nou li lèt sa-a:

«Mon cher …, je n’ai appris que tu étais le neveu de Ducasse, que longtemps après ton départ de la maison … Je pars avec le rgret de ne pas avoir eu ton pardon. Mes enfants ont pleuré quand ils ont su qui tu étais. Ils ont décidé de laisser le pays, par dépit de cette société qui cultive tant de mépris pour ses enfants». (p.111)

Se kòmsi peyi etranje se espas solisyon pwoblèm peyi nou-an. Nou jwenn menm apwòch vwayaj kòm ajan chanjman sosyal peyi-a nan Sogo Nan kwazman gran chemen (1979), youn woman, ak Pauris Jean-Baptiste.

Pandan nou konsyan gen youn peyi ki pou bati. Pandan nou konsyan eritay zansèt-yo pa dwe pèdi, ni rete ap  trennen aladriv, nou pa kab mete aksyon pati kite peyi-a kòm mwayen pou chanje lavi. Pati kite peyi-a ka chanje lavi youn mounn, lavi youn fanmi, men li pa pe janm rive chanje lavi sou pwòp tè pa nou-an, paske premyèman sa ki pati-yo pa toujou tounen, epitou, lè yo tounen, yo pa toujou tounen ak vizyon Jacques Roumain kite pou nou nan Gouverneurs de la rosée-a ( Mèt lawouze), kote Manuel tounen pou li vin chanje lavi abitan nan bouk kote li te fèt-la.

 Lè nou chwazi ekziltik-la kòm mwayen pou nou jwenn solisyon pwoblèm nou-yo, se tankou nou ap kouri pou pwoblèm-nou yo, kant rive nan peyi etranje pwoblèm-nou pa fini pou sa. Sou tè etranje, pwoblèm-yo senpman chanje pozisyon.

 Epitou, nou dwe sonje, gen youn moman ki pral rive nan devlopman sosyete ak Ayisyen ki lòtbòdlo-yo, tout pon riske koupe ant mounn ki gen san Ayisyen nan venn-yo a ak peyi kote zansèt-yo te soti-a. Nou dwe remake tou, ak kalite sitiyasyon nasyonal nou genyen jounen jodi-a, ki detwi flanm fyète  jenerasyon nouvo Ayisyen sa-yo, distans ant nouvo Ayisyen sa-yo ak peyi manman epi papa-yo a ap gen pou li grandi pi plis toujou.

Nan Bèbè Gòlgota nou jwenn youn aktè prensipal ki gen anpil karaktè. Menm lè li ap mande èd, li vle kenbe endepandans li.
Mwen di Bondye mèsi dèske se Bòs Nènè ki ofri m travay, pèsonn pa ka di yo te wè m’ap mande.  Atò travay ou pa gen dwa mande Pòtoprens, tout mande se mande.  Depi w nan mande, yo ka sal karaktè w jan yo vle. ( p. 82)

Nou rete kwè, noumenm Ayisyen, nou  ta kab byen eseye aplike pawòl nou fenk sot tande nan bouch aktè prensipal liv-la pou nou kòlte ak reyalite peyi-a. Dirijan nou yo ta kab deside mande èd, men yo pa ta dwe mete yo nan youn sitiyasyon depandans jouk pou peyi-a pèdi karaktè granmoun- li.

Nan Bèbè Gòlgota, aktè prensipal liv-la pa te chita ap tann.  Li te deside aji. Se modèl sa-a, petèt, otè-a ta renmen wè dirijan peyi nou an aplike pou nou kapab respekte prensip Bwa Kayiman-yo. Otè-a deja pare 12 prensip, li kreye apati kondisyon lavi noumenm Ayisyen konstui, pandan peryòd esklavaj-la. Li rele yo: 12 Prensip Bwa Kayiman – Nou kab konsilte 12 prensip sa-yo sou kreyol.org anndan REKA (Rezo kreyolis Ayisyen). Tout mounn ki li 12 Prensip Bwa Kayiman-yo, ka konprann se diyite esklav-yo, ansanm ak motivasyon pou yo viv tankou mounn, ki te fòse-yo kreye modèl sosyete yo  te vin devlope pou pwòp tèt yo-a. Youn sosyete ki te depaman ak sosyete blan esklavajis-yo te enpoze-yo a, kote esklav se te youn byen, tankou kay, mèb, tè, osnon youn oto.

Rechèch sitwayènte Bèbè kòmanse depi li te mete pye li nan dlo pou li jwenn batistè-li ak vrè non-li. Men, èske se pa sa dirijan peyi nou an ta dwe fè nan domèn ledikasyon? Sa vle di, mete sou pye youn sistèm edikasyon, kote pitit peyi-a ap jwenn zouti pou yo rekonèt pwòp tèt yo. Pou yo konnen ki mounn yo ye, apati koutim-nou, tradisyon-nou, epi respè pou lanng manman nou-an, kreyòl Ayisyen, kèk save Ayisyen vle rele lanng Ayisyen.

Bèbè se youn botpipo ki ap rakonte pwòp istwa lavi-li apati moman li te pran kanntè-a jouk li retounen sou tè Ayiti, kote li tanmen batay pou diyite li.  Men, se tanzantan gen youn gid ki parèt anndan istwa-a pou eklèsi lektè-a, denonse sa ki merite denonse, epi mete lektè-a bab pou bab ak reyalite peyi-a. Gid sa-a, se youn naratè espesyal. Li pa senpman pou li kenbe filkondiktè istwa-a, li la tou pou  li ede lektè-a konprann  toumant  sosyal-yo anndan peyi-a. Nou gen enpresyon otè-a mete gid sa-a nan istwa-a pou evite konfizyon, paske gen pawòl gid-la ap di, si se aktè prensipal la ki pou ta di yo, lektè-a ta kab pran nan pa konprann.  

Lè pou otè-a esplike magouy ki ap pase anndan lapolis nan koze fè anprent, se gid-la li bay lapawòl, paske nan fason Bèbè ap benefisye sistèm dezòd sa-a pou li kreye pwòp idantite-li, li pa ta fouti denonse li.  Si li ta fè sa, se tankou li ta vle mòde men ki ap ba li manje.

Men youn lòt sitiyasyon ankò, kot otè-a sèvi ak naratè-a pou li pran pozisyon. Pasaje nan kanntè-a, mèt vwayaj-la, yo tout ap glorifye agwe, voye kantik pou Bondye, men lè gid ki anndan istwa-a pran lapawòl, li mete koze relijon nan domèn dout.  Ann li:

Alafendèfen, se pa ni Bondye, ni Agwe ki vin pote n sekou; lè gad-kòt Beemen debake sou kanntè a li te lè, li te tan. [ …] Depi jou gad  Beemen lage kolonn vwayajè sa yo nan kan an, letan pa ekziste ankò, pa gen  dat, pa gen jou, pa gen mwa, pa gen ane. … Agwe pa ekziste, Bondye pa ekziste, moun ki al jwenn agwe yo pa ekziste tou.   (p.15)

Si pou nou pale sou senbòl ki nan Bèbè Gòlgota, nou kab di tit liv-la tradui reyalite senbolik ki anndan-li. Anfèt, se pa senpman mounn ki pote non Bèbè nan istwa-a ki bèbè, oubyen ki pa gen dwa lapawòl. Se tout mounn sou bato-a ki bèbè epi ki ap monte lesyèl pa-do. Youn vrè gòlgota, tankou sa parèt nan listwa labib-la. Mounn abò kanntè-a bèbè, paske yo pa genyen  okenn dwa.  Se mèt vwayaj-la ak maren ki ap mennen kanntè-a ki konnen ki mounn ki dwe viv ak ki mounn ki merite al jwenn reken nan fon lanmè.

Lè nou transpòte sitiyasyon lavi Bèbè sou tè fèm peyi kote li fèt-la, senbòl Gòlgota-a la pi rèd. Mizè pou li jwenn travay  epi pou li viv ak diyite. Mizè pou li viv tankou youn sitwayen ki genyen menm dwa ak tout lòt sitwayen parèy-li nan peyi-li, paske san papye legal ki pou rekonèt-li kòm sitwayen sou tè kote li fèt-la, li pral viv tankou youn bèbè. Konsa, se kandita mounn chwazi li pral genyen kòm dirijan. Rezon-an, sèke san yon pyès idantite ou pa kab enskri sou lis elektoral.  Konsa, ou va oblije kontante-ou ak chwa lòt mounn fè apati pwòp enterè pa yo. Se sa ki fè Bèbè te di:

Jou anprent la rive, mwen santi mwen soulaje, m ap fè demach  pou m pran grad sitwayen anndan peyi m, Ayiti. […] Mwen poko gen papye, men mwen santi m gen dwa tankou tout moun anndan peyi a. (p.87)

Si Bèbè nan tout kalite pwoblèm sa-yo pou li jwenn batistè-li se akoz dezòd ki genyen nan fason yo fè epi konsève rejis leta anndan peyi-a

Nou remake tou, nan tout istwa-a, Janèt pa janm pale. Se toujou aktè prensipal-la  ki pran lapawòl pou  esplike panse Janèt. Èske se youn fason endirèk pou otè-a demontre kwa Gòlgota fanm poko fini anndan peyi-a? Nan youn refleksyon an pwofondè pou chèche rezon ki fè  otè-a pa janm bay Janèt lapawòl an dirèk, kant Janèt se  madanm Bèbè, mounn ki ap pataje tout tribilasyon-li, youn mounn ta kab  gen enpresyon dwa Janèt te brime. Sepandan, lè nou sonje entèvansyon Janèt pou anpeche Bèbè bay fanmi-an siyati Levwayan, nou kab wè Janèt pa te aji tankou youn bèbè nan dosye sa-a. Li te poze veto li. Li te di non.

Lè m esplike Janèt  mwen deside adopte Levwayan pou siyati, li pa dakò.  […]  Nou te pase nuit la ap diskite si pou m pran non Bèn Levwayan an, Janèt  refize, li di mwen  pran nenpòt siyati men pa ba l Levwayan. (p. 83 – 84)

Pi devan  Janèt di Bèbè:

Si (li) rete sou non Bèna Levwayan-an, li pa pral Ka Mèt Mase avè (l). (p. 84).

Menm lè se Bèbè ki ap rapòte pawòl sa yo, nou kab wè Janèt pa te vrèman youn bèbè ki ap kite mounn deside pou li. Konsa,  nou pa kab  di Janèt  te youn bèbè san pou san nan istwa-a. Se petèt teknik otè-a chwazi pou li rankonte istwa-a ki ta kab fè youn mounn konprann Janèt pa te gen dwa lapawòl. Teknik rakonte sa-a ka gen  rasin-li nan divès fason mounn nan peyi-a abitye rakonte istwa. Defèt, aktè segondè ki nan istwa-a pa te genyen youn kannal kominikasyon  dirèk nonplis ak aktè prensipal-la. Nou vle konsidere ka Mèt Mase, ka zanmi li te kontre apre plizyè ane-a, Wolan, ka Enspektè Obe elatriye. Yo tout se mounn kle nan istwa-a, men  yo younn pa te vrèman gen lavwa an dirèk ak aktè-a. Poudayè, gen youn moman nan istwa-a, sous lavi fanmi-an se te Janèt. Se limenm ki te al vann rezen pou fanmi-an pa te mouri grangou. Nan sans sa-a, Janèt te pran plas manman tradisyonèl nou-yo, ki se nanm fanmi-an sou tè Ayiti.  Paske pawòl-la di li aklè:

«Manman se manman».

Konsa, si Janèt ta vle parèt tankou youn lòt bèbè nan istwa-a, sitiyasyon sa-a  plis gen pou li wè ak  teknik otè-a itilize pou li rakonte istwa-a; kote se youn mounn ki ap rakonte youn istwa, nan fason nou abitye viv-li nan literati oral-la. Diferans-lan, sèke se pa youn mounn ki ap rakonte istwa-a nan plas mèt istwa-a. Konsa, se mèt istwa-a ki pran tout plas-la. Defèt, se menm teknik-lan tou Jozafa Large itilize nan liv-li a: Rete! Kote Lamèsi! (2008).

Nan Bèbè Gòlgota,  se pa senpman lavi botpipo Pierre Michel Chéry ap rakonte nou. Lavi otè-a ap rakonte nou-an soti sou youn kanntè pou li chwe sou beton Pòtoprens ak tout kalite  magouy epi  enjistis, ki makònen  anmenmtan ak lespri pataj ki ekziste nan mitan  machann Pòtoprens. Se tankou twazyèm prensip ideyoloji Bwa Kay Iman-an, ki di: Si gen pou younn gen pou de.

Ann li:

«Janèt rakonte m kouman li fè twouve l nan vann rezen sèk nan mache a.  Gen yon konntenè rezen yo t ap debake pou yon gwo komèsan, li fofile kò l, ak Katrin mare nan do l, nan mitan medam  ki t ap achte rezen yo.  Youn nan medam yo, san l pa rekonèt li, achte yon ti bout sak rezen kredi pou li, epi yo mache ansanm  y al vann rezen yo.  Li peye mèt magazen an, se nan rès kòb la, li achte manje kwit la kite pou mwen.» (p. 63 – 64)

Bèbè Gòlta se youn istwa senp, epi ki konplèks  an menm tan. Nivo konpleksite-a parèt nan fason otè-a rantre nan divès detay lavi anndan peyi-a san li pa sèvi ak  katafal pawòl, ni tou san li pa kreye sitiyasyon ki konplike. Anfèt, chak lide ou grate anndan liv-la pèmèt ou dekouvri lòt mesaj anpwofondè. Sa lakòz istwa-a dewole ak anpil lantè, men chak wonn nan labirent-lan se youn estasyon nan eta peyi-a. Lòt aspè ki esansyèl nan istwa-a, epi ki merite siyale, se nivo sispenns (sipriz) otè-a rive kreye nan liv-la, alòske se youn sèl mounn ki ap pale, epi ki ap rapòte pawòl tout lòt mounn li rankontre, ansanm ak mounn ki kolabore  ak li pou amilyore kondisyon lavi-li. Plis nou ap avanse nan li liv-la, nou santi nesesite pou nou kenbe liv-la nan men nou, epi dekouvri nan ki fason Bèbè pral demeli-li pou li jwenn youn bon rezilta nan ankèt li ap mennen pou li jwenn vrè non li-an. Wout ankèt-la pa te fasil, se sa tou ki lakòz istwa-a  kenbe nou an alèn.

 Nan Bèbè Gòlgota, nou jwenn lavi pitit mounn, yo rele mounn andeyò-yo nan batay-yo pou yo chèche lavi. Sitiyasyon  difisil  Pierre Michel Chéry ap denonse anndan Bèbè Gòlta-a, kit se nan nivo respè youn mounn dwe genyen pou lòt mounn, oubyen responsabilite tout sitwayen pou yo kenbe diyite-yo epi viv nan ladiyite, yo tout rete entak nan sosyete nou-an. Se responsablite nou tout pou nou veye epi pou nou korije tout  sitiyasyon kote diyite ak respè mounn younn pou lòt tounen eskalye pou klas mounn ki an kontwòl-yo monte laglwa ak fòtin pèsonèl-yo, pandan yo bliye prensip pataj ki dwe ekziste nan mitan kretyenvivan, paske pawòl-la di: «tout mounn se mounn».

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Pwofesè syans Gloucester High School, Ottawa
Responsab  Sosyete Koukouy Kanada

 Viré monté