Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Selebrasyon mwa kreyòl ak òganizasyon Itia-Haiti

Emmanuel W. Védrine

(entèvenan #1)

Photo courtesy Itia-Haiti

Aksè zoum pou patisipe oubyen tande
Dimanch 25 oktòb a 4:00 pm
Mizajou 10 oktòb 2020

EnglishEspañolFrançais •  Kreyòl

I.
PREZANTASYON otè a.

  1. Biyografi otè a (yon ti lòsyè).
     
  2. Zèv konplè otè a: 25 Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti, Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl.
     
  3. Kòmantè, Elòj pou zèv otè a; Lomeyans an fransè.

II.
ORYANTE JÈN AYITI POU EDE YO EDE TÈT YO DEMEN (e kèlkeswa kote yo ta ye).

1. Edikasyon (pran lekòl o serye, rete lekòl pandan yo dwe panse a diferan metyepwofesyon e karyè; seyans oryantasyon pou devlope biznis, e pou vin antreprenè).

2. Fè yo pran konsyans de reyalite edikasyonèl, sosyal, e ekonomik y ap viv Ayiti, e enterè pou yo aprann travay ansanm (san egoyis) pou chanje sitiyasyon yo.

3. Reyalite yo pral fè fas ak li nan peyi d akèy la. Èske yo te oryante depi Ayiti sou pwen edikasyonèl, sosyal, e lengwistik? Pa egzanp, metrize anglè davans, espayòl, fransè (kòm lang etranjè) depi Ayiti pou kraze baryè lengwistik, e pou yo pa limite tèt yo o nivo entènasyonal (pa egzanp: echanj edikasyonèl e kiltirèl, pwogram d echanj nan lòt peyi, konpetisyon, konkou o nivo entènasyonal, opòtinite travay aletranje, transzisyon (an ka y ap kite Ayiti, tèlke pou al etidye lòt peyi), gen rezidans ou estati legal pou viv nan yon lòt peyi, tranzite lòt kote pou yon rezon pou yon lòt, elt.)

4.LITERATI (atik, dokiman, e resous pou oryante jèn ki Ayiti):

4.1 Alfabè Jenès Rabòday. [Pwezi].

4.2 Ànyè Elektwonik Ayiti : Haiti’s Super Web Directory. [Ànyè ak enfòmasyon sou Ayiti, e sou dyaspora a, ak endèks pou rechèch].

4.3 Ayiti: pou yon edikasyon pratik lè vandredi | Haiti: for a practical education on Fridays.

4.4 Dis Konsèy Pratik pou ede Jèn Ayiti aprann ede tèt yo, e devlope lidèchip efikas. (Ten practical advice to help youths in Haiti help themselves, and to develop effective leadership).

4.5 Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora : Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora.

4.6 Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen | Selfishness: a virus destroying the Haitian Community.

4.7 Èske Moun Nwa pral kontinye pale de rasis san ale vè lavan?. (Are Black People going to continue talking about racism without moving forward?).
 
4.8 Kèk enfòmasyon kle pou ede Kominote Ayisyen nan Dyaspora (Some key information to help the Haitian Diaspora).

4.9 Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou maryaj, yon enstitisyon Bondye kreye. (Some important points to orient people on mariage, an institution founded by God).
 
4.10 Kesyonnen Kilti Ayisyen pou aprann plis de li : Questioning Haitian Culture  to learn more about it.

4.11 Ki fiti jenès la Ayiti?. (What’s the future of Haitian youth in Haiti?).

4.12 Konsyantize - Motive - Chanje. (Raising awareness, Motive and Change).

4.13 L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.

4.14 Metye, Pwofesyon, Karyè: oryantasyon pou etidyan ayisyen Ayiti. (Trades, Proessions, Careers: orientation training for Haitian students in Haiti).

4.15 Reflection on February 7, 2019: 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime.

4.16 Refleksyon sou aktivite pou oryante lajenès an Ayiti. (Reflection on activities to orient youth in Haiti : Réflexion sur les activités d'orientation des jeunes en Haïti).

4.17 Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti.  [Aspè lang an Ayiti, ansèyman lang etranje].

4.18 Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora : Network of Haitian Students, Haiti – Dyaspora.

4.19 Richès Kiltirèl Ayiti : yon min ki poko esplwate | The cultural richness of Haiti : an unploited mine.

4.20 Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè (Orientation training to help Haitian youth see better).

4.21 Seyans Oryantasyon pou motive Ayisyen envesti nan Biznis e pou retrèt yo: (Orientation training to motive Haitians to invest in business and for their retirement).

4.22 Seyans Oryantasyon pou Etidyan Ayisyen k ap vin Etazini: (Orientation Seminar for Haitian Students coming to the United States).

4.23 Travay Sivik ta dwe obligatwa pou tout Jèn an Ayiti (Civic duty should have been mandatory for all young people in Haiti).

4.24 Védrine committed to bridging language gap. Martine Louis. Boston Haitian Reporter.

4.25 Ven Kòb Konsyans pou vin yon pi bon moun  (Twenty cents of consciousness to become a better person). [20 pwen ladan pou li].

III.
SEYANS ORYANTASYON POU ANSEYAN AYISYEN

() Pami liv ak dokiman (seleksyone) E. W. Védrine ekri, ko-edite pou fè seyans fomasyon pou anseyan ayisyen (Ayiti e nan dyaspora):

1. A Bibliography of Theses and Dissertations related to the Dominican Republic. 276 p. (Research done upon the request of His Excelency, Dr. Lionel Fernandez, President of the Dominican Republic).

2. A look at Higher Education in Haiti : another step after the secondary level.

3. An Annotated Bibliography on Haitian Creole : a review of publications from colonial times to 2000. 700 p.

4. Di yon vèb, tire yon kont (From a verb, I will tell you a riddle in Haitian Creole).

5. Dictionary of Haitian Creole Verbs with phrases and idioms. 1992. 246 p. [Dictionnaire des verbes du Créoles Haïtiens avec phrases et idiomes].

6.Easy English: an introduction to English for Creole and French speakers (with Oreste Renel Joseph). [Glosè nan fen liv la Emmanuel W. Védrine ajoute - enkli fraz ak espresyon idyomatik nan de lang yo; Entwoduction anglè pou kreyolofòn e frankofòn; Plis pase 1.400 mo ak espresyon ki vin ak yo]. 2020.

7. Edikasyon Bileng Ayiti : Teyori e Pratik. [Modèl tradiksyon kòtakòt pou pratik nan seminè tradiksyon].

8. E. W. Védrine ESL Lessons. [Modèl plan leson pou anseye anglè kòm lang etranjè pou debitan].

9. Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. 1996. 354 paj. [Premye gramè an kreyòl ayisyen ki kouvri tout aspè gramtikal gramatikal lang nan. [Gade endèks li pou wè sa l kouvri pou fè egzèsis nan klas].

10.Haitian Creole – English Bilingual Dictionary. Indiana University-Creole Institute. 781 + xxxiv pages. (Project director: Prof Albert Valdman; Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques_PierreNicolas André: native speakers editing team). Volim II (anglè – kreyòl) ed. 2017, English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p.

11. Ide pou kreye yon High School Ayisyen prive nan Boston. [Deba]. 1994. 102 paj.

12. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti : yon lòt etap apre nivo segondè. [Tèm abòde: (12.a) An tèm rechèch, èske chak fakilte soti oubyen pibliye yon revi (ak piblikasyon baze sou rechèch) 2, 3, 4 fwa lan?. (12.b) Bidjè anyèl inivèsite a (Kòman inivèsite a travay sou bidjè anyèl li pou sipòte chak fakilte?; Ki pwoblèm ki toujou prezante?). (12.c) Èske gen anpil pwofesè ki ta gen yon preferans jwenn materyèl didaktik yo bezwen an fransè, kreyòl, bileng (fransè – kreyòl, fransè – anglè, anglè – kreyòl)?. (12.d) Èske nan kèk kou yo itilize liv, materyèl didaktik an anglè?. (12.e) Èske si etidyan yo gen yon liv oubyen tèks an fransè pou klas, pwofesè yo bay esplikasyon an kreyòl, fè kòmantè sou li an kreyòl?. (12.f) Finansman fakilte yo, e wòl. (12.g) FAR (Fonds d’Appui à la Recherche) jwe fòmasyon etidyan yo, e pou fòmasyon pwofesè yo menm. (12.h) Kesyon sou kreyasyon kanmpous inivèsitè (Kisa n panse si UEH ta gen yon kanmpous (byen ekipe) nan chak depatman peyi a?). (12.i) Kijan pwofesè nan UEH (selon fakilte yo) eseye tabli kontak ak pwofesè, chèrchè ayisyen aletranje ki nan menm domèn?. (12.j) Kijan yo ankouraje itilizasyon oubyen pratik lang anglè a? Èske l obligatwa pou etidyan yo pran kou anglè? (12.k) Kijan yo wè koze laboratwa nan inivèsite an Ayiti (12.l) Kisa n panse si UEH ta travay ofisyèlman sou kèk Pwogram d Echanj ak inivèsite lòtbò dlo?. (12.m) Konsènan abònman, èske inivèsite a ta abòne nan enstitisyon aletranje?. (12.n)Lang d enstriksyon (lang pwofesè ap itilize pou prezante sijè y ap anseye nan klas). (12.o)Materyèl, dokiman an liy (sou entèt la). (12.p) Memwa de sòti (kisa ki jistifye demann sa a). (12.q) Nan ki lang pwofesè yo prezante (matyè ou sijè y ap anseye), pale nan klas?. (12.r) Preparasyon anseyan nivo elemantè, mwayen (Ki preparasyon anseyan nivo elemantè, mwayen dwe genyen avan yo kòmanse anseye? Kijan yo rekrite yo an tèm diplòm, sètifika?, Nou konnen gen anseyan ki pa nòmalyen ki ta antre nan sistèm nan ap anseye. Sa k pase?; Kijan sa fèt pou antre nan ENI? Èske se apre Bakaloreya? Oubyen apre yon Lisans inivèsitè?; Youn nan trajedi nan domèn edikasyon Ayiti se ta fèmti plizyè ENI. Kijan nou ta kòmante sou sa; Ki efè sa vin genyen sou nivo fondamantal la, kòm edikasyon de baz?). (12.s) Pwendvi sou bibliyotèk (Kijan kesyon bibliyotèk la ye o nivo prive?, Kijan sa ye nan fakilte yo?). (12.t)Pwogram Echanj ak inivèsite aletranje. (12.u) Pwogram Echanj ak inivèsite lòt bò dlo (Kisa n panse pou UEH ta travay ofisyèlman sou kèk Pwogram Echanj ak inivèsite lòtbò dlo ta anseye an Ayiti pandan yon trimès (nan diferan fakilte)?). (12.v)Revi syantifik (nan kad dokimantasyon) pou fè rechèch. (12.w) Sendika pwofesè (Ki pwa pwofesè yo pou eseye fè chanjman yo kapab?). (12.x) Seyans fòmasyon pou oryante etidyan, pwofesè (Ki enpòtans chak fakilte bay seyans fòmasyon, depi nan premye ane pou gide etidyan, oryante yo vizavi karyè (pa egz, estaj ou «internship ou estaj» pou yo ta fè nan domèn etid yo, estaj ou obsèvasyon) nan peyi etranje?). (12.y) Wòl wot teknoloji dwe jwe nan edikasyon (nan tout nivo).]

13. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creolel. [Manyèl pou anseye anglè ou kreyòl pou debitan].

14. Leson KLE : Kreyòl Lang Etranje. [Modèl plan leson pou anseyan anseye kreyòl an liy (long distans) kòm lang etranjè]

15. Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen. [Esè, istwa kout, pwezi]. 218 p.

16. Men l anlè a l ap vini. (“He is in the air coming”). [Istwa kout : short story]. ed. Orèsjozèf Publications. 1997. 34 p.

17. Online information for Haitian students and teachers. (Enfòmasyon an liy pou elèv e anseyan ayisyen).

18. Petit Lexique du Créole Haïtien. 1995. 75 p. [Diksyonè pou rechèch sou lengwistik istorik].

19. Poetry in Haitian Creole. 1994 (ed, 75 p). [Pwezi an kreyòl, enkli kolekesyon: «Kri pou liberasyon», «Koze Lanmmou I, II»].

20. Premye etap avèk yon òdinatè. [Computer manual to help Haitian students : manyèl konpwoutè pou ede elèv ayisyen]. Eastern Digital Resources.

21. Quelques plantes créoles et leurs noms en latin : Kèk plant kreyòl ak non yo an laten.

22. Sezon sechrès Ayiti (woman peyizan). Tèks an fòma pdf  (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [Rezime an anglais]. [© by the author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou travay sou redaksyon diksyonè)]. [An lang papiamento, Temporada di sekura na Haiti. [Premye vèsyon orijinal la te pibliye an1994 pa Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [Otè a, Emmanuel W. Védrine, tradui l an anglè. VEDCREP: Boston, edisyon, 2013, 163 p.

23. Sistèm Alfabè Kreyòl Aysiyen: The Haitian Creole Writing System . [Gid pou ekri an kreyòl].

24. Teaching materials for schools in Haiti : Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti. 

25. Ti istwa kreyòl: Short stories in Haitian Creole 115 p. [Seven short stories in Haitian Creole: (1) «Yo knbe bouki anndan vant yon bèf»; (2) «Konpè Chat ak dirije yon lekòl»; (3) «Yon chat de pye ak yon enkoutab»; (4) «Chanje lide»; (5) «Yon manman poul touye yon malfini»; (6) «Elefan prezide yon konferans bèt sovay t ap konfwonte»; (7) «Gade yon mirak!»... With questions and exercises on each story, including a Haitian proverbs section (on animals) and a Creole – English glossary. Illustrated by the author. A textbook for middle and high school level, for native speakers and learners of Haitian Creole. -- The purpose of this book is to allow greater access to those interested in Kreyòl and English. As a guide for speakers of both languages, it can be used for different purposes. – Following each story is a list of questions, vocabularies and expressions for exercises. There is also a section on illustrated Haitian proverbs dealing with animals, and finally a Kreyòl – English glossary that can be useful to English speakers…].

26.Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. [Tèks la nan fòma pdf]. 221 p. edisyon 2007. [Sikilè pou rechèch sou tèm nan. (A look at the problem of schools in Haiti). Abstrè : Abstract | Rezime anglè].

IV.
SA OTÈ A PANSE:

1. Li kont egoyis paske se youn nan pwazon ki nouri soudevlopman Ayiti. (Atik referans «Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen» (Selfishness, a virsus destroying the Haitian Community).

2. Li kwè nan devlopman Ayiti, epi l konsidere 7 pilye esansyèl sa yo pou ede devlopman sa a fèt rapidman:

(2.1) Agrikilti (devlopman l, a envestisman nan pwodiksyon agwo-alimantè). Atik referans:  «Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti». (jen 2004). ”Agriculture the first Target for Haiti's Development”. Boston Haitian Reporter, July 2004.
 
(2.2) Antreprenarya (oryante jèn yo pou panse vin antreprenè pandan yo lekòl [depi nivo elemantè, mwayen, e kontinye nan nivo segondè], e pou ide sa a ta antre nan pwogram oubyen korikilòm lekòl Ayiti. Nan menm liy d ide a, n ap ankouraje tout lekòl Ayiti panse sou sa, e kijan yo ka kòmanse enplante yon seri metye nan lekòl piblik e prive pou elèv yo ka fè pratik. Nou ka panse kreye tou sant (ki ta egziste nan chak komin) pou aprann diferan metye, dekwa pou kreye aktivite pou elèv yo. Nou mansyone a plizyè repriz kijan yo ka sèvi ak jou vandredi pou ta fè aktivite sa yo.

(2.3) Edikasyon (refòm ki dwe fèt nan sistèm edikasyon Ayiti ki akayik, ak nesesite pou gen yon edikasyon pratik, enpòtans pou Ayiti ta gade pwogram lekòl tèritwa Lafrans yo tankou Matinik, Gwadloup, Giyàn Fransèz, e nan (achipèl) Sechèl, korikilòm pwovens Kebèk (peyi Kanada), fè videyo ak yo kòm echantiyon pou fè seyans fòmasyon pou anseyan Ayiti, epi devlope tout yon bank done ak yo kòm resous an liy (ou sou entènèt la) pou ede tout anseyan Ayiti. Konsa, yo ka adapte yon korikilòm pratik e modèn pou Ayiti (soti nivo elemantè pou rive fen segondè).
 
(2.4) Elektrisite (nan tou fason l ka ede).

(2.5) Sante (pwogram, e asirans sante pou tout moun).

(2.6) Sekirite (pou tout moun pou yo fonksyone nòmalman nan aktivite yo, san pè, san krent).

(2.7) Wout (bon jan wout pou desantralize Ayiti rapidman pou devlopman l, pou devlopman komin yo, e pou devlopman touris lokal e entènasyonal).

3. Li kwè nan sa endividi a fè deja, men pa nan sa l pral fè ou konte fè (demen pa pou pesonn, e  kòm dikton an di, «Pa konte ze nan vant poul».

4. Li kwè nan konpetisyon (pa nan sans pou kraze sa lòt fè) men pou pwodui sa ki pi bon, e pou evite oubyen dekouraje medyokrite taye banda.

5. Li kwè nan travay sivik (kòman pou n edike, e ankouraje tout jèn patisipe nan travay sivik pou ede kominote, komin yo soti, e peyi yo), kòman sa pral ede yo develope lidèchip tou depi byen bonè. Atik referans: «Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti».

6. Li kwè nan travay endivyèl (pou aprann relve defi), e pou chak moun montre kapasite ou potansyèl li (egzanp travay lekòl, pran egzamen… paske se pa tout tan n ap ka konte sou moun ou travay ak lòt moun) e an menm tan, travay an ekip men ak moun ki pataje menm espri travay, e san medyokrite.

7. Li kwè nan travay o maksimòm (pou atenn yon objektif) san pale anpil, e san pèdi tan kritike moun (pou sa ki pa t fèt depi lontan). An Ayiti, pa egzanp politisyen e endividyèl plis pale, pase tan ap kritike olye y aprann kreye e relve defi, eseye fè sa ki pa fèt depi «x tan», olye y ap plenyen tout tan).

8. Li kwè nan yon edikasyon gratis ti cheri pou tout ti Ayisyen jiska fen segondè pou ede nan devlopman Ayiti tout bon, ak materyèl lekòl ka prete yo (kòmansman ane akademik lan an septanm, epi pou elèv ta remèt yo an jen (lè lekòl ap fèmen). Nou pa ka pale de devlopman Ayiti lè majorite Ayisyen analfabèt, lè pa gen lekòl gratis e obligatwa tout bon timoun (jiska yon sèten laj).
 
9. Li kwè nan yon edikasyon pratik (kote elèv la ka ede tèt li ak sa l apran lekòl. Li ka ede peyi l an retou, e komin kote l soti); metyelaboratwa nan lekòl yo; itilizasyon jou vandredi pou ta fè plizyè aktivite tèlke: vizite lòt rejyon Ayiti (pou konpare yo), vizite lye istoriklye touristik… e menm ale an Repiblik Dominikèn ak jèn yo pou konpare de peyi yo (e fè elèv yo pran konsyans sa k nesesè pou fè Ayiti); aktivite rebwazman (plante pyebwa), fè pepinyè pou rebwaze, e pou agrikilti. Atik referans: Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti (jen 2004). (Agriculture the first Target for Haiti's DevelopmentBoston Haitian Reporter, July 2004); Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environmental (What’s really needed to be done to reforest Haiti? :  Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?); Estrateji pou rebwaze Ayiti (Strategies to reforest Haiti : Stratégies pour reboiser Haiti); Kijan yon plant fèt (How a plants is made : Formation d'une plante); Dyalòg sou rebwazman an Ayiti (Dialog on reforestation in Haiti (Dialogue sur le reboisement en Haïti); Kèk plant kreyòl ak non yo an laten (Some Creole plants and their names in Latin : Quelques plantes créoles et leurs noms en latin); Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwiBon Nouvèl #352. 1999 (Haiti and the destruction of nature (pdf, 65 KB) : Haïti et la destruction de l'environnement); Ann pale de bwa ak fri Ayiti! (Ref. Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, pp. 160-180, Let's talk about trees and fruits in Haiti! : Parlons de bois et fruits en Haïti); Sezon sechrès Ayiti (woman peyizan).

10. Li renmen travay ak disiplin (responsablite, e angajman w pran pou fè yon travay, sa enpòtan, e li pou reflete karaktè w) nan tout sa n ap fè e ak transparans.

*

 Viré monté