A look at the problem of schools in Haiti:
comments and suggestions

(Emmanuel W. VEDRINE)

Dieudonné CEDOR
Dieudonné CEDOR, 1997. © Carrie Art Collection

Dear All: I finish working on the second edition my book, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti  (A look at the problem of schools in Haiti). Observing the problems that Haitian teachers have been facing, I have given away many copies of that book (to help educators, literacy centers, teachers, libraries both in Haiti and in the Diaspora). However, the first edition, published in 1994, is almost out of print and I am pretty sure that those who have read it or have not would have something to say about problems that Haitian schools have been facing. So, I would be more than happy if anyone can send their comments / suggestions on the theme for further research.

QUESTIONNAIRE - CIRCULAR

You may comment on the following:

  1. A (mandatory) Bachelor’s degree for teachers teaching at secondary level
  2. A curriculum that would reflect HAITI’S REALITY
  3. A (mandatory) Master’s degree for teachers teaching at university level
  4. A new method to teach (at all levels)
  5. Absence of labs in schools (for experimentation)
  6. Activities for students during summer vacations
  7. Annual budget of the Ministry of Education
  8. A (mandatory) Baccalaureate Diploma for teachers to teach at the elementary and middle school level
  9. Teachers’ bad behaviors
  10. Books for students in public schools (loan) and then return them at the end of the quarter, semester…
  11. Courses that would appear to be unnecessary in the school’s curriculum
  12. Curricula (in general): problems /suggestions (for improvement)
  13. Curricula of the PRIVATE vs. PUBLIC SCHOOLS
  14. For a solid linguistic policy in schools in Haiti
  15. For a synthesis of CURRICULA ( Haiti, USA, Japan, Canada, Cuba, France, etc.)
  16. Free workshops for all teachers in public schools (free and from time to time)
  17. The necessity to have a “PRACTICAL EDUCATION”
  18. Importance for a solid Teachers’ Union to protect and respect their rights
  19. Importance for all students of baccalaureate level (end of secondary school cycle) to participate in literacy campaign for one year.
  20. Importance for Haitian teachers’ togetherness (those in Haiti and in the Diaspora)
  21. Importance for the public schools (private also) to have FIELDTRIPS with students (throughout the country), including taking them to the Dominican Republic (to enable them to compare and contrast these neighboring countries)
  22. Importance for the public schools to use FRIDAYS to do different activities with students (including organizing fieldtrips with them throughout the country) instead of staying in the classroom.
  23. Importance to decentralize schools in Haiti (to be spread out instead of have most of then in urban areas)
  24. Importance to have computer labs at all levels (so that students can have internet access to do research)
  25. Importance to have free lunch in PUBLIC SCHOOLS (to help students get at least a meal, particularly those who can't afford it)
  26. Importance to import good pedagogical ideas from other countries (and see how they can be applied to Haiti)
  27. Lack of money to buy books
  28. Lack of resources (mention what type)
  29. Lack of space in public schools
  30. Linguistic approach in teaching in Haiti
  31. Long distance teaching (via the internet)
  32. Making it mandatory for teachers of all levels to conduct and publish research
  33. Necessity to establish a resource center in each schools
  34. Necessity to have a real CENTRAL LIBRARY, one that is well-equipped with documentation, and a computerized system
  35. Observing schools in the Caribbean areas (French Guyana, Guadeloupe, Martinique – to compare them with Haiti (in terms of what�s lacking in teaching methodology and applying the French-based curriculum)
  36. On students' punishment (and respecting their rights)
  37. Overload class size (public schools)
  38. Preparing (students) for STATE EXAMS
  39. Preparing teachers to teach (Teacher’s training and mandatory seminars)
  40. Private vs. public schools (general)
  41. Problem of too many schools concentrating in the country’s capital
  42. Problems with teaching methodology
  43. Reason why many students can’t go to school
  44. Teaching Materials (elementary, middle, secondary and college level)
  45. Teachers not well paid
  46. Teachers' Re-training (and it’s importance)
  47. The problem of MEMORIZATION vs. ASSIMILATION
  48. The role of French and Creole in schools in Haiti
  49. The role of the Minister of National education (to do a serious job)
  50. Transportation problem students are facing (throughout the country)

etc.

Thanks in advance!
E. W. VEDRINE

Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti:
kòmantè ak sijesyon

(Emmanuel W. VEDRINE)

Chè tout: Mwen fin travay sou dezyèm edisyon liv Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. Lè n obsève pwoblèm anseyan ayisyen ap konfwonte, mwen fè kado plizyè kopi liv sa a (pou ede edikatè, sant alfabetizasyon, anseyan, bibliyotèk Ayiti kou nan dyaspora a). Sepandan, premye edisyon an, ki te pibliye an 1994, prèske epuize e mwen si e sèten ke moun li oubyen potko li liv sa a ta byen renmen di kèk bagay sou pwoblèm lekòl Ayiti ap konfwonte. Donk, mwen ta trè kontan si nenpòt moun ta voye kòmantè /sijesyon yo ban mwen sou tèm nan pou plis rechèch.

KESYONÈ - SIKILÈ

Ou ka kòmante sou tèm sa yo:

  1. Yon (diplòm) lisans obligatwa pou anseyan nivo segondè
  2. Yon korikilòm ki ta reflete REYALITE AYITI
  3. Yon (diplòm) metriz (obligatwa) pou anseyan nivo siperyè (inivèsite)
  4. Yon nouvo metòd pou anseye (nan tout nivo)
  5. Absans laboratwa nan lekòl yo (pou fè esperimantasyon)
  6. Aktivite pou elèv (pandan gran vakans [vakans ete])
  7. Bidjè Anyèl Ministè Edikasyon Nasyonal
  8. Yon diplòm bakaloreya obligatwa pou anseyan nivo elemantè e mwayen
  9. Move konpòtman anseyan
  10. Liv pou elèv nan lekòl leta (ta prete) epi remèt yo nan fen trimès, semès la…
  11. Kou ki ta parèt nan korikilòm lekòl la ki pa ta nesesè
  12. Korikilòm (an jeneral): pwoblèm /sijesyon (pou amelyorasyon)
  13. Korikilòm lekòl PRIVE vs. lekòl PIBLIK
  14. Pou yon politik lengwistik solid nan lekòl Ayiti
  15. Pou yon sentèz KORIKILÒM ( Ayiti, USA, Japon, Kanada, Kiba, Frans, elt.)
  16. Atelye gratis pou anseyan nan lekòl leta (epi pou yo ta fèt tanzantan)
  17. Nesesite pou ta gen yon EDIKASYON PRATIK
  18. Enpòtans pou yon Sendika Anseyan ki solid pou pwoteje e respekte dwa yo
  19. Enpòtans pou tout elèv nivo bakaloreya (fen sik segondè a) ta patisipe nan kanpay alfabetizasyon pandan yon ane.
  20. Enpòtans tèt kole ant anseyan ayisyen (Ayiti e dyaspora)
  21. Enpòtans pou lekòl leta (lekòl prive tou) ta fè PWOMNAD ak elèv (atravè peyi a), enkli òganize pwomnad ak yo Sendomeng (pou yo ta kapab konpare 2 peyi sa yo ki pataje menm tè)
  22. Enpòtans pou lekòl leta yo ta itilize jou VANDREDI pou fè diferan aktivite ak elèv (enkli òganize pwomnad ak yo nan tout rakwen peyi a) olye pou yo ta rete nan saldeklas la ap fè jakorepèt.
  23. Enpòtans pou desantralize lekòl Ayiti (gaye yo olye pou yo rete konsantre nan milye iben)
  24. Enpòtans pou gen laboratwa òdinatè (konpwoutè) nan tout nivo (pou elèv ka gen aksè a entènèt la pou fè rechèch)
  25. Enpòtans pou ta gen kantin gratis nan LEKÒL PIBLIK yo (pou ede elèv jwenn omwen yon repa, patikilyèman sa yo ki pa kapab achte l)
  26. Enpòtans pou enpòte bon ide pedagojik ki sot nan lòt peyi (epi wè kijan yo kapab aplike Ayiti)
  27. Rate lajan pou achte liv
  28. Rate resous (mansyone ki tip)
  29. Rate espas nan lekòl leta
  30. Apwòch lengwistik pou anseye an(n) Ayiti
  31. Ansèyman long distans (via entènèt)
  32. Mete l obligatwa pou anseyan tout nivo kondui e pibliye rechèch
  33. Nesesite pou etabli yon sal resous (ti bibliyotèk) nan chak lekòl
  34. Nesesite pou ta genyen yon BIBLIYOTEK SANTRAL, youn ki byen ekipe ak dokimantasyon, e youn ki gen yon sistèm konpwoutarize
  35. Obsèvasyon lekòl nan zòn Karayib la (Giyàn Frnsèz, Gwadloup, Matinik – pou konpare yo ak Ayiti (an tèm kisa ki manke nan metòddansèyman epi aplikasyon korikolòm fransè a (peyi Lafrans)
  36. Sou pinisyon elèv (ak respè dwa yo)
  37. Klas ki twò chaje ak elèv (lekòl leta)
  38. Prepare (elèv) pou EGZAMEN OFISYÈL
  39. Prepare anseyan pou anseye (trening pou anseyan avèk seminè obligatwa)
  40. Lekòl prive vs. Lekòl leta (jeneral)
  41. Pwoblèm twòp lekòl ki konsantre nan kapital peyi a
  42. Pwoblèm avèk metòddansèyman
  43. Rezon poukisa elèv pa kapab al lekòl
  44. Materyèl Didaktik (nivo elemantè, mwayen, segondè e siperyè)
  45. Anseyan ki mal peye
  46. Resiklay Anseyan – trening pou yo ankò (ak enpòtans sa genyen)
  47. Pwoblèm ak BAT PAKÈ vs. ASIMILASYON
  48. Wòl fransè ak kreyòl nan lekòl Ayiti
  49. Wòl Ministè Edikasyon Nasyonal (pou fè yon travay serye)
  50. Pwoblèm transpòtasyon elèv ap konfwonte (tribòbabò nan peyi a)

elt.

Mèsi davans!
E. W. VEDRINE
 
Logo