Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Fraz ki an rapò ak Entèvyou Travay Photo Tele Kreyòl (Boston). Courtesy EDA & IVFOSENP.
|
English • French • Kreyòl • Español
Avril 2024
(•) ENTÈVYOU
- pèmèt – Yon entèvyou pèmèt yon anplwayè, yon rekritè (anbochè) oubyen manadjè k ap anboche aprann plis de ou kòm kandida pou yon travay.
- Yonrevèyak sonèt kapab regle sou lè tapan pou reveye ou.
- aplikasyon (pou) travay) – Ranpli yon aplikasyon pou travay la • Soumèt kandidati ou avan dat limit lan.
- Èske ou alèz pou travay ak lòt moun?
- W ap kondi? (Èske w gen aksè a yon machin (vwati)? • Ou ka kondi (Ou konn kondi?).
- (Èske) ou marye, selibatè, divòse oubyen separe?
- benfis -- Avèk travay la, w ap gen aksè a anpil avantay sosyal e a yon bon salè.
- meyè – Toujou eseye fè meyè ou kapab.
- pote (vin ak) – Vini ak omwen yon kopi rezime ou nan entèvyou a.
- ajan sant apèl – Yon anplwaye pwofesyonèl k ap opere liy telefòn anndan sant apèl la.
- Èske n ka rele ansyen anplwayèoubyen bòs (sipèvizè)?
- (Èske) ou ka jwenn woulib ak yon moun pou vin travay?
- (Èske) ou ka pale nou de ansyen travay ou?
- (Èske) ou ka itilize yon konpwoutè (òdinatè)? (Ou konn kijan pou itilize yon konpwoutè).
- (Èske) ou ka travay diferan orè (shif)?
- (Èske) ou ka travay an ekip (gwoup)?
- (Èske) ou ka travay ak lòt moun?
- cheminman karyè – cheminman karyè pou vin ajan konpayi an.
- ajan sant lan – Rele ajan sant lan pou diskite sou salè, e enfòmasyon ki lye a pòs ou kandida pou li a.
- kesyon difisil – Yo ka poze ou kesyon difisil pandan entèvyou a.
- chanje karyè – Pou kisa w ap chanje karyè?
- kontak – Yon rekritè ka kontakte ou pwochènman pou yon entèvyou apre ou fin soumèt kandidati ou.
- diplòm inivèsitè (asosye, bachelye, mastè, doktora) – Sèten travay ka mande ou yon diplòm inivèsitè.
- konpetans an kominikasyon – Sèten travay ka mande bon jan konpetans an kominikasyon.
- kouraj -- Kouraj pou kontinye se wout siksè.
- lèt motivasyon («cover letter») – Ou dwe ekri yon lèt motivasyon pou kèk travay.
- reprezantan kliyan – Kisa reprezantan kliyan kliyan fè?
- lach – Pa konpòte ou an lach ki gen lapèrè epi ki abandone, men konpòte tankou yon ewo.
- (Èske) ou te fè yon rechèch an liy pou travay sa a?
- (Èske) ou an li you te li apwopo travay sa a?
- (Èske) ou rele souvan pou di ou malad?
- (Èske) ou ale nan (yon) bibliyotèk souvan?
- (Èske) ou gen yon machin (vwati)? • Èske w gen aksè a yon machin?
- (Èske) ou gen yon konpwoutè (òdinatè) lakay ou?
- (Èske) ou gen lisans pou kondi?
- (Èske) ou gen yon rekòmandasyon pou travay sa a (tèlke yon moun te refere w, ki te pale ak ou de travay la)?
- (Èske) ou gen yon revèy ak sonèt (alam)?
- Ou pa gen oken kesyon? (Se kesyon yo toujou poze nan fen yon entèvyou).
- Ou gen pitit?
- (Èske) ou gen zanmi k ap travay pou konpayi sa a?
- (Èske) ou konnen kèk moun k ap travay pou konpayi sa a?
- (Èske) ou renmen travay ak lòt moun?
- (Èske) ou panse se yon travay ou pral renmen?
- (Èske) ou itilize yon konpwoutè (òdinatè) pou chache travay?
- Pa pè echèk.
- rèv – Rèv ou kapab bati brik pa brik.
- abiye konvenableman – Abiye konvenableman pou entèvyou travay trè enpòtan.
- anplwaye – Kòm yon nouvo anplwaye, ou ka pote konesans ou nan travay la.
- esplore cheminman karyè – Sèten konpetans tankou sèvis kliyan, konesans sèten aplikasyon, fonksonnman yon sòfwè (lojisyèl) sant apèl kapab ede yon kandida esplore pèspektif tou nèf nan karyè andedan yon konpayi.
- akeyi kliyan nan telefòn. (kominikasyon).
- (Èske) ou fè tip travay sa a avan (esperyans travay)?
- Men orè travay ou. (ki lè pou travay).
- ewo – Antan ewo, ou ka gen lapèrè, men ou pa abandone (ou pa lage sa).
- High School Diploma – Sèten travay ka mande Diplòm Etid Segondè.
- manadjè k ap anboche – Manadjè k ap anboche a rankontre kandida pou travay la.
- Kijan w ap vin travay (pa ki mwayen transpò?).
- Kijan w te tande pale de travay sa a? (an liy, nan bouch yon zanmi, nan jounal).
- Kijan w te tande pale de konpayi an?
- Kijan w konpòte w ak kolèg travay ou? (moun w ap travay ak yo).
- Kijan w defini siksè? (Kisa siksè ye pou ou? • Kijan w wè siksè? • Gen siksè, kisa sa vle di ou? Defini siksè nan pwòp mo pa w).
- Kijan w jere estrès? • jesyon estrès.
- Depi konbyen tan w ap kondi? (konbyen semèn, mwa, ane…).
- Depi konbyen tan ou nan peyi sa a? (konbyen semèn, mwa, ane…).
- Depi konbyen tan ou abite nan adrès sa a?
- Konbyen pitit ou genyen?
- Chak ki lè ou itilize konpwoutè (òdinatè)?
- Ki laj ou kounyeya? (Mwen gen … an).
- Kijan w ta reyaji vizavi move konpòtman yon kliyan?
- M ap achte yon machin nèf byento.
- M ap kondi.
- M ap pran woulib ak yon moun (mwayen transpòtasyon).
- M ap pran otobis pou al travay. (mwayen transpòtasyon).
- M ap pran tren pou al travay. (mwayen transpòtasyon).
- Mwen santi m malad jodiya. Mwen pral lakay (kite travay bonè pou yon bi).
- Mwen gen yon randevou medikal. (randevou).
- Mwen gen yon pitit (yon gason, yon fi).
- Fò m ale lopital.
- Fò m wè yon doktè • Fò m wè doktè m lòt semèn.
- Mwen gen de pitit.
- Mwen lwe yon machin.
- Mwen fèt 14 janvye. (Dat nesans mwen 14 janvye).
- M ap absan nan travay lendi. (Mwen p ap nan travay lendi).
- M pral eseye fè m sa m kapab pou fè travay la byen.
- Si yo anboche m (pran m nan travay la), ki orè m ap genyen?
- Si ou malad, ou p ap ka vin travay.
- An ka ijans, kilès pou yo rele? (ki moun pou m rele?).
- ranvèse (nòkawout) -- Yo ka ranvèse w, men eseye leve imedyatman.
- reta – Pa janm an reta pou yon entèvyou. Toujou eseye (rive) a lè.
- papye legal – Èske ou gen papye legal pou travay?
- Fè n konnen ki lè w ap retounen travay.
- Pa janm abandone! Pèsiste nan travay w ap chache.
- Pa janm abandone! Fokis sou kous ou pou viktwa.
- opòtinite – Yo pa parèt, men ou kreye yo.
- opòtinite kapab nan mitan difikilte.
- optimis -- Optimis ou kapab mennen nan reyisit.
- pèsistans – Avèk pèsistans, ou ka akonpli nenpòt bagay.
- konpetans pwofesyonèl – Konpayi an montre enterè nan professional skillsou e nan edikasyon. • konpetans pwofesyonèl ouede w jwenn travay la.
- ponktyalite– Toujou eseye rive nan travay a lè. Si w ap rive an reta pou yon rezon, rele patwon oubyen sipèvizè ou.
- rekritè pou travay la -- Èske rekritè yo ap chèche kandida (pou travay la)?
- règleman– Gen règleman ak lwa pou kèk pozisyon.
- rezime – Asire w ke rezime ou egzat.
- rezime – Rezime ki santre sou konpetans • Revize byen rezime ou ki santre sou konpetans avan ou soumèt li.
- konpetans nan vann – Sèten travay mande konpetans nan vann.
- konsyan nan tèt ou -- Sonje konsyan nan tèt ou se yon kle enpòtan pou siksè.
- konpetans – Fè yon lis konpetans ou genyen.
- chemen kouthort pou siksè se pèsistans.
- Konpetans nan lojisyèl (sòfwè) – Sèten travay mande konpetans nan sòfwèofware (lojisyèl) • Videyo.
- estope – Osilontan ou pa estope, ou ka ale lantman.
- sipò teknik pou bay kliyan yon (asistans teknik).
- Pale nou de edikasyon ou.
- Pale nou de esperyans travay ou. (esperyans pwofesyonèl).
- Mèsi pou apèl ou.
- Dènye etap rechèch travay ou. • Videyo.
- Pozisyon sa a ouvè.
- lè – Toujou (rive) a lè pou yon entèvyou. (pa rive an reta).
- Avantire nan enkoni (sa w pa konnen) • Videyo.
- Sesyon fòmasyon kapab itil pou ranfòse konesans dekwa pou gen plis nan yon travay patikilye.
- Fè tèt ou konfyans, epi kwè nan sa ou ka fè.
- N ap rele w avan lontan.
- N ap rele w lè gen yon ouvèti.
- Ki objektif ou yo? (Kisa w vle atenn?).
- Ki jou ou lib?
- Kisa w renmen apwopo travay sa a?
- Ki esperyans ou genyen? (esperyans avan).
- Ki tip konpetans ou genyen? (sa w konnen, sa w ka fè).
- Ki tip travay ou t ap fè avan?
- Ki tip travay ou t ap fè nan peyi w?
- Kisa ki motive w pou travay sa a? • Videyo.
- Ki pozisyon ki ouvè?
- Ki orè (chif) ou ka travay?
- Kòman orè m pral ye (ki orè m ap genyen)?
- Kisa w pral pote a konpayi an? (kontribisyon konesans)
- Kijan kilti konpayi an ye? • Videyo.
- Ki pi wo grad ou konplete lekòl?
- Ki prenon ou?
- Ki pi gran akonplisman (reyisit ou)?
- Ki siyati ou?
- Kisa w ap atann kòm salè?
- Ki fòs ou (ki sa k fè fòs ou)?
- Ki feblès ou (kisa k fè feblès ou)?
- Ki lè ou ka kòmanse travay? (nenpòt lè, anytime, osito posib, nan de jou, nan de semèn, lòt mwa, semèn pwochèn, kounyeya, demen, lè ou vle m kòmanse).
- Kilè w rele travay pou di ou malad?
- Kilè anivèsè ou?
- Kilè ou fèt? (Ki dat nesans ou)?
- Kilès ki refere w a konpayi sa a? (referans konpayi).
- Kilès ki refere w a travay sa a? (referans travay).
- Pou kisa w te kite ansyen (oubyen dènye) travay ou?
- Pou kisa w ta rele pou di ou malad?
- Pou kisa w ta rele patwon ou?
- Gen yon bagay ou pral aprann chak fwa ou echwe, men pa janm abandone (pa janm lage sa nèt).
* * *
ANNEXED TEXTS : TÈKS ANEKSE
LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gap. Boston Haitian Reporter.
OXINÉ, Bonel. Invitation to a conference series centered on Haitian Diaspora experience and careers : Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora (EDA & IVFOSENP).
VEDRINE, Emmannuel W.
--.Bilingual Education in Haiti: Theory and Practice | Edikasyon Bileng Ayiti: Teyori e Pratik.
--.Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
--.Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole. [Conference].
--.Civic Duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti.
--.Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms by Emmanuel W. Védrine and research on Haitian creole lexicology.
--.E. W. Védrine: E.S.L Lessons. (Anglè kòm Dezyèm Lang).
--.Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers.
[Summary • Rezime • Sommaire • Resumen • Zusammenfassung].
--.English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: anglè – kreyòl.
--.Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt.
--.Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
--.Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora.
--.Fifty (50) phrases related to canals for agriculture in Haiti.
--.Geography, Environnement, Flora & Fauna : Jewografi, Anviwonnman, Flòr & Fòn. [Teaching materials.
--.Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. Boston: E. W. Védrine Creole Project. 354 pages. in Haitian Creole, English & for Haitian Bilingual Programs].
--.INSMINOGEC (Institution Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes) – Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs in Haiti (courtesy E. W. Védrine Creole Project).
--.Jojo’s Guesthouse in Curacao : an interview with the owner (Josias Joseph).
--.Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora [Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.
--.Open your eyes, Haitians ! : Ouvè je w, Ayisyen!
--.Orientation Training for Haitian students coming to the United States.
--.Orientation training for Students and Teachers : Seyans fòmasyon pou etidyan, pwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
--.Orientation training for students and teachers : Seyans fòmasyon pou etidyan, pwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
--.Orientation Training on Library and its importance for youth to do educational and community activities : Seyans oryantasyon sou Bibliyotèk, e enpòtans li pou lajenès fè yon seri aktive edikatif e kominotè.
--.Orientation training to help young Haitians see better : Seyans oryantasyon pou ede jèn ayisyen Ayiti wè klè.
--.Premye etap avèk yon òdinatè. (First step with computers, manual). Eastern Digital Resources.
--.Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti : Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
--.Retorik an kreyòl Ayisyen, tèks: Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
--.Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen : What you can do for Haiti today, don’t put off for tomorrow).
--.Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
--.Seminar on biography, autobiography, and memoir : Seyans oryantasyon sou Biyografi, Otobiyografi, Memwa.
--.Seminar on marriage : Seminè sou maryaj • Lecture on Marriage.
--.Seminar on translation to help Haitian students in Haiti and Diaspora : Seminè sou tradiksyon pou ede etidyan ayisyen Ayiti e diaspora.
--.Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen (Formation Training to motivate Haitians).
--.Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela) • Questions on the 10 (ten) chapters : Kesyon sou 10 chapit yo : Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos.
--.Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions, 224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a]. [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994.
--.Soup Endepandans Ayiti : Haiti’s Independence Soup.
--.Teaching materials for schools in Haiti : Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
--.Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
--.The situation of deaf and mute people in Haiti, an interview with Marky Norde : Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti, yon entèvyou ak Marky Norde. [with versions in • English • Français • Kreyòl • Español • Deutsch].
--.Trades, Professions, Careers: orientation training for Haitian students in Haiti | Metye, Pwofesyon, Karyè: seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen Ayiti.
--.Twenty points in our resolution for 2023 : Ven pwen nan rezolisyon nou pou 2023.
--.Working harder to bridge the generation gap. Boston Haitian Reporter.
--.Seventy-five (75) Years of Research & Publications on Haitian Creole (Kreyol).
* * *
RESEARCH NOTE : NÒT POU RECHÈCH
(•) Bilingual education in Haitian Creole-French, Creole–English : Edikasyon bileng an kreyòl ayisyen– fransè–anglè (•) Bilingual Lesson Pan Model : Modèl Plan Leson Bileng (•) Creole linguistics : Lengwistik kreyòl (•) Creole Literacy Projects : Pwojè Alfabetizasyon Kreyòl (•) Creole Philology : Filoloji Kreyòl (•) Database in Haitian Creole : Bank Done an Kreyòl Ayisyen (•) Developing teaching Materials for Haitian Bilingual Programs : Devlopman Materyèl Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Dictionaries on Haitian Creole : Diksyonè sou Kreyòl Ayisyen (•) Dictionary and Glossary Projects : Pwojè Diksyonè e Leksik (•) Documents for Training Sessions for Haitian Lexicographers : Dokiman pou fè Seyans Fòmasyon pou Leksikograf Ayisyen (•) Educational Material in English and Haitian Creole for schools in Haiti : Materyèl Edikatif an Anglè e an Kreyòl Ayisyen pou Lekòl Ayiti (•) Educational Materials for Haitian Teachers’ Training : Materyèl Edikatif an anglè pou Fòmasyon Anseyan Ayisyen (•) Educational Resources, Training and Orientation Sessions for Haitian Teachers : Resous Edikatif, Trening e Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen (•) French based Creoles : Kreyòl a baz fransè (•) Haitian Creole Lexicon : Leksik Kreyòl Ayisyen (•) Haiti, Linguistic Planning (Amenagement Linguistique) : Ayiti, amenajman lengwistik (•) Materials for Long distance tutoring for learners of Haitian Creole : Materyèl pou bay leson patikilye long distans pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (•) Orientating Haitian Teachers : Oryante pou Anseyan Ayisyen (•) Seminars for Haitian Teachers on Teaching Materials : Seminè sou Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Anseyan Ayisyen (•) Stragies to develop Teaching Material Models in Haitian Creole (Kreyòl) : Estrateji pou devlope modèl materyèl didaktik / pedagojik an Kreyòl Ayisyen (•) Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs : Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Teaching Materials in Haitian Creole (Kreyòl) for learners of the language (beginning, intermediate and advance level) : Materyèl Pedagojik an kreyòl pou moun k ap aprann lang nan (nivo debitan, entèmedyè e avanse).
* * *
Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA
*