Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Larezone nan bòl soup chak ane

Emmanuel W. VEDRINE

Larezone nan bòl soup chak ane

Védrine Creole Project. 2026. Soup joumouu (soupe au giroman: squash soup, “freedom soup”,
Haitian traditional dish served on January 1st to commemorate Haiti’s Independence Day).

EnglishFrancaisKreyòlEspañol

Alfabetize moun ki pa ka li ak ekri nan kominote w
Aplike sajès nan tout bagay
Aprann envesti pou miltipliye richès
Aprann omwen 3, 4 metye ak lang etranje
Aprann pataje, sa gen gran enpòtans pou limanite
Avanse! Pa pèdi tan w ak moun ki pa vle bouje
Dekonekte w ak tout machann tripotay
Dòmi mwens pou ka travay plis
Ede devlope komin ou soti
Ede lòt moun pou beni plis.
Sispann fè egoyis!
Ede nan devlopman peyi w nan fason w kapab
Ekonomize pou toujou genyen
Èske w ap di bòn ane chak ane, epi anyen pa janm chanje?
Èske w se yon lidè pozitif lòt moun ta remake?
travay volontè nan komin ou soti
Gen fyète nan tout sa w ka kreye
Gen plis benediksyon pou moun k ap bay ke moun k ap resevwa
Kenbe dyanm pou pa demaye nan chèn lafwa
Kenbe sante w dyanm, se Bonde ki bay li
Ki kote w ale an vakans ak fanmi w chak ane?
Ki valè tan w pase ak fanmi w?
Kijan w montre lanmou pwochen*?
Kisa w aprann de erè w te fè ane pase?
Kisa w aprann nan lekòl lavi pou ede lòt moun avanse?
Kisa w fè ak entelijans ou pou kreye, ede?
Kisa w fè nan kapasite w pou ede, kreye?
Kisa w konnen pou fè lajan pou pa tounen mandyan?
Kisa zòt di de ou kòm temwayaj?
Konekte w ak moun serye pou avanse
Kreye sa k pa t egziste
Lokalize atraksyon touristik nan komin ou ye
Mande tout tan se metye parese
Montre respè pou tout moun, tout kote
Konnen 3 metye avan w kouri al marye
Aprann 3 metye avan w kouri al nan inivèsite
Patisipe nan fè  kanal, rebwazman, devlopman peyi w
Rete nan pye Bondye kèlkeswa jan sikonstans yo ye
Travay an konbit pou reyalize anpil ti pwojè
Travay di ane sa a si w pa t fè sa ane pase.

(Ref. Collection / Koleksyon «Kri pou liberasyon : Cry for liberation». © E. W. Védrine. 1e Janvye 2026 : January 1, 2026). * Note: «Lanmou pwochen». Wè Mak 12: 31. «Men dezyèm kòmandman (pi enpòtan) an: Se pou renmen pwochen w (frè pwochen w) tankou w renmen pwòp tèt ou.

*

TÈKS ANEKSE : ANNEXED TEXTS

(Zèv Powetik E. W. Védrine Poetic Works)

(Zèv Powetik E. W. VÉDRINE Poetic Works)

BIYOGRAFI OTÈ A.

(•) Alarive kanal! Alarive yon lòt Ayiti!. (There go canals! There goes another Haiti!).

(•) Alfabè Jenès Rabòday : The Rabòday Alphabet.

(•) Ayiti, bon konba 2025!Haiti, good luck in 2025!.

(•). COLLECTION OF PUBLISHED POEMS. (In periodicals, anthologies and books).

(•) Diskou yon kandida tafyatè. (Speech of a drunkard).

(•). Dezyèm Endepandans • Second Independence • Segunda Independencia.

(•) KANAVAL APK, KPK 2024.

(•). KOZE LANMOU (Volume I, poetry collection).

(•). KOZE LANMOU (Volume II, poetry collection).

(•). Kreyòl se lang ki towo a (poetry) Kreyol is commander-in-chief.

(•). «POETRY COLLECTION».

(•). Ouvè je w, Ayisyen ! • Open your eyes, Haitians!

(•). POETRY IN HAITIAN CREOLE. 75 p.

(•). Pwoteje enterè Ayiti : Protect Haiti’s interests!

(•). Se kreyòl mwen pale (I speak Creole). Kreyòl Connection. 1997. [Ref. in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, a review of publications from colonial times to 2000,  pp. 505].

(•). Si m te, m ta...  (If I were, I would).

(•) Si w renmen Ayiti … • Si vous aimez Haϊti … • If you love Haiti … • Si amas a Haití … • Si bo ta stima Haiti …

(•). Tande kri peyizan yo! (Listen to the peasants’ cry), © E. W. Védrine. Ref. in (novel) Sezon Sechrès Ayiti.

(•). The Butios have promised victory.

(•). «TI POWÈM AYISYEN OKTOSILAB». [Poetry collection -- A collection of short octosyllable poems in Haitian Creole with two stanza and eight syllables per verse and eight lines (total); published in the Tanbou (Haitian cultural magazine in Boston) and also appears in newspapers... Some  of the titles include: [•] Pòv k ap mande nan Pòtoprens : Beggars in Port-au-Prince. In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 274 [•] Peripesi yon ti Pèp Nwa : Hardships of a small Black Nation [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003, pp. 577] [•] Oktosilab pou Alfred Largange : Octosyllable for the late Alfred Largange) [•] Mòtorat : Rat poison. Haïti en Marche. Vol. XI, #2, fev. 1997 [•] Lomeyans pou Mapou : In praise of Jan Mapou, in Haïti en Marche. Vol. XI, #1 [•] Lanmou se yon fri san sezon : Love, a fruit with no season].

(•). 23 POÈMES EN FRANÇAIS ET EN HAÏTIEN 23 POEMS IN FRENCH AND HAITIAN CREOLE. Titles include: 1 • «Afrika oh! Afrika oh! : Afrika! Afrika». 2 • «Au bord de l'Océan : Bò Oseyan an». 3 • «Ce que tu dois savoir : Sa ou dwe konnen»4 • «Dans la Forêt Noire : Nan Forè Nwa : In the Black Forest : Im Scharzen Wald». 5 • «Dans le Parc : Nan Pak la». 6 • «Europe et Espagne : Ewòp ak Espay». 7 • «Les deux Ponts : Pon Nèf ak Pon Women». 8 • «Le voyageur : Vwayajè». 9 • «L'enfant et sa mère adoptive : Pitit ak manman adoktif li».  10 • «L'existence et la puissance de l'amour :Ekzistans ak puisans lanmou (Kat lèt : Four letters. 11 • «L'Alpha et L'Omega : Premye ak Dènye». 12 • «L'Haïtien et le Chinois : Ayisyen ak Chinwa». 13  «L'Haïtien, un metis : Ayisyen, yon metis». 14   «L'Oiseau et le printemps : Zwazo ak prentan. 15 • «Où se trouve Haïti? : Ki kote Ayiti ye?». 16 • «Qui vous êtes : Kisa ou ye: Quem é você? : Who you are». 17  «Salamanca : Salamank». 18 • «Saison rouge : Sezon wouj19  «Souvenir : Souvni». 20 • «Souvenir de Vienne : Souvni k sot Vyèn»21 • «Trente ans emprisonné : Trantan anprizone». 22 • «Un temoin : Yon temwen». 23 • «Vive les vacances!  : Viv vakans!».

* * *

Koutwazi : Courtesy

E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté