Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Alarive kanal! Alarive yon lòt Ayiti!

Emmanuel W. Védrine

(Courtesy EDA & INFOSENP)

Alarive Bondye devan nan tout bagay!
Alarive ab fritye tout kote Ayiti!
Alarive agrikilti pou devlopman Ayiti!
Alarive aksyon pou ede Ayiti avanse!
Alarive antere negativite pou n avanse!
Alarive Ayisyen ki kanpe pou chanjman!
Alarive Ayisyen ki kwè nan devlopman Ayiti!
Alarive Ayisyen konsekan k ap travay ansanm!
Alarive baraj dlo plizyè kote Ayiti!
Alarive bèl forè Ayiti pou pwoteje anviwonnman!
Alarive bèl wout nan tout komin pou touris ak komès!
Alarive bibliyotèk nan tout komin pou ede elèv!
Alarive delivrans Ayiti!
Alarive devlopman Ayiti!
Alarive devlopman komin yo!
Alarive dyaspora konsekan k ap ede Ayiti!
Alarive EDA (Esperyans Dyaspora Ayisyen)!
Alarive edikasyon pratik pou ede Ayiti!
Alarive elektrisite tout kote!
Alarive enfrastrikti pou devlopman!
Alarive fyète pèp ayisyen!
Alarive irigasyon!
Alarive je pèp ayisyen klere jodiya!
Alarive jou vandredi pou yon edikasyon pratik!
Alarive kanal!
Alarive kanal diyite!
Alarive kanal lespri pèp ayisyen k ap debouche!
Alarive kanal nan tout komin!
Alarive konbit pou Ayiti avanse!
Alarive konsyantizasyon pèp ayisyen!
Alarive kòve tout kote!
Alarive kreyasyon sa nou bezwen!
Alarive lajenès k ap ede Ayiti!
Alarive lekòl gratis nan tout komin!
Alarive liberasyon Ayiti sou tout fòm!
Alarive liberasyon pèp ayisyen!
Alarive mache kouvri nan tout komin!
Alarive manje tout kote pou pèp ayisyen!
Alarive metye nan tout lekòl pou ede jèn yo!
Alarive n ap aprann pwodui sa nou bezwen!
Alarive nou konnen ènmi pèp ayisyen!
Alarive nou konnen zanmi pèp ayisyen!
Alarive patriyòt k ap travay nan kanal la!
Alarive pèp ayisyen ki idantifye tout magouyè!
Alarive Pitit Dessalines k ap solidarize pou sa chanje!
Alarive pò e ayewopò nan diferan depatman Ayiti!
Alarive pwojè devlopman nan tout komin!
Alarive pwoteksyon anviwonnman!
Alarive rebwazman tout kote Ayiti!
Alarive resous imèn dyaspora pou ede Ayiti!
Alarive Rivyè Masak!
Alarive sa kanal Wanament lan senbolize!
Alarive sekirite pou tout Ayisyen!
Alarive seyans fòmasyon-oryantasyon pou Ayisyen!
Alarive solidarite dirab ant Ayisyen Ayiti e Ayisyen Dyaspora!
Alarive teknisyen ayisyen konsekan pou ede Ayiti!
Alarive tèt ansanm Ayisyen Ayiti e Ayisyen dyaspora!
Alarive travay ansanm ak dyaspora pou ede Ayiti!
Alarive travay sivik nan tout komin!
Alarive Wanament!
Alarive yon lòt Ayiti!

Koleksyon «Kri pou liberasyon».
8 oktòb 2023. © E. W. Védrine
Creole Project. USA.

*

 Viré monté