Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Si w renmen Ayiti …

Emmanuel W. Védrine

Photo (Collage by Jean Rosvelt Meraite IVFOSENP & EDA).

AUDIO : ODYO

EnglishEspañolFrançaisKreyòlPapiamento

Ou pa ka egoyis, wè tèt ou sèlman
Ou pa ka eseye bloke oken pwojè devlopmanHaiti: 1805 Constitution
Ou pa ka fonksyone kòm espyon peyi etranje
Ou pa ka fonksyone kòm trèt pou nasyon ou
Ou pa ka nan konplote pou asasine prezidan
Ou pa ka rayi devlopman k ap fèt
Ou pa ka renmen koripsyon, magouy, rakèt
Si w ap panse pou Ayiti demen, panse a tout sa ki bon
Si w renmen Ayiti, ou dwe ede devlope komin ou soti
Si w renmen Ayiti, ou pa ka bloke dyaspora k ap bay Ayiti lebra
Si w renmen Ayiti, ou pa ka fè vi w ap kritike san jamè kreye
Si w renmen Ayiti, ou pa ka nan kidnape, kreye ensekirite
Si w renmen Ayiti, ou pa ka nan konplote pou kraze sa ki bon
Si w renmen Ayiti, ou pa ka renmen fatra men pwòpte
Si w renmen Ayiti, ou pa ka tyoul peyi etranje
Si w renmen Ayiti, ou pa ka vann tè Papa Dessalines nan ak etranje
Si w renmen Ayiti, ou pa ka yon parese k ap grate-santi
Si w renmen Ayiti, w ap renmen devlope lidèchip efikas pou avanse
Si w renmen Ayiti, w ap renmen fè travay sivik e benevola
Si w renmen Ayiti, w ap renmen fonksyone nan disiplin e entegrite
Si w renmen Ayiti, w ap renmen travay an konbit, youn ede lòt
Si w renmen Ayiti, w ap renmen travay pou devlope fyète
Si w renmen Ayiti, w ap renmen wè bèl pò ak ayewopò pou touris debake
Si w renmen Ayiti, w ap renmen wè bèl pon, wout tout kote
Si w renmen Ayiti, w ap renmen wè bèl pwogram pou ede oryante lajenès
Si w renmen Ayiti, w ap renmen wè bèl wout pou desantralize peyi w,
w ap renmen wè bèlte tout kote
Si w renmen Ayiti, w ap renmen wè devlopman, enfrastrikti ki dwe fèt
Si w renmen Ayiti, w ap toujou panse nan tout fason ou kapab ede
Si w renmen Ayiti, w ap wè l nòmal pou travay di pou kontribye
Si w se palmantè, ou pa ka bloke pwojè lwa pou devlopman,
yo pa dwe peye w anba tab pou vote lwa k ap ede Ayiti avanse
W ap renmen wè devlopman nan tout nivo
W ap renmen wè elektrisite blayi tout kote
W ap renmen wè kanal pou awoze tè tout kote pou Ayisyen jwenn manje
W ap renmen wè kanmpous inivèsitè nan chak depatman
W ap renmen wè lekòl gratis e obligatwa pou timoun tout kote
W ap renmen wè pwojè agrikilti, rebwazman e pwoteksyon anviwonnman
W ap renmen wè yon lame dyanm pou sekirize Ayiti pou tout moun evakye san kè kase lè yo vle.

(Ref. Koleksyon: «Kri pou liberasyon». © Emmanuel W. Védrine, 15 jiyè 2025).

ANNEXED TEXTS : TÈKS ANEKSE

(Zèv Powetik E. W. Védrine• KòmantèBiyografi)

(•). COLLECTION OF PUBLISHED POEMS. (In periodicals, anthologies and books).
(•). Dezyèm Endepandans • Second Independence • Segunda Independencia.
(•). KOZE LANMOU (Volume I, poetry collection).
(•). KOZE LANMOU (Volume II, poetry collection).
(•). Kreyòl se lang ki towo a (poetry) Kreyol is commander-in-chief.
(•). «POETRY COLLECTION».
(•). POETRY IN HAITIAN CREOLE. 75 p.
(•). Se kreyòl mwen pale (I speak Creole). Kreyòl Connection. 1997. [Ref. in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, a review of publications from colonial times to 2000,  pp. 505].
(•). Si m te, m ta...  (If I were, I would).
(•). Tande kri peyizan yo! (Listen to the peasants’ cry), © E. W. Védrine. Ref. in (novel : woman : novela) Sezon Sechrès Ayiti.
(•). The Butios have promised victory.
(•). «TI POWÈM AYISYEN OKTOSILAB». [Poetry collection -- A collection of short octosyllable poems in Haitian Creole with two stanza and eight syllables per verse and eight lines (total); published in the Tanbou (Haitian cultural magazine in Boston) and also appears in newspapers... Some  of the titles include: [•] Pòv k ap mande nan Pòtoprens : Beggars in Port-au-Prince. In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 274 [•] Peripesi yon ti Pèp Nwa : Hardships of a small Black Nation [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003, pp. 577] [•] Oktosilab pou Alfred Largange : Octosyllable for the late Alfred Largange) [•] Mòtorat : Rat poison. Haïti en Marche. Vol. XI, #2, fev. 1997 [•] Lomeyans pou Mapou : In praise of Jan Mapou, in Haïti en Marche. Vol. XI, #1 [•] Lanmou se yon fri san sezon : Love, a fruit with no season].
(•). 23 POÈMES EN FRANÇAIS ET EN HAÏTIEN 23 POEMS IN FRENCH AND HAITIAN CREOLE. Titles include: 1 • «Afrika oh! Afrika oh! : Afrika! Afrika». 2 • «Au bord de l'Océan : Bò Oseyan an». 3 • «Ce que tu dois savoir : Sa ou dwe konnen»4 • «Dans la Forêt Noire : Nan Forè Nwa : In the Black Forest : Im Scharzen Wald». 5 • «Dans le Parc : Nan Pak la». 6 • «Europe et Espagne : Ewòp ak Espay». 7 • «Les deux Ponts : Pon Nèf ak Pon Women». 8 • «Le voyageur : Vwayajè». 9 • «L'enfant et sa mère adoptive : Pitit ak manman adoktif li».  10 • «L'existence et la puissance de l'amour :Ekzistans ak puisans lanmou (Kat lèt : Four letters. 11 •«L'Alpha et L'Omega : Premye ak dènye». 12 • «L'Haïtien et le Chinois : Ayisyen ak Chinwa». 13  «L'Haïtien, un metis : Ayisyen, yon metis». 14   «L'Oiseau et le printemps : Zwazo ak prentan. 15 • «Où se trouve Haïti? : Ki kote Ayiti ye?». 16 • «Qui vous êtes : Kisa ou ye: Quem é você? : Who you are». 17  «Salamanca : Salamank». 18 • «Saison rouge : Sezon wouj19  «Souvenir : Souvni». 20 • «Souvenir de Vienne : Souvni k sot Vyèn»21 • «Trente ans emprisonné : Trantan anprizone». 22 • «Un temoin : Yon temwen». 23 • «Vive les vacances!  : Viv vakans!».

* * *

Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté