Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Èske moun nwa pral kontinye pale de rasis san ale vè lavan?

Emmanuel W. Védrine

Photo: courtesy Elie Valcin of L’Asile City

mizajou 6 me 2020

English •  FrançaisKreyòlEspañol

Nou pa ka nye reyalite rasis la. Se yon fè nan sosyete a. Pou nou menm k ap viv Etanini, an patikilye, nou wè twòp egzanp konkrè l de tanzantan. Omwen nou ka ekri sou verite sa a pou yon prizkonsyans, e edike tout moun konsènan sijè enpòtan sa a. Nou tout te kreye egal-ego.

Nan yon premye volè, tit atik sa a se yon kesyon ki ta sible moun nwa sou planèt sa a an jeneral. Bi li se ta reveye konsyans yo pou aprann deside pou tèt yo. Donk, li enposib pou n ta kite devlopman lidèchip efikas dèyè, nan tout kominote (e kèlkeswa gwoup etnik yo ta apateni). Nan yon lòt volè, se pou ta reveye konsyans Ayisyen, kòm gwoup etnik k ap viv Etazini, kote yo gen opòtinite travay, al lekòl, aprann yon metye oubyen pwofesyon, epi travay yo dwe fè nan kominote yo, pou rann li youn ki vibran.

An patan, li enpòtan pou n anbrase edikasyon, al lekòl pou aprann plizyè metye e pwofesyon, ale pran seyans fòmasyon(nan plizè domèn), siveye etid timoun yo (egz., sa yo dwe konnen nan korikilòm oubyen pwogram lekòl y ale (soti tèl klas pou rive tèl klas oubyen nivo). Nou dwe konnen pwogram esansyèl yo dwe konplete (nan nivo elemantè, mwayen, e segondè) kòm edikasyon de baz yo bezwen. Si yo ta rate pwogram de baz sa yo apre yo konplete high school, enben se tankou yon bilding k ap konstwi san yon baz solid pou kenbe pwa l. L ap vide avan lontan.

(Anpil) moun nwa ta pase plis tan ap pale de rasis blan (byenke n konnen se pa tout blan ki rasis). Nan blame blan pou sò yo, olye yo ta pran yon lòt direksyon (ak konsyans) ke pwoblèm yo p ap solisyone.  Y ap fè fas ak anpil pwoblèm depi lontan nan kominote yo. Pafwa lidè lokal yo konn pa adrese pwoblèm yo; yo pa met anfaz sou yo pou reveye konsyans moun yo.

Wi, nou pa kapab nye reyalite rasis la. Se yon fè nan sosyete a. Nou menm, an patikilye, k ap viv Etazini, nou konnen kijan bagay yo ye. Nou kapab bay kèk egzanp pi ba:

  1. Abi kèk polis blan ap fè moun nwa. Nou fatige wè evidans sa yo atravè videyo ki sikile sou rezo sosyal yo, e nan medya a.
     
  2. Yo konn voye boutèy dèyè moun nwa (si y ap pase nan kèk zòn, swa apye oubyen nan machin, e yo  pa ta familye ak yo).
     
  3. Esperyans rasis moun nwa ka konn esperyanse nan travay ak kèk spèvizè ki chèche tout mwayen pou ba yo pwoblèm, tèlke anpeche yo pran pwomosyon.
     
  4. Lekòl y ale, kote (kèk) pwofesè konn domaje nòt yo dekwa pou ta efekte «mwayèn»yo pou pèdi bousdetid yo.
     
  5. Nan sèten zòn kote, yo ta rele polis si yo wè yon moun nwa ap mache nan katye a.

Nou pa ka nye reyalite sa a, e nou pa dwe kite l rann nou paranòy nonplis. Okontrè, se lè sa a pou n pran konsyans de nou menm, pou n solidarize ak lòt gwoup moun k ap ede nou (kèlkeswa ras, ou etnisite yo). Nou ka aprann de esperyans lòt, e chemen yo te fè pou rive kòm imigran. Yon fwa ou konprann yon pwoblèm, ou ka travay sou solisyon l tou.

Konbyen tan moun nwa pase nan fè egzamen konsyans de yo menm (an tèm lidèchip, mantalite yo an jeneral ki ka bezwen chanje)? Yo dwe panse sou pwodiksyon (sa yo bezwen pwodui nan sosyete a), solidarite antre yo, e vizyon pou kominote yo pou fè l youn ki pi bon. Sètènman, kèk nan yo ta fache, pale anpil lè n touche kèk nan pwen sa yo pou reveye konsyans anpil nan yo.

Konnen ke nou pa ka chanje (toudenkou) yon moun ki leve rasis, oubyen ki grandi nan yon anviwonnman rasis. Wi, moun sa a ka vin chanje demen, si l resevwa bon jan edikasyon pou l vin konsyan ke nou tout se imen. Kèlkeswa koulè po nou, ras nou apateni, nou kapab gen menm tip san. San mwen ka sove ou; san ou ka sove m tou (si yo bezwen fè yon transfizyon san an ka ijan).

Ou menm tou, kòm viktim, dwe eseye ale o dela de sa (sètadi, al lekòl e pran lekòl oserye, aprann diferan metye e pwofesyon pou viv mye nan kèlkeswa anviwonnman ou ta ye), edike fanmi w (sou tout fòm), edike moun nan kominote w, edike pitit ou, edike tèt ou, epi fokis sou yon karyè pou viv sou li demen kèlkeswa kote w ta ye.

Rasis gen pou wè ak pouvwa ekonomik e privilèj. Lè n ap pale de rasis, premyèman pifò moun ta panse ke sèten ras oubyen gwoup etnik ta siperyè a lòt. Men vrèman vre, se yon bagay ki gen pou wè avèk pouvwa ekonomik, e privilèj ke yon ras oubyen gwoup etnik pa vle yon lòt ta gen aksè a sèten bagay, oubyen sèten privilèj ke y ap jwi. Gen lapèrè pou fè konpetisyon, lapèrè pou pèdi pouvwa, e lapèrè pou reyisi (oubyen gen siksè) ki ka koze yo pèdi pouvwa (ou pèt pouvwa) pou domine (yon fason, you lòt), oubyen pèdi privilèj yon gwoup (an patikilye) ap jwi. Donk, chak fwa nou wè mo rasis, panse a tèm sa yo: konpetisyon, dominans, pouvwa e privilèj.

Envesti -- Lidè nan anpil kominote nwa pa anseye kominote yo enpòtans pou envesti depi byen bonè (pou kreye endepandans ekonomik yo), e kijan yo ka kòmanse prepare retrèt yo pou demen. Konsa, yo p ap bezwen bourike pou yon konpayi jouktan yo mouri.

Achte bèl machin tounèf pa envestisman. Olye w al nan yon dilè machin pou pran yon bil pou yon machin tounèf (epi w pa menm gen yon high school diploma ou diplòm etid segondè), li ta preferab ou ale nan yon enstiti teknik, oubyen yon Community College* pou ta fè yon pwogram dezan. Nan enstitisyon sa a, etidyan an te ka fokis sou yon pwogram teknik. Li ta preferab ou prete kòb sa a labank pou finanse etid ou pandan peryòd de tan kout sa a, kòm yon sòt envestisman entelektyèl. Envestisman sa a ap garanti w yon travay pwofesyonèl alontèm pou viv mye nan sosyete a,  olye w ap travay de, twa dyòb pou peye bil yon machin tounèf.

Wi, lè w jèn, ou ta renmen gen yon bèl sport car pou flannen ak zanmi, al nan fèt pou sosyalize w, e fè yon seri pwogram (bagay ke jèn tout kote nan lemond ta renmen fè). Men ou pa bezwen panse a yon machin tounèf pou otan. Dayè, si w entelijan, se motè yon machin ki enpòtan; se pa aparans li. Sètadi, ou te ka achte yon bon machin izaje (oubyen dezyèm men) nan oksyon, kote yo vann machin.

Machin (izaje) sa a ou achte nan oksyon te ka tounèf (oubyen gen youn, de, twa ane depi mèt li achte l), epi toudenkou li fè aksidan. Asirans total li oubyen deklare l total lost (pèt total) aprè evalyasyon domaj li; sètadi asirans lan peye mèt machin sa a pri l vo sou mache a. Asirans lan pran machin domaje sa a, epi vann dilè l. Dilè a menm pral vann li nan oksyon. Anpil fwa, se jis kèk pati machin sa a ki domaje, men motè a ka anfòm kou bas.

Ou ka achte machin sa a kach, epi mennen l nan yon chòp pou repare bòdi l. Apre reparasyon an,  moun ka panse se yon machin tounèf. Konsa, ou pa dwe labank anyen. Ou pa bezwen tiye tèt ou ap bourike fè 2 dyòb pou peye bil yon machin nèf (pandan w ka lekòl, chaje devwa ak rechèch pou fè, ki mande tan pou fè yo). Wi, nou bezwen yon machin si n ap viv nan gran peyi. Se yon nesesite pou n al travay; l ape de n regle biznis nou, e ede n fè sa n bezwen fè pi rapid. Li ka itilize pou ede kèk zanmi e manm fanmi ki ta bezwen pou regle kèk bagay.

Avantay yon machin aktyèlman sèke anpil moun ka itilize machin prive yo pou fè (taksi) uber atravè aplikasyon wot teknoloji a ofri yo kote y ap itilize telefòn pòtab yo pou fè yon seri fonksyon. Donk machin sa a ka kreye travay pou yo. Sa ka ede moun ki ka pa gen yon travay regilye, jèn moun, e etidyan nan inivèsite (k ap viv nan kanmpous) pou ede yo ekonomikman. Sa pral bay etidyan sa yo ase tan tou pou fè devwa ak rechèch yo tèt frèt.

An jeneral, se tout yon mantalite ke moun nwa bezwen chanje. Yo dwe konnen ke se yo menm ki kaptenn bato yo, e nan ki direksyon yo vle l ale. Anpil nan dirijan an Ayiti gen menm mantalite a, e menm sèten Ayisyen ki ta rive lwen lekòl. Yo pa vle responsab sò yo (ou pran responsablite yo an men). Yo toujou ap chèche yon bouk emisè pou blame.

Malerezman, yo ta refize pran konsyans de reyalite a, oubyen kontinye nye l. Anpil nan yo ta vin ak menm chantay yo: se blan kenbe Ayiti nan soudevlopman, blan pa vle n avanse, blan yo rasis, gwo peyi ap souse san Ayiti

Pandan y ap repete menm diskou sa yo  (ke zòrèy nou fatige tande) pou fè pèp la dòmi oubyen maniple l, yo gen tan vòlè lajan Petro-Caribe a kèk ane de sa. Y al sere ladan aletranje, epi yo envesti rès la pou rich ak tout krèy fanmi yo, e fiti jenerasyon yo.

Yo kontinye ap vòlè lajan $1.50 lan (taks sou transfè ak telefòn). E tout lajan sa a mansyone, te dwe itilize pou bati enfrastrikti nesesè Ayiti bezwen nan kad desantralizasyon e devlopman l. Pa lontan de sa, peyi a te lòk oubyen yo t ap pale de peyi lòk; moun t ap pwoteste, reklame dwa yo... yo fatige ak gouvènman maryonèk ki pa ka fè oken aksyon.

Si etranje antre Ayiti vin banbile, fè tout sa yo vle, sèke:

  1. Dirijan lokal yo ouvri pòt ba yo antre.
     
  2. Dirijan lokal nan magouy ak yo.
     
  3. Dirijan lokal yo pa gen kran pou di: men sa nou vle, men sa nou pa vle. Pa deside pou nou.
     
  4. irijan lokal yo pa janm gen oken vizyon pou Ayiti ale vè lavan. Sèl objektif yo se ta jis monte sou pouvwa pou al vòlè, epi ankese ase lajan pou fanmi yo.

Dirijan kowonpi, e san konsyans sa yo pran plezi nan manipile pèp ayisyen, ki nayiv. Yo pran plezi kite l nan fènwa e analfabèt. Yo pa ba l aksè a yon edikasyon gratis ti cheri jiska fen lekòl segondè.

Pifò lekòl an Ayiti se prive yo ye, e paran pa kapab peye frè eskolè chak ane pou pitit yo paske yo pa gen yon travay. Yo jis ap eseye bat dlo pou fè bè, kote y ap vann kèk bagay nan lari. Paran responsab tou pou achte materyèl lekòl pou pitit yo.
Lekòl leta (ou lekòl piblik) yo ta dwe fè yon jan pou prete elèv liv ak lòt materyèl lekòl ke yo bezwen (depi kòmansman ane akademik lan) pou ta ede yo. Nan fen ane akademik lan (mwa d jen), elèv ta remèt lekòl la liv ak materyèl sa yo (tankou sa fèt Etazini). Se yon fè ke pifò paran pa gen mwayen ekonomik pou ede pitit yo resevwa yon bon jan edikasyon.

Lè dirijan yo fè sa (pa ba yo aksè a lekòl gratis, e materyèl pedagojik /didaktik nesesè), nou vin gen plis jèn k ap paweze nan lari de bra pandye, ki pa anndan oken enstitisyon. Se nan yon enstitisyon yo te ka aprann kèk metye oubyen pran kèk konesans nan fè kèk bagay. Kèlkeswa konesans yo ta pran nan yon enstitisyon, sa ta ede yo demen pou viv sou li, epi sa ta dekouraje yo vin kriminèl pwofesyonèl.

Nou ka obsève anpil tigason dizan oubyen ki ta menm pi jèn, k ap paweze nan tout lari. Gen ladan yo ki ta òfelen (pèdi manman, papa yo), oubyen sa yo ki ta sove kite yon kay kote yo te restavèk. Gen ladan yo k ap lave, siye machin nan lari pou viv. Genyen k ap vann kèk bagay nan lari. Genyen k ap flannen ak ganstè ki pi gran pase yo. E sa ki gen tan manm gang.
Kisa n atann de tigason sa yo lè yo nan ventèn? Nan laj sa a, gen kèk ki gen tan gen ase esperyans pou komèt gwo krim, (tèlke kidnaping, asasen k ap tiye moun, e tout move zafè nou ka imajine). Kisa gouvènman an fè nan tout sa pou ta pran yo nan lari depi bonè? Èske se pa yo jodiya ki gen zam sofistike (gwo zam, zam fann fwa), k ap koze pwoblèm ensekirite nan tout peyi a? Nan ki fason y ap ede sosyete a?

Lè yo pa bay pèp la mwayen oubyen aksè pou l gen yon edikasyon (gratis ti cheri), li p ap an mezi (oubyen nan yon nivo) pou panse a sous pwoblèm sa yo, ke peyi a ap konfwonte depi byen avan chit dinasti Duvalier yo (7 fevriye, 1986). Pakonsekan, nou ka wè soudevlopman Ayiti kòm yon pwoblèm entèn an premye lye. Donk, premye solisyon pwoblèm li dwe youn ki entèn tou, lè sa yo k ap gouvène (ki gen rèn pouvwa a) va pran konsyans de reyalite a.

Li lè, li tan pou dirijan kowonpi, e san konsyans sa yo pran konsyans ke Ayiti pa ka kontinye konsa nan dezyèm deseni venteyinyèm syèk la. Petèt yo va bay peyi sa a yon chans pou estope bourara (popilas, latriye) Ayisyen ki pral an Repiblik Dominikèn (ilegalman), ki pral Chili, Brezil, lòt kote nan Karayib la, k ap eseye al Miyami nan kanntè e k ap riske vi yo nan gwo lamè, dèyè lavi miyò.

Anpil nan konpatriyòt nou yo abitwe tande chantay sa yo, ke se lòt peyi ki bloke devlopman Ayiti pou l pa avanse. Pèp la abitwe ak diskou manipilatwa sa yo. Gen moun ki rete bouch be (san di anyen, san di bekounaba). Gen moun ki pè pale de reyalite a, yon fason pou pwoteje vi yo, e vi moun ki pwòch yo. Genyen ki ta jis fatige pale de menm bagay yo tout tan. Yo wè Ayiti kòm yon ka pèdi; pa gen espwa.

Donk, se yon pretèks kote chat kay oubyen chat domestik kontinye ap akize chat mawon (ki rete nan bwa) pandan chat kay li menm ap kontinye manje poul nan lakou a. Nou p ap di chat mawon pa vin eseye manje poul tou nan lakou a. Yo tout se chat, e tout chat se kanivò (manjèd vyann).

Pou konkli, li lè li tan pou moun nwa pran konsyans de reyalite yo, reyalite y ap viv. Yo dwe panse a ki kote yo vle rive nan lavi, e eritaj yo vle kite dèyè pou sove jenerasyon k ap vini yo. Pratikman, yo dwe aprann pran konsyans de yo menm, sousye de kominote, e peyi yo. Li enpòtan pou yo aprann envesti (pou sa yo ki poko fè sa). Li enpòtan pou yo etidye bagay teknik, e kreye sa yo bezwen (nan tout nivo). Yo dwe pran lekòl e edikasyon o serye. Yo dwe aprann pran responsablite yo an men, epi yo dwe kapab pwodui (o maksimòm) sa yo bezwen. Sa pral pèmèt yo kreye endepandans ekonomik.
Yo dwe panse a enpòtans pou prepare jèn jenerasyon yo, e mete yo nan bon chemen pou yo pa pèdi. Se responsablite lidè yo, nan tout nivo, pou oryante moun nan pwòp kominote yo. Nou dwe edike paran timoun yo tou (kòm lidè), e responsablite yo nan fwaye a. Kòm gwoup etnik, ki patikilyèman ap viv  Etazini, nou gen yon avantay bab e moustach pou al lekòl, pou jwenn yon edikasyon gratis (nan kèk nivo). Nou ka aprann kèk metye e pwofesyon pou viv mye nan sosyete a. Konsa, n ap kapab ede kominote nou pi byen, menm jan lòt gwoup etnik fè sa.

Nòt

  • Community College. («Kolèj Kominotè»). Enstitisyon siperyè aprè lise americain (high school). Enstitisyon sa a ofri yon pwogram de ane kote etidyan ka chwazi etidye kèk pwogram yo ofri. Aprè etidyan yo ta fin konplete yon total de 60 kredi (twa kredi pa kou) ou plis, etidyan yo kalifye pou resevwa diplòm «Associate Degree». Tip enstitisyon sa a pa bay diplòm ki pi wo apre sa. Elèv la gen tan gen yon fòmasyon akademik nan yon branch presi (pa egz., bizniz, enfòmatik, kontablite, jesyon, medikal, syans natirèl, syans sosyal.). Etid akoutèm sa a pèmèt yo antre nan mache travay la. Pandan y ap travay, yo ka kontinye al nan yon regular college (kolèj regilye, ki gen omwen yon pwogram kat ane) oubyen inivèsite pou fè 2 ane etid siplemantè k ap kalifye yo pou diplòm  «Bachelor’s Degree». Sèten pòs ta egzije sèten diplòm (tèlke: eganp, «Associate Degree, Bachelor’s Degree, Master’s Degree, Doctorate») pou asire ke yon kandida pou pòs sa a konpetan ase ou kalifye pou fè travay yo egzije fè.

TÈKS ANEKSE

LOUIS, Martine.

VEDRINE, Emmanuel W.

*

 Viré monté