Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jacques Pierre

Auteur haïtien

Jacques Pierre fèt nan vil Okap, e li grandi nan vil sa a tou. Depi 2010, Jacques ak fanmi li ap viv nan North Carolina kote li anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Duke University. Nan lane 2013, Pierre, nan tèt ansanm ak University of North Carolina (Chapel Hill), University of Virginia, epi Vanderbilt University ofri kou sa a gras ak telekonferans pou etidyan nan twa lekòl sa yo tou. Anvan sa, Pierre te anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Florida International University ak Creole Institute nan Indiana University. Depi 2013, Pierre se yonn nan direktè Haiti Lab yo ki chita nan Duke University.

Pierre gen yon metriz (2008, Kent State University) nan didaktik pou anseye lang, espesyalman lang angle a pou etranje, epi yon lòt metriz (2007, Kent State University) nan tradiksyon. Pierre plis espesyalize li nan tradiksyon tèks ki gen pou wè ak literati, lengwistik, istwa ak politik. Pierre gen yon espesyalizasyon nan domèn leksikografi (2005, Creole Institute, Indiana University) ki se yon branch nan syans lengwistik.

Pierre, nan travay li, toujou ap mande pou yo bay lang kreyòl la plas li nan sosyete a pou pèmèt tout moun jwenn enfòmasyon nan lang lan. Pierre ekri anpil atik nan diferan kalite jounal sou sa. Nan diferan atik sa yo, nou ka site Haiti's French/Creole Divide (Miami Herald 2014), Creole, a Key to Haitian Literacy (The Herald Sun 2014), Haitian Creole: Between Rejection and Recognition (The Haitian Times 2014), Help for Haiti Must Include Embracing Creole (The News & Observer 2014).  Haiti's Linguistic Identity and History Overlooked by President Martelly and French Presidents (The Haitian Times 2015).

Pierre ekri diferan atik an franse ak kreyòl tou pou li mande dirijan lakay li yo pou bay kreyòl la plas li, e li denonse inegalite, lenjistis, ak koripsyon k ap minen sosyete a tou. Pami atik li yo, nou ka site: Kreyòl pale, kreyòl ekri (Le Nouvelliste 2016), Lafrans ak Ayiti: Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal (Potomitan 2015), Une société aux inégalités monstrueuses (France-Antilles Guadeloupe 2015), Penser pays pour mieux panser ses plaies en état de putréfaction (Le National 2016), Pou Manno Charlemagne (Potomitan 2017)

Pierre ansanm ak konkou etidyan li yo, kreye yon jwèt ki rele Memonèt (ekivalan jwèt ki rele Charade nan lang franse a) kote jwèt sa a kapab ede anpil moun k ap etidye kreyòl dekouvri diferan aspè nan lang lan ansanm ak kilti Ayiti tou. Nan mwa me 2016 la, Jounal ofisyèl Depatman Edikasyon nan peyi Etazini te fè yon bon rale sou enpòtans jwèt sa a kòm yon bon zouti pedagojik pou ede moun ki vle pwofonde lang kreyòl la plis toujou. 

Pou fini, Pierre pibliye de liv pwezi. Premye a rele Omega. Li te pibliye nan lane 2012. E dezyèm nan rele Kite Kè m Pale ki te pibliye nan lane 2016.

Œuvres

Omega
2012
Kite Kè m Pale
2016

Sur Potomitan

Haïti-Élections: dans l’attente d’un président responsable

Haïti: corruption, exclusion et aliénation

Lafrans ak Ayiti: Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal

Ou pa ka li ak ekri Kreyòl oswa ou pa vle aprann li ak ekri Kreyòl?

Pou Manno Charlemagne

Réhabiliter nos forts, un devoir de mémoire et de dignité

Sa “Blan” an di?

Somè Karikòm lakay

Tout timoun se timoun

 

 

 

boule

 Viré monté