Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pou Manno Charlemagne

      14 avril 1948 - 10 desanm 2017

Jacques Pierre

Yon gita, yon vwa
yon chante, yon verite
yon melodi, yon pwezi
yon angajman, yon militan
yon konsyans, yon alyans
yon mizik, yon kritik
yon batay, yon tray
yon maladi, yon trajedi

 

Nouvèl lanmò Manno Charlemagne lage sektè mizik la nan yon gwo lapèn. Chak moun ki te pre Manno ap repase nan memwa yo moman difisil ak moman bon zanmitay yo te viv ak li. Pou tout konpatriyòt nou yo, se mizik li, vwa li ak pawòl li yo k ap defile nan memwa yo, antan y ap mande ba yo yon ti limyè pou yo konprann sa k ap pase nan sitiyasyon politik jounen jodi a.

Mizik Manno yo pa te gen fwontyè tank tèm li yo te pran sous nan yon inegalite san parèy ki egziste nan lakou lakay. Domaj, inegalite san parèy sa a ap anpire chak jou tankou Manno di nan yonn nan chante li yo “nèg ap panse, epi mizè ap anpire.” Pou lavi fleri li t ap chante a, li pa gen tan wè li.     

Jounen jodi a, se tout vwa tout kote ki mete ansanm pou swete li yon bon vwayaj.  Yè apre midi, nan NPR (National Public Radio), ki se yon sistèm radyo kominotè nan Etazini, vwa Manno t ap vibre. Wi, Manno merite nou wete chapo nou byen ba pou nou salye travay li ak kouraj li paske li te chwazi liminen konsyans jenn yo sou tan baboukèt la.       

Nan non kominote ayisyen an ki te byen akeyi Manno nan Duke University nan dat 23 sektanm 2016 kote Manno jwe dènye konsè li, m ap prezante senpati mwen bay tout moun ki nan fanmi Manno. Nan konsè sa a, Manno te kontan rankontre anpil moun ki te soti byen lwen pou vin tande li. E pèsonn pa te panse si se te yon dènye fwa yo t ap wè Manno sou yon sèn. Pami moun ki te la yo, m ap site Claudette Werleigh, ansyen premye premye minis fi nan peyi Ayiti.
 
Se vre, Manno te gen anpil fanatik, men pa bliye li t ap denonse tout yon sistèm. Kon sa, li te gen anpil lennmi/advèsè politik tou. E petèt menm lennmi/advèsè politik li yo te jwenn gou nan mizik li yo, menm lè mizik li yo pa te nan enterè yo. Men, se pa grav, paske pawòl yo te nan enterè Ayiti.  

Wi, Manno ale. Se yon vwa k ap rete nan konsyans anpil moun. Tankou tout moun, li te gen defo li ak kalite li. Pou sikonstans m ekri omaj sa a, m chwazi ranmase tout sa mizik li yo reprezante (kouraj, konviksyon, angajman) pou tout yon jenerasyon ki dwe kontinye batay pou fini ak yon leta ki la sèlman pou fè laboujwazi plezi.  

Soufrans ou fini. Bon vwayaj. 

Jacques Pierre
@PJacquespie
Co-directeur de Haiti Lab, Duke University

boule

 Viré monté