Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Omega

Jacques Pierre

 

 

 

 

 

  

Omega, Jacques Pierre • Classic Editions • 2012 • ISBN 9780976519645
112 pages • $11.00.

Liv pwezi sa "Omega" se premye liv pwezi Jacques Pierre pibliye. Liv sa gen de pati ladan. Nan premye pati a, genyen plizye powem ki pale sou lanati, politik, lanmou, elatriye. Nan chak powem yo, w ap jwenn kontantman melanje ak tristes, sajes melanje ak kout san, konsey melanje ak kout tet, laperez melanje ak vanyans, ki se chapant chak grenn powem yo chita sou li. Nan dezyem pati liv la, tout powem yo fet ak pwoveb selman. Travay sa montre jeni lengwistik pep Ayisyen an. Nan chak grenn pwoveb, w ap jwenn fos resistans pep la melanje ak febles li, pasyans li melanje ak ke cho li, gwo bonnanj li melanje ak ti bonnanj li, kwayans li nan Granmet la ak Ginen yo.

boule

 Viré monté