Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ayiti pou nou tout: pa detwi l

Jacques Pierre

Anpil nan konpatriyòt nou yo pral koumanse dòmi depi demen swa ak anpil laperèz paske pèsonn pa vreman konnen sa ki pral pase nan dat 18 novanm nan. Se byen donmaj se reyalite sa a konpatriyòt lakay mwen, bon jan zanmi m, ansanm ak fanmi m ki Ayiti ap konfwonte. Ou menm ki nan dyaspora a, ki gen tout fanmi w isit e ki pa gen okenn byen nan peyi a, se fasil pou di kraze brize paske ou p ap pèdi anyen. Men, pa bliye pèdi Ayiti se pi gwo pèt nou tout ka fè. 

Ou menm lidè politik k ap pouse moun pou al fè vyolans, pa mete nan tèt ou gwoup ou pral atake a/yo pral rete gade w nan je si sitiyasyon an chape anba men lapolis. Epi tou, konbyen nan politisyen sa yo ki gen pitit yo, madanm yo nan peyi a?  E ou menm lapolis, detwonpe w si w kwè ou ka rive metrize tout yon foul moun ki an kolè kont yon sistèm sousoupannan. Nou nan yon kafou danjere, e sitiyasyon an ka debouche sou lagè sivil. Lè lamizè ak fristrasyon melanje ak rayisman majorite nan nou gen yonn pou lòt, pwodui tout melanj sa yo ki malakse a ka rive fè plis dega pase ni yon bonm atomik ni yon tranbleman tè. 

Ou menm ki gen lajan oswa ki nan yon bèl pozisyon soysal, pa mete nan tèt ou laba ap gen tan vin sove w lè twa mare kat. Okontrè, lè nèg ap masakre nèg, zòt fè silans paske se yon okazyon nou ba li pou l kontinye klewonnen refren sa a; moun sa yo pa ka jere tèt yo vre. Petèt, gen kèk nan nou ki ka pa kwè nou se nèg pou yon rezon oswa yon lòt, enben m envite nou al fè yon ti rechèch sou ki tretman gran paran nou, e petèt de twa nan nou k ap viv toujou, te resevwa sou lokipasyon meriken. Sitiyasyon sosyal nou ka mete nou nan yon pozisyon pou anpil moun sèvi ak nou kòm pyon, men lè jwèt la gate, nou ka tounen yon mòpyon pou menm sistèm plantasyon n ap defann nan.

Nan sans sa a, m ap salye tout jenn k ap revandike pou sistèm nan chanje antan yo pran wout ki pa mache ak vyolans, epi nan fason y ap fè brenn yo travay pou jwenn anpil estrateji pou fòse leta a mete nanm sou li. Se vre, wout la long, men si gen anpil tèt ki kole pou brase lide, n ap fè yon bèl bout chimen pou nou chanje echikye politik la nan pwochen eleksyon yo. Plis nou gen moun ki konpetan, onèt ak bonjan konsyans politik nan espas pouvwa a, se plis nou ka rive transfòme peyi a.

Pa gen okenn jan yon moun ki byen nan tèt ka defann sistèm sa ki la jodi a. Li rive nan bout li. Pou sa ki fè lajan yo nan bon kondisyon, gade byen eta peyi a pou wè si se nan eta sa a ou ta dwe viv. Enben, angaje w pou sistèm nan chanje paske ou ka viktim tou menm lè ou pa te nan peze souse a. E m rete kwè anpil nan nou gen moun ki viktim deja. Ou menm ki fè lajan nan kondisyon ki pa fin yès, se pa yon peche ni yon favè si majorite moun nan peyi a mande pou kat la rebrase. Si w kontinye ap kenbe tèt toujou nan kwè sistèm sa a bon paske li fè bonè w ak bonè fanmi w, ou ka pèdi tout sa w posede nan yon jou, epi ni lavi w ni lavi fanmi w tou. Eske ou kwè sa nesesè? Ou menm ki pa gen anyen nan men w, ou menm k ap pase mizè depi w fèt, pa kwè se boule peyi a k ap chanje lavi w. Nan kraze brize, boule ak detwi, ou ka rive detwi pwòp tèt ou san w pa mouri.
  
Prezidan Jovenel Moise, m ap pale ak ou konnya. Se klè majorite pèp la pa fè w konfyans. Epi, ta sanble menm majorite moun ki bò kote w yo tou pa kwè nan ou. Eske yo ipokrit? Mande ansyen prezidan yo, y a di w ki jan anpil moun, epi moun ou pa ta kwè fè tenten pou pouvwa ak pozisyon sosyal lakay nou. Epi tou, okenn nan ansyen prezidan nou yo pa ka di yo inosan ditou nan fason yo te jere peyi a. Nou chak dwe peyi a yon eskiz piblik. Prezidan, ou ta dwe admèt ou pa ateri. M envite w prese prese fè yon diskou kote ou pran tout blam yo pou ou, mande nasyon an padon, epi aspete ki jan mank preparasyon w pou pozisyon an lakoz ou pa rive sènen leta a vre.  Mande moun ki pa nan menm kan politik ak ou, fanm kou gason ki onèt nan peyi a, ki gen yon pase politik ak sosyal anpil moun pa ka voye vèni sou li, pou ba w dis desizyon ou ta dwe pran rapid rapid pou evite katchouboumbe k ap rive sou nou tout la a.

Mare kè w, montre w gran, menm lè desizyon sa yo p ap fè w plezi, anbrase yo. Pa rantre nan okenn jwèt tolalito. Rele moun sosyete a fè anpil konfyans bò kote w menm lè yo pa nan kan w, kite yo travay nan enterè leta a, kite lapolis fè travay li, bay jij ki onèt yo plis espas pou yo rele moun yo dwe rele antan y ap fè sa dapre lalwa. Efase w. Kon sa, ou va bay listwa yon jwen pou l di ou te fè yon gwo sakrifis pou peyi sa a. Si se pa sa, ou riske mete ni lavi w, ni lavi fanmi w ak ni peyi a an danje. Petèt, ou mete nan tèt pa w, kòm prezidan, yon avyon ap gen tan kouri vin chache w, enben detwonpe w. Nan faz peyi a rive la a kote yon sistèm bout, men dwat kou men gòch ki dèyè sistèm nan p ap ezite yon segonn kite yo sakrifye w pou yo byen soti.  M ta swete m twonpe m.

Pou fini, m ap mande lidè politik yo, sosyete sivil ki laj la, si prezidan Jovenel Moïse montre bon volonte li pou nonmen moun ki onèt ak konpetan pou ranfòse enstitisyon yo, lajistis ka toujou tande l pou fè limyè sou dosye li tou nan ka dosye li pa ta klè, men nou pa blije ap di li se penitansye nasyonal nou pral voye li ateri. Nou pa lajistis, epi se pa elegan ditou pou n ap menase yon prezidan. Bal la nan pye nou tout paske Ayiti pou nou tout. Men, si tout moun kontinye fè tèt rèd, peyi a ap chavire nan men nou tout. E nou tout ap regrèt. Prezidan, ou menm kòm premye sitwayen peyi a, ou dwe montre w pare pou fè tout sakrifis ki posib pou sove li. Sinon, listwa p ap padone w menm. Pa bliye lè yon bato koule, yon avyon tonbe, yon kamyon chavire, blam nan se toujou pou kaptenn nan, pou pilòt la ak chofè a.

Zòrèy pa fèt pou pi long pase tèt!

Jacques Pierre
@PJacquespie
Co-directeur de Haiti Lab, Duke University

boule

 Viré monté