Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Radyo-Tele Lazil : Radio-Télé L’Asile

Frantzdy JEAN-BAPTISTE

13 fevriye 2021

EnglishEspañolFrançaisKreyòl

(edisyon &edisyon kreyòl)
Emmanuel W. Védrine

mizajou 27 mas 2021

Radio Télévision L’Asile kòm medya an liy ki rive jwenn kominote azilwa nan dyaspora, e vizyon l nan kad devlopman Lazil, yon komin Ayiti.

N ap salye tout moun sou Fowòm Lazil Touristik! Mèsi anpil dèske nou reyaji sou RTVA (Radio Télévision L’Asile : Radyo Televizyon Lazil) pa rapò avèk pos mwen te fè pa lontan de sa. Mwen se PDG metè an liy sa a, akonpaye de yon estaf ki gen ladan l yon pakèt jèn. Gen ladan yo ki Brezil, Chili. Genyen tou ki Etazini, an Frans, Pòtoprens, Kafou, Lazil… men sa ki pi enpòtan sèke nou tout se pitit Lazil.

Ki kote ide sa a, Radyo Television L’Asile, soti? Ide sa a sòti, mwen sonje ke te gen yon epòk nou fin etid segondè  (high school) kote mèt Jean Elie Valcin te mennen nou Pòtoprens. Otomatikman nou te rive nan kapital la, sa n te konstate sèke anpil moun pa t konn kisa ki Lazil. Anpil moun te minimize l… «Ki kote l sitiye ?» elt. Kisa k te vin nan lespri m?

Mwen di ke l enpòtan pou n ta vann Lazil yon lòt fason paske medya tradisyonèl ki te la yo pa t fè l yon fason pozitif, lè n pran pwogram radyo yo pa egzanp … non sèlman pafwa yo pa limen, men pafwa tou yo pa rive menm Vyebou d Aken (a 16 kilomèt de Lazil). Donk mwen di ke kreye yon medya an liy ta youn nan meyè fason nou ka vann komin sa a nan yon lòt pèspektif.

Depi plis pase senk an, mwen kapab di ide sa a la, e n ap eseye wè kòman n kapab materyalize l. Nou kòmanse avèk RTVA pou wè kòman n kapab vann Lazil. Byenke fason n bezwen vann Lazil la nou poko fè l konsa, pa rapò avèk distans nou; pa egzanp, m ap viv Petyonvil (nan Pòtoprens), e gen anpil lòt jèn ki pa Ayiti, e k ap viv  lòt kote. Ide pou vann komin sa a poko konkretize nan fason nou swete a.

Pou aktivite 19 mas yo, nou vle fè grand opening (gran ouvèti) nou dekwa pou moun ka konnen sa Radyo Television L’Asile ye, e youn nan pi gwo sousi nou genyen se vann komin sa a yon lòt fason. Pou sa fèt, nou dwe planifye yon seri entèvyou avèk moun la (sa yo ki montre kòman komin nan ye, sa l ye), envite moun vin Lazil pou fè pwogram emisyon avèk otorite konsène yo, avèk lidè (notab) nan diferan seksyon kominal.

Nou dwe montre Lazil sou yon lòt ang, epi òganize tou pwogram espesyal ki gen rapò avèk Ayiti, kote Lazil reprezante yon fason valab ladan yo, etan komin. Youn nan pi gwo objektif RIVA ta genyen se rete vivan nan medya sosyal yo, epi wè kòman nou ka kenbe metè an liy sa a limen pandan plis pase 12 è d tan pa jou. Pou nou fè sa, jan nou kapab wè l la, gen anpil emisyon an dirèk ki pou fèt. Gen anpil emisyon nou kòmanse. Sa mande lajan. Sa mande tou pou gen aksè entènèt, e nou bezwen yon seri bagay.

Gradyèlman, n ap wè kòman nou kapab avanse pou sèvi Lazil pi byen. Jan nou di l la, ide a se wè kòman nou kapab vann komin sa a, e objektif medya sa a pou ale o dela de medya tradisyonèl yo, yon medya k ap rive kouvri Lazil e ozanviwon l, k ap rive Vyebou e menm ale pi lwen. Atravè Radyo Televizyon Lazil, nou vle asire n ke kèlkeswa kote moun nan ye nan lemonn l ap kapab tande nou, e RTVA kapab rete kòm referans pou tout moun ki pa Ayiti.

Demen, lè yon moun ap pale de Lazil, ebyen yon fwa l ale sou RTVA sa pral sèvi kòm referans pou kòmanse montre sa komin sa a ye. Se youn nan ide ke n ap eseye konkretize. N ap avanse chak jou pou wè sa nou ka fè.

Gen bagay ou pral wè ki difize sou RTVA pa egzanp, nou konnen gen anpil moun Lazil ki renmen bagay sa yo. Nou kapab pran pa egzanp, aktivite relijye ki òganize nan komin lan. Lazil gen lòt aktivite sosyal tou. Ou pral wè RTVA an dirèk. Gen yon seri aktivite ki konn fèt Lazil e ki trè enteresan. Se aprè yo fin fèt epi w ap tande moun ap di te gen tèl aktivite Lazil.

Men yon fwa ke nou sou plas, sa pral pèmèt nou pwojte lòt bagay nouvo nan komin nan. Donk, 19 mas se youn nan dat ki pral vrèman chaje ak aktivite nan Lazil pou n fè gran ouvèti sa a. Bi li se sansibilize e fè moun yo konprann enpòtans medya sa a. Kèlkeswa kote moun nan ta ye, l ap kapab konekte ak RTVA pou wè tout sa ki gen rapò avèk Lazil kòm komin.

Gen foto, videyo, lòt emisyon, tout sa. Se youn nan fason nou pral eseye wè kòman nou kapab vann Lazil yon lòt fason. Jan ke m di a, RTVA ouvri a tout moun ki vle sipòte l. Gen nimewo telefòn si moun vle kontakte radyo a. Nan nivo medyatik sa a, gen anpil bagay ke nou kòmanse fè. Gen anpil bagay toujou ke n bezwen fè; pa egzanp, materyèl pou fè  cho (espektak) an dirèk dekwa pou n rete vivan; pakonsekan, nou panse l trè enpòtan pou kèlkeswa moun ki vle ede n avanse.

Donk, nou ouvri byen laj pou sa, san nou pa bliye biznis yo. Ou kapab toujou kontakte nou. Sa ki pi enpòtan se rete konekte avèk Lazil dekwa pou medya sa a sèvi kominote azilwa a, oubyen moun ki sot Lazil.

Anpil moun poze kesyon sa a: «Pou kisa n chwazi non RTVA? Èske n pa t ka rele l yon lòt jan?». Nou te fè l otomatikman pou valorize Lazil, epi montre tout sa n gen pou ofri. Sa trè enpòtan pou nou, pou n vann Lazil yon lòt fason diferan. Nou vle vann li yon fason pozitif, pa nan fason negatif kèk moun te fè l.
                                                                                            
Nou felisite mèt Jean Elie Valcin, ki fè travay fòmidab pou kominote azilwa a. Li se youn nan moun ki itil moun Lazil, yon lidè nou kapab di ki trase wout pou anpil jèn. Li ouvri 24 sou 24 pou ede tout jèn, e moun komin nan. Chapo ba pou mèt Valcin! Anpil lòt moun ta di sa tou pou montre respè ak gratitid pou li.

Mèt Valcin se yon moun espesyal, franchman, yon kado pou Lazil. Mwen espere nou konprann ide  RTVA. Mwen espere tou chak moun reyaji, e fè pwomosyon pou medya sa a, Radyo Televizyon Lazil. Se vre ke mwen menm tou, mwen te lanse inisyativ la avèk kèk jèn men se medya tout moun. Chak moun ka jwe yon wòl. Se vre, e ap toujou genyen yon ekip. Nou vle travay ak tout moun Lazil (sa ki nan komin lan, e sa ki nan dyaspora tou) e zanmi ki konekte ak Lazil. N ap pran tout sijesyon an konsiderasyon. Ou ka kontakte ak RTVA atravè whatsApp, imel, fesbouk… e nou ouvri a tout moun ki vle pote sijesyon, an tèm sa k ka fèt pi byen nan benefis Lazil.

Tèks anekse

Nòt pou rechèch

• Atelye an liy pou Anseyan Ayisyen • Atelye pou Ekriven Ayisyen • Devlopman komin Ayiti • Estrateji pou devlope Komin Ayiti pou desantralize Ayiti • Komin Ayiti e travay sivik moun ki sot nan komin yo dwe fè • Literati Ayisyen an kreyòl • Literati Ayisyen Dyaspora • Literati Ayisyen oral (orality) • Materyèl Didaktik / Pedagojik pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen • Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Pwogram Alfabetizasyon an Kreyòl • Materyèl Pedagojik / Didaktik an liy pou ede Anseyan e Elèv Ayisyen • Materyèl Pedagojik / Didaktik an liy pou ede Lekòl Ayiti • Tradiksyon (anglè, e kreyòl ayisyen).

Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté