Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Selebrasyon Jounen Entènasyonal
Lang ak Kilti Kreyòl

Myriam Lavache

Selebrasyon Jounen Entènasyonal
Lang ak Kilti Kreyòl

Poto Enstiti Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann. Collage by Jean Rosvelt Meraite.

2 novanm 2025

EnglishKreyòlPapiamentoEspañol

Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl se yon tradisyon ki te kòmanse nan ane 2015 nan Kiraso (Curaçao). Se yon fason pou n onore deklarasyon UNESCO te fè an 1983, kote l te deklare jou «28 oktòb» kòm Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl nan lemonn.

Se yon bèl pwomès pou n kontinye komemore jou sa a chak ane. Sou nòt sa a, Enstiti Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann ap remèsye Konsil Jeneral Ayiti pou sipò l ak tout atis yo. Nou pa bliye piblik ki te prezan an, e ki te patisipe. Sa pèmèt reyisit sware sa a. N ap tann tout moun lòt ane (si Bondye vle). Pandan envestigasyon ap kontinye fèt, n ap aprann sa nou (pèp Ayisyen) gen an komen ak pèp Kiraso a.

Enstiti Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann se yon ide ki kòmanse jèmen nan tèt Myriam Lavache nan moman li te jwenn opòtinite pou l te bay kou Kreyòl ayisyen a Kirasolè ki te enterese aprann lang sa a nan ane 2015. Se konsa Mize Akeyolojik e Antwopolojik Kiraso te kòmanse ak kou kreyòl ayisyen. Bi inisyativ sa a se te pou fè pèp Kirasolè a fè plis konesans ak lòt pèp Karayibeyen, espesyalman pèp Ayisyen.

Lavache se yon Ayisyèn k ap viv nan Kiraso depi ane 2002. Li se yon ansyen monitè Lekòl Alfabetizasyon an Ayiti. - Nan ane 2016, Enstiti a te pran te pran nesans. Depi lè a, enstititi sa a ap bay kou kreyòl nan diferan nivo tèlke: pwomosyon lekòl polis, imigrasyon nan zile a, e pwomosyon Enstiti a menm te genyen.

Nou bay sèvis tradiksyon (ekri e oral). Yo rekonèt nou nan Tribinal Jistis nan Kiraso kòm tradiktè lang kreyòl ayisyen pou kominote ayisyen. Nan ane 2017, nou te envite lengwis ayisyen, Emmanuel W. Védrine, nan NAAM pou yon konferans sou Istwa Lang Kreyòl Ayisyen. Konsa, kominote a te ka fè plis konesans ak lang lan.

An 2018, nou te gen profesè Jean Armoce Dugé ki te prezante tèm sa: «Enpòtans Lang manman yo» nan yon koferans, epitou nou te gen yon semèn fòmasyon fòmatè pou yon kanpay alfabetizasyon nan zile a.

Enstiti Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann la pou tout Ayisyen ak Kirasolè ki vle aprann kreyòl ayisyen. Nou la pou n pwomote lang ak kilti Ayisyen. Konsa pa bò isit nan zile Kiraso, y ap rive konnen nou, e fè plis konesans ak kilti nou.

29 Oktòb 2025, nou te komemore Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Inisyatif sa a te kòmanse nan mwa septanm 2025, kote mwen te pran kontak ak yon jèn, Jean Elie Dade. Li te di m li jwenn de lòt jèn pou n te òganize yon sware pou deklame pwezi.

Menm kote a, mwen te motive pou te prepare sware sa a. Mwen vin sonje ke depi 2015 mwen t ap fè rechèch sou pwovèb kreyòl, ki sanble ak pwovèb papiamento. Mwen te vin pran kontak ak pwofesè Noris Doran, yon pwofesè papiamento, nan zile a. Nou dakò pou n te kolabore sou rechèch sa a.

Ansanm ak èd jèn yo, mwen te rive kolekte 30 pwovèb, ak ekivalans yon an lòt lang. Konsa, nou te fè yon gwo kanpay piblisitè nan televizyon ak radyo. Piblik la te reponn a lapèl. Sware a te kòmanse ak im nasyonal de peyi yo. Ansuit, Konsil Jeneral d Ayiti a, Msye Carl Edouard Saint Rémy, te pale.

Sware a te kontinye ak diskou Myriam Lavache, kote l te elabore sou enpòtans Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl yo. Apre sa, nou te rejwi nou nan deklamasyon de (2) bèl pwezi nan de lang yo. Pou Ayiti, nou te gen Leon Joslemme, Jobson Theoger ak Jean Elie Dade. Pou reprezantan Kiraso, nou te gen: Robert Taylor, Calviany Eleonora ak Noris Doran.
Apre bèl deklamsyon sa yo, Myriam Lavache ansanm Noris Doran te monte sou sèn pou prezante pwovèb yo devan piblik la. Se yon odyans ki te trè reseptif, e ki te kontribye nan siksè sware sa a.

Alafen, nou te sosyalize nou, fè yon ti pale youn ak lòt, felisite youn lòt pou bèl mouvman sa a. Enstiti Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann ap travay sou yon rekèy pwezi pou l prezante tout pwovèb sa yo a piblik la lòt ane.

*Nòt

* * *

Courtesy : Koutwazi : Cortesía
Védrine Creole Project, Inc.
Boston, MA. USA

*

 Viré monté