| No well nan NowèlYves-Mary Fontin Tizon difelimen pay
 Pil fatra
 lane dènye
 N on katye abandone
 ki pote non papa BonDye
 Pidetwal fonnNan kouran espwa  kouran
 Pou tout yon zile
 Kiskeya
 Fanal atizanalpran ban
 sou etajè lateknoloji
 Memwa n bliye
 menm ti lezanj
 nan mitan kado  lodyans
 Nou sere doulè nnan refren chante  nowèl
 an verite se yon “No  well”
 anba pètpèt klorat  laperèz
 nan senti rèl ak  doulè
 tout yon lane
 Yves-Mary Fontin   |