Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

PETISYON POU MANDE OTORITE PIBLIK PEYI DAYITI YO
POU YO REKONSTWI WOUT SENTETYEN-BENE A,
RC1-NOV-2009

Version en Word | Version en créole | Version en français | Version en anglais | Lettre à M. Bellerive | Lettre à M. Clinton

boule   boule   boule 

Medam, Mesye Otorite Kap Gouvenen Peyi Dayiti Yo,

Avèk petisyon saa,

Nou Menm Zanmi, Paran pa alyans ak Desandan moun ki fèt nan zòn nou pral site laa yo:

Nou menm ki fèt oswa ki tabli nan zòn silaa yo ak lòt kote ki tou pre yo:

Grangwav, Dano, Koray, Fonjanbatis, Foche, Sentetyèn, Twen, Polisyèn, Jilbè, Jera, Dini, Matel, Nan Plak, Kafe Lonpre, Dime, Cheridan, Picole, Meyè, Tevno, Es, Medizan, Raboto, Fon Chal, Timonèt, Nan Baptis, Nan Rézèv, Lafèm, Dubiyon, Nan Dezi, Kavanak, Ti Simon, Ka Lapas, Nan Moren, Fon Masèy, Nan Wa, Sous Krab, Gouyave, Nan Pak, Ka Wa, Gran Basen, Vyala, Bwanèfmayi, La Ponponn, Tiyapon,  Pila, Jako, Meyak, Mònabrile, Fon Masèy, Ka Davi, Sizyèm Seksyon, Klavry, Lamèsi, Kolinèt, Nan Pal, Boden, Lebo, Roje, Bann Wòch, Nan Ga, Blòkòs, Lavaledjakmèl, Larevwa, Bejen, Boden Janpyè, Tou-Mawo,  Benè, Brezilyèn, Kanpanyòl, Venan, Dutèt, Nan Moyiz, Meteye, Chemenabèf, Labich, Kafoujòj, Grigribwadgoch, Chomèy,  kòtdefè…

NOU MENM KAP ITILIZE WOUT SENTETYEN-BENE A

KAP VIV kounouye a nan zòn sa yo oswa lòt kote nan Repiblik Dayiti a, oswa nan peyi etranje,

Nou Tout ki se viktim move eta WOUT SENTETYEN-BENE a,

NAP SALYE wou nan non patri a, e

NAP MANDE aksyon prese prese w, aksyon fratènel ak patriyotik ou sou wout Sentetyèn-Benè a pou sa kòmanse e fin rekonstwil le pli vit posik teknik yo va pèmèt ou fè sa.

PRENSIP AK JAN NOU WE PETISYON AN

  1. Nou panse konstriksyon yon si gwo wout, akoz konplikasyon ekonomik, legal ak teknik li gen ladanl (tankou kòb lap koute, ekspwopriyasyon, dwa pou pase sou tè moun, antretyen, kanalizasyon pou dlo ki sot nan mòn yo oswa nan ravin yo, elatrye) se dabò dyòb Leta peyi Dayiti. Men, Sektè prive ak patikilye ka bay kontribysyon yo landanl, anba lotorite Leta.
     
  2. Sèl sa nap chèchè nan siyen petisyon sa a, se rive jwenn entèvansyon gouvènman an pou li bay satisfaksyon a yon bezwen ki nan enterè tout moun, e ki pa ni de ni twa, men se byenèt ak sekirite tout moun kap itilize WOUT SENTETYEN-BENE a. Nou pa fòse pèsonn siyen petisyon sa a; pèsonn pa resevwa lajan oswa lòt avantaj pou yo te siyen l. Pèsonn pa otorize pou ranmase lajan oswa lòt byen sou non nou, ni pèsonn pa ka  itilize siyati nou pou fè lòt bagay. Nou bay non nou sèlman pou mande rekonstwi wout la.
     
  3. Siyati nou nou mete nan petisyon an pa gen okenn rapò ak jan nou wè lavi a, ni ak aktivite nou ka genyen andedan kèk asosyasyon ou òganizasyon, ni ak kwayans relijyez nou. Ki donk, pèsonn pa siyen petisyon an e pèsonn pap siyenl nan non yon pati politik, yon oganizasyon oswa yon relijyon.
     
  4. Nou pap chèche ditou, nan petisyon sa a nou siyen an, kontrarye ni fè opozisyon a lòt demach, degrennen oswa nan tèt ansanm, ki deja lanse oswa kap vini e ki vize jwenn konstriksyon Wout Sentetyèn-Benè a.

 

BAZ REKÈT NOU AN

Medam Mesye Otorite Kap Kouvenen Peyi Dayiti yo,

Nou baze rèl sa a nap pouse nan zòrèy ou a sitou sou reyalite sa yo nap site laa:

  • Move eta WOUT SENTETYEN-BENE a ye depi toutan,
  • Move konsekans ki soti nan WOUT SENTETYEN-BENE a ki se toujou yon malè pandye,
  • Gwo enpòtans WOUT SENTETYEN-BENE a
  1. Move eta WOUT SENTETYEN-BENE a ye depi toutan
    Wout ki konn mennen nan lokalite nou deja site yo ak nan Sidès peyi a te toujou yon ti lizyè chaje ak move pa, ki plen viretounen ak danje. Nan tan lontan, anplasman wout saa te depann de volonte tan an ak chemen dlo yo te chwazi pou yo pase; se poutèt sa, wout la pat gen yon plas fiks. Epi, anpil kote, se te nan wout dlo a menm machin yo te konn fofile, nan mitan anpil fatra ak wòch galèt.  Wout saa te pase nan Kafou Foche, Danpis, Lavany, Kachal, Dini, Jera, Twen kote li fè de (2) branch, youn ki ale nan dlo Polisyèn poul mennen Jakmèl, lòt la ki pase nan Bèf Mouri, Meyè poul al Benè.
    Depi Wout Lamitye a te louvri an 1976, vwayajè ki pral Jakmèl ak zòn alantou li yo te rive soti nan difikilte ak danje ansyen wout la. Chwazi pase Sentetyèn-Twen olye pou kontinye pase nan bout Wout Foche-Twen an, se te yon solisyon kache peche pou chofè kamyon ak vwayajè nan direksyon Benè. Sa te sèlman pèmèt yo sispann batay bab pou bab (batay ki te konn touye yo pafwa) ak dlo nan ravin Dini-Foche yo ki te konn trè souvan an kolè anpil. Men sa pat rive kaba ansyen pwoblèm tankou wout la ki pa pratikab, anpil aksidan nan sezon lapli, gwo secherès ak bèl rekòlt. Sa pat regle non plis pwoblèm izolman, tranpò ak kominikasyon pou moun ki konsène yo.
     
  2. Kèk gwo dega ki se konsekans move eta WOUT SENTETYEN-BENE a ki se toujou yon malè pandye
    Pami tout enkonvenyan, malè ak dram ki soti nan move eta WOUT SENTETYEN-BENE a, an nou sèlman site sila yo:
     
    a. izolman apeprè 600.000 gason ak fanm;
    b. sityasyon wout ki bloke tanzantan e sanzatann nan pifò aksidan yo e apre gwo lapli, oswa lè pil tè sèk, oswa labou, oswa wòch tonbe sot nan mòn Sentetyèn, nan So Kabrit ak lòt kote ankò;
    c. machin ki pase anpil fwa nan wout la rive byen vit ize e tonbe anpān, e chofè yo gen tandans pou yo sispann byen vit frekante wout la ;
    d. machin transpò ki ra ak tandans chofè yo ki aksepte brave difikilte ak danje wout la pou yo twò chaje kamyon yo e pou ekzajere pri tranpò a;
    e. aksidan ki fèt anpil e ki touye anpil moun: bout Wout Sentetyèn-Twen an,  patikilyèman, se yon zòn ki manje anpil vi moun ak anpil machin;
    f. anpil malad desede akoz enposibilite pou jwenn yon machin pou transpòte yo a tan nan yon lopital;
    g. anpil gwo gaspiyay regretab fèt nan zafè lajan, tan, enèji, bèt, e sitou lavi moun ki se pi gwo resous ki genyen;
    h. lapè ak dekourajman anvayi anpil biznismann ki rekonèt tout posibilite zòn sa yo, men yo pa vle pran risk pou  yo ale tabli biznis yo la;
    i. lapè  ak refizman moun ka konprann kay pitit, pitit-pitit ak zanmi moun ki fèt nan zòn nan pou yo ale la, retounen la, oswa al tabli yo la;
    j. anpil pitit zòn sa yo kap viv nan peyi etranje oswa nan lòt kwen nan peyi a devlope yon mank enterè kap ogmante e ki nuizib pou zòn sa a yo; e genyen menm ki abandonnen nèt zòn sila yo;
    k. anpil milye dyòb rive pa ka kreye nan zòn sa yo, e se anpil avantaj zòn sa yo ap pèdi chak jou pi plis nan sa gi gen pou wè ak sosyete e ekonomi peyi Dayiti.
     
  3. Gwo enpòtans WOUT SENTETYEN-BENE a

Wout Sentetyèn-Benè a se youn nan branch kominikasyon peyi a ki enpòtan anpil pou rezon nap di la yo:

a. Valè li pou zafè estrategi

Li fè kominike dirèk-dirèk Sidès ak Sid, Lwès ak Sidès, Lwès ak Sid nan pase pa Benè, Kotdefè, Aken (Kafou 44).

Paske li kontinye, lè li rive Blòkòs, Wout LaValedJakmèl la sou Benè, li pèmèt ou boukle Nasyonal #2 a, soti Kafou Difò pou tounen Kafou Difò, lè ou vwayaje pa Sentetyèn, Twen, Meyè, Boden, Blòkòs, Benè, Kòtdefè, Aken e Nasyonal #2 a jouk rive Difò. Konsa, lè li rekonekte, si nou ta ka di sa konsa, nan Wout Nasyonal #2 a nan Aken, WOUT SENTETYEN-BENE a fè trafik rive fèt pa sèlman sou pi fò pati kòt Sidès la, men tou, li mete Sidès an kominikasyon avèk tout Sid la, Nip ak Grandans. Paske li boukle tou Wout Lamitye a soti Sentetyèn pou rive Sentetyèn, nan pase pa Sentetyèn, Blòkòs,  LaValedJakmèl jouk Sentetyèn, wout saa mete itilizatè li yo  pi pre zòn ki plis nan sidès peyi Dayiti yo e ki plis nan sidwès Repiblik Dominikèn. Se lè nou va deside eksplwate richès anba lanmè ki sou zòn kòt sid ak sidès peyi a ak eksplwate kòt saa yo menm tou, nou pral wè nou pa ka viv san Wout Sentetyèn-Benè a. Wout Sentetyèn Benè a pral yon gwo zafè tou pou relasyon nap fè pa lanmè, patikilyèman ak sid Amerikdinò, Amerik Santral, nò Amerikdisid e ak pi fò peyi Ti Zantiy yo.

b. Valè li nan zafè ekonomi

Li fè danre popilasyon moun ki konsènen yo jwenn mache nan tout peyi a.

Li pèmèt nou mete, nou fè sikile ak vann, nan tout zòn kote Wout la pase a, machandiz ki soti nan lòt kote nan peyi a.

Lap fasilite anpil transpò kap fèt nan Wout la lè nap fè komès ale vini ak peyi etranje sou bato nan pò ki nan zòn sidès la.

Li fè transpò fèt nan yon seri de zòn ki se bon tè kote yo plante sitou danre pou manje nan kay ak lòt pou kòmès. Zòn sa yo bay sitou:

  • Danrè pou moun manje oswa bwè: chou, poro, ten, pèsil, bètrav, yanm, patat, pòmdetè, bannan, arawout, pwa ariko, pwa frans, pwa kongo, anpil lòt kalite pwa, mayi, pitimi, jòmou, dyondyon, zaboka, mango, melon, fig, zoranj, chadèk, sitwon, papay, kowosòl, anana, labapen, vach bèf, towo bèf, gazèl, kabrit, mouton, kochon, chwal, milèt, bourik, kòk, poul, kana, pijon, zwazo…
  • Pwodiu pou endistri ak atizana: chapo, panye, mèb, potri, sab, wòch pyè, sab rivyè ak lanmè, wòch kalkè, lacho, rivyè dlo, kaskad, kafe, kakao, palmis, kokoye, pit, kalbas, liul de risen, bwa (chèn, kajou, sèd…)
  • Te ak plant ki se remèd oswa flè ak òneman: lanni, bazilik, seleri, mant, lalwa, lachòy, vèvenn, amwaz, siminkontra, pye rakèt, woz, ilan-ilan, jasmen, flè solèy, eks.

 

SA NAP TANN NAN MEN OTORITE PEYI DAYITI YO

Medam, Mesye Otorite peyi Dayiti,

Konstriksyon WOUT SENTETYEN-BENE a sanble li pa ka tann ankò. Pèd ki soti nan move eta wout saa, ki konsa depi toutan, twò anpil e yo koute nou twò chè. San nou pa ka rive fè anyen, nou konn wè twò souvan moun nou renmen anpil mouri sou wout la, oswa akoz de wout la. Nou pèdi twòp e nou kontinye ap pèdi twòp, nan sa gi gen pou wè ak ekonomi an ak sosyete a, paske wout saa pa janm bon.

Rekonstwi WOUT SENTETYEN-BENE a se youn nan premye bagay pou Leta fè chocho nan moman saa, pou peyi Dayiti. Se pou enterè dirèk ak sekirite preske 600.000 Ayisyen; se pou enterè tout moun; se pou Enterè ak Sekirite tout Nasyon an.

Nou espere avèk anpil konfyans ak senserite wap reponn nan yon sans ki pozitif ak rapid a rekèt nou an.

YON LOT SALITASYON NAN NON PATRI A

Aksepte, Medam, Mesye Otorite Peyi nou an, ak tout remèsiman nou, salitasyon nou voye ba w nan non patri a.

 Pou petisyonè yo, men de (2) moun ki siyen yo:

______________________                                                              ______________________
Jean Milot Chavannes                                                                         Joseph Luc Rémy

Moun ki siyen yo gen non yo nan lis ki kole ak demand sa a.
Petisyonè yo:

 

Pou siyen petisyon an, moun ki soti nan zòn wout la  ka ban nou non yo pa imèl oswa  pa telefòn. Moun ki enterese ka kontakte nou nan imèl saa luckyten1017@yahoo.comjean_chavannes@hotmail.com oswa telefone nou nan: 508-933-1896; 678-683-4302 (Etazini).

 

 Viré monté