Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti
Le devoir civique aurait dû être obligatoire
pour tous les jeunes en Haïti

Emmanuel W. Védrine

Kreyòl-DeutschKreyòl-EnglishKreyòl-EspañolKréyòl-Français

Photo: Courtesy Védrine Creole Project.

novanm 2019 : novembre 2019
mizajou 22 nov. 2019 : mise à jour 22 nov. 2019

Kèk peyi mete l obligatwa pou jèn yo fè sèvis militè pandan (omwen) de ane, apati laj dizuit an. Yo panse se yon bèl fòmasyon sivik pou devlope sivism, e oryante yo tou pou vin bon sitwayen pi devan pou sèvi peyi yo pi byen.

 

Certains pays imposent aux jeunes de faire le service militaire pendant (au moins) deux ans, à partir de l’âge de dix-huit ans. Ils pensent que c’est une bonne formation civique de développer le civisme et de les orienter également pour devenir de bons  citoyens plus tard à fin de mieux servir leur pays.

Anpil nan ti atik kout sa yo nou pibliye ta sikile deja sou lis kontak nou. Se yon fason pou eseye atenn majorite Ayisyen posib, epi pou yo menm an retou ta pataje yo ak lis kontak pa yo tou. Ti atik sa yo konn parèt alekri (sou ekran telefòn), oubyen sou fòm mesaj vokal atravè ribrik nou, «Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora», ke n lanse depi prentan 2018.

 

Bon nombre de ces courts articles que nous publions auraient déjà été diffusés à travers notre liste de contacts. C’est un moyen d’essayer d’atteindre la plupart des Haïtiens et, en retour, de les partager avec leur liste de contacts. Ces articles paraissent sous forme écrite (sur l'écran du téléphone portable) ou sous forme de messages vocaux dans notre rubrique, «Éduquer les Haïtiens en Haïti et les Haïtiens de la Diaspora», que nous lançons depuis printemps 2018.

Nou pa vle bòne travay nou nan edikasyon atravè piblikasyon atik e liv sèlman, men nou panse a tout mwayen posib nou ka rive atenn majorite Ayisyen pou konsyantize yo sou sa ki ka fèt, sa ki dwe fèt pou yon lòt Ayiti (ki ta gen yon imaj pozitif nan lemond), e kote tout jèn ta santi yo ere.

 

Nous ne voulons pas limiter notre travail en éducation en publiant que des articles et des livres, mais nous pensons à tous les moyens possibles d’atteindre la plupart des Haïtiens afin de les sensibiliser à ce qui peut être fait, ce qui devrait être fait pour une autre Haïti (qui aurait une image positive dans le monde) et où tous les jeunes se sentiraient heureux.

Etandone Ayiti pa gen yon lame fonksyonèl (epi li sou titèl yon okipasyon toujou, ak fòs entènasyonal ki sou sòl li) pou ta fè sèvis militè). An menm tan tou, tout moun, tout patriyòt ayisyen ka panse kijan sa ka tounen yon reyalite atravè lwa ki ta sipòte sa. Sa ta bay tout jèn nan laj dizuit an mwayen pou fè devwa sivik pou kòmanse sèvi lapatri.

 

Étant donné qu’Haïti n’a pas d’armée fonctionnelle (et qu’elle est toujours sous une occupation, avec les forces internationales qui y se trouvent). En même temps aussi, tout le monde, chaque patriote haïtien peut penser comment cela peut devenir une réalité avec des lois pour le soutenir. Cela donnerait à tous les jeunes de dix-huit ans des moyens d'assumer leurs devoirs civiques pour commencer à servir leur patrie.

Lè n ap gade kantite jèn ki fin bakaloreya, ki de bra pandye p ap fè anyen, se ta yon opòtinite bab e moustach pou ta kòmanse jwenn seyans oryantasyon nan plizyè domèn, ki pral ede ede yo pi devan. Nou mansyone sa deja nan liv nou, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (ed. 2007, 221 p.).

 

En regardant combien de jeunes qui ont terminé leurs études secondaires et qui marchent dans les rues sans rien faire, ce serait une excellente occasion pour eux de commencer à recevoir des séances d’orientation dans plusieurs domaines qui les aideront demain. Nous en avons mentionnées déjà dans notre livre, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (éd. 2007, 221 p.).

Fiti Ayiti depann de jenès ayisyen jodiya, ke anpil move lidè minimize. Yo pa ankadre jèn yo.  Jèn pa fè pati de pwogram kanpay yo nonplis. Jèn yo swaf direksyon e oryantasyon pou aprann devlope lidèchip depi byen bonè. Nou dwe panse nan tout direksyon kijan leta ta dwe panse a mwayen legal pou angaje yo nan travay sivik ki pral ede nan devlopman Ayiti.

 

L’avenir d’Haïti dépend de la jeunesse haïtienne d’aujourd’hui, que beaucoup de mauvais leaders mépriset. Ils ne soutiennent pas les jeunes. Ils ne font non plus partie de leur programme de campagne. Les jeunes ont soif de direction et d’orientation pour apprendre à développer le leadership de très tôt. Nous devrions réfléchir dans toutes les directions à la manière dont le gouvernement devrait penser aux moyens légaux de les engager dans des travaux civiques qui aideront au développement d’Haïti.

Donk olye pou y ap panse al Brezil, Chili (riske vi yo nan kanntè) pou eseye ateri Bahamas, Miyami, li preferab pou leta ayisyen ta eseye pase lwa pou travay sivik ta vin obligatwa.  Travay sa yo ta gen pou wè ak: aprann kondi traktè pou raboure tè pou fè agrikilti, pou fè wout ak kanalizasyon pou ede nan kad desantralizasyon e devlopman Ayiti, travay nan pwojè rebwazman, nan pwojè pepinyè (plant, legim, pyebwa, ab fritye); pwojè konstriksyon edifis leta, e renovasyon yo (nan tout peyi a); nan pwojè alfabetizasyon nan tout pwovens yo (kote yo rate lekòl); pwojè amenajman lekòl leta yo… Leta ta dwe peye jèn sa yo yon salè (pandan yo ta jwenn lojman e lamanjay gratis nan komin kote y ap fè travay sivik sa yo). Epi nou ta pwopoze pou jèn yo ta fè travay sivik sa yo nan pwòp komin kote yo soti, menm si yo ta gen pou deplase pafwa pou al pran fòmasyon nan yon biwo santral ki pa ta nan komin kote yo ye.

 

Ainsi, au lieu de penser d’aller au Brésil, au Chili (risquant leur vie sur des «bateaux ‘kanntè») essayant d’atteindre les Bahamas, Miami… il vaudrait mieux que le gouvernement tente de faire voter des lois rendant obligatoires les travaux civiques. Ces travaux porteraient sur: apprentissage de l’utilisation des tracteurs pour labourer des terres pour l’agriculture, construire des routes et des canalisations pour aider à la décentralisation et au développement d’Haïti, travailler sur des projets de reboisement, des projets de pépinières (plantes, légumes, arbres et arbres fruitiers); projets de construction de bâtiments publics et leurs rénovations (à travers le pays); dans des projets d'alphabétisation dans toutes les provinces (où elles sont privées d'écoles); des projets de rénovation d'écoles publiques… Le gouvernant devrait payer un salaire à ces jeunes (pendant qu'ils bénéficieraient de l'hébergement et des repas gratuits dans la commune où ils effectuent ces travaux civiques). Et nous proposerions que ces jeunes gens effectuent ces travaux civiques dans leurs communes d’origine, même s’ils doivent se rendre à un bureau central qui ne se serait pas dans leur commune locale.

Nou met anpil anfaz sou seyans fòmasyon pou jèn nan rechèch nou. Donk se ta yon opòtinite bab e moustach pou ranfòse sa, pou oryante yo vizavi metye, pwofesyon e karyè yo ka anbrase pi devan. Konsa pandan de ane sèvis sivik sa yo, tout jèn ka konnen nan ki direksyon yo prale, e preparasyon yo ka kòmanse genyen pou vin bon lidè, lidè responsab demen.

 

Nous insistons beaucoup sur la séance de formation des jeunes dans nos recherches. Ce serait donc une excellente occasion de la renforcer, de les orienter par rapport a des métiers, professions et carrières qu’ils pourront embrasser plus tard. Ainsi, au cours des deux années de service civil, tous les jeunes peuvent avoir une idée de la direction à prendre et de la préparation qu'ils doivent commencer pour devenir des leaders de qualité et responsables demain.

Apre de ane fòmasyon sivik, de ane oryantasyon karyè, metye, pwofesyon, de ane fòmasyon e oryantasyon pou aprann devlope biznis, y ap gen chwa pou pousuiv etid inivèsitè (kote, plizoumwen, y ap deja byen oryante nan ki chan d etid pou y ale, pa rapò a de ane esperyans yo sot fè atravè travay sivik e oryantasyon karyè yo resevwa).

 

Après deux années de formation civique, deux années d’orientation de carrières, métiers, de professions, deux années de formation et d’orientation pour apprendre à développer du business, ils auront le choix de poursuivre des études universitaires (où ils seront plus ou moins bien orientés dans le domaine d’études à poursuivre, en relation avec les deux années d’expérience de travaux civiques et de l’orientation professionnelle qu’ils ont reçues).

Nòt : Note

  • Seminè tradiksyon :  Séminaire de traduction. Lang sib : Langue cible  -- alman (allemand), anglè (anglais), panyòl (espagnol), fransè (français), kreyòl (créole haïtien).

* * *

TÈKS ANEKSE : TEXTES ANNEXÉS

VEDRINE, Emmanuel W.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts

*

 Viré monté