Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Summary of Educational Resources for Haitian Teachers

Emmanuel W. Védrine

Photo: Courtesy Enock Fedna,
New generation 4 Haiti

November 2020
Updated November 24, 2020

SummaryRezimeSommaire •  ResumenZusammenfassung

Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers

Rezime

Avan n abòde sijè nou, n ap pwofite okazyon sa a pou n mande editè, otè, chèrchè e edikatè k ap pwodui zèv oubyen ouvraj ki an rapò avèk Ayiti, kreyòl ayisyen e dyaspora ayisyen an (atik, liv, tèz, e materyèl odyo, odyovizyèl) pou voye tit yo ban nou (ki ta kouvri ane 2000 a 2020). N ap fè posib nou pou ajoute yo san pèdi tan nan Bibliyografi Ayiti ki an liy: Bibliographie Haïtienne et Indices Bibliographiques. Nou mansyone 2000 a 2020 paske gran rechèch bibliyografik nou sou kreyòl ayisyen kouvri piblikasyon soti epòk kolonyal rive lan 2000.

«Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl la. Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti» (Atik 5, Konstitisyon Repiblik d Ayiti, 29 mas 1987).

Lang matènèl la fè pati kòd jenetik oubyen san nou. Nou dwe fyè de sa, e fyè tou pou itilize tout kote. Nou dwe ankouraje moun aprann ekri l, aprann pibliye liv ak materyèl lekòl ladan l, epi itilize l kare-bare nan lekòl kòm lang enstriksyon. Rechèch montre ke elèv ta fè pi byen lekòl lè lang matènèl la itilize kòm lang enstriksyon. Pa egzanp, yo ta fè pi byen nan syans lè materyèl syantifik yo nan lang matènèl la, oubyen lè yo esplike yo nan lang sa a.

Kèk nan kesyon kritik yo ka poze lè yo gade tit dokiman sa a, se: Seyans fòmasyon pou anseyan ayisyen ki kote? (Nan) Ki nivo? Kisa yo dwe konnen? Konbyen nan yo ki konekte ak rezo sosyal yo? Konbyen nan yo ki sa itilize yon konpwoutè (òdinatè) pou fè diferan bagay oubyen fonksyon? Konbyen nan yo ki aprann devlope materyèl didaktik pou sijè y ap anseye? Konbyen nan yo ki gen yon koupwoutè lakay yo (dèstòp oswa laptòp)? Nou antisipe kesyon sa yo, e menm plis toujou pou tigaye lespri oubyen estimile (motive) rechèch, men li enpòtan pou n presize objektif travay nou la a.

Esperyans nou, premyèman antanke anseyan lisansye ou setifye, chèrchè, e ekriven… debite nan Pwogram Bileng Ayisyen nan Lekòl Piblik Boston (Etazini) nan fen ane 80 yo, o nivo High School  ou segonè kote n te anseye Syans Sosyal e Lang Etranje.
Elèv ayisyen (ki sot Ayiti) ki te nan pwogram bileng yo pral fè fas koze «lang» (anglè an patikilye). Se yon premye baryè lengwistik, e konpetans de baz anpil nan yo pa t genyen ni nan ekri fransè ni an kreyòl (pa egzanp, pou ta ekri ou disète nòmalman sou nenpòt sijè nan youn nan de lang yo).

La a, nou kapab analize pwoblèm lekòl Ayiti ki reflete nan pèfòmans yo. N ap pale de elèv imigran ki gen pwoblèm ekonomik, ki rive Etazini swa ak rezidans (alyennkat oubyen sa yo te konn rele grinkat) apre chit rejim Duvalier yo (papa ak pitit), e sa yo ki ta gen estati refijye ki te kite Ayiti yon fason yon lòt pou t al dèyè lavi miyò aletranje.

Pandan yo (te an tranzit) nan pwogram bileng yo (kote anseyan Ayisyen prezante matyè y ap anseye an kreyòl, kòm lang enstriksyon, tout liv ak lòt materyèl didaktik yo te an anglè. Pa t gen tradiksyon oubyen adaptasyon disponib (an kreyòl ou an fransè).

Elèv ayisyen te dwe non sèlman pran kou ESL (English as a Second Language : anglè kòm dezyèm lang) men tou, yo pa t gen yon nivo avanse an anglè pou dechifre liv lekòl la te prete yo (depi kòmansman ane eskolè a (ane akademik lan) an septann, epi pou ta remèt yo an jen, lè lekòl ap fèmen).

Yon anseyan ayisyen ta fè twa fwa travay yon anseyan ameriken (ki t ap anseye menm matyè a, k ap itilize menm materyèl didaktik). Depan de esperyans ou kòm anseyan, tèt ou ka cho (ou estrese) lè w ap fè fas a yon tèl dilèm, pwoblèm w ap esperyanse, e w ap panse kòman ou pral solisyone yo, kòman ou pral prepare plan leson w pou semèn nan (plan semanal ou plan ebdomadè), epi divize l pa 5. De la a etan, ou te ka genyen plan jounalye de sa w pral prezante (kouvri, wè) nan klas, de lendi a vandredi) pou matyè ou responsab anseye yo.

Menm si ou p ap anseye ESL (pou elèv ki pa pale anglè kòm natif), men fò w panse tou nan ki fason ou pral ede elèv yo metrize lang anglè a rapid posib (pase yo nan yon pwogram bileng tranzisyonèl) ak entansyon pou janbe nan pwogram regilye (kote lang enstriksyon an se anglè sèlman).

Nan ka sa a, ou pa gen chwa, fò w byen prepare plan leson ou pou wè kisa ki esansyèl ladan pou kouvri nan klas panan 45 minit ou gen pou anseye a. Donk, pou anseyan Ayisyen k ap anseye Etazini, y ap gen tan gen yon ide jeneral an tèm ide n ap eseye devlope la a. Nou panse patikilyèman a sa yo ki fè esperyans deja nan pwogram bileng.
Nou obsève baryè lengwistik elèv yo. Anpil anseyan ayisyen konfwonte pwoblèm pou y aprann devlope materyèl poumatyè y ap anseye. Devlopman materyèl sa yo dwe adapte ak reyalite anviwonnman an. An plis, yo manke pou adapte materyèl didaktik ki disponib. Lè n konstate tout sa, nou dwe panse jodiya a tout resous ki disponib an liy, e kijan pou n itilize yo nan avantay nou.

Pou anseyan ki Ayiti, y ap fè fas ak pwoblèm pa yo tou. Pami yo, nou ka mansyone: mank fòmasyonsyon pedagojik o kòmansman, klas ki boure ak elèv, disiplin nan saldeklas (ou jesyon saldeklas), aksè a, pwoblèm transpò… Anpil nan yo pa touche a lè pou fakti mansyèl… Nou te ka kontinye drese tout yon lis pwoblèm y ap konfwonte, e pwoblèm lekòl Ayiti ap travèse tou (nan tout nivo).

Donk, pou ret santre sou objektif nou nan la a, nou ta renmen di tout anseyan (ki Ayiti oubyen nan dyaspora) ke ansèyman se yon pwofesyon nòb. Llè w ap prepare plizyè jenerasyon jèn pou demen,  tout anseyan dwe wè sa kòm yon angajman yo pran nan lavi.
Ak teknoloji nan edikasyon jodiya, nou kapab aleje pwoblèm yo atravè rezo sosyal yo. Nou kapab kreye fowòm an liy pou diskite tout bagay, fowòm ki kapab kreye atravè zoum (kote nou ka diferan kote) pou twoke ide.

Se vre se ta yon liks pou anpil anseyan Ayiti ta gen askè a teknoloji. Plizoumwen nou menm k ap viv nan dyaspora e ki gen aksè a sa, gen anpil bagay nou ka panse fè. Pa egzanp, nou kapab pataje ide e esperyans nou. Nou kapab mete dokiman disponib an liy pou ede elèv, anseyan, lekòl Ayiti ki gen plis bezwen resous sa yo pou fè rechèch pi fasil.

Nou pa pretann solisyone tout pwoblèm anseyan, elèv ayisyen ak konfwonte, men tou nou rete kwè ke l enpòtan pou y aprann òganize tèt yo atravè rezo sosyalyo, lokalize resous ki ta disponib an liy pou ede tèt yo, fowòm yo ka aprann òganize (pou pale sou diferan matyè y ap anseye, e nan diferan nivo d ansèyman). N ap pwofite opòtinite sa  a pou met anfaz sou vèsyon elektwonik tout materyèl elèv, anseyan ta bezwen pou fè rechèch (ki fè pati pwogram oubyen korikilòm lekòl la).

Non sèlman depi kòmansman ane 2020 lemond antye ap fè fas ak yon pandemi (covid-19), men tou depi anvan, anpil peyi te gen tan òganize yo pou gen vèsyon elektwonik tout sa yo bewen, sitou nan domèn rechèch ak edikasyon. https://fr.wikipedia.org/wiki/Pand%C3%A9mie

Nou konnen ki pèt entelektyèl Ayiti fè nan tranblemanntè (goudou-goudou)12 janvye a ak dokiman ki pèdi, ki antere anba graba. Anpil enstitisyon pa t gen vèsyon elektwonik yo. Ki leson n aprann de 2 gwo evennman sa yo?

An rezime, kòman n ap deside amelyore kondisyon yo nan moman n ap viv la? Ak reyalite n ap viv la, san nou pa di «demen»? Nan sans sa a, anseyan, edikatè, chèrchè ayisyen dwe travay ansanm (kit yo Ayiti, kit yo nan dyaspora) dekwa pou de zèl zwazo a pèmèt li vole.

Entènèt la kraze baryè distans yo pou l konekte nou. Sa pèmèt nou pou travay pi rapid, e avèk efikasite pou rezoud yon rado (dal) pwoblèm, san depanse milyonven.

Men pou sa tounen reyalite, nou dwe angaje nou nan travay n ap fè, e nou dwe kwè ladan tou. Non sèlman sa pral ede anpil moun, men tou li enpòtan pou tout moun, nan tout domèn aprann fè kèk travay volontè dekwa pou solisyone kèk pwoblèm pi rapid.

Sommaire

Avant d'aborder notre sujet, nous profitons de cette occasion pour demander aux éditeurs, auteurs, chercheurs et éducateurs qui produisent des ouvrages liés à Haïti, au créole haïtien et à la diaspora haïtienne (articles, livres, thèses et  matériels audio) de nous envoyer leurs titres (couvrant les années 2000 à 2020). Nous ferons de notre mieux pour les ajouter le plus rapidement possible à notre Bibliographie Haïti en ligne, Bibliographie Haïtienne et Indices Bibliographiques. Nous mentionnons de 2000 à 2020 puisque notre vaste recherche bibliographique sur le créole haïtien englobe des publications de l'époque coloniale à l’an 2000.

«Tous les Haïtiens sont unis par une Langue commune: le Créole - Le Créole et le Français sont les langues officielles de la République.» (Article 5, la Constitution de 1987, République d’Haïti).

La langue maternelle fait partie de notre ADN ou de notre sang. Nous devons en être fiers et être fiers de l’utiliser partout. Nous devrions encourager les gens à apprendre à y écrire, à y publier des livres, du matériel scolaire et à l'utiliser pleinement à l'école. Les recherches montrent que les élèves réussiraient mieux à l'école lorsque la langue maternelle est la langue d'enseignement. Par exemple, ils feraient mieux en science lorsque le matériel scientifique est dans la langue maternelle ou peut être expliqué dans cette langue.

Certaines des questions que les critiques poseraient en regardant le titre de ce document seraient: Formation d'orientation pour les enseignants haïtiens d’où? Quel niveau? Que doivent-ils savoir? Combien d'entre eux sont connectés aux réseaux sociaux? Combien d'entre eux peuvent utiliser un ordinateur à des fins différentes? Combien d'entre eux apprennent à développer des matériels didactiques dans leurs domaines? Combien d'entre eux ont un ordinateur à la maison (ordinateur de bureau, ordinateur portable)? Nous anticipons ces questions, et plus encore pour stimuler la recherche, mais il est important pour nous de préciser l’objectif de notre travail ici.

Notre première expérience en tant que professeur certifié, chercheur, et écrivain... a commencé dans les Programmes Bilingues Haïtiens des Écoles Publiques de Boston (USA) à la fin des années 80 au niveau secondaire où nous avons enseigné les Sciences Sociales et Langues Étrangères.

Les étudiants haïtiens (venant d'Haïti) qui étaient dans les programmes bilingues allaient être confrontés à des problèmes de langue, en particulier l'anglais. C’est un premier obstacle linguistique, et les compétences de base que beaucoup d’entre eux n’avaient pas eu ni en français ni en créole (par exemple, écrire normalement sur  n’importe quel sujet dans l’une des deux langues.

Ici, nous pouvons analyser les problèmes des écoles haïtiennes refletant leur performance. Nous avions affaire à des étudiants immigrés avec des problèmes économiques qui sont arrivés aux États-Unis avec leur status legal après la chute du régime des Duvalier (père  et fils) en 1986, et ceux qui avaient le statut de réfugiés qui ont quitté Haïti d'une manière ou d'une autre à la recherche d'une vie meilleure à l'étranger.

Pendant qu'ils étaient (en transit) dans les programmes bilingues (où les enseignants haïtiens présentent leur matière en créole, comme langue d'enseignement, tous les livres et autres matériels pédagogiques étaient qu’en anglais. Il n'y avait pas de traduction ou d’adaptation disponible (en créole ou en français).

Les étudiants haïtiens auraient non seulement dû suivre des cours d’ESL (English as Second Language), mais ils n'avaient pas non plus un niveau d’anglais avancé pour déchiffrer les livres que l'école leur prêtait (au début de l'année scolaire en septembre, et ils les rendraient en juin à la fermeture de l’école).

Un enseignant haïtien ferait trois fois le travail d'un enseignant américain (qui enseignait la même matière et qui utilisait le même matériel pédagogique). En fonction de votre expérience en tant qu'enseignant, vous êtes stressé face à un tel dilemme, aux problèmes que vous rencontrez et la façon dont vous allez les résoudre, comment vous allez préparer votre plan de cours hebdomadaire pour la semaine et le diviser par 5. De là, on pouvait avoir le plan quotidien qu'on présenterait en classe (du lundi au vendredi pour les matières qu'on enseigne).

Même si vous n'enseignez pas de cours d’ESL, (pour ces étudiants qui ne sont pas de natifs de l’anglais) vous devez réflechir à la manière dont vous allez les aider à fin maîtriser cette langue le plus rapidement possible. Ils sont dans un programme bilingue de transition avec l'intention d’entrer dans un programme régulier où la langue d'enseignement est l'anglais.

Dans ce cas, vous n’avez pas le choix. Vous devez bien préparer votre plan de cours pour voir ce qu’il y a d’essentiel à faire en classe pendant vos 45 minutes d’enseignement. Ainsi, pour les enseignants haïtiens qui enseignent aux États-Unis, ils auront une idée générale de ce que l'on essaie de développer ici. Nous pensons particulièrement à ceux qui ont de l'expérience d'enseignement dans des programmes bilingues.

On a observé les barrières linguistiques des étudiants. Beaucoup d’enseignants haïtiens confrontent des problèmes d’apprendre à développer des matériels pour les matières qu’ils enseignent. Le developpement de ces matériels doivent être adaptés à la réalité de l'environnement. En outre, ils manquaient l’estratégie d’adapter ceux qui sont déjà disponibles. Vu tout ce cela, nous devons penser  aujourd’hui aux ressources disponibles en ligne et comment les utiliser à notre avantage.

Pour les enseignants qui sont en Haïti, ils sont également confrontés à leurs propres problèmes. Parmi eux, on peut mentionner: le manque d’une formation pèdagoqique au début, des classes pléthoriques, gestion de la classe, l’accès à des matériels pédagogiques, le problème de transport... Beaucoup d'entre eux ne sont pas payés à temps pour régler leurs factures mensuelles... Nous pouvions continuer indéfiniment avec toute une liste de problèmes auxquels ils sont confrontés, et les problèmes que confrontens les écoles à tous les niveaux).

Donc, afin de nous concentrer sur notre objectif ici, nous voulons dire à tous les enseignants haïtiens en Haïti et dans la diaspora que l'enseignement est un métier noble. Lorsqu’on prépare de nombreuses générations de jeunes pour l'avenir, tous les enseignants devraient le voir comme un engagement dans la vie.

Aujourd'hui, avec la technologie dans l’éducation, nous pouvons atténuer les problèmes grâce aux réseaux sociaux. Nous pouvons créer des forums en ligne pour discuter de tout, des forums qui peuvent être créés à travers zoom (où nous pouvons être à différents endroits en même temps) pour échanger d’ idée.

Il est vrai que ce serait un luxe pour de nombreux enseignants en Haïti d’avoir accès à la technologie. Plus ou moins, nous qui vivons dans la diaspora et qui en avons accès, il y a beaucoup de choses que nous pouvons penser à faire. Par exemple, nous pouvons partager nos idées et expériences. Nous pouvons mettre des documents disponibles en ligne à fin d’aider des étudiants, enseignants et des écoles là-bas qui ont plus besoin de ces ressources qui leur faciliteraient à faire des recherches plus facilement.

Nous ne prétendons pas résoudre tous les problèmes auxquels les enseignants et étudiants haïtiens ont été confrontés, mais nous pensons aussi qu'il est important pour eux d'apprendre à s'organiser à travers les reseaux sociaux, de localiser les ressources disponibles en ligne pour s'aider eux-mêmes, des forums qu'ils peuvent organiser ou créer (pour discuter différents sujets à différents niveaux d'enseignement). Nous profitons de l'occasion pour mettre l'accent sur les versions électroniques de tous les matériels dont les élèves et les enseignants ont besoin qui feraient partie de leur programme scolaire).

Non seulement depuis le début de l’année 2020, le monde fait face à une pandémie (covid-19), mais aussi bien avant, de nombreux pays se sont organisés d’avoir une version électronique de tout ce dont qu’ils ont besoin, en particulier dans le domaine de recherche et de l'éducation.

Nous savons quelle perte intellectuel Haïti a subi lors du tremblement de terre du 12 de janvier avec la perte de tant de documents qui ont été enterrés sous des décombres. De nombreuses institutions n'avaient pas eu leurs versions électroniques. Quelle leçon avons-nous tirée de ces deux grands événements?

Bref, comment décidons-nous d'améliorer les conditions du temps que nous vivons et avec la réalité devant nous, sans dire «demain»? En ce sens, les enseignants, éducateurs, et chercheurs haïtiens doivent travailler ensemble (qu'ils soient en Haïti ou dans la diaspora) pour que les deux ailes de l'oiseau lui permettent de voler.

L’internet brise les barrières de distance pour nous connecter. Cela nous permet de travailler plus rapidement et avec plus d'efficacité pour résoudre de nombreux problèmes sans dépenser beaucoup d'argent.

Mais pour que cela devienne réalité, nous devons nous engager dans le travail que nous faisons et nous devons aussi y croire. Non seulement cela va aider de nombreuses personnes, mais il est également important que tout le monde dans tous les domaines, apprenne à faire du bénévolat afin d'aider à résoudre certains problèmes plus rapidement.

Resumen

Antes de abordar nuestro tema, aprovechamos esta oportunidad para preguntar a los editores, autores, investigadores y educadores que producen libros relacionados con Haití, con el criollo haitiano y con la diáspora haitiana (artículos, libros, tesis y materiales de audio) de enviarnos sus títulos (que abarcan los años 2000 a 2020). Haremos todo lo posible para agregarlos lo más rápido posible a nuestra Bibliografía de Haití en línea, Bibliographie Haïtienne et Indices Bibliographiques. Mencionamos de 2000 a 2020 ya que nuestra extensa investigación sobre el criollo haitiano incluye publicaciones desde la época colonial hasta el año 2000.

«Todos los Haitianos estamos unidos por un idioma común: el criollo. - El criollo y el francés son los idiomas oficiales de la República». (Artículo 5, Constitución Haitiana, de 1987República de Haití).

La lengua materna es parte de nuestro ADN o parte de nuestra sangre. Deberíamos estar orgullosos de él y estar orgullosos de usarlo en todas partes. Debemos alentar a las personas a que aprendan a escribirla, a publicar libros en esa lengua, materiales escolares y a usarla plenamente en la escuela. Las investigaciones muestran que los estudiantes obtienen mejores resultados en la escuela cuando la lengua materna es el idioma de instrucción. Por ejemplo, les iría mejor en ciencias cuando el material científico esté en la lengua materna o se pueda explicar en ese idioma.

Algunas de las preguntas que los críticos harían al ver el título de este documento serían: Capacitación de orientación para maestros haitianos ¿desde dónde? ¿Que nivel? ¿Qué necesitan saber? ¿Cuántos de ellos están conectados a redes sociales? ¿Cuántos de ellos pueden usar una computadora para diferentes propósitos? ¿Cuántos de ellos aprenden a desarrollar materiales didácticos en sus campos? ¿Cuántos de ellos tienen una computadora en casa (escritorio, portátil)? Nos anticipamos a estas preguntas, y más para estimular la investigación, pero es importante para nosotros aclarar el propósito de nuestro trabajo aquí.

Nuestra primera experiencia como maestro certificado, investigador y escritor... comenzó en los Programas Bilingües Haitianos de las Escuelas Públicas de Boston (EE. UU) a fines de la década de 1980 en la escuela secundaria donde enseño Ciencias Sociales e Idiomas Extranjeros.

Los estudiantes haitianos (provenientes de Haití) que estaban en les programas bilingües iban a enfrentar problemas de idioma, particularmente inglés. Es un primer obstáculo lingüístico, y las habilidades básicas que muchos de ellos no tenían ni para escribir francés ni criollo (por ejemplo, escribir normalmente  cualquier tema en uno de los dos idiomas.

Aquí podemos analizar los problemas de las escuelas haitianas reflejando su desempeño. Se trataba de estudiantes inmigrantes con problemas económicos que llegaron a Estados Unidos con su estatus legal tras la caída del régimen de Duvalier (padre e hijo) en 1986 y aquellos con estatus de refugiados que abandonaron Haití de una forma u otra buscando una vida mejor en el extranjero.

Mientras estaban (en tránsito) en los programas bilingües (donde los maestros haitianos presentan su material en creole, como idioma de instrucción, todos los libros y otros materiales didácticos estaban solo en inglés. No hubo traducción ni adaptación disponible (en criollo o francés).

Los estudiantes haitianos no solo deberían haber cursado ESL (inglés como segundo idioma), sino que tampoco tenían un nivel avanzado en inglés para descifrar los libros que la escuela les prestó (al inicio del año escolar en septiembre, y los devolverían en junio cuando cierre la escuela).

Un maestro haitiano haría tres veces el trabajo de un maestro estadounidense (que enseña la misma materia y usa los mismos materiales didácticos). Dependiendo de tu experiencia, como profesor, estás estresado por tal dilema, a los problemas tienes, cómo los vas a resolver y cómo vas a preparar tu plan de lecciones semanal. Lo dividiríamos entre cinco. A partir de ahí, podríamos tener el plan diario que presentaríamos en clase (de lunes a viernes para las materias que impartimos).

Incluso si no imparte cursos de ESL, (para aquellos estudiantes que no son hablantes nativos de inglés) debe pensar en cómo les ayudará a familiarizarse con el idioma lo más rápido posible. Están en un programa puente bilingüe con la intención de ingresar a un programa regular donde el idioma de instrucción es el inglés.

En este caso, no tiene otra opción. Necesita preparar bien su plan de lección para ver qué es esencial cubrir en clase durante sus 45 minutos de enseñanza. Así, para los maestros haitianos que enseñan en Estados Unidos, tendrán una idea general de lo que estamos tratando de desarrollar aquí. Pensamos especialmente en aquellos que tienen experiencia docente en programas bilingües.

Observamos las barreras lingüísticas de los estudiantes. Muchos maestros haitianos enfrentan problemas para aprender a desarrollar materiales para las materias que enseñan. El desarrollo de estos materiales debe adaptarse a la realidad del entorno. Además, les faltó la estrategia de adecuar los que ya están disponibles. Dado todo esto, debemos pensar en los recursos disponibles en línea hoy en día y cómo usarlos para nuestro beneficio.

Para los maestros que están en Haití, también enfrentan sus propios problemas. Entre ellos, podemos mencionar: la falta de formación educativa al inicio, el hacinamiento de las clases, la gestión del aula, el acceso a los materiales educativos, el problema del transporte... Muchos de ellos no se pagan a tiempo para pagar sus facturas mensuales ... Podríamos seguir y seguir con una lista completa de los problemas que enfrentan y los problemas de las escuelas en Haití  a todos los niveles).

Entonces, para enfocarnos en nuestro objetivo aquí, queremos decirles a todos los maestros haitianos en Haití y en la Diáspora que la enseñanza es una profesión noble. Al preparar a muchas generaciones de jóvenes para el futuro, todos los profesores deberían verlo como un compromiso en la vida.

Hoy, tecnología en la educación, podemos aliviar los problemas a través de las redes sociales. Podemos crear foros online para discutir todo, foros que se pueden crear a través del zoom (donde podemos estar en diferentes lugares al mismo tiempo) para intercambiar ideas.

Es cierto que para muchos profesores de Haití sería un lujo tener acceso a la tecnología. Más o menos, nosotros que vivimos en la diáspora y la tenemos acceso, hay muchas cosas que podemos pensar en hacer. Por ejemplo, podemos compartir nuestras ideas y experiencias. Podemos hacer que los materiales estén disponibles en línea para ayudar a los estudiantes, maestros y a las escuelas que más necesiten estos recursos que les facilitarían la investigación.

No pretendemos resolver todos los problemas que han enfrentado los docentes y estudiantes haitianos, pero también creemos que es importante que aprendan a organizarse a través de las redes sociales, a ubicar los recursos disponibles en línea para ayudarse a sí mismos, foros que pueden organizar o crear (para discutir diferentes temas en diferentes niveles educativos). Aprovechamos esta oportunidad para enfocarnos en las versiones electrónicas de todos los materiales que los estudiantes y maestros necesitan que serían parte del plan de estudios estudio de la escuela).

No solo desde principios del año 2020 el mundo se ha enfrentado a una pandemia (covid-19), sino que también mucho antes, muchos países se han organizado por tener una versión electrónica de todo lo que necesitan, especialmente en el área de investigación y educación.
Sabemos la pérdida intelectual que ha experimentado Haití en el terremoto del 12 de enero con la pérdida de tantos documentos que quedaron enterrados en escombros. Muchas instituciones no tenían sus versiones electrónicas. ¿Qué lección hemos aprendido de estos dos grandes eventos?
En resumen, ¿Cómo decidimos mejorar las condiciones del tiempo en que vivimos y con la realidad frente a nosotros, sin decir «mañana»? En este sentido, los profesores, educadores e investigadores haitianos deben trabajar juntos (ya sea en Haití o en la diáspora) para que las dos alas del pájaro le permitan volar.

El internet rompe las barreras de la distancia para conectarnos. Nos da acceso a trabajar más rápido y con más eficiencia para resolver muchos problemas sin gastar mucho dinero.

Pero para que eso se convierta en realidad, debemos comprometernos con el trabajo que estamos haciendo y también debemos creerlo. No solo ayudará a muchas personas, sino que también es importante que todos, en todos los dominios aprendan a llevar a cabo algunos trabajos voluntarios para ayudar a resolver algunos problemas más rápido.

Zusammenfassung

Bevor wir uns mit unserem Thema befassen, nutzen wir diese Gelegenheit, um Verlage, Autoren, Forscher und Pädagogen, die Bücher über Haiti, das haitianische Kreol und die haitianische Diaspora
 (Artikel, Bücher, Dissertations und Audiomaterialen) produzieren, nach uns zu fragen senden ihre Titel (für die Jahre 2000 bis 2020). Wir werden unser Bestes tun, um sie so schnell wie möglich in unsere Online-Haiti-Bibliographie, Bibliographie Haïtienne et Indices Bibliographiques. Wir erwähnen von 2000 bis 2020, da unsere umfangreiche bibliografische Forschung zum haitianischen Kreol Veröffentlichungen von der Kolonialzeit bis zum Jahr 2000 umfasst.

»Alle Haitianer sind sich durch eine gemeinsame Sprache einig: Kreolisch. - Kreolisch und Französisch sind die Amtssprachen der Republik« (Artikel 5, Verfassung von 1987, Republik Haiti).

Die Muttersprache ist Teil unserer DNA oder Teil unseres Blutes. Wir sollten stolz darauf sein und stolz darauf, es überall zu verwenden. Wir sollten die Menschen ermutigen, dort schreiben zu lernen, Bücher und Schulmaterialien zu veröffentlichen und sie in der Schule vollständig zu nutzen. Untersuchungen zeigen, dass Schüler in der Schule besser abschneiden, wenn die Muttersprache die Unterrichtssprache ist. Zum Beispiel würden sie in der Wissenschaft besser abschneiden, wenn das wissenschaftliche Material in der Muttersprache vorliegt oder in dieser Sprache erklärt werden kann.

Einige der Fragen, die Kritiker beim Betrachten des Titels dieses Dokuments stellen würden, wären: Orientierungstraining für haitianische Lehrer von wo? Welches Level? Was müssen sie wissen? Wie viele von ihnen sind mit sozialen Netzwerken verbunden? Wie viele von ihnen können einen Computer für verschiedene Zwecke verwenden? Wie viele von ihnen lernen, Unterrichtsmaterialien in ihren Bereichen zu entwickeln? Wie viele von ihnen haben zu Hause einen Computer (Desktop, Laptop)? Wir antizipieren diese Fragen und mehr, um die Forschung anzuregen, aber es ist wichtig, dass wir den Zweck unserer Arbeit hier klarstellen.

Unsere ersten Erfahrungen als zertifizierter Lehrer, Forscher und Schriftsteller ... begannen in den Hsaitian Bilingual Programs der Boston Public Schools (USA) Ende der 1980er Jahre an der High School, wo wir Sozialwissenschaften und Fremdsprachen unterrichteten.

Haitianische Studenten (aus Haiti), die an den zweisprachigen Programmen teilnahmen, hatten Sprachprobleme, insbesondere Englisch. Dies ist eine erste Sprachbarriere und die Grundkenntnisse, die viele von ihnen weder in Französisch noch in Kreolischhatten (z. B. normales Schreiben zu einem  Thema in einer der beiden Sprachen).

Hier können wir die Probleme der haitianischen Schulen analysieren, die ihre Leistung widerspiegeln. Wir hatten es mit Studenten mit Migrationshintergrund und wirtschaftlichen Problemen zu tun, die nach dem Sturz des Duvalier-Regimes (Vater und Sohn) 1986 mit ihrem rechtlichen Status in die Vereinigten Staaten kamen, und mit Studenten mit Flüchtlingsstatus, die Haiti d Auf die eine oder andere Weise auf der Suche nach einem besseren Leben im Ausland.

Während sie (unterwegs) in den zweisprachigen Programmen waren (in denen haitianische Lehrer ihr Material auf Kreolisch als Unterrichtssprache präsentieren, waren alle Bücher und anderen Unterrichtsmaterialien nur auf Englisch. Übersetzung oder Anpassungverfügbar (auf Kreolisch oder Französisch).
 
Haitianische Schüler hätten nicht nur ESL-Kurse (Englisch als Zweitsprache) belegen müssen, sondern auch keine fortgeschrittenen Englischkenntnisse, um die Bücher zu entschlüsseln, die die Schule ihnen geliehen hatte (zu Beginn des Schuljahr im September, und sie würden sie im Juni zurückgeben, wenn die Schule schließt).

Ein haitianischer Lehrer würde die dreifache Arbeit eines amerikanischen Lehrers erledigen, der dasselbe Fach unterrichtet und dieselben Unterrichtsmaterialien verwendet. Abhängig von Ihrer Erfahrung als Lehrer sind Sie über ein solches Dilemma gestresst, welche Probleme Sie haben, wie Sie sie lösen und wie Sie Ihren wöchentlichen Unterrichtsplan vorbereiten. Wir würden es durch fünf teilen. Von dort aus konnten wir den Tagesplan haben, den wir im Unterricht präsentieren wollten (von Montag bis Freitag für die Fächer, die wir unterrichten).
 
Selbst wenn Sie keine ESL-Kurse für Schüler unterrichten, die nicht Englisch als Muttersprache haben, müssen Sie darüber nachdenken, wie Sie ihnen helfen können, die Sprache so schnell wie möglich in den Griff zu bekommen. Sie befinden sich in einem zweisprachigen Überbrückungsprogramm mit der Absicht, an einem regulären Programm teilzunehmen, dessen Unterrichtssprache Englisch ist.

In diesem Fall haben Sie keine Wahl. Sie müssen Ihren Unterrichtsplan gut vorbereiten, um zu sehen, was während des 45-minütigen Unterrichts im Unterricht wichtig ist. Für haitianische Lehrer, die in den Vereinigten Staaten unterrichten, haben sie eine allgemeine Vorstellung davon, was wir hier entwickeln wollen. Wir denken insbesondere an diejenigen, die Unterrichtserfahrung in zweisprachigen Programmen haben.

Wir haben die Sprachbarrieren der Schüler beobachtet. Viele haitianische Lehrer haben Probleme, Materialien für die von ihnen unterrichteten Fächer zu entwickeln. Die Entwicklung dieser Materialien muss an die Realität der Umwelt angepasst werden. Außerdem fehlte ihnen die Strategie, die bereits verfügbaren anzupassen. Angesichts all dessen müssen wir über die heute online verfügbaren Ressourcen nachdenken und darüber, wie wir sie zu unserem Vorteil nutzen können.

Für Lehrer, die in Haiti sind, stehen sie auch vor ihren eigenen Problemen. Unter ihnen können wir erwähnen: das Fehlen einer Ausbildung am Anfang, überfüllte Klassen, Klassenmanagement, Zugang zu Unterrichtsmaterialien, das Problem des Transports... Viele von ihnen werden nicht bezahlt. rechtzeitig, um ihre monatlichen Rechnungen zu bezahlen... Wir könnten mit einer ganzen Liste von Problemen, mit denen sie konfrontiert sind, und Problemen, mit denen Schulen auf allen Ebenen konfrontiert sind, weitermachen.

Um uns hier auf unser Ziel zu konzentrieren, möchten wir allen haitianischen Lehrern in Haiti und in der Diaspora sagen, dass das Unterrichten ein edler Beruf ist. Bei der Vorbereitung vieler Generationen junger Menschen auf die Zukunft sollten alle Lehrer dies als Verpflichtung im Leben betrachten.

Mit Technologie in der Bildung, können wir heute Probleme durch soziale Medien lindern. Wir können Online-Foren erstellen, um alles zu diskutieren. Foren, die durch Zoomen erstellt werden können (wobei wir uns gleichzeitig an verschiedenen Orten befinden können), um Ideen auszutauschen.

Es ist wahr, dass es für viele Lehrer in Haiti ein Luxus wäre, Zugang zu Technologie zu haben. Mehr oder weniger, wir, die wir in der Diaspora leben und Zugang dazu haben, können uns eine Menge vorstellen. Zum Beispiel können wir unsere Ideen und Erfahrungen teilen. Wir können Materialien online zur Verfügung stellen, um Schülern, Lehrern und Schulen dort zu helfen, die diese Ressourcen mehr benötigen, um ihnen die Recherche zu erleichtern.

Wir behaupten nicht, alle Probleme zu lösen, mit denen haitianische Lehrer und Schüler konfrontiert waren, aber wir glauben auch, dass es wichtig ist, dass sie lernen, sich über soziale Netzwerke zu organisieren und die online verfügbaren Ressourcen zu finden Helfen Sie sich selbst, Foren, die sie organisieren oder erstellen können (um verschiedene Themen auf verschiedenen Bildungsebenen zu diskutieren). Wir nutzen diese Gelegenheit, um uns auf elektronische Versionen aller Materialien zu konzentrieren, die Schüler und Lehrer benötigen und die Teil ihres Lehrplans sind.

Nicht nur seit Anfang 2020 ist die Welt einer Pandemie ausgesetzt (Covid-19), sondern auch schon lange zuvor haben sich viele Länder organisiert, um eine elektronishche Versionvon allem zu haben, was sie brauchen insbesondere im Bereich Forschung und Lehre.

Wir wissen, welchen intellektuellen Verlust  Haiti beim Erdbeben vom 12. Januar durch den Verlust so vieler Dokumente erlitten hat, die unter Trümmern begraben wurden. Viele Institutionen hatten ihre elektronischen Versionen nicht. Welche Lektion haben wir aus diesen beiden großen Ereignissen gelernt?

Kurz gesagt, wie beschließen wir, die Bedingungen der Zeit, in der wir leben, und mit der Realität vor uns zu verbessern, ohne "morgen" zu sagen? In diesem Sinne müssen haitianische Lehrer, Pädagogen und Forscher zusammenarbeiten, egal ob sie sich in Haiti oder in der Diaspora befinden, damit die beiden Flügel des Vogels ihn fliegen lassen.

Das Internet überwindet die Entfernungsbarrieren, um uns zu verbinden. Dadurch können wir schneller und effizienter arbeiten, um viele Probleme zu lösen, ohne viel Geld auszugeben.

Aber damit dies Realität wird, müssen wir uns auf die Arbeit einlassen, die wir tun, und wir müssen auch daran glauben. Dies wird nicht nur vielen Menschen helfen, sondern es ist auch wichtig, dass jeder in allen Bereichen lernt, sich sich freiwillig zu melden, um bestimmte Probleme schneller zu lösen.

Research note • Nòt rechèch • Note de recherche • Note de investigación • Forschungsnotiz

Resous edikatif e seyans fòmasyon pou anseyan ayisyen : Ressources pédagogiques et séance de formation et d'orientation pour enseignants haïtiens : Recursos educativos y capacitación en orientación para maestros haitianos : Bildungsressourcen und Orientierungstraining für haitianische Lehrer • Teaching materials for Haitian teachers’ trainings : Materyèl didaktik pou seyans oryantasyon pou anseyan ayisyen : Matériel pédagogique pour la formation des enseignants haïtiens : Materiales didácticos para la formación de profesores haitianos : Unterrichtsmaterialien für haitianische Lehrerausbildungen • Orienting Haitian teachers : Oryante anseyan ayisyen : Orienter les enseignants haïtiens : Orientar profesores haitianos : Orient Haitianische Lehrer •Translation seminar in English, French, German, Haitian Creole, Spanish : Seminè tradiksyon an anglè, fransè, alman, kreyòl ayisyen, espayòl (panyòl) : Séminaire de traduction en anglais, français, allemand, créole haïtien, espagnol : Seminario de traducción en inglés, francés, alemán, criollo haitiano, español : Übersetzungsseminar in Englisch, Französisch, Deutsch, Haitianisch-Kreolisch, Spanisch.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté