Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sivivans prejije anti-kreyòl ak enkyetid
sou lavni franse ann Ayiti e nan Dyaspora

Yon koutje anpirik ak Tontongi

De goch a dwat: Frenand Léger, Tontongi, Pauris Jean-Baptiste, Renauld Govain / FLA, 2018.

Mwen te prezante tèks sa a oralman nan konferans Haitian Summer Institute te òganize jounen 25 jiyè 2022. Mwen remèsye pwofesè Frenand Léger pou envitasyon an e pou travay li nan levasyon lang ayisyen an. Gran remèsiman tou a Lindsay Dudley, Nicolas André ansanm ak tout ekip Haitian Summer Institute lan e Kimberly Green Latin American and Caribbean Center nan Florida International University pou bon jarèt y ap bay lang nou an pou rekonesans li kòm lang lejitim totalkapital.

Nan prezantasyon sa a m ap montre kouman yon seri prejije anti-kreyòl kontinye ap siviv nan sen popilasyon ayisyen an ann Ayiti ak nan Dyaspora atravè yon seri praktik kiltirèl e reflèks konpòtmannyèl. Epitou, m ap fè yon rale-mennenvini sou kouman, sou yon lòt plan, pwogrè lang ayisyen an nan rekonesans / valorizasyon li yon kote, e fokalizasyon monolengwal militan kreyolis yo, yon lòt bò, jenere enkyetid sou lavni franse ann Ayiti.

***

J'ai présenté ce texte oralement lors de la conférence organisée par l'Haitian Summer Institute le 25 juillet 2022. Je remercie le professeur Frenand Léger pour l'invitation et pour son travail infatigable pour la promotion de la langue haïtienne. Un grand merci également à Lindsay Dudley, Nicolas André et à toute l'équipe de l'Haitian Summer Institute et du Kimberly Green Latin American and Caribbean Center de Florida International University pour le superbe soutien qu'ils apportent à notre langue en vue de sa reconnaissance comme langue légitime à part entière.

Dans cette présentation, je montre comment une série de préjugés anti-créoles continue de survivre parmi la population haïtienne en Haïti et dans la diaspora à travers une série de pratiques culturelles et de réflexes comportementaux. J'y parle également sur comment, sur un autre plan, les progrès de la langue haïtienne dans sa reconnaissance/valorisation d'une part, et la focalisation monolingue des militants créoles, d'autre part, génèrent des inquiétudes quant à l'avenir du français en Haïti.

Cette allocution avance aussi comme proposition que la francophilie des Haïtiens a été mise en œuvre par un long et double processus d'infériorisation de la langue du peuple et d'imposition de la centralité référentielle du français comme langue et culture dominantes, un travail rendu possible en partie grâce à l'éducation des élèves haïtiens par des enseignants français, seulement une cinquantaine d'années après l'indépendance.

________________________

Mwen montre nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne kouman yo te konn bay timoun brimad ak pinisyon yo te rele «jeton» ann Ayiti lè yo te pale kreyòl — lang ayisyen an — nan klas lekòl e menm nan lakou rekreyasyon. Paske enstititè ak enstititrris lekòl yo te jije lang ayisyen an te yon «patwa» enferyè ki pa t merite pale an piblik.

Tout sa te posib, paske depi nan kòmansman nasyon ayisyen an kòm antite legal, lib e endepandan, gen yon movèz kout volan ki fèt nan kafou istorik ki pral deside lavni lengwistik e edikasyonèl sosyete ayisyen an.

Nou p ap ka konprann fenomèn enferyorizasyon lang kreyòl ayisyen an — ak tout lòt kote swadizan «kreyòl» sa yo pale — si nou pa mete li nan kontèks dezimanizasyon, oswa demounizasyon si nou ta pale kou Patrick Sylvain, sistèm kolonyalis la tabli pou jistifye eta lesklavaj yo plase lot kretyen-vivan [an n remake Haitians rele tout èt imen kretyen-vivan, living-Christian in English!]

Kòd Nwa a, ki se bann atik lalwa Jean-Baptiste Colbert kòmanse fòmile an 1681 ke Wa Louis XIV fè soti en 1685 pou regile rejim esklavajis la ak trètman yo bay moun an esklavaj yo nan peyi yo kontwole nan Zantiy yo —  yon dokiman mechan e monstre —, te konsidere moun an esklavaj yo kou mèb, kou pwopyete. Kit lang moun an esklavaj yo te pale nan peyi yo soti yo, kit lang kreyòl la yo aprann sou plantasyon yo, pa t gen okenn valè pou kolon esklavajis yo. Dayè, sito moun an esklavaj yo met pye nan lakoni an, premye bagay esklavajis yo fè yo se batize yo nan relijyon Katolik Apostolik Womèn, e yo entèdi tout pratik relijyon vodou oswa relijyon afriken yo t ap pratike yo.

Sepandan, moman ki pral konsakre zonbifikasyon langajye ayisyen vin nan jou menm lendepandans Ayiti. Gran kritik e literatè Maximilien Laroche te etidye sa li rele diglosi ekriven ayisyen yo ki itilize ekriti franse pou eksprime panse kreyòl yo. Li di tandans sa a kòmanse ofisyèlman premye janvye 1804, lè diskou an kreyòl Jan-Jak Desalin lan te suiv pa diskou an franse Boisrond Tonnerre la. Ti jès sa a te gen yon pakèt enpòtans, paske jès la, Laroche di, m ap site «renonse pou l pwolonje ripti Desalin te vle a lè l chanje non franse Saint Domingue pou non Ayiti an»1.

Alyenasyon e zonbifikasyon langajye

Pou ranfòse chwa fransite a, an 1860 Leta ayisyen siyen yon Konkòda ak Legliz Katolik, e youn nan estipilasyon akò sa a, Leta bay Vatikan, atravè branch layik yo, dwa esklizif pou edike pèp ayisyen an, esklizivman an franse (ak laten e grèk kòm ranfò).

Nou konnen rezilta ak enplikasyon chwa sila a: lang ak kilti franse a vin tounen modèl estanda inivèsèl ak konesans obligatwa nan kirikilòm lekòl, yon sistèm panse ak pwogram edikasyonèl ki privilejye valè kiltirèl ak lengwistik ewopeyen yo odepan de valè kiltirèl e lengwistik afrikano-ayisyen yo.

Pou anplwaye yon analoji nan kilti ayisyen an, m ta ka di, Konkòda sa a ede vin desounen timoun ansanm ak tout klas entelektyèl ayisyen an, opwen ke kèk lane apre l kite lekòl Les Frères de l'Instruction Chrétienne lan, René Depestre di nan liv li Encoreunemerà traverser, ke l te twouve konsolasyon nan kout rigwaz Frè Jules, yon pè Breton sadik, te konn maspinen sou misye paske li te satisfè swaf li pou gran klasik franse yo2.

Se konsa, pandan pou plis ke de syèk apre lendepandans Ayiti, lang ak kilti franse a te ret sèl etalon lò pou valorizasyon langaj ak lakilti, tandiske lang kreyòl ayisyen an ak kilti vodou a pa t konsidere kòm lang e kilti totalkapital ki valab.

***

Michel DeGraff

Michel DeGraff

Yon sistèm dominasyon langajye — kouwè yon pwosesis akimilasyon pouvwa oswa degradasyon — genyen plizyè etap nan akonplisman l. Li dabò deklare se li ki sèl kòk k ap chante nan bouk la. Epi, sosyete a rekonèt li kòm si li merite sipremasi  li a. Etap aprè sa, vin etap aseptans, asimilasyon ak entènalizasyon pretansyon ejemonik k ap domine a — oswa pretansyon gwojemonik, selon bon ti mo, neyoloji Serge Madhere la ke Michel DeGraff renmen repete a.

Lè l rive nan pwen sa a, angrenaj dominasyon langajye a pa bezwen deklare tèt li kòm siperyè ni enpoze anyen ankò: moun y ap domine yo vin fè li yo menm. Estrikti panse sistèm dominasyon langajye a enpoze nan sèvo moun lan vin aji kouwè yon sistèm regilasyon limyè sikilasyon: Pa bezwen gen jandàm ak siflèt nan bouch pou di chofè yo ki sa pou yo fè, sistèm reglaj limyè yo fè yo fè li san lòt entèferans. Li vin otomatik.

An n remake ke a aseptans, asimilasyon ak entènalizasyon mòd panse ki enferyorize, delejitime e eskli lang kreyòl moun nan esklavaj yo te kòmanse depi tan lesklavaj. Sistèm esklavajis la te entèdi, enferyorize e òdone rejeksyon lang kreyòl la.

Menm si anpil kolon esklavajis yo te itilize lang kreyòl la pou yo kominike ak moun nan esklavaj yo, yo te entèdi lang lan nan tout rankont oswa sikonstans ki enpòtan.

An n remake tou se te pa pa mank konfyans nan valè entegrite lang kreyòl la pou l transmèt enfòmasyon ki enpòtan ki fè yo te denye l reprezantasyon ; paske kou kolon yo gen yon enfòmasyon enpòtan pou yo kominike bay moun nan esklavaj yo, ofisyèl gouvènman an oswa kolon esklavajis yo toujou fè l an kreyòl (amwenske nan sitiyasyon ki enplike dwa moun nan esklavaj yo, kouwè nan tribinal, men sa se yon lòt sijè). Pa egzanp, Léger-Félicité Sonthonax te ekri an kreyòl Pwoklamasyon emansipasyon moun nan esklavaj yo an 1793. Premye Konsil Napoleon Bonaparte te ekri an kreyòl Pwoklamasyon ki egzòte ansyen esklav oswa ansklave yo pou yo byen akeyi espedisyon Leclerc a an 18013.

Pa t gen okenn ideyal komen, ni pwojè egzistansyèl komen, ant lwa panteyon vodou yo ki te depeyize de Afrik, kontinan zansèt yo, avèk tèks majistral Voltaire e Montesquieu yo. Apre revolisyon 1791-1804 la, ansyen  ansklave yo te blije chwazi kan referans kiltirèl yo. San ke yo pa t konnen, lidè vanipye yo ki t ap goumen vanyamman pou liberasyon yo, pral, bò kote pa yo, bay nanm yo volontèman (ansanm ak santiman yo te gen de tèt yo) ak menm mèt esklavis yo yo fèk fin venk e chase de peyi a. Se te yon sòt de koudeta pa efè desounman kiltirèl. Yon koudeta an dousè, paske pèsonn pa t fè objeksyon ak sa, pèsonn pa t objekte paske pèsonn pa t wè sa kou yon pwoblèm. Yon koudeta ki te dotanplis envizib ke l te nwaye anba tenèb nòmalite.

Kilti dominan an (sètadi kilti nouvo mèt yo ak nouvo dirijan yo) te gen pouvwa pou l fè parèt kòm reyèl bagay ki te soti de dezi li. Sepandan, kèlkelanswa bèl lwanj  yo bay jeni dominasyon lengwistiko-kiltirèl la, reyalite a te koze anpil viktim reyèl: moun sila yo pou ki itilizasyon lang matènèl yo te yon sous brimad ak esklizyon. 

Sistèm devalorizasyon kilti vodou a vin chanje avèk mouvman kiltirèl e entelektyèl yo te rele mouvman endijenis la nan lane 1920-1930 yo avèk pansè e ekriven kou Jean Price-Mars, Emile Roumer, Jacques Roumain, Carl Brouard, Normil Sylvain, Philippe Toby-Marcelin, elatriye, ki vin met aksan sou valè Lafrik ak relijyon vodou a nan sistèm panse ayisyen an. Men, malerezman menm priz konsyans sa a pa t rive pou sa k konsène lang kreyòl la.

Menm lè de tan zan tan,  pandan de syèk, ou konn jwenn kèk entelektyèl kouraje ki defann lang kreyòl la, kouwè frè Ignace e Émile Nau yo nan XIXèm syèk la ki te chèche entwodui l nan literati ayisyen. Oswa Félix Morisseau-Leroy, Paul Laraque ak kèk lòt ekriven nan XXèm syèk ki te ekri nan toulè de lang yo, majorite sila yo ki te sèvi ak kreyòl la te itilize l sèlman kou matyè premyè pou kreye bèl chelèn chedèv franse.

Pèsistans prejije malpanse kont kreyòl ayisyen

Mwen mansyone pi devan an, konpletasyon dominasyon ak alyenasyon an, lè l fè domine yo entènalize alafwa byenfonde, jistifikasyon e nesesite sistèm kolonyal la. Nan lavi m, mwen obsève e viv anpil eksperyans anpirik ki verifye ravaj mantal alyenasyon an koze lakay moun ki domine yo.

Nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne, mwen pale de istwa Erfilia, yon semi-analfabèt, ki aprann pa kè bèl kouplè chanson fransèz popilè yo ansanm ak long fraz franse pou l ka enpresyone mennaj li, yon etidyan dantis. Li memorye pa kè tout kouplè yon chante Raoul Guillaume ki di «Je veux t'aimer hélas comment donc faire / Ma plume s'échappe et ma force m'abandonne / J'implore le Ciel il est sourd à ma voix / Si j'ai péché c'est de t'avoir trop aimée».

Chante a gen anpil kouplè, Erfilia te konnen tout nan yo. Plizyè fwa m tande l k ap pale ak mennaj li, etidyan dantis lan, misye pale ayisyen san konplèks, men manmzèl de tan zan tan fè fofile kèk mo ak ekspresyon franse li aprann tout fèt.

Menm si m te yon ti jèn jan alepòk la, mwen te wè e konprann deja kouman sistèm valorizasyon frankolonizan a, pou m parafraze bèl ti mo defen Idi Jawarakim lan, te dekonstonbre lespri yon moun domine jiskopwen li vle envante mit yon moun li konnen li pa t ye. Erfilia mouri nan trantèn li pou koz konplikasyon dyabèt. Mwen toujou ret kwè ke konbinezon lakay Erfilia de semi-analfabetizasyon, alyenasyon langajye, difikilte sosyoekonomik ak dezestimasyon amoupwòp kontribye nan lanmò prematire li.

Refi itilize lang ayisyen an nan okazyon enpòtan

Mwen obsève tou refi kategorik grann majorite Ayisyen pou itilize lang ayisyen an nan okazyon yo jije enpòtan kouwè maryaj, graduasyon oswa antèman. An n remake moun sa yo pa pale ni franse ni angle nan yon konpetans elve, eke lang yo ka pi eksprime panse yo ak ide yo ladann se lang kreyòl ayisyen an ke yo pale lakay yo chak jou avèk fanmi yo, avèk zanmi yo, avèk vwazen yo, avèk moun yo travay ak yo, nan legliz yo, nan mache komin yo, elatriye.

Sèlman kòm ilistrasyon, mwen ta renmen pataje, yon ka yon enfòman m te pataje ak mwen. Mwen p ap site non li.

Enfòman m lan ak fiyanse li te pwojte pou seremoni maryaj yo te fèt an kreyòl ayisyen. Manman lamarye a te asime se an franse seremoni an ta pral fèt. Lè l aprann se an kreyòl ayisyen li pral fèt, manman an refize kategorikman. Li ensiste pou sa pa fèt. Si se pa franse, li di, li prefere pou seremoni an fèt ann angle, yon lang li pa t menm pale byen.

Sa ki rann degre alyenasyon sa a pi dezolab, se lefèt ke tip rezonnman sa yo tonbe kòm allant de soi, kou yo di an franse, kòm si se yon bagay tou natirèl.

Malgre tout pwogrè ki fèt yo, malgre tout demanti e rejetasyon Noam Chomsky ak lengwistik modèn lan layite pou diskredite fòs ide ki di lang ayisyen an pa ka «pèfòme» kou lòt lang etabli yo kòm franse e angle, gen kritik kontanporen ki kenbe menm vizyon zonbifyan sa a. Anfèt, sa lengwis yo rele pèfòmans lang lan pa ni konstitye ni detèmine sa m ta rele estati ontolojik yon lang antan ke medyòm kominikasyon e affèk, li se pito sa moun ki pale lang lan vle fè ak li.

Nan plizyè etablisman kouwè labank ak otèl mwen vizite ann Ayiti an 2016 e 2018, patikilyèman nan Pòtoprens ak Petyonvil, mwen wè moun k ap sèvi piblik la — ajan, kesye, kesyèz, sèlzmann, elatriye — ki adrese yo an franse.  Poukisa sèvitè sa yo pa adrese moun yo an kreyòl ayisyen? An jeneral se enstitisyon an ki egzije l pou pwotokòl yo jije ki monte imaj enstitisyon an. Si se pa yon egzijans travay, moun lan fè l pou etabli yon distans de ran, pou siyale yo se moun ki edike (paske pale franse nan lespri sosyete a vle di moun edike, byenke gen yon pwovèb ki di pale franse pa di lespri).

Epitou pale franse ede yo tabli yon siperyorite. Pi gwo benefis esklizivite lengwistik sa a bay dirijan etablisman sa yo, li anpeche yon moun ki pa konn pale franse pale twòp, donk kenbe li swa l pou l pa kesyone regleman etablisman an, swa pou l pa revandike dwa li. Se yon fenomèn nou wè pi patikilyèman nan tribinal kote pwosedi yo ap mennen an franse, ant grefye, pwokirè, avoka ak jij ki pale franse, tandiske akize a oubyen asiyan an pa pale lang lan. Rezilta: moun lan pa ka defann dwa li.  Se yon fòm de esklizyon ki fèt avèk èd baryè lengajye.

Genyen tou yon refi pou chante antèman an kreyòl ayisyen an, rezonnman ki deyè li sèke, antanke lang ki pa rekonèt kòm konplè ni lejitim, konpare ak franse e angle ki konsidere kòm konplè e lejitim, yon konsekrasyon enpòtan kouwè maryaj oubyen antèman, ki mande yon rekonesans sosyal lejitim e lejitiman, li klè nan zye enterese yo ke seremoni an dwe fèt an franse ou ann angle. Se tris, men se reyalite. Natirèlman, pratik sosyal sa yo souvan rive enkonsyamman, antouka enterese yo konn pa wè gen anyen mal ladan yo.

***

Yon lang — ke l se yon lang yo domine oswa ki dominan — plis ke yon mwayen kominikasyon, li se alafwa enstwinan avèk ki pouvwa Leta a oswa klas dominan an egzèse prewogatif yo e reprezantasyon senbolik pouvwa a. Toutotan ekriven ayisyen yo ap pibliye sèlman an franse, yo se sa mwen rele «pratisyen ki patisipe nan egzèsis dominasyon franse a». Nan yon tèks fame Jean-Paul Sartre ekri li titre «Orphée noir», li di ekriven frankofòn yo, m site, «sèvi avèk aparèy-a-panse lennmi an» pou yo kritike l, «men l toujou prezan menm nan reyinyon sekrè yo».  Egzistans   lang ak kilti franse a   ann Ayiti se yon bon bagay nan li menm  paske  yo  anrichi  anpil  patrimwàn  kiltirèl  limanite.  Sepandan, si w itilize yo pou kraze e eskli lang ak kilti kreyòl  ayisyen yo (oubyen tout lòt lang ak kilti), se yon bagay orib e kondanab — e ki dwe rektifye.

Yon travay dezonbifikasyon enplike ekspoze e devwale prejije lokitè monokreyòl oswa monoayisyen yo rankontre nan vi sosyal yo, nan relasyon yo ak enstitisyon respekte yo, kouwè administrasyon Leta yo, Lekòl, Inivèsite, Legliz, Edisyon, Komès, fonksyon liberal yo kou Lamedsin, Lalwa, elatriye. Kouwè Michel Foucault montre, relasyon pouvwa entegre nan manmèl tout enstitisyon sa yo, e yo rejwe nan relasyon lengajye yo nan tout kwen sosyete a. 

Epòk Pos-Refòm Bernard la

Peyi a ret tann jouk lane 1979 ak 1980 yo avèk refòm yo rele Refòm Bernard yo, pou Leta ayisyen vin kòmanse pwosesis valorizasyon lang kreyòl la, patikilyèman nan rekonesans valè li kou lang pou kirikilòm edikasyon alafwa kòm sijè e mwayen ansèyman.

Refòm sa yo, e lefèt ke menm yon Leta sou yon rejim diktatè te oze pran yo, vin deklennche yon nouvo apresyasyon pou lang ayisyen an. An n remake ke se pa sèlman bon plezi Leta ki fè li adopte refòm sa yo, men anba presyon mouvman sosyo-kiltirèl yo kouwè emisyon radyo, mizik popilè, teyat ak komedi, mouvman rezistans politik laprès endepandan an, elatriye, ki pwopaje an kreyòl sou zond radyo ak sou plas piblik yo. Men pifò sa yo rele intelligentsia  ayisyen an te toujou rete pou lamajorite frankofil, obskirantis e reyaksyonè pou sa k  konsène lang ayisyen an.

An reyalite, nou ka chache dat chanjman atitid radikal intelligentsia frankofil ayisyen an bò kote yon pozisyonnman pro-kreyòl ki rekonèt konpetans, syantifisite ak lejitimite lang ayisyen an, nan demi syèk ki ale de lane 1950 yo rive lane 2000 yo — avèk enfliyans konbine atis, akademisyen, entelektyèl piblik kou Félix Morisseau-Leroy, Pradel Pompilus, Anthony Pascal  (ti non jwèt Konpè Filo), Languichatte Débordus (Théodore Baubrun), Jean-Claude Martineau (Koralen), alatriye. Sou kesyon demontre syantifisite lang ayisyenan, pratikan chèchè kouwè Charles-Fernand Pressoir, Frank Laubach, Ormonde McConnell, Lélio Faublas, Albert Valdman, Yves Dejean, Pierre Vernet, elatriye, merite yon plas espesyal apa pou lefèt ke yo kontribye, avèk refleksyon e zaksyon yo, nan elaborasyon grafi modèn lang ayisyen an.

De goch a dwat: Pierre-Michel Chéry, Marie Rodney Laurent, Roger Dorcé Dorcil,
Luna Gourgues & Tontongi nan Akademi Kreyòl Ayisyen an / 2016.

Apati epòk nou rele Pòs oswa Apre Refòm Bernard la, genyen yon ripti, yon chanjman ki vin fèt nan sen epistemè lengwistik franse-se-wa a, franse-kòm-sèl-referans-palans-valab la, avèk fondasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) nan lane 2014.

Byenke Refòm Bernard la pa t akonpli objektif prensipal li te bay tèt li yo, lefèt ke Leta ayisyen an te fikse zye l sou kesyon disparite lengajye a, e menm lè plan an te enkonplè, sa vin bay bourad ak pwosesis kesyonnman ki t ap dewoule nan sen sosyete a, pi patikyèman nan sen milye entelektyèl e kiltirèl yo — yon pwosesis k ap kontinye jouk jounen jodi a.

Se apati moman Pòs Refòm Bernard lan nou wè yon demakasyon nan mitan intelligentsia frankofil lan, yon milye ki te prèske antyèman reyaksyonè e retwograd sou kesyon lengaj ann Ayiti. Yo pa t konsidere lang ayisyen an kou yon lang totalkapital. Nan sen milye entelektyèl sa yo, moun ki t ap defann lang kreyòl la te plis eksepsyon ke larèg.

Sepandan, jodi a, menm si yo poko yon majorite ekrazan, gen yon grann kantite moun k ap mande pou jistis langajye ann Ayiti e yo reprezante nan tout echelon sosyete sivil la, kou nan administrasyon Leta yo, patikilyèman avèk prezans Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA).

Konsènan Akademi Kreyòl Ayisyen an, efektivman se pou lapremyè fwa nan istwa Ayiti, yon gran kolektif konpoze de moun ki privilejye kilti frankofil ayisyen an pran pozisyon pou defans lang kreyòl ayisyen an. Yon senp analiz konpozisyon manm fondatè ak manm aktyèl AKA yo ka verifye yo kòm manm intelligentsia bileng lan ki maton an franse kou an kreyòl ayisyen (moun kou pa egzanp Fritz Deshommes, Pierre-Michel Chéry, Frenand Leger, Marquis Jean-Pierre, Michel DeGraff, Marie Rodney Laurent, Roger Dorcé Dorcil, Jocelyne Trouillot,  elatriye).

Robert Berrouët-Oriol.

Bagay ki te ra nan lane anvan yo, grann majorite moun k ap defann entegrite ak valorizasyon lang kreyòl ayisyen an vizavi yon lang franse yo twouve dominan, ostrasizan, rejetan, yo se moun ki renmen franse e ki pale e ekri l pafètman byen, men ki rekonèt tou lenjistis lengajye e retadasyon devlopmantal enperyalism kiltirèl Lafrans ak frankofili boujwazi ayisyen an koze Ayiti ak pèp ayisyen an. Gen 2 ka nou twouve trè ekleran e siyifikatif: 1) moun kouwè Hughes St-Fort, Lyonel Trouillot, Robert Berrouët-Oriol, Myrtha Gilbert, Fritz Deshommes oswa Renauld Govain — de dènye yo respektivman Rektè e Dwayen Fakilti Lengwistik Ayisyen (FLA) — , sètadi moun ou ta di ki reprezante frankofoni an nan sen bilengwism ayisyen, yo tout se moun tou k ap milite fawouchman pou lang kreyòl la e pou rekonesans dwa lengwistik pèp ayisyen an. Se yon pwototip lengwis militan kreyolis Yves Dejean te byen reprezante.

Sepandan, se pa yon kontradiksyon. Se dyalektik yon misyon ki gen de mouda: youn se rekonèt franse kou yon patrimwàm lengwistik e kiltirèl Ayiti deja genyen en quelque sorte, kou yo di an franse, e ki pa nan li menm alyenan (pa gen anyen alyenan nan aprann e metrize yon lang ak kilti etranje), menm si se yon ti minorite ki jwi li. Lòt mouda misyon an se tabli ann Ayiti yon sistèm nan rapò lang ki korije lenjistis lengajye anti-kreyòl la e ki itilize toulè de lang ak kilti yo — lang/kilti franse a ansanm ak lang/kilti ayisyen an — kou mwayen pou devlopman, elevasyon ak jwisans peyi Ayiti ak pèp ayisyen an.

Pwogrè e chanjman atitid vizavi lang ayisyen an

Menm lè Leta santral ayisyen an toujou ap fè katimini osijè yon pratik nasyonal konsekan de lang ayisyen an nan tout ministè ak administrasyon li yo e sou tout teritwa nasyonal la, gen layite pwogrè ki ap fèt, pa egzanp nan atitid ekriven yo pou yo ekri nan lang ayisyen. Genyen menm yon etidyan Inivèsite Duke o Zetazini — Lydia Bradford — ki ekri tèz donè kolèj li an kreyòl ayisyen an 2017.

Ann Ayiti kou nan dyaspora, gen yon layite «Selebrasyon Mwa Kreyòl Ayisyen» k ap djondjonnen chak mwa oktòb, yon nouvo tradisyon ki kòmanse avèk Pierre-Roland Bain ki anime òganizasyon Kepkaa nan Monreyal, Kanada, nan lane 2000 yo e ki vin reprann ann Ayiti, nan Boston, nan Nouyòk, elatriye.

Rochambeau Lainy / Foto koutwazi langse.ueh.edu.ht

Pami aktivite selebrasyon sa yo, genyen yon «Senpozyòm sou lang, relijyon ak kilti ann Ayiti: Twa chimen kontre» ki te fèt nan Booklyn College nan Nouyòk an 2018, ansanm ak plizyè kolòk entènasyonal sou kreyòl ayisyen an ki fèt ann Ayiti anba parennaj Inivèsite Deta d Ayiti, pami yo yon Kòlòk entènasyonal nan Pòtoprens an oktòb 2018 anba tit «Kreyòl ayisyen nan etid kreyòl yo: bilan, avanse ak pèspektiv», sou lidèchip  Renauld Govain, Fritz Deshommes, Guerlande Bien-Aimé ak tan lòt ankò. Kolòk sa a te reyini yon layite lengwis ak pratikan langajye enpresyonan alantou estrikti, evolisyon ak avanse non sèlman lang ayisyen an men tou plizyè lòt «kreyòl» kou sa Reyinyon, Gwadloup, Matinik, Lil Moris yo, elatriye.  Anpil gwo chabrak nan mouvman lengwistik pro-kreyòl yo te patisipe nan Kolòk sa a, kou pa egzanp Michel DeGraff, Rogéda Dorcé Dorcil, Lemete Zephyr, Darline Alexis,  Ethson Otilien, Rochambeau Lainy, Viviane Deprez Saliko S. Mufwene, ak yon pakèt lòt akademisyen estime, kouwè lengwis Juliette Facthum-Sainton ki te soti Gwadeloup, ak pwòp animatè Creole Summer Institute lan, lengwis renome Frenand Leger, ki te sot depi Kanada e prezante yon konferans anba tit «Wòl Akademi Kreyòl Ayisyen an nan devlopman syantifik lang kreyòl la: bilan ak pèspektiv». Mwen menm, ki te yon patisipan tou, te prezante non pa yon papye syantifik sou estrikti lang kreyòl, men pito yon ti istwa tematik sou yon deblozay nan yon maryaj ke m titre «Maryaj Belizè Dyedone ak Jezila Lamatinyè: Nanm desounen kont rasyonalism kritik», kote m itilize metòd egzistansyalis Jean-Paul Sartre fè nan woman La Nausée a. Ide santral la istwa a se entènalizasyon enfliyans kiltirèl vodou nan evennman chak jou, kouwè yon resepsyon maryaj.

Fritz Deshommes

Fritz Deshommes, recteur UEH.

Onivo konsyantizasyon sou valè lang ayisyen an, an n mansyone jefò Marc-Kensen Curvinglines ki tradui vèsyon angle liv Alice in Wonderland (Alice nan peyi Mèvèy). L ap travay kounye a sou yon tradiksyon liv filozòf Alman Friedrich Hegel The Phenomenology of Spirit / Fenomeloji Lespri.

Genyen sètennman anpil dlo ki koule anba pon an, kouwè yo di, depi lè Félix Morisseau-Leroy te tradui pyèsteyat Sophocle la, Antigòn, ann ayisyen (an 1953), paske lontan apre tradiksyon sa a milye frankofil, oswa frankolonize yo, kontinye devalye merit lang kreyòl ayisyen an, e milye entelektyèl yo pa fè anyen ak sa paske, yo asime, pa t gen bous, ni grant, ni lektora pou zèv kreyòl ayisyen. Epi pa t gen enfraestrikti pwodiksyon liv ak zèv entelektyèl e atizay ki fikse sou kreyòl ayisyen an.

Men, erezman, sa kòmanse ap chanje. Anpil animatè kreyolis kouwè Manno Eugène, Gary Daniel, Anivince Jean-Baptiste ap goumen pou met plis enfraestrikti kreyòl nan peyi a, san bliye yon Festival Entènasyonal Kreyòl ki fèt chak ane e reyini pansè, ekriven ak rechèchè ki sot tout kote nan lemond.

Trè resamman pwofesè Lunine Pierre-Jerôme tradui liv Alice Walker a, The Color Purple anba tit Koulè Mov la ann ayisyen. Pierre-Jerôme fèk tradui e fè soti pou Edisyon JEBCA tradiksyon ann ayisyen liv Edwidge Danticat a, Breath, Eyes, Memory, anba tit Vivans, Vwayans, Souvnans.

An 2016, Bernier Pierre tradui an kreyòl ayisyen zèv Bernard Diederich ak Al Burt la Papa Doc: The Truth About Haiti, aba tit Papa Dòk ak Tonton Makout li yo, Laverite sou Ayiti. Nicole Titus tradui an kreyòl ayisyen,  zèv William Shakespeare la,  Romeo ak Jilyèt.  Liv sa a se twazyèm liv klasik Titus tradui e pibliye lakay Edisyon Trilingual Press. Dezyèm lan se Hamlèt (Prens Dànmak), tradiksyon pyèsteyat Shakespeare la, kote Titus rann vivan pou lektè venteyennyèm syèk yo dram wayote nan peyi Dànmak nan fen sèzyèm syèk ewopeyen an.

Twazyèm lan se Plato / Platon Apology, Crito, Phaedo / Apoloji, Kriti, Fedo (2012), kote manmzèl rann fon panse ak pwosesis panse gran filozòf grèk la nan lang vènakilè nou an. Se pa nan literati ni filozofi sèlman nou wè pwogrè sa yo nan lang ayisyen an. Nou wè yo tou nan lasyans, nan medya, nan teknoloji kominikasyon, kou nou wè izaj lang ayisyen an nan entèfas (interfaces) òdinatè, kodifikasyon li ak transkripsyon lpa Marilyn Mason nan sa li rele a creoleconvert, ansanm ak travay Michel DeGraff nan Inivèsite MIT, oswa Yvon Lamour nan edikasyon.

 Albert Gérard Noël fèk soti ka Edisyon JEBCA liv Analiz Matematik, an de volim (matematik yon sèl varyab e plizyè varyab). San konte travay nou menm tou n ap fè nan literati ak edisyon nan revi Tanbou akTrilingual Press, oswa nan Educavision, ak tan lòt ankò.

Tout travay sa yo fè demonstrasyon ke se pa kapasite, ni konpetans ki manke nan lang ayisyen an e ki fè lelit yo meprize l pandan kat syèk la, men pito mank yon volonte politik delapa tout nasyon an ak absans jefò pèsonèl ekriven e edikatè yo ki te plis konsène nan sèvi lwayalman sistèm lengwistiko-edikatif frankofil ki tabli a (jodi a li vin ap segonde pa yon sistèm edikatif anglofil tou…).

Lè m t ap leve nan Pòtoprens nan lane swasant yo, yon kolòk syantifik sou kreyòl ayisyen nan lasyans senpleman pa t konsevab. Epi, lè w gade moun ki layite pou pale sou li yo, se ankò pi enkonsevab: lakrèm intelligentsia ayisyen an nan diferan domèn konesans imanis.

Soti de epòk — ki pa two lontan de sa — kote lekòl te konn pini elèv ki pale kreyòl menm nan lakou rekreyasyon, rive nan òganizasyon michan kolòk sou valè kreyòl, genyen yon gwo pwogrè ki fèt, menm si n ap ret tann ankò lè tout prezantasyon kolòk yo ta fèt tou nan lang kreyòl ayisyen, antouka plis kòm règ ke eksepsyon règ la.

Tablisman yon nouvo epistemè

Nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne, pibliye plis ke kenz lane de sa, mwen te fè yon apèl pou yon nouvo epistemè lengwistik ann Ayiti. Épistémè oswa epistemè ann ayisyen, se yon tèm pedan — ki soti depi Platon ak Aristòt — Michel Foucault renmen itilize pou pale de mòd panse, aji e fonksyonnman dominan nan yon sosyete nan yon epòk istorik detèmine. Depi lesklavaj e kontinye apre lendepandans Ayiti an 1804, epistemè dominan an se mod panse, aji e fonksyone frankofil la. Epistemè kiltiralo-lengwistik la (ki ka tou ekonomik, militè, syantifik, filozofik, elatrye) p ap chanje de yon jou ak yon lòt; li ka pran plizyè dekad, souvan plizyè jenerasyon, vwa menm plizyè syèk pou defèt sèten abitid ki p ap mache oswa adopte nouvo fason pou fè yon bagay mache.

Jounen jodi a, nou ta di nou ant de (2) epistemè: youn ki poko vle ale nèt e ki kwè toujou franse se mèt lakoloni eke lang kreyòl ayisyen la pa yon lang lejitim, totalkapital; ak yon lòt ki kwè lekontrè.

Nouvo epistemè sa a — ki poko ka pran pye pwiske lang franse a toujou rete dominan ann Ayiti —, adopte okontrè postila ke pa gen lang ki enferyè ak yon lòt lang eke diferans nan pèfòmans ant yon lang ak yon lòt depann de relasyon pouvwa ant yo ak degre angajman sosyete sivil la deplwaye pou soutni e djanmen lang lan.

Lè n fin tabli ke se pa kesyon siperyorite, ni enferyorite, ni konpetans ki diferansye lang yo, men pito rapò de fòs ant fòs sosyal e politik kote lokitè yo ye a, ki fè sèten gwoup deside ki sa ki gen valè e ki sa ki pa gen valè; lè n fin tabli, kouwè lengwistik jenerativ la montre, ke lang ak langaj fè pati de fonksyonalite ak kapasite biyolojik èt imen eke tout jefò pou kreye atifisyèlman yerachi ak sistèm de valè ant yo se magouy klas dominan ak lelit yo pou kenbe pèp la nan iyorans e anba pat dominasyon enperyalism kiltirèl peyi Lafrans; wi, lè n fin tabli premye prensip sa yo, n ap vin wè bezwen yon nouvo epistemè k ap tabli yon lòt òd valè ak priyorite lengwistik, yon lòt griy referans ak apresyasyon de sa pèp ayisyen an deja genyen e ki fè fòs li: yon lang ak kilti ki pa l e ki diferansye de miraj mistifikasyon boujwazi dominan ayisyen an ki chache tire lejitimite li de koneksyon l avèk boujwazi ak lelit franse a, e, jodi a, lelit etazinyen an tou.

Pou yon dominasyon vin konplè li dwe non sèlman kontwole domèn sosyal, ekonomik oswa militè yo, men sitou domèn kiltirèl, lengwistik, atistik e afektif yo tou. Se sa yon dominasyon kiltiralo-lengwistik enperyalis fè: li tabli yon dominasyon total e totalize.

Pou nouvo epistemè a vin tabli tout bon vre, sètadi pou l vin idantifye l ak reyalite chak jou a, se pou — e se lè — Leta ayisyen, ann akò ak dezi sosyete sivil ayisyen an, dekrete lang ayisyen an pa pitimi san gadò ankò eke tout tranzaksyon ak aktivite administratif Leta ap fè dwe fèt nan lang kreyòl ayisyen an, eke lekòl yo, de jadendanfan, pase pa klas elemantè rive nan nivo inivèsitè, dwe fèt ladann, lang kreyòl ayisyen an — ke nou dwe yon jou rele senpleman ayisyen pou konplètman retire konotasyon kolonyalis e konfizyon deziyatif mò kreyòl la genyen.

Pou ede nouvo epistemè a vin vrèman tabli, se pou gen yon refleksyon e re-oryantasyon jeneral ki serye nan kouman Ayiti fonksyone e sou kouman sèten jan li fonksyone aji negativman sou devlopman li, e ki sa ki dwe fèt pou reponn ak pwoblèm l ap konfwonte yo. Pami yo, alyenasyon lengwistik. Ekriven, tradiktè, editè, edikatè ap jwe yon wòl enpòtan nan reoryantasyon sila a.

Malerezman, malgre tout pwogrè ki fèt yo nan dyeksyon respektasyon lang nasyonal ayisyen an, anpil enkonpreyansyon, prejije ak malpanse kontinye ap tenebrize lespri moun ak enstitisyon osijè lang lan. Moun kontinye ap refere ak li kou yon «patwa», yon «dyalèk», yon koup etranje yon jou te sezi wè m ap ekri ann ayisyen. Menm Encyclopedia Britannica kontinye ap rele lang ayisyen an yon «French creole», yon «kreyòl-franse». Nou menm tou Ayisyen nou kontinye ap rele lang lan «kreyòl», yon eritaj kolonyal ki pa rann kont de reyalite lang lan kou yon «pos-kreyòl» kouwè anpil lòt lang ye. E sa kreye konfizyon avèk lòt swadizan «kreyòl» yo, kouwè  «kreyòl matiniken»,  «kreyòl gwadloupeyen»,  «kreyòl kapvèdyen», elatriye.

Enkyetid sou lavni franse ann Ayiti

Nan yon konferans li bay nan Inivèsite Indiana o Zetazini  jou 1e avril 2022, pwofesè Rochambeau Lainy, yon lengwis, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, deklare: «Si timoun ayisyen yo pa boule byen lekòl e pa gen opòtinite nan lavi a, se pa evidamman paske ansèyman an an franse, men pito paske politik edikasyon dirijan yo ap aplike a pa apwopriye. Ansèyman an kreyòl nan kontèks aktyèl la p ap chanje sitiyasyon an non plis si bilengwism franse-kreyòl ann Ayiti a ap mal jere

Li pa ret la, li ajoute, m ap site: «Estati ak itilizasyon franse ap konteste pa otè ki defann ipotèz ke franse se lakoz prensipal eksklizyon ak echèk akademik ann Ayiti.» Li lonje dwèt an patikilye sou Yves Dejean ak Michel DeGraff.

«Yon agiman klasik [mesye sa yo avanse], Rochambeau di,  sè ke kreyòl ta dwe yon faktè detèminan nan aprantisaj paske se lang manman timoun yo. Anplis de sa, gen lide ke ansèyman an franse se yon dezavantaj, yon vyolans sikolojik e senbolik, ansanm ak yon abi, paske se sèlman yon ti minorite nan popilasyon lekòl la ki deja konnen lang sa a [tradui de angle pa nou menm].»

Mo sa yo te ase pou eskandalize lengwis e pwofesè, Michel DeGraff, ki denonse pawòl Lainy yo kou blasfèm ki sot nan bouch yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an ki ta dwe bay tèt li wòl defansè lang kreyòl oprime ayisyen an.

Byen ke pasaj li souliye nan diskou Rochambeau a pa mansyone ke franse menase ann Ayiti, DeGraff reponn nan yon imèl li sikile pami yon gwoup moun, m ap site: «Ki sa k ap menase lang franse ann Ayiti e ki mande "pwoteksyon" nan men yon Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen? (...)  Pwòf Akademisyen Kreyolis Rochambeau Lainy, tanpri, konsidere done ak analiz mwen pataje yo — mwen pataje referans ki byen dokimante enpòtans lang natif natal pou lekòl tèt an wo, depi nan ti klas yo rive nan inivèsite. Nan rezime ak nan prezantasyon ou fè nan Indiana University a, ou mal reprezante ni pozisyon Pwòf Yves Dejean, ni pozisyon m sou dosye fondamantal sa a epi ou pa prezante okenn done solid ki pou ta kore pozisyon pa w la — konsènan "bilengwis" ann Ayiti ak analiz ou ki di lang kreyòl la pa nesesè nan aprantisaj ti moun ki pale kreyòl epi w di lang kreyòl la, si l ta sèvi kòm zouti pou ansèyman pami ti moun ki pale kreyòl, se yon lang k ap bloke ti moun yo nan echanj ak lòt peyi. Vrèman? Se kòm ki dirè, kòm lengwis, ou panse lè yon ti moun ki pale KREYÒL ap aprann *AN* kreyòl, li pa ka aprann okenn lòt lang. Vreman?!? ....»

Lainy reponn, li di pwofesè DeGraff met pawòl nan bouch li, men olye ke l fè yon analiz sistematik pou montre ke pawòl DeGraff met nan bouch li yo se pa sa ditou li te di, misye mande, avèk yon ton moun fache, pou DeGraff pa janm met non li nan bouch li, m ap site: «Michel DeGraff, mwen p ap reponn ou sou sa w di yo, m ap mande w sèlman pou w bliye non mwen, Rochambeau Lainy, tankou premye ti kazak paran w yo te mete sou ou. Mwen menm mwen deja pran rezolisyon pou non pa w, Michel DeGraff, pa  parèt nan okenn bagay  m ap di ak ekri. Souple Michel DeGraff, mwen mande w pou w fè ti jefò sa a.»

Wòl defansè a se ekriven e etimolojis Robert Berrouët-Oriol ki vin asime l. Michan polemikis ki pa janm refize yon defi konba lide, Berrouët-Oriol pran opòtinite a ak de bra.

Nan yon mesaj imèl RBO voye bay Rochambeau jou 12 avril, li di l li remèsye l pou lefèt ke l abòde avèk kouraj «kesyon de fon» sa yo, li ajoute, m ap site: «Pawòl piblik lengwis k ap travay sou teren an ann Ayiti yo endispansab pou anrichisman deba piblik la. (...) M estime li nesesè e salitè pou n pote, kouwè ou fè a, agiman solid kont koze grenn goch ak fondamantalism sektè e dogmatik Michel DeGraff yo. Kanpay pawòl anlè l ap mennen kont franse a ann Ayiti  — ke l kalifye de "frankofoli" — fè pati de deniman atik 5 Konstitisyon 1987 lan e pi plis ankò de deniman patrimwàn lengwistik bileng kreyòl-franse a, alòske l fè etid primè e segondè li yo nan enstitisyon Saint-Louis-de-Gonzague ann Ayiti [tradiksyon de franse pa nou menm].»

Nan yon tèks li pibliye nan revi Le National apre imèl sa a jou 3 me 2022 anba tit «L’aménagement du créole en Haïti et la stigmatisation du français: le dessous des cartes», Robert Berrouët-Oriol denonse sa li rele «Ayatollahs kreyòl yo» ki ap chache «dechouke totalman franse ann Ayiti». Li pran Édouard Glissant kou repondong ki te denonse yon jou «monolengwism sektè» Etazinyen yo. Daprè Berrouët-Oriol, kreyolis ayisyen yo ap fè pwomosyon pou «yon sèl lang ofisyèl» nan yon «mepri awogan de totalite lokitè franse yo ann Ayiti [tradiksyon de franse pa nou menm]».

Yon obsèvatè non Ayisyen,  pwofesè David Stringer, ki te tande prezantasyon Rochambeau a, voye yon imèl bay DeGraff kote l di: «Mwen te tèlman choke pa pawòl sa a. Nan dènye lane yo, mwen vin pi konsyan de nesesite pou m dekolonize pwòp opinyon e apwòch pa m. Men, prezantasyon Rochambeau Lainy a te egzanp ki pi klè mwen te wè sou nesesite pou dekolonize non sèlman akademi an, oswa yon domèn etid, men pwòp nou menm, pou vide pwòp tèt nou de mit anpi yo. Iwoni pwofon tip vizyon womantik de "frankofoni" sa a soti lakay yon moun yo envite pou pale sou kreyòl la te vrèman ekstraòdinè [tradiksyon de franse pa nou menm].»

Alain Saint-Victor / Foto koutwazi paj Facebook ASV.

Kritik Alain Saint-Victor, ki t ap swiv deba a, entèvni e konplimante Berrouët-Oriol pou repons li an, m ap site: «Mèsi anpil pou presizyon sa yo. Li enpòtan vre pou nou pa tonbe lan fo deba, sitou konsènan yon sijè esansyèl  kankou wòl lang nan edikasyon

Lengwis Hugues Saint-Fort pa t renmen ekspresyon «fo deba» Alain Saint-Victor anplwaye a, men l pa t rete la. Nan yon atik li ekri nan revi Le National jou 26 avril 2022, li atake de fon pozisyon prezime Lainy an; men kèk mo nan sa l di, m ap site: «Pou nou byen konprann kontèks istorik, sosyal ak lengwistik deklarasyon sa a, an n sonje  analiz lengwis ayisyen Yves Dejean ki te pibliye yon liv an 1975, ki rele "Dilemme en Haïti: français en péril ou péril français?" Yves Dejean te poze yon kesyon ki te fè anpil sans nan epòk sa a (an 1975). Prèske 50 lane apre, anpil chanjman rive fèt nan sitiyasyon sosyo-lengwistik Ayiti: kreyòl ayisyen nou an vin tounen youn nan 2 lang ofisyèl peyi a (lòt lang ofisyèl la toujou rete lang franse), genyen dekrè ministeryèl ki pwoklame kreyòl kòm "langue d’enseignement" e "langue enseignée", sistèm edikasyon Ayiti an vin wè anpil chanjman, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl, vin genyen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Èske se paske chanjman sa yo te parèt tankou yon menas kont lang franse ke Rochambeau Lainy te jije fòk li bay tèt li misyon pou li "pwoteje lang franse ann Ayiti" ? Ki kote Rochambeau Lainy wè menas sa a? Èske pawòl sa a ke Rochambeau Lainy rakonte a, se yon pwovokasyon li ye, oswa èske misye se yon gwo nayif ki pa konprann enplikasyon pawòl li a ? Pou ki sa misye te di pawòl sa a? [...] Mwen ta etone anpil si Rochambeau Lainy se yon gwo nayif.... Èske li kwè vrèman vre, misyon li se "pwoteje lang franse ann Ayiti ?". Si repons lan se wi, genyen yon  gwo kesyon ki dwe poze tou suit lè sa a: ki sa l ap regle nan AKA?»

Se menm kesyon sa a, esansyèlman, Michel DeGraff poze. Men, èske se sa vrèman Rochambeau Lainy te vle di? Èske se pa yon pwosè entansyon yo vle fè misye? Aprè tou, èske defann egzistans lang franse ann Ayiti se blasfèm sa a lengwis sa yo ta vle fè l pase a?

Pita, Saint-Victor reponn Hugues pou l klarifye ke l pa t vle di deba a li menm se yon fo deba, men demanti RBO pote a te «fè m panse Lainy pa t fè deklarasyon an  vrèman, gen lè moun k ap di sa yo vle antrene nou lan yon fo deba»4.

Alaverite, malgre ton pwovokatè predika Rochambeau yo, yo pa gen anyen nouvo. Agiman sou swadizan ensifizans «eta aktyèl» kondisyon devlopman lang kreyòl ayisyen se yon pretèks ki itilize depi digdantan pou pa fè anyen pou chanje sitiyasyon dominasyon franse a. Se vye agiman sou mank «pèfòmans» ak «konpetans» lang ayisyen an. Anvan, yo te di li pa t gen okenn «konpetans», men Rochambeau  pa di sa, li plase kesyon l yo nan kad jeneral kesyonnman sou edikasyon bileng ann Ayiti — avèk premis gwojemoni franse a toujou la.

Hugues Saint-Fort / Foto koutwazi paj Facebook HSF.

***

Lè n konnen brimad ak meprizasyon ki asosye ak itilizasyon lang kreyòl ayisyen nan «lasosyete», ansanm ak long konba, e souvan konba solitè, militan kreyolis yo mennen pou fè respekte lang ayisyen an, ansanm ak dwa langaj pèp la, nou ka konprann sòt fokalizasyon monolengwal, pro-kreyòl, yo fikse sou sitiyasyon langajye ayisyen an. Tout devyasyon kont fokalizasyon an ka parèt kou yon trayizon koz koreksyon lenjistis kont lang ayisyen an.

Fokalizasyon monolengwal sa a — ke Berrouët-Oriol asosye ak yon «monolengwism sektè» daprè dizon Glissant a — se yon patipri ideyolojik an favè lang ayisyen an, yon sòt de opsyon preferansyèl pou lang ayisyen ki vin fè militan kreyolis yo parèt kou anti-franse devan zye alafwa konfrè yo nan kan pro-kreyòl la, e reyaksyonè ki vle kontinye gwojemoni franse a ann Ayiti.

Kesyon an, an definitiv, vin senplifye nan yon chwa ant twa (3) oryantasyon oswa apwòch langajye posib, youn se: èske, antanke peyi e sosyete, nou vle pou Ayiti yon sistèm bileng veritab kote tou de lang ofisyèl yo ap pratike nan respè enpòtans pwopòsyonèl yo nan sosyete a e nan respè ideyalite bileng Konstitisyon 1987 la? Oswa, okontrè, enstitye yon sistèm kote se sèl lang kreyòl la ki rekonèt kòm lang nasyonal, eke franse (kou angle, kou espayòl) sèvi sèlman kou lang segonn oswa lang etranje? Yon twazyèm opsyon, byen antandi, se mentni sistèm ki egziste kounye a kote vrè lang nasyonal la pa asiste tiraj nan evennman Ayisyen konsidere ki enpòtan yo?

Pèsonèlman m panse li ta bon pou n enstitye yon sistèm ki genyen eleman toulè de premye opsyon yo: tablisman yon sistèm langajye e edikatif kote lang ayisyen an se sèl lang nasyonal prensipal (LNP) e lang franse a lang segonn (LS) men atribye l yon estati espesyal antanke youn nan de lang ki fè pati patrimwàn lengwistik e kiltirèl Ayiti — kidonk ki merite «pwoteksyon» menm jan ak lang kreyòl ayisyen.

An n di an pasan ke rezon prensipal echèk eritaj franse a ann Ayiti, sè ke ni Leta ayisyen, ni klas dominan ayisyen an, e ni enperyalism kolonyalo-kiltirèl Leta franse a pa t vle reyisit yon pwojè edikatif konsekan e pètinan ann Ayiti: paradigm itilizasyon lang ak lakilti pou eskli Zòt la pa t dwe janm kaba. Se yon enstwiman pou dominasyon. E l ap kontinye jouk jounen jodi a.

Yon sèl konsèy m ta bay polemikis ayisyen yo, silvouplè evite pou diskisyon sou ki pi bon politik langajye ann Ayiti pa dejenere nan menm sitiyasyon malouk nou wè nan klas politik la kote yon wonga destabilizasyon ap wonje l. Politik lang se petèt sèl domèn nan fenomenoloji politik kote tout tip klas ak panse moun, tout tip ran sosyal oswa koulè po pa fè okenn diferans. Se sou rejim diktati kraze zo Jan-Klod Divalye a Refòm Bernard la te enstitye, avèk minis Edikasyon Nasyonal Joseph Bernard kou enstigatè prensipal. Kit gouvènman Papa Dòk la, kit gouvènman Jan-Klod la te fonksyone pou laplipa an franse. E toulè de prèske toujou fè diskou piblik ofisyèl yo an franse, menm si grann majorite Tonton-makout yo te monoleng an kreyòl ayisyen.

Kisa ki pou fèt

Apre nou di tout koze sa yo, an n poze kesyon Lenin te poze a: ki sa ki pou fèt? An reyalite pwoblematik langajye ayisyen an pi rezoudab ke moun panse. Depi peryòd nou rele peryòd Pos Refòm Bernard la, genyen plizoumwen yon konsansis sou konpreyansyon ak rekonesans pwoblèm lan, patikilyèman nan klas entelektyèl la, sou de pwen esansyèl:

  1. 1) Youn nan konsansis yo se rekonesans lang kreyòl ayisyen an se yon lang totalkapital ki pale pa tout Ayisyen sou tout teritwa nasyonal Ayiti a;
     
  2. 2) Yon dezyèm konsansis, ki trè enpòtan, se rekonesans genyen yon lenjistis nan rapò lang franse ak lang ayisyen an ki merite korije.

Rekonesans premye pwen an enpòtan — sètadi rekonesans lang lan se yon lang totalkapital  —, paske li asepte premis Refòm Bernard la ki di, antanke lang totalkapital edikasyon ka e dwe fèt ladann.

Kote klas entelektyèl ayisyen an vin divize se, yon kote, se sou kesyon «pèfòmans» lang ayisyen an. Konsansis deja fèt sou «konpetans» lan, ki te yon gran pwoblèm nan tan lè Jean Metellus te di ou pa ka fè lasyans ak matematik nan lang ayisyen an.

Pèfòmans se sa w fè avèk lang lan. René Descartes pa t ret tann pou li gen yon bibliyotèk boure ak liv filozofi franse pou li ekri  Discours de la méthode an 1637. An fèt, li se premye liv filozofi ki te janm ekri an franse apre gwojemoni laten ak grèk nan domèn filozofi. Se yon defi Descartes te bay etablisman entelektyèl epòk li a ki t ap ekri an laten.

Kouwè Renauld Govain di « konsèp yo ap disponib nan yon lang ke apati moman moun itilize yo omwen yon fwa pou eksprime yon reyalite eksperyans lengwistik la»5. Sèlman semèn sa a (mitan jiyè 2022), Edisyon JEBCA pibliye yon trete matematik an de tòm pa pwofesè Alfred Gérard Noël. Li klè pwofesè Noël pa t ap konsakre tan l pou l ekri de volim matematik de plizyè santèn paj si l te kwè ou pa ka fè lasyans nan lang ayisyen an.

Mwen panse agiman sou swadizan mank de «pèfòmans» oswa «konpetans»  lan pou jistifye refi pou anplwaye lang ayisyen kou lang prensipal nan tout domèn sosyal, edikasyonèl, administratif e pèsonèl nan peyi a, baze sou mank fokalizasyon sou kalite politik chwa a menm pou anplwaye yon lang nan yon sosyete. Sitou ann Ayiti kote lang itilize mwens pou kominike ke pou siyale yon ran, yon pozisyon sosyal, yon siperyorite ontolojik.

Yon lòt gwo pwoblèm sè ke moun k ap diskite yo wè pwoblematik langajye ayisyen an kou yon dikotomi, kou yon divizyon fondamantal ant de pozisyon antagonik. Se yon fo dikotomi kou nou te wè nan deba fame ant Yves Dejean ak Robert-Berroët-Oriol la nan kòmansman lane 2011 osijè parite estatiyè oswa yon bilengwism ekilibre. Kote Dejean t ap ensiste pou Ayiti konsakre tout resous posib yo pou plase lang ayisyen an nan wòl prensipal li merite nan peyi a, tandiske Berroët-Oriol t ap mande pou konkretize «yon vizyon amenajman tou lè de lang ofisyèl yo nan yon menm tan » atravè yon lalwa amenajman lengwistik ki kouvri rapò lang yo, nan lespri avansman tou lè de. Men Dejean te ensiste pou planifikatè yo «  tire konsekans ke Ayiti se yon peyi esansyèlman monoleng»6.

La ankò pa gen kontradiksyon, ni dikotomi  ant de apwòch sa yo. Si nou asepte prensip bilengwism franse-ayisyen an ann Ayiti, nou dwe konsakre ase refleksyon ak estrateji serye pou akonpli fezabilite li.

Kisa bileng ak bilengwism vle di? Diksyonè Petit-Larousse vèsyon 1993 di, m ap tradui e site: «Yon bagay ki nan de lang. Kote yo pale de lang. Yon moun ki konnen e pale de lang.» Pou bilengwism, diksyonè a di: «Pratik de lang (pa yon endividi oswa yon kolektivite).»

Nan Critique de la francophonie haïtienne, mwen kesyone e kritike denominasyon «frankofòn» yo te kole sou non Ayiti menm si se te yon ti minorite moun ki pale franse ladann. An reyalite, se yon tèm ki te vle di se yon sèl lang veritab, yon sèl lang tout bon — lang franse a — ki te pale ann Ayiti.

Men nan kontèks kote lang kreyòl ayisyen an vin rekonèt e pratike kou yon lang nasyonal totalkapital, ki ap devlope omwen nan yon parite pwopòsyonèl avèk lang franse a, envizyonnman Ayiti kou yon peyi bileng vin fè sans, men sèlman antanke yon aspirasyon nasyonal. E si nou adopte sa kòm yon aspirasyon nasyonal, kouwè Konstitisyon 1987 la fè a, fòk Leta ak sosyete a met resous e mwayen disponib pou fè avanse toulè de lang yo. Nan ki lòd priyorite? Sa se yon lòt kesyon. Se sou kesyon sa a Dejean ak Berrouët-Oriol pa t dakò esansyèlman, e jodi a misye avèk Michel DeGraff, disip Dejean.

Sa mwen denonse nan travay mwen e mande pou nou aboli, se izaj dominan, izaj gwojemonik lang franse a, pou m anplwaye ankò neyolojism Madhere/DeGraff la, pou kenbe lang ak kilti ayisyen anba baboukèt. Men fòk nou pa bliye yon lang ak yon kilti se yon patrimwàn inivèsèl, selon jan UNESCO rele l la —, yon patrimwàn ke nou tout dwe defann e ancheri.

Nan sans sa, m ka konprann jefò pansè kou Robert Berrouët-Oriol oswa Rochambeau Lainy k ap poze kesyon sou sa. Men diskisyon yo dwe mennnen ak bòn fwa e san kondanasyon iredantis. Asepte prensib bileng lan se asepte nesisite jefò pou fè toulè de lang yo avanse. Mande pou konsakre resous Leta yo ak resous sosyete a pou konble reta lang kreyòl ayisyen an pa vle di — e pa dwe vle di — estope ni neglije avansman franse ann Ayiti. Si n asepte prensip bileng nasyonal la, nou dwe asepte nesesite pou n defann egzistans ak levezèlaj lang franse a tou. Nan sans sa a pa gen anyen blasfemik pou defann franse ann Ayiti si sa pa fèt odepan lang ayisyen an (e l pa nesesèman bezwen fèt odepan l).

Pou yon nouvo epistemè langajye a vin tabli tout bon vre, sètadi pou l vin idantifye l ak reyalite chak jou a, se pou — e se lè — Leta ayisyen, ann akò ak dezi sosyete sivil ayisyen an, dekrete lang ayisyen an pa pitimi san gadò ankò eke tout tranzaksyon ak aktivite administratif Leta ap fè dwe fèt nan lang ayisyen an, eke lekòl yo, de klas primè, pase pa elemantè e rive nan nivo inivèsitè, dwe fèt ladann, lang kreyòl ayisyen la, ke nou dwe yon jou rele senpleman ayisyen pou konplètman retire konotasyon kolonyalis e konfizyon deziyatif mò kreyòl la genyen.

***

Pou m rezime, mwen ta ka di m santi m plizoumwen satisfè de kote lang ayisyen an ye jounen jodi a. Malgre tout desepsyon nou ka genyen sou timidite ak mank egzekisyon Refòm Bernard la pa Leta ayisyen, mwen ret konfyan jefò kolektif yo, keseswa ann Ayiti oswa nan Dyaspora a, pou vansman lang ayisyen an ap kontinye pote fwi. Lè m t ap leve ann Ayiti nan lane 1950-1960 yo, yon Haitian Summer Institute pou anseye lang kreyòl ayisyen ak etidyan etazinyen e etranje, òganize pa yon Inivèsite prestijye kou Florida International University (FIU), se yon bagay inimajinab. Mèsi ak Pwofesè Frenand Leger, ak Madam Lindsay Dudley  e ak tout sila yo ki kontinye fè sa yon reyalite.

Yon lang se plis ke yon mwayen kominikasyon, kouwè Frantz Fanon di, «Pale yon lang se asime lang lan, se asime yon kilti»7. Filozòf Adam Schaff ki t ap chache yon teyori konsistan sou langaj ansanm ak «wòl aktif e fòmatè li jwe nan pwosesis konesans moun » site nan liv li, Langaj e konesans, lengwis Wilhelm von Humboldt ki di «sistèm lang nasyonal yon pèp fòme vizyon sou lemond manm nasyon an genyen»8.

Pa gen lontan de sa, yon zanmi m ki se yon gwo militan pou koz liberasyon langajye ann Ayiti e nan Dyaspora, di m: «Nou dechouke franse ann Ayiti!» Li di sa ann alizyon ak yon lekòl li dirije ann Ayiti ki itilize yon kirikilòm inikman ayisyen, san enklizyon franse. Mwen di li se pa vre, li pa dechouke franse ann Ayiti paske franse toujou ap byen mennen. Zanmi m lan te egzajere se vre. Sa l te vle di, sè ke yon lekòl ann Ayiti ka gen yon kirikilòm esklizivman ayisyen, kouwè Lekòl Matènwa nan zile Lagonav dirije pa Abner Sauveur e Chris Low ki gen yon kirikilòm ayisyen, e ki fè prèv yon lekòl serye ka edike timoun yo inikman oswa prensipalman an lang ayisyen.

Anplis, kouman dechouke franse ann Ayiti ta yon bagay dezirab ki benefisye Ayiti? Se pa lang franse ak kilti franse a ki lakoz pwoblèm lengajye Ayiti. Pwoblèm lan se jan enperyalism kiltirèl Lafrans ansanm ak politik rejektasyon boujwazi frankofil ayisyen an itilize franse ak kilti franse pou domine e eskli pèp ayisyen an.

Pou m fini, an n di, menm lè lenjistis lengwistik yo pa vizib, sa pa di yo pa koze domaj lakay sila yo ki viktim de yo, kouwè jan mwen montre nan istwa Erfilia a. Mwen ret kwè djanm yon jou ap vin gen yon gouvènman pwogresis ann Ayiti ki pran a kè dekalaj ak lenjistis langajye yo e ki met sou pye refòm estriktirèl e sosyetal ki nesesè yo pou korije rapò dominasyon lang franse a avèk lang ayisyen an e ki tabli politik ki pwomote epanwisman, levezèlaj tou de lang ak kilti yo pou levasyon e lajwisans pèp ayisyen an.

Itilizasyon lang ak kilti franse pou eskli pèp la se yon sòt peche orijinèl ki anpwazone reyalizasyon ideyal liberasyon ak devlopman peyi d Ayiti.  Toudabò, alòske peyi a te rive pran endepandans politik li parapò ak Lafrans, kontwòl kolonyal Lafrans kontinye pa vwa kiltirèl e lengwistik.  Nonsèlman anpil nan premye ekriven ayisyen yo te imitatè kouran literè ki te predominan an Frans yo, kou nou wè anvan an, tout sistèm edikasyon ayisyen an vin tabli selon modèl ansèyman ann aplikasyon an Frans, e selon paradigm epistemolojik klas entelektyèl franse a an jeneral.  Sètensi, chwa sa a vin ede reprime altènatif  kiltirèl e epistemolojik kilti ak relijyon afriken mas esklav yo te ofri. 

Malgre sivivans rezistansyèl relijyon ak kilti vodou a ka majorite pèp la, an reyalite kilti ak lang franse a rete paradigm dominan ann Ayiti (pre-endepandans e pos-endepandans), espesyalman pami klas entelektyèl e tout boujwazi ayisyen, pou pliske twa syèk, rive jiska jounen jodia. Yon reyalite ki te ede konsolide avèk èd enstitisyon kouwè Les Frères de l’Instruction Chrétienne ak Institut Français ann Ayiti.

Anpil egzanp anpirik montre nou yon politik liberasyon ki entegre lang kreyòl ayisyen an kòm lang prensipal pou edikasyon e lang prensipal pou travay nasyon an ap vin andwize ka Ayisyen an yon respè pou tèt li ak yon santiman misyon pou fè peyi l sot nan malè lamizè.

Genyen anpil «ti-mès» ayisyen ki kore reyalite prejije anti-kreyòl ann Ayiti, pa egzanp, lè m te ti jènjan ann Ayiti, sitou nan Pòtoprens, si ou ale nan yon bal e mande yon fi danse an kreyòl, nan 90% ka l ap refize w.  Mankman pwotokòl sila a ka koute w plis ke yon dans, li ka koute w yon pwomosyon nan travay, li ka koute w ran w ak respè w nan sosyete a. 

Ayisyen terifye fè fot òtograf oswa fot gramè an franse; anfèt gen moun ki rejte valè tout yon atik, pafwa menm tout yon liv, lè yo wè fot òtograf oswa fot gramè ladann. Anpil nan yo pa okouran relachman règ Akademi Franse fè. Yo pa okouran ou ka jwenn fot gramatikal detanzantan menm nan tanp entelektyèl franse kouwè Le Nouvel Observateur oswa Le Monde Diplomatique. Sa pa di yo pa enpòtan e ekri an bon franse. Ou ka di Ayisyen sa yo pi katolik ke lepap oubyen pi franse ke Akademi Franse a.

Nan fasafas nan televisyon Michel Martelly te genyen ak Mirlande Manigat diran kanpay prezidansyèl la an 2011, li toujou ensiste pou l pale franse, yon fason pou montre li kalifye paske l ka pwononse kèk fraz franse konvenabman.  Se menm ti prejije anti-kreyòl sa a ki fè l vin mande se franse ki pou lang travay Ayiti nan CARICOM, pa kreyòl ayisyen, lang pèp la.

Selon ekspè sou sijè a, anseye Ayisyen nan lang yo ka elve nivo edikasyon popilasyon an paske moun aprann pi byen lè yo anseye yo nan lang yo, e meyè konpreyansyon ap mennen ak meyè jijman, donk meyè desizyon. Edikasyon ak liberasyon espirityèl oubyen liberasyon nanm ka kreye yon dinamik kreyatif ansanm ak yon nouvo biyo-politik ki ankouraje sa ki bon, sa ki valab, sa ki dirab, sa ki respekte entegrite ak diyite èt imen.

Nòt

  1. Tcheke Maximilien Laroche, La Littérature Haïtienne, Edisyon Leméac Inc, Ottawa, 1981.
     
  2. Tcheke liv René Depestre la, Encoreunemerà traverser, Edisyon La Table Ronde, Pari, 2005.
     
  3. M prefere itilize mo ansklave a oswa moun an esklavaj, olye de mo esklav la, pou m endike se pa yon kalite li ye, men yon kondisyon.
     
  4. Tout echanj mwen site la yo te fèt nan yon gwoup imèl ki te gen 88 non moun ak adrès imèl. Mwen deside pibliye rezime echanj yo akoz de valè istorik e edikatif yo.
     
  5. Tcheke Renauld Govain, «  Pour une politique linguistique en Haïti», Le Nouvelliste, 29 jiyè 2005.
     
  6. Tcheke Yves Dejean «Maturation et spontanéité linguistiques», AlterPresse, jiyè 2011.
     
  7. Tcheke Frantz Fanon, Peau noire masques blancs, Les Éditions du Seuil, 1952. Fanon souliyen nan pasaj sa a alyenasyon imigran afriken yo an Frans k ap fè tèt yo pase kou Antiyè paske aparamman sistèm rasis la favorize sila yo — men sa a se yon lòt sijè.
     
  8. Tcheke Langage et connaissance, pa Adam Schaff, Edisyon Anthropos, Pari 1969.

— Tontongi, Watertown, Etazini, 23 jiyè 2022
(Diskou sa a te prezante nan Haitian Summer Institute, jou 25 avril 2022)

*

Viré monté