Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Mwa kreyòl la nan Monreyal

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2022 - 21èm edisyon

Lang kreyòl, yon mòso
nan patrimwàn Nou

*


Lansman 21è edisyon
Kominike pou difizyon bridsoukou

Al gade vèsyon franse a

Lansman 21è edisyon

Montréal, 26 out 2022 – KEPKAA ap anonse 21è edisyon «Mwa Lang Kreyòl nan Montréal», yon evennman li te kreye depi 5 oktòb 2002, ki vin tounen yon tradisyon. Ane sa a, sòti 1e pou rive 29 oktòb, «Mwa Kreyòl» la pral taye banda, fè etensèl toupatou, anba tèm: Lang kreyòl, yon mòso nan patrimwàn Nou. Nouvèl la pral gaye nan tout Amerik di Nò a, nan rejyon Karayib la, nan Oseyan Endyen ak an Ewòp.

Avèk plis pase 30 aktivite ki layite sou 29 jou, pwogramasyon 2022 a sere anpil bèl sipriz ki pa piti pou fanatik mwa lang, kilti ak pwodiksyon atistik Kreyòl la. Piblik la, ansyen kouwè nouvo pral gen pwoblèm pou yo chwazi. Apre ouvèti ak reprezantan Pèp otoktòn yo, espektak lansman an, ki se sèlman yon avangou, pral fè Québec, Karayib la ak Oseyan Endyen an fè yon sèl nan sa ki gen pou wè ak koze kilti.

Nan premye pati a, tout Oseyan Endyen pral transpòte vin tonbe sou sèn «Vrai Monde» la, nan lakou Kolèj Ahuntsic, ak yon seri bèl pyès mizik cho ak dans ki p ap manke pa chame noua k gwoup Tipik Mru Jean-Pierre Moutou a, moun zile Maurice, pral pote pou nou.

Nan 2è pati a, piblik la pral apresye mayestriya Daniel Bellegarde, gwo bout pèkisyonis, ki te gen yon siksè enkwayab nan Festival Jazz Montréal 2022 a. Tout atis ki pral akonpaye l sou sèn yo se gwo vedèt nan mizik monreyalè a: Marjorie Walter (vwa prensipal), Fritz Pageot (bas), Jean-Christophe Germain, yon ansyen nan gwoup Malavoi (vyolon-vwa), Rodrigo Simoes (gita akoustik), Dave Gossage (thin-low whistle, flit ilandè), epi Sacha Daoud (batri).

Daniel Bellegarde ak mizisyen li yo rezève pou nou yon popouri mizik tè karayib la ki ankre nan divèsite kiltirèl Québec la. Nou tande mizik Ludovic Lamothe (kolaborasyon Claude Dauphin), pyès mizikal Antalcidas Murat nan Jazz des Jeunes, pyès mizikal twoubadou anba tonèl Ti Paris yo, Altieri Dorival yo, bigwin Matinik ak Gwadloup yo, ak lòt sipriz toujou. Yon lansman nou pa dwe rate ditou samdi 1e oktòb, a 7 è pm, nan Kolèj Ahuntsic, 9155, ri Saint-Hubert, nan Montréal. Antre a gratis. Rezève lesepase nou sou sit wèb Eventbrite la.

Nan pwogramasyon an gen plizyè lòt espektak avèk atis ki pa bezwen prezantasyon: chantèz Rebecca Jean, djazmann Harold Faustin, gwoup Rara Solèy, atis epi pèsonaj otoktòn, chantèz vedèt Senaya pral klotire mwa a ak yon lòt gwo vedèt sipriz, chantèz Saki Valmé ki pral lanse 2èm albòm EP li nan yon kopwodiksyon PHI epi KEPKAA. Envite vedèt lansman sa a, se ap saksofonis epi lejann Buyu Ambroise.

Pami aktivite ki pral gate nou, se 1e edizsyon «Fwaray liv Kebèk-Karayib-Oseyan Endyen» k ap fèt dimanch 9 oktòb, sòti midi pou rive 8 è pm, nan lokal Conseil des Arts de Montréal, 1210, ri Sherbrooke-Est. Antre gratis.

Plizyè konferans, tab wonn, braselide, kòlòk, lansman liv ak albòm ap fè pati pwogramasyon an. Pami yo, yon tab wonn sou sijè: Èske nou gen dwa itilize mo NÈG la (nan Québec)? pral pran plas pandan dewoulman fwaray liv la – yon lòt konferans ki rele «100 an reyalis mèveye JacquesStephen Alexis» pral dewoule nan Maison de la Culture nan Plateau Mont-Royal, dimanch 23 oktòb, a 2 è pm, avèk pwofesè epi ekriven Frantz Antoine Leconte, ki sòti nan Kingsborough Cummunity College nan New York – samdi 15 oktòb, a 2 è pm, gen yon kòlòk k ap louvri pa mwayen vizyokonferans sou kesyon Byennèt fanm afwo-karibeyen yo – mèkredi 19 oktòb, sòti 7 è pm pou rive 8è pm, pral gen yon lòt vizyokonferans sou 5 bon rezon pou manje mwens vyann, avèk resèt Vegann Kreyòl.

Pwogramasyon an pa bliye jèn yo ak elèv lekòl yo. Nan kolaborasyon avèk «Les Bibliothèques de Montréal-Nord» epi sila ki nan Plateau Mont-Royal la, plizyè aktivite kont ak inisyasyon nan lang Kreyòl pral reponn prezan, avèk patisipasyon kontèz Marie Michelle Dimanche. Anplis, nan «Fwaray liv Kebèk-Karayib-Oseyan Endyen» an, jèn yo deja jwenn envitasyon pou yo vin reve avèk Ariane Benoit, yon jèn atis, antwopològ, ki pratike Reiki. Pèfòmans li a ap gen tit: «Rèv ak refleksyon yon timoun antiyèz, yon fanm chòche, ak yon moun antwopològ.»

Pwezi ak teyat ap nan wonn sant pwogramasyon an. Vandredi 23 oktòb, a 7 è 30 pm, yon veye pwetik pral dewoule anba zetwal Plateau Mont-Royal yo, avèk yon latriye dizè, fanm kou gason, sòti depi Québec rive jis nan Oseyan Endyen, an pasan pa Karayib twopikal la. Nan leve rido a, gwoup ICI pral sedui nou ak yon montaj tèks ki gen pou tit «Pawòl Alexis yo / Les mots d’Alexis». 5 oktòb, Monreyalè yo pral dekouvri «pwezigòl», yon estil pwezi Sosyete Koukouy inisye, kote otè a ap fè jeni li travay pou li prezante mo yo ak silab yo menmjan ak fason yon ekip foutbòl kanpe sou yon teren pou li woule balon.

Penti ap jwenn plas li tou nan pwogramasyon an avèk yon ekspozisyon tablo KEPKAA ap òganize nan Complexe Desjardins, an kolaborasyon avèk Carnaval des Couleurs epi atis pent Vladimir Géraldy Augustave, nan dat 7 oktòb - Edzer Prophète, samdi 8 oktòb, epi Gérard Compère, dimanch 9 oktòb.

Pwogramasyon an pa bliye Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la. Jou vandredi 28 oktòb la, sòti 1 è 30 pm pou rive 6 è pm, jounen sa a pral selebre ak kolaborasyon Ariane Benoit, yon jèn atis, chèchèz, antwopològ epi pratisyen Reiki, nan yon atelye k ap rele: «Byennèt kreyòl: chante epi danse idantite nou.» Adrès sa a ap vini, li nan kouti.

Anplis, nan pwogramasyon sa a, ekip «Mwa Kreyòl Montréal» la ap gen chans travay ak yon bann gwo pèsonalite anpil moun deja konnen, tankou sosyològ epi ekriven Frédéric Boisrond, ekrivèn epi editèz Natania Étienne, powèt Joël Des Rosiers, jounalis epi kwonikèz Vanessa Destiné, militant pou dwa fanm Sabine Monpierre, chantèz-otè-konpozitèz Spaicy Bazile, sosyològ epi visprezidant «Commission des droits de la personne et des droits de la jeunesse, responsable du mandat Charte», Myrlande Pierre, Doktè ès syans, ekriven epi pwwofesè Jean Pierre Asselin de Beauville, pou nou site moun sa yo sèlman.

Pou fini, KEPKAA voye yon dyakout mèsi pou lengwis Robert Berrouët-Oriol pou bon jan sigjesyon li yo, epitou li mete ansanm ak pòtpawòl «Mwa Kreyòl nan Montréal» la, chantèz Rebecca Jean, pou di tout patnè, tout patisipan yo yon gwo mèsi epi swete tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun: bon Mwa Lang Kreyòl, ayibobo!

* * *

Foire du livre Québec-Caraïbes-Océan Indien
Première Édition

Programme 2022

Coup d’œil rétrospectif sur la 20e édition du mois du créole à Montréal

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 062-8684
Courriel : kepkaa@videotron.ca

*

 Viré monté