Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Séisme à Haïti - 14 août 2021

Temwayaj ansyen majistra e depite Lemane Premier
sou tanblemanntè 14 dawou 2021

ki frape Lazil (L’Asile) fò,
lòt kote nan (depatman) Nip, ak Sid Ayiti

 Emmanuel W. Védrine

Habitation Sauveur Védrine, Tournade - Ka Mathias, L’Asile
(Courtesy E. W. Védrine Creole Project Archives)

Yon ti pale ak ansyen depite komin lan LEMANN PREMIER sou tranblanntè 14 dawou 2021 an

Pubblicato da L' ASILE PAM su Sabato 21 agosto 2021

(Courtesy L’Asile PA M)

English Kreyòl

Lòt tèks sou tranblemanntè la ki frape LazilTranblemanntè 14 dawou 2021 kraze komin L’Azile (Lazil) ak Sid Ayiti (enkli resous an liy pou ede Lazil) -- Vèsyon anglè: Haiti’s August 14, 2021 earthquake destroying the commune of L’Asile (Lazil) and South Haiti (including online resources to help L’Asile, and other communes).

TEMWAYAJ (ANSYEN) DEPITE A

(22 dawout 2021)
(Transkripsyon kreyòl, e tradiksyon anglè: Emmanuel W. Védrine (natif Lazil)

Kite mwen salye tout responsab paj Lazil pa m, e m ap salye tou moun k ap vizyalize, k ap koute atantivman avansman Lazil pa m. Felisitasyon pou Lazil pa m.

Non m se Lemane Premier, ansyen majistra Lazil (L’Asile), manm Pwoteksyon Sivil, pwofesè depi 25 an jiska dat, egalman ansyen depite. Donk, se yon plezi l ye pou mwen pou m sou gwoup sa a nan moman sa a. N ap, omwen, fè yon brifing sou sitiyasyon seyis (tranblemanntè) devastatè 14 out 2021 sa a ki pase sou kominote a. Donk, avan tou, kite mwen prezante mo senpati mwen, mo de rekonfò mwen, mo de kouraj mwen a tout kominote a an jeneral, a tout popilasyon Lazil la, e egalman a tout moun nan gran sid la ki viktim pa rapò a sitiyasyon oubyen seyis devastatè sa a.

Anfèt, a dat, selon tout pakou, tout laviwonn dede ki fèt atravè Lazil enben nou rive anrejistre on total de 33 moun ki mouri. Sa vle di, nòmalman nou gen 33 moun ki mouri ke nou konnen men sitwayen tou ki pòte disparèt nan moman tranblemandetè a pase a, genyen moun ki te gen tan nan patiraj nan mòn. Gen moun tou ki te gen tan ap regle koze agrikilti yo nan mòn, e selon ransèyman nou pran ki poko retounen lakay yo. Donk, yo poko wè yo; nou pale de moun sa yo de pòte disparèt. E, fò m di w, si w pran Depi Bèlvi (Belle-vue) Lazil (pou moun ki konn Lazil byen), ou pase Senzenj pou rive Chapantye, pou avanse sou Kafou Jedi, ou pran Abriko, ou pran Onore, ou pran Fleran, ou pran Pwenso, ou pran Chanje… sou chak 10 kay, 9 kay kraze. E, grenn kay ki ta rete a se kay moun pa ka al ladan. Donk, sa vle di: popilasyon Lazil la, e sesi se yon ka ki prèske parèy pou tout kominote a paske m vire tout kote.

Kleri pa ret kay; Sannayi (Sanayi) se tèt chaje. Lè w pran santrevil menm, yon pakèt kay… non sèlman kay ou wè k kanpe yo, yo fizire (fele) yo kraze menm si w wè yo kanpe men gen w pakèt kay tou ki kraze plat atè. Donk, moun yo nan lari. Sitiyasyon sa a rann moun yo nan lari, e yo nan lari nan tout kominote.

Donk Jodiya, sitiyasyon sa a trennen dèyè l, an nou di yon bagay estraòdinè kote depi yè (samdi), gen lapli k kòmanse tonbe sou kominote a. Donk, moun sa yo te deja nan lari. Rad yo te genyen, anba dekonb, … vin jwenn yo pa ka ap pran anyen menm. Donk, yo pa gen jiska dat abri pwovizwa. Yo pa gen tant; yo pa gen prela. Donk, ou ka konprann jodiya kisa k ap travèse, e youn nan lòt bagay ankò k ap travèse kominote a sèke rivyè ki te konn apwovizyone sous kote yo te konn yo pran dlo, sous sa yo tou nwa depi aprè pasaj seyis la. Sa vle di, jodiya n ap viv yon sitiyasyon estrèmman delika e sitiyasyon sa a, li mande non sèlman enstans nan nivo nasyonal yo pou ta fè yon koudèy sou Lazil paske tout koudèy y ap fè, yo prèske fè tout sou sid, sou Okay, sou Grandans, sou Jeremi men Lazil ki sitiye a 6 kilomèt de episant tranblemanntè a, e li sitiye tou a 16 kilomèt de wout nasyonal #2. Jouk ka dat, oken entèvansyon poko fèt sou li. E, m estime tou tout enstans yo plis fokis sou zòn sid la avèk komin Grandans. Lazil ki vrèman devaste, pase se komin ki pi devaste nan depatman nan «Nip» lan. Donk, poko genyen entèvansyon veritableman ki fèt sou li.

Nan sans sa a, pandan nou sou (paj) Lazil pa m, e ke n apresye e felisite responsab jesyon paj sa a, nou lanse yon vibran mesaj pou n di yo tout enstans nasyonal e entènasyonal yo vire zegwi a sou Lazil. Pou kolektivite teritoryal yo, pou Sosyete Sivil la, popilasyon an, donk rive wè gen yon akonpayman, pase jodiya legliz ki te konn sèvi kòm abri pwovizwa (lè w pran egzanp legliz katolik Lazil la, tout presbitè l efondre). 

Sant Devlopman Siloye Lazil efondre. Konpasyon Entènasyonal efondre, Sant Devlopman Abriko efondre. Se menm bagay la tou pou Kafou Onore. Sa vle di: sant ki te konn sèvi kòm abri pwovizwa, jodiya tout efondre.  Gen kay ki te konn sèvi kòm abri pwovizwa tout bagay sa yo, yo disparèt. Donk legliz yo disparèt, lekòl yo disparèt. Ou wè! Kay yo se pa pale! Donk popilasyon an nan lari. E, mele avèk siklòn Grace ki nan lè, donk se kòmsi se apse ki anonse ki sou klou e se pa menm anonse pase talè a la gen w lapli ki t ap tonbe; tout moun te oblije anba ti fèy bwa, anba ti fèy bannann. Yo menm, y ap abrite yo pou ti lapli… Lè w ap gade timoun piti nan men yon seri malèrèz nan lari a, donk sa bay anpil kè kase. Donk nou swete zegwi a ranvèse sou Lazil. Kap ki mete sou sid la, nou pa di pou pa mete l, men nou ka mete l sou Lazil tou de manyè aske leta nan pi wo nivo, enstans entènasyonal yo, enstans nasyonal yo k ap pote èd enben vole o sekou popilasyon Lazil la ki vrèman nan sitiyasyon difisil. E, m ta menm ap panse pou m di: li ta enpòtan pou menm leta nan pi wo nivo li deklare eta d ijans, e sesi nan tout aspè li, nan tout entegralite li sou Lazil paske Lazil vrèman an danje, e sesi yo bezwen pi presizeman abri pwovizwa, tant, prela, kesyon dlo a pase dlo se lavi.

Donk, se yon ijans kote ke popilasyon an pa ka tann ankò. Anfèt, mèsi anpil responsab Lazil pa m! M espere ke ti pawòl sa yo pral frape byen lwen, e pou pote yon gwo asistans a Lazil paske nou bezwen sa. Kay yo kraze. Anplis de sa, menm lopital Lazil la ki rele «Hopital Communautaire de Référence» jodiya, nan sa l twouve l la se yon sitiyasyon trè kritik kote blòk operatwa a efondre, blòk matènite a efondre, e blòk administratif la efondre. Donk, sa vle di: tout moun ki vin lopital la yo pa menm ka jwenn asistans paske lopital la nan lari. Medsen yo ta renmen jwenn bon tant, epi vini avèk kit sanitè… e viritab entèvansyon ki fèt. Anfèt, jodiya, nou prezante yon ti brifing sou sitiyasyon an, jan l ye a pase Lazil atè, Lazi an danje, Lazil an peril, Lazil ravaje. Anndan Lazil menm se «rèl ka makorèl». Donk anfèt, n ap espere genyen priz an chaj ki fèt pou pita pa pi tris nan sa nou ye jounen jodiya nan lakou Lazil.

(Fen temwayaj la)

*

NÒT POU RECHÈCH : RESEARCH NOTE

• Atelye an liy pou Anseyan Ayisyen : Online Haitian Teachers Workshops • Atelye pou ekriven ayisyen : Haitian writers workshops • Devlopman komin Ayiti : Developing Haiti’s communes • Estrateji pou aprann prepare pou demen sou tout fòm : Strategy to learn to prepare for tomorrow in all ways • Estrateji pou devlope Komin Ayiti pou desantralize Ayiti : Strategies to develop Haiti’s Communes to decentralize Haiti • Komin Ayiti, e travay sivik moun ki sot nan komin yo dwe fè  : Haiti’s communes and civic works needed to be done by locals • Literati Ayisyen an kreyòl : Haitian literature in Kreyòl
• Literati Ayisyen Dyaspora : Haitian literature of the Diaspora • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou moun k ap aprann kreyòl : Teaching Materials for Learners of Haitian Creole • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Alfabetizasyon an Kreyòl : Teaching Materials for Haitian Literacy Programs in Haitian Creole • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Anseyan Ayisyen e Elèv : Online Teaching Materials to help Haitian Students and Teachers • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Lekòl Ayiti : Online Teaching Materials to help Schools in Haiti • Modèl dokiman nou ka mete an liy (sou entènèt) pou ede Ayiti e Dyaspora Ayisyen nan tout domèn : Document models that can be published online to help Haiti and the Haitian Diaspora in all areas • Oraliture : Literati Ayisyen oral /oraliti : Haitian oral literature Séisme à Haïti – 12 janvier 2010Haiti’s earthquake -- January 12, 2010 • Séisme à Haïti – 14 out 2021 : Haiti’s earthquake – August 14, 2021 • Tradiksyon (anglè, e kreyòl ayisyen] : Translation (English and, Haitian Creole /Kreyòl) • Tranblemanntè dawou (out) 2021 ki frape Sid Ayiti : August 2021 earthquake that hit South Haiti.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA.

*

Viré monté