Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Èske lokitè natif yon lang konn fè fot lè y ap kominike?

Hugues Saint-Fort

Ki jan nou (lengwis, pwofesè gramè, oswa moun ki maton nan lang lan…) ta rezoud pwoblèm ki soulve lè de (2) lokitè natif pa ka antann yo sou yon kesyon gramè? An lengwistik, yo rele lokitè natif (locuteur natif, native-speaker) yon moun ki pale yon lang depi li te tou piti. Se lang sa a ki  premye lang li, sa yo rele “lang mamman”. Ki donk, paske se lang sa a li te akeri natirèlman depi li te ti kat kat, li te vin alèz nan lang sa a. Li kapab pote bon kalite jijman sou nenpòt fraz, nenpòt mo, nenpòt espresyon ki nan lang sa a.

Donk, pou nou tounen sou kesyon mwen te poze nan kòmansman tèks sa a, lè se 2 lokitè natif ki gen menm nivo konpetans nan lang lan, ki sa ki ta dwe pase si yo pa dakò sou yon kesyon gramè lang sa a?

Lè se yon lang ki gen gwo tradisyon nòmatif, avèk gwo dokimantasyon sou ki jan lang sa a fonksyone, pa ta dwe gen chirepit ki dire lontan. Pa egzanp, nan lang tankou angle osnon franse, genyen michan gramè avèk michan diksyonè ki kapab tranche kesyon ki bay pwoblèm. Nan lang angle pa egzanp, mwen ta ka site liv gramè sa a: «The Cambridge Grammar of the English Language», yon gwo liv gramè ki gen 1842 paj ke lengwis Rodney Huddleston ak Geoffrey K. Pullum ekri. Liv gramè sa a pibliye an 2002 men li te repibliye an 2022. Nan lang franse, mwen ta site yon gwo tonton liv gramè ki rele «La Grande Grammaire du Français» (GGF) ke yon ekip 50 lengwis pibliye nan mwa oktòb 2021, e ki genyen plis pase 2530 paj, an 2 volim.

Tou de liv gramè sa yo se sa lengwis yo rele «gramè deskriptif». Sa vle di yo pa montre nou ki jan nou dwe pale angle osnon franse (sa se travay gramè preskriptif, gramè nòmatif), men yo dekri ki jan lang lan fonksyone, ki sa lokitè yo di lè y ap pale. Bien entendu, nou poko genyen liv kon sa nan lang kreyòl ayisyen. Se apèn si nou genyen 2 liv gramè sou kreyòl ayisyen ki dekri jan lang sa a fonksyone. Donk, gen anpil travay pou lengwis yo.

Ann antre nan nannan kesyon an avèk yon egzanp ke mwen pran sou Facebook semenn pase. Se yon pèsonalite politik ayisyen ki te ekri fraz sa a, men mwen konn jwenn kalte fraz sa yo anba plim lòt lokitè natif ayisyen. Mwen p ap site non moun ki te ekri fraz sa a sou FB. Men fraz la:

«Se rechèch inivèsitè pouki bay reyalite a».

Ki sa nou panse de fraz sa a? Èske nou dakò ak fason fraz sa a bati? Si nou pa dakò, ki sa nou menm nou ta pwopoze? Èske fraz sa a jan li bati a se yon fraz ki gramatikal? An lengwistik, lengwis yo defini yon fraz gramatikal lè fraz sa a suiv règ ki fè pati de konpetans lokitè natif lang lan. Sa vle di fraz sa a konfòm a fason lokitè natif yo fòme kalte fraz sa yo. Li enpòtan pou m kouri ajoute ke itilizasyon tèm «gramatikal» la pa enplike okenn jijman ki gen valè sosyal ladan li. Yon fraz ki gramatikal nan yon lang se yon fraz ki «byen fòme». Li pa gen anyen pou wè ak sans fraz sa a. Chomsky te bay yon egzanp selèb sou yon fraz ki gramatikal. Men egzanp lan:

«Colorless green ideas sleep furiously»

Pou nenpòt moun ki pale angle, fraz sa a pa fè sans. Men, se yon fraz ki byen fòme, ki suiv règ konstriksyon fraz gramè angle. Se yon fraz gramatikal.

Pou mwen pa enfliyanse pèsonn, mwen pa di anyen sou pozisyon pa mwen sou fraz kreyòl ki pi wo a, men mwen konte sou nou pou nou di sa nou panse. Apre sa, n a diskite.

Hugues Saint-Fort
Janvye 2023

*

 Viré monté