Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pou ki sa nou bezwen yon gramè kreyòl?

Gramè Kreyòl, Dezyèm edisyon
Sou direksyon Joseph-Sauveur Joseph
Les Éditions du CIDIHCA, Montréal, 2008

Hugues Saint-Fort

Pou majorite moun ki te pase lekòl ann Ayiti, mo «gramè» a vle di yon liv kote nou aprann pale ak ekri «kòrèkteman» lang nou aprann lekòl. An jeneral, Ayisyen asosye konsèp «gramè» a ak lang franse paske se lang sa a sistèm edikasyon ayisyen an fè yo konprann ki posede yon «gramè».

An reyalite, nosyon «gramè» a pa yon nosyon ki senp. Lè lengwis yo (sa vle di moun save ki ap analize langaj ak lang) ap pale de gramè, yo vle pale de yon konsèp ki genyen 3 sans diferan pou pi piti:

  • Yon konesans  ki an ba nivo konsyans nou, ki fè nou pa reyalize detay règ lang matènèl  ke tout lokitè posede anvan menm yo kòmanse aprann règ sa yo sou ban lekòl. Se sa ki fè tout lang kretyen vivan pale genyen yon gramè.
     
  • Travay lengwis yo se fè règ sa yo vin parèt klè kou dlo kòk pou tout moun, yon fason pou yo kapab konprann prensip ki dèyè konesans sa a. Donk, lè sa a, lengwis yo dekri gramè lang lan. Yo rele gramè sa yo «gramè deskriptiv».
     
  • Twazyèm sans nosyon «gramè» a genyen se lè li aplike sou liv  ki prezante  règ ak prensip pou moun suiv dapre lizaj ki pi «kòrèk» la sitou nan kad lekòl. Men lizaj sa a pa baze sou jan majorite moun nan sosyete a pale. Lizaj sa a baze sou jan yon ti gwoup moun k ap byen mennen nan sosyete a pale. Se pouvwa politik, pouvwa  ekonomik ak pouvwa edikasyon ki fè se moun sa yo ki jwenn priyorite nan liv gramè sa yo.  Yo rele gramè sa yo: «gramè preskriptiv», osnon «gramè nòmativ». Se gramè ki montre moun ki jan yo dwe pale osnon ekri yon lang, paske pou moun ki ekri gramè sa yo, gen «bon» jan moun pale osnon ekri yon lang, epi gen «move» jan moun pale osnon ekri yon lang.

Mwen mete «Gramè kreyòl» Joseph-Sauveur Joseph (JSJ) pibliye a, nan dezyèm kategori a (sa vle di nan kategori «gramè deskriptiv»). JSJ se yon lengwis ayisyen ki genyen yon diplòm doktora (PhD) nan lengwistik nan Université du Québec à Montréal (UQAM). Li genyen anpil eksperyans kòm chèchè nan kreyolistik ; kreyòl se lang matènèl li, tankou majorite Ayisyen ki fèt epi ki grandi ann Ayiti. Ki donk li se yon save ki kalifye pou ekri yon gramè kreyòl.

Nesesite yon gramè kreyòl

Ekri yon gramè kreyòl pa yon travay ki fasil. Toudabò, pa gen anpil travay kon sa ki fèt deja nan istwa edikasyon ak lengwistik ann Ayiti. Ki fè ke poko genyen yon vokabilè «metalengwistik» ki byen chita pou dekri lang lan. Yo rele «metalang» lang grameryen yo itilize pou analize oswa dekri yon lang. Fraz nan egzanp sa a: «Nan kreyòl la yo konn anplwaye de vèb youn dèyè lòt ki fòme yon sèl sans. Nou rele yo vèb seryèl.» (p.81) se yon metalang li ye. Li esplike ki sa ki fè nou ka pale de vèb seryèl nan lang kreyòl ayisyen.

Yon dezyèm rezon ki mande pou genyen gramè kreyòl ki ekri an kreyòl nan sistèm edikasyon ann Ayiti se enpòtans ansèyman an kreyòl genyen ann Ayiti. Depi plis pase 40 lane (depi septanm 1979-janvye 1980), Leta ayisyen pwopoze yon òtograf ofisyèl pou ekri lang kreyòl epi dekrete ke pwofesè ka sèvi ak kreyòl kòm zouti non sèlman pou anseye matyè  eskolè tankou  istwa, jewografi, elatriye, men tou pou anseye  lang kreyòl la li menm. Sa vin poze tousuit yon gwo kesyon: ki jan pou n byen anseye lang lan si pa genyen yon liv gramè lang lan?

Jan nou di sa pi wo a, gramè JSJ pibliye a se yon «gramè deskriptiv» li ye. Gramè sa a dekri ki jan lang kreyòl ayisyen fonksyonnen, ki jan lokitè ayisyen pale kreyòl.  Se pa yon gramè ki di nou tèl mo, tèl espresyon, tèl konstriksyon pi «bon» pase tèl lòt.

Orijin lang kreyòl yo ak lang kreyòl ayisyen  

Nan kòmansman liv la, JSJ ekri yon rezime sou istwa lang kreyòl ayisyen, sou ki jan lang sa a  vin tounen premye lang tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti, pale li nan tout sikonstans lavi yo. JSJ esplike diferan ipotèz  lengwis ki save sou kesyon etidye lang kreyòl yo (lengwis kreyolis) elabore pou reponn kesyon sa a: ki kote lang sa a sòti?

An patan, JSJ chèche orijin lang kreyòl yo an jeneral, paske  lang kreyòl ayisyen an se youn pami plizyè lòt lang lengwis yo rele «lang kreyòl». Lang sa yo te kòmanse parèt apati 17èm syèk nan yon gwoup zile nan Karayib la ansanm ak nan Oseyan Endyen. Lang sa yo se konsekans kolonizasyon ak sistèm lesklavaj ke Ewopeyen yo (Angle, Franse, Panyòl, Pòtigè, Olandè) te mete sou pèp afriken yo. JSJ montre ke youn nan premye save ki te chèche esplike ki jan lang kreyòl yo te parèt se Hugo Schuchardt (1842-1927) ki an 1917 te vini ak yon esplikasyon kòmkwa se kolon yo menm ki te  fè espre senplifye  pwòp lang pa yo lè yo t ap pale ak Afriken yo pou fasilite kominikasyon ak yo.

JSJ site 2 lòt save  ewopeyen ki te vini ak ipotèz pou montre ki jan lang kreyòl yo te parèt. Se te Christiaan Hesseling ak Lucien Adam (1883).

Se apati lane 1936 ke lengwis yo kòmanse pibliye rechèch sou lang kreyòl ayisyen. Premye lengwis ki te fè sa se te yon lengwis ayisyèn ki rele Suzanne  Sylvain. Nan yon tèz li te defann nan inivèsite Sorbonne, Sylvain te montre anpil resanblans ant kreyòl ak franse. Men, konklizyon nan fen liv li a pa koresponn ak done ki nan liv la. Nan konklizyon an, Sylvain te ekri fraz sa a: «Nous sommes en présence d’un français coulé dans le moule de la syntaxe africaine ou…d’une langue éwé à vocabulaire français.» (nou devan yon franse ki pase nan moul sentaks lang afriken oswa … nou devan yon lang éwé ki genyen yon vokabilè franse.) [tradiksyon pa mwen]. Liv Sylvain an rele «Le créole haïtien: morphologie et syntaxe». Li te pibliye  nan lane 1936. Nan lane 1937, yon lòt save ayisyen ki rele Jules Faine te ekri yon liv ki rele «Philologie créole: étude historique et étymologique sur la langue créole d’Haïti». Dapre Jules Faine, lang kreyòl ayisyen sòti nan kalite franse moun te konn pale nan epòk disetyèm syèk nan peyi Lafrans ansanm ak kèk dyalèk rejyonal yo te konn pale an Frans.

An 1974, lengwis franse Robert Chaudenson ekri yon gwo tèz doktora sou kreyòl (li gen plis pase 1.200 paj) moun pale sou zile La Réunion. Li pibliye apre sa yon pakèt rechèch sou kreyòl ki baze sou franse yo. Pozisyon lengwis Robert Chaudenson sou lang kreyòl yo se ke menm si yo se sistèm lengwistik ki otonòm, yo se evolisyon lang franse. Pandan ane 1980-1990 yo, lengwis kanadyèn Claire Lefebvre ak lengwis John Lumsden te dirije yon pwojè rechèch sou konparezon ant yon lang afriken ki rele fon (fongbe) ak kreyòl ayisyen. Te genyen anpil asistan chèchè ki te travay sou pwojè sa a.

An 1992, lengwis ayisyen Michel DeGraff soutni yon tèz doktora sou lang kreyòl ayisyen nan University of Pennsylvania.  Li pibliye apre sa yon foul atik ak liv sou lang kreyòl yo an jeneral ak sou kreyòl ayisyen. DeGraff, pwofesè lengwistik nan inivèsite MIT nan vil Boston, te gen yon lòt pozisyon nan gwo deba sa a ki t ap sekwe majorite lengwis kreyolis yo. Pozisyon pa li te diferan: dapre DeGraff, “creoles would simply be the product of certain extraordinary external (sociohistorical) factors coupled with ordinary (internal) linguistic resources inherent to the human faculté de langage”. (DeGraff 1999: 11). (Lang kreyòl yo ta senpleman pwodui yon seri faktè ekstèn ekstraòdinè (sosyo-istorik) ki vini avèk resous lengwistik òdinè (resous entèn) ki fè pati fakilte langaj ke tout moun posede). Pandan 5 ou 6 lane ki sot pase yo, DeGraff rapousuiv rechèch li sou pozisyon sa a ansanm avèk 2 lòt lengwis kreyolis, Salikoko Mufwene ak Enoch Aboh. Pou lengwis JSJ, kreyòl ayisyen se «yon lang tankou tout lang ki fèt nan yon sikonstans istorik patikilye. Li gen gramè ak leksik li ki rele li chèmètchèmètrès.» (p.22-23).

Klas mo nan kreyòl ayisyen

Apre chapit sou orijin lang kreyòl ayisyen, JSJ bay bon jan esplikasyon sou yon seri nosyon ki enpòtan anpil sou alfabè kreyòl ak sou prensip pou lekti ak ekriti. Pa egzanp, JSJ esplike ke «gen 32 siy ki reprezante 32 son ki fòme alfabè kreyòl la. Men yo: A- an- b- ch- d- e- è- en – f – g- h – i – j – k – l - m- n – ng – o- ò- on – ou- oun – p- r – s – t – ui – v – w – y – z»
Gramè tradisyonèl la rele «pati nan diskou»  (les parties du discours, an franse ; parts of speech, ann angle) yon gwoup mo ki sèvi pou fòme fraz nan yon lang. Se yon ansyen tradisyon ki sòti nan gramè lang grèk ansyen epi ki pwolonje nan lang laten. Majorite lang oksidantal yo tankou franse oswa angle kontinye tradisyon sa a lè grameryen yo ap fè deskripsyon lang pa yo. Sepandan lengwis yo esplike kesyon an yon lòt fason. Nan lengwistik modèn, save yo rele «klas mo» yon gwoup inite ki pataje yon seri similarite sentaksik, ki genyen menm fonksyon, ke nou kapab itilize nan menm pozisyon anndan yon estrikti.

JSJ enimere 9 klas mo nan deskripsyon gramè kreyòl li pibliye a. Se: Non, detèminan, pwonon, prepozisyon, vèb, adjektif kalifikatif, advèb, mo esklamasyon, konjonksyon. Li defini epi analize chak klas mo sa yo epi li bay anpil egzanp. Men ki jan li defini detèminan. «Yon detèminan se yon ti mo gramè yo fè akonpaye yon non pou presize sans li» Egzanp: yon kay; kaw la; faktori a. Nan 3 egzanp sa yo, «yon», «la» ak «a» se 3 detèminan.  Kite m kouri siyale ke an reyalite «yon» se yon detèminan endefini men «la» ak «a» se detèminan defini. Men, yo se sa nou rele nan syans lengwistik «alomòf» (allomorphe, an franse; allomorph, ann angle). An lengwistik, alomòf se non yo bay diferan varyant yon mòfèm kapab genyen dapre kontèks / anviwonnman kote li kapab parèt. «La» ak «a» se alomòf detèminan defini. An kreyòl, detèminan defini «la» parèt apre yon konsòn ki pa nazal men li tounen «a» si li plase apre yon vwayèl oral. Egz. Tab la, men zwazo a. Li kapab tounen «an» si li plase apre yon vwayèl nazal, tankou nan pon an, oswa lan/nan si li plase apre yon konsòn nazal, tankou nan moun lan/nan.

JSJ montre diferan kategori detèminan ki genyen an kreyòl: detèminan defini, endefini, demonstratif, posesif, kantite…Li esplike ki sa detèminan defini an ye, ki plas detèminan defini an okipe nan fraz la, konbyen fòm li genyen, ki jan lokitè yo itilize chak fòm li genyen, ki jan nou fòme pliryèl detèminan defini, ki lè nou anplwaye fòm pliryèl la. Apre sa, JSJ esplike ki sa detèminan endefini an ye, fòm detèminan endefini an, pozisyon li, avèk lòt detèminan endefini ki genyen, tankou tout, latriye, chak, kèk, youn ou de, kèk grenn, lòt, yon foul, yon bann… JSJ esplike sa yo rele detèminan demonstratif, detèminan posesif, detèminan entèwogatif, detèminan esklamatif, fòm yo, pozisyon yo, epi diferans ki genyen ant detèminan posesif avèk ou san detèminan defini.

JSJ bay yon deskripsyon sou klas mo «vèb» ki enteresan. Li defini «vèb» tankou «yon mo ki anonse swa yon aksyon sijè a fè oubyen ekzistans osnon leta sijè a. Se li ki nannan (nwayo), pilye oubyen poto mitan fraz la» (p. 80).Ekzanp: Jan ri; Marie pati.

JSJ montre ke vèb kreyòl yo genyen mòd, aspè, ak kategori. Li divize vèb yo an vèb aksyon, vèb deta, vèb seryèl, vèb enpèsonèl, Li esplike ki sa yon predika ye, ki wòl kategori konpleman yo, epi konbyen konpleman vèb ki genyen an kreyòl. Li esplike tou nan bon jan ti mamit tan vèb yo ak fòm yo an kreyòl. Pati sa a se yon pati ki konplike anpil nan lang kreyòl la men JSJ rann li klè kou dlo kòk. Li montre ke pou tan prezan kreyòl la sèvi ak makè «ap» li mete devan vèb la; pou tan pase, kreyòl la mete makè «te» devan vèb la; pou tan fiti, kreyòl la  mete makè «pral» devan vèb la lè se yon fiti pwòch. Men, JSJ presize tou kèk pwen ki enpòtan: nou kapab mete makè «ap» devan vèb la pou esprime dewoulman yon aksyon (se sa yo rele an franse «présent progressif»), men si se yon prezan abityèl, nou «pa ka mete «ap» pou make prezan an»; JSJ montre ke «ap» «gen de (2) entèpretasyon, li kapab anplwaye pou prezan oubyen pou fiti.» (p.86).  

Lè li bezwen esprime tan kondisyonèl, kreyòl la mete makè «ta» devan vèb la. Finalman, JSJ montre ki jan kreyòl la esprime fòm enperatif, kit li dirèk osnon endirèk.

JSJ fini deskripsyon gramè li an avèk 2 chapit ki enteresan: youn se definisyon ak deskripsyon nosyon «fraz» an kreyòl. Li defini yon fraz kon sa: «se yon gwoup mo yo mete ansanm nan yon lòd lojik baze sou gramè lang lan pou esprime yon lide, yon bezwen, eks.» (p.116). Li montre tout kalite fòm fraz ki genyen an kreyòl, pa egzanp, fraz deklaratif, fraz pou pase lòd, fraz esklamatif, fraz entèwogatif, fraz pozitif, fraz negatif, Fraz yo kapab pran fòm aktif osnon fòm pasif.

Lòt chapit enteresan ki nan fen gramè kreyòl la se espas JSJ rezève pou li dekri ponktyasyon an kreyòl. An patan,  JSJ defini ki sa ponktyasyon ye: «Se on seri siy, ki pa menm ak siy alfabè yo, ki pèmèt nou kapab make oubyen divize yon fraz osnon yon tèks.» (p.123). JSJ enimere epi li defini 10 siy ponktyasyon nan lang kreyòl la. Men yo: pwen [.], pwen entèwogasyon [ ?], pwen esklamasyon [ !], pwen sispansyon […], vigil [,], pwen vigil [ ;], de pwen [:], gimè [«»], tirè [-], parantèz [( )].

Genyen kèk aspè liv la ki fè m panse ke gramè kreyòl JSJ pibliye a ale pi lwen pase yon  travay rechèch ke yon save ayisyen fè ; li gen vize pratik tou. Pa egzanp, JSJ toujou bay tradiksyon franse egzanp kreyòl li bay pou kore yon definisyon. Sèl esplikasyon ki genyen pou sa se paske genyen lokitè frankofòn ki ap sèvi ak liv gramè sa a. Mwen detekte yon lòt aspè nan 2 dènye pati liv la kote nou jwenn yon lis pwovèb kreyòl ansanm ak yon leksik kreyòl. An jeneral, nou pa jwenn pwovèb ak leksik anndan yon liv gramè.

De tout fason, sa pa deranje anyen nan enpòtans ak michan kalite gramè kreyòl ke JSJ pibliye a. Se dezyèm edisyon liv la. Sa vle di premye edisyon an te byen mache jiskaske otè a oblije fè parèt yon dezyèm edisyon. JSJ trase chemen pou lòt save kreyolis kontinye travay dekri sistèm lengwistik sa a ki rele kreyòl ke tout lokitè ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti byen posede anndan sèvo li.

Hugues Saint-Fort
Me 2020, New York

*

 Viré monté