Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Novak Djokovic bay Rafael Nadal yon leson tenis

Hugues Saint-Fort

Anvan final tenis sa a ki te premye final «grand chelem» pou ane 2019 la, si yo te di m ke Djokovic ta pral dekonstonbre Nadal, mwen ta di se manti. Gen plizyè rezon ki fè m ta di sa. Nan tout sis match Nadal te jwe anvan final la, li pa te pèdi okenn «sèt», nan demi final li te jwe kont Stefanos Tsitsipas, yon jenn jwè nasyonalite grèk ki te elimine nimewo 3 nan lemonn, Roger Federer, Nadal te devore jwè Grèk la: 6-2, 6-4, 6-0. Donk, tout moun t ap atann  pou yo asiste yon kokennchenn final tenis ant Djokovic, nimewo 1 dan lemonn, e Nadal nimewo 2.  Men, se pa sa ki te rive vrèman. Se pa te yon move match men, li te gen fòs kote paske se prèske nan yon sèl bò match la t ap dewoule.

Se premye fwa mwen wè Rafael Nadal pèdi yon final «grand chelem» nan kondisyon sa a: li pa genyen okenn «sèt», e Djokovic te domine li depi kòmansman match la rive nan fen match la. Poutan, Nadal pa te mal jwe ditou. Misye te reyisi kou li konn fè pi byen yo: sèvis kanno, kou dwa malveyan, kouri dèyè tout bal, michan revè ak de (2) men…Men, Djokovic te reyalize yon match ki te prèske pafè. Li te pasyan, li te kalm, li te kouri dèyè tout bal. Li te reyalize sèlman 4 fot non pwovoke,  34 kou gagnan, epi 8 sèvis «ace». (Nan tenis, yon jwè reyalize yon «ace» lè li fè yon sèvis ki ale tèlman vit nan ti kare kote bal la dwe tonbe a, ke lòt jwè a pa kapab fè anyen pou retounen li).

Djokovic te bay Nadal tèlman tèt chaje ke Nadal te vin fristre ak dewoulman match la. Sa te kòmanse depi nan premye sèt la kote Djokovic te rive mennen jiska 3-0 devan Nadal san Nadal pa te kapab pran yon pwen sou sèvis misye. Djokovic te genyen premye sèt la apre 36 minit. Match la li menm te dire 2 zè 04 minit. Mwen pa raple m si te gen yon final gason nan «grand chelem » ki te pi kout pase sa. Djokovic te genyen match la 6-3, 6-2, 6-3. Sa ba nou yon lide sou jan li te domine Nadal.

Nan dezyèm sèt la, Nadal goumen pou li elve nivo tenis li, men li te bezwen fè plis pase sa li te renmèt bay Djokovic. Malgre sa, se te pi bèl pèfòmans li kont Djokovic nan final sa a. Djokovic pran sèvis Nadal epi mennen 5-2. Li sèvi 3 sèvis «ace» youn apre lòt epi genyen sèt la 6-2. Sèt sa a te dire 40 minit epi Djokovic te komèt yon sèl fot non pwovoke. Yon bagay ekstraòdinè!

Nan twazyèm sèt la, Nadal kontinye batay san rete. Li eseye ankouraje tèt li, souke kò li pou l fè Djokovic santi ke li la toujou. Djokovic parèt yon ti jan fatige epi koumanse fè yon seri «drop-shot» (nan tenis, «drop-shot» se lè yon jwè rete nan fon «court» lan epi jwe bal la yon fason pou bal la tonbe jis dèyè filè a.) pou fè Nadal kouri monte o filè vin chèche bal la. Se gras a yon «drop-shot» ke Djokovic reyisi pran sèvis Nadal nan sèt sa a. 

Pandan tout match la, Djokovic te fè tout sa l te kapab pou plase bal li yo, pou chanje yo direksyon, de fason pou Nadal pa te kapab prevwa ki kote bal yo t ap rive. Sa te jennen misye anpil e se sa ki te lakoz misye komèt plizyè fot. Men, se menm Nadal la ki te sou «court» lan. Misye te kontinye, pandan l ap prepare li pou sèvi, fè bann simagre kote l ap manye nen li, zòrèy li, machwè li.

Pwochen « grand chelem » Nadal pral diskite se ap tounwa «Roland-Garros» nan vil Paris, an Frans, nan fen mwa me ane sa a. Misye genyen tounwa sa a onz fwa deja. Se kòm si tounwa sa a se pou li yo te fè li. Se sèlman yon sèl fwa Djokovic te genyen tounwa sa a. Si yo rankontre nan tounwa sa a ane sa a, se ap youn nan match ki kapab pi enteresan ki genyen. Espesyalis tenis yo jije yon jwè dapre kantite match «grand chelem» li ranpòte. Jiska jounen jodi a, pami jwè ki aktif toujou, se Roger Federer ki genyen plis match «grand chelem». Li genyen 20 deja. Apre li, se Nadal ki genyen 17. Epi, Djokovic vin apre. Misye genyen 15.


Hugues Saint-Fort
New York, janvye 2019     

 boule

 Viré monté