Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Prix littéraire Sosyete Koukouy
pour le roman

Word

Sosyete Koukouy chwazi kreye yon Pri pou woman ki ekri an Kreyòl pou li onore non defen  Jan Tanbou «Henri-Claude Daniel», ki te fèt Okap epi ki mouri nan Fò Dimanch, Pòtoprens an 1968.  Ekip Papa Dòk Divalye, ki te sou pouvwa a nan epòk sa a, te asasinen li pou konviksyon sosyal epi politik li. Jan Tanbou te yon pwofesè literati, ki te vle leve tout kalite defi sosyal pou nou te bati yon sosyete, kote tout moun se moun.

Womansye yo, dapre noumenm nan Sosyete Koukouy, se yon ekip moun, ki ap chache pataje vizyon sosyal yo ak rès moun nan sosyete a, epitou ki vle  ede devlope yon chapant sosyal  tou nèf apati divès fason yo dekri lavi ayisyen nan zèv  yo.

Men Règleman yo:

Moun toupatou gen dwa aplike pou  Pri Literè Jan Tanbou «Henri-Claude Daniel». Yo  dwe respekte kondisyon sa yo:

  1. Fòk ekriven an vivan pou li soumèt  aplikasyon pou kandidati li  epi pou li resevwa Pri a. (si li genyen). Fanmi, elatriye oswa Editè li paka soumèt aplikasyon an sou non li.
     
  2. Fòk Woman an ekri an Kreyòl Ayisyen. 
     
  3. Woman an dwe genyen 150 paj epi 40 000 mo pou pi pitit
     
  4. Woman an dwe pibliye nan peryòd tan sa a 2015- 2019
     
  5. Woman an pa dwe yon tradiksyon, ni yon adaptasyon.
     
  6. Kandida a dwe soumèt yon vèsyon elektwonik nan adrès elektwonik sa a: soyetekoukouy@yahoo.com
    oubyen 4 kopi woman an nan adrès sa a: 61 Taj Court Ottawa ON K1G 5K6 
     
  7. Kandida a dwe soumèt  yon lèt ak yon  nòt byografik, ki deklare entansyon li pou li patisipe nan konkou a.

Ekriven ki  genyen  Pri Literè Sosyete Koukouy la ap resevwa:

  1. Plak Pri Woman Jan Tanbou ‘Henri-Claude Daniel’ an) Yon chèk $500.00 US
     
  2. Pwomosyon woman an ap fèt nan jounal Haiti en Marche, Haitian Voice, Medya Sosyal yo ak Antèn radyo Sosyete Koukouy.

FOMILÈ POU KANDIDA

  • Pri Woman Sosyete Koukouy: Jan Tanbou  ‘Henri Claude Daniel’
  • Dat limit pou yon kandida soumèt aplikasyon li ansanm ak tout dokiman nesesè pou komite a revize materyèl li soumèt yo se 31 jen 2019.
  • Tanpri, ekri an lèt kare / an lèt detache epi retounen fòmilè a nan adrès elektwonik sa a: sosyetekoukouy@yahoo.com

1. IDANTIFIKASYON – MOUN KI KANDIDA A

 
   
Non ak Prenon Legal :
 
   
Vil ak Peyi li Fèt :
 
 
   
Gason □ ; Fi □ : Okipasyon / Pwofesyon :
 
 
   
Kouryèl (imèl) 1 :
Kouryèl (imèl) 2 :
 
 
Telefòn  1 : (         )
Telefòn  2 : (         )
 
   
Adrès :  No.
Ri :
Apt.
Vil :
Depatman / Eta :
Kod Pòstal :
Peyi :
 
   
 

2. NÒT BIYOGRAFIK / KIYÈS KANDIDA A YE?

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
   
 

3. SA KANDIDA A REYALIZE NAN LANG KREYOL LA

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
   
 

boule

 Viré monté