Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Dosye pedagojik – Ayiti se !

Frenand Léger

*

Ou ka enprime vèsyon PDF la

Objektif jeneral dosye a

Nan dosye sa a, ou pral etidye zèv yon chantè ayisyen, Mikaben (Michael Benjamin), k ap prezante yon imaj Ayiti ki pi objektif e mwen negatif pase sa nou jwenn nan medya oksidantal yo. 

Plan kontni chapit la

Etap 1 – Aktivite miz an kontèks

Dekouvèt atis Mikaben ak zèv li

Etap 2 – Aktivite vokabilè

Mo ak ekspresyon nouvo

Etap 3 – Aktivite gramè 

Prezantatif ak vèb kopil “se”

Etap 4 – Konpreyansyon oral/ekri

Aktivite sou fòm, sans ak estetik tèks la

Etap 5 – Pwodiksyon ak medyasyon

Deskripsyon sit natirèl ak touristik Ayiti

Etap 6 – Pwojè final

Fè piblisite touristik pou yon kote Ayiti

Etap 1 – Aktivite miz an kontèks &ndloral!– Chwazi youn nan foto oswa videyo ou jwenn sou Entènèt la epi prezante l bay lòt kanmarad yo nan klas la.ash; Fè rechèch sou Entènèt la epi li enfòmasyon biyografik sou chantè a pou w ka fè premye etap aktivite yo.

A. An nou al chache enfòmasyon! - Monte sou Entènèt la (Google imaj) pou w al chache 8 foto oswa videyo ki reprezante elman ki anba a.

  1. Chache sou Entènèt la pou w jwenn enfòmasyon sou Michael Benjamin, aka Mikaben.
  2. Jwenn yon kat jewografik Ayiti ki byen detaye.
  3. Jwenn foto oswa videyo yon plaj ak pye kokoye kote sab lanmè a blan.
  4. Jwenn foto oswa videyo yon rivyè kote ki gen yon bèl kaskad dlo.
  5. Jwenn foto oswa videyo gwo montay kote ki gen La Sitadèl la.
  6. Jwenn foto oswa videyo Pak Makaya.
  7. Jwenn foto oswa videyo yon bèl plat manje ayisyen.
  8. Jwenn yon videyo kote y ap fè yon seremoni vodou.
  9. Jwenn yon videyo ki montre aktivite kanaval Ayiti.

B. An nou pataje enfòmasyon aloral!– Chwazi youn nan foto oswa videyo ou jwenn sou Entènèt la epi prezante l bay lòt kanmarad yo nan klas la.

  1. Men sa m jwenn sou Entènèt la. E ou menm, ki sa w jwenn? Pou ki sa se foto sa ou chwazi? Foto ki moun oswa foto ki sa li ye? Ki mo kle ou te ekri ki fè w rive jwenn foto sa a? Ki sa w panse de foto a?
  2. Men foto/videyo m chwazi. Se yon foto/videyo ki …. M twouve se yon foto/videyo ki enteresan paske…

C. An nou fè konesan ak yon vedèt ayisyen! – Li fich biyografik vedèt la epi prepare w pou w reponn kèk kesyon sou tèks la.

Enfòmasyon biyografik sou chantè a

Michael Benjamin, aka Mikaben, te fèt nan lane 1981. Se yon atis ayisyen ki te polivalan e ki te gen anpil talan. Li te chantè, gitaris, konpozitè epi pwodiktè. Kit se ak yon grenn gita oswa ak yon gwoup mizikal konplè, Mikaben te kapab pèfòme kòm sa dwa. Se te youn nan kèk ra mizisyen ayisyen pami jenn jenerasyon an ki te kapab jwe diferant kalite mizik. Depi lansman premye chante li an 1999 ki rele “Nwèl Tristès”, Mikaben te demontre yon enterè espesyal pou peyi l. Nan mizik li yo, tankou nan “Ayiti se”, li prezante yon imaj pozitif sou Ayiti san l pa defòme reyalite a. Li demontre jan Ayiti se yon peyi ki rich e ki konplèks. Mikaben te gen 20 lane eksperyans sou sèn mizikal nasyonal ak entènasyonal la. Li te pèfòme nan Olympya ki nan vil Pari ak Carimi, nan Sant Kiltirèl peyi Kot d Ivwa ann Afrik, nan Festival Hoogstraten nan peyi Bèljik, ak nan gwo Festival Konpa ki konn fèt Miyami. Pandan Mikaben t ap jwe nan Accor Arena ki nan peyi Lafrans, li fè yon kriz kadyak epi li tonbe li mouri sou sèn nan devan tout espektatè yo. Sa te pase nan vil Pari nan dat 17 oktòb 2022. Mikaben te genyen 41 lane lè l mouri.

D. An nou verifye si nou konprann fich biyografik vedèt la - Chwazi repons ki pi kòrèk la dapre fich biyografik atis la ak tematik ki devlope nan chante a.

  1. Nan ki vil ann Ayiti Mikaben te pran nesans?
    1. Okay, Ayiti
    2. Pòtoprens, Ayiti
    3. Enfòmasyon sa a pa parèt nan tèks la.
    4. Okenn nan repons yo
       
  2. Konbyen tan Mikaben te genyen depi l ap pèfòme?
    1. Li gen venn senk lane depi l ap pèfòme.
    2. Li gen karant lane depi l ap pèfòme.
    3. Li gen ven lane depi l ap pèfòme.
    4. Okenn nan repons yo
       
  3. Nan ki lane karyè mizikal Mikaben te koumanse?
    1. Nan lane mil nèf san katre ven en.
    2. Nan lane mil nèf san katre ven diz nèf.
    3. Nan lane mil nèf san katre ven nèf.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  4. Sou ki tematik prensipal Mikaben konpoze chante “Ayiti se” a?
    1. Sou tematik bèl lanmè, montay ak rivyè ann Ayiti.
    2. Sou tematik richès ak konpleksite peyi d Ayiti.
    3. Sou tematik festival tisourit ak fèt chanpèt ann Ayiti.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  5. Ki laj Mikaben te genyen lè l pèdi lavi l?
    1. Li te gen disèt lane
    2. Li gen karanteyen lane
    3. Li gen ven lane
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  6. Nan ki sikonstans Mikaben te mouri?
    1. Li te mouri lakay li pandan l ap dòmi.
    2. Li te mouri akoz maladi Kovid-19.
    3. Kè l te rete pandan li t ap jwe yon konsè.
    4. Okenn nan repons yo

E. An nou fè konesans ak tèks la! - Konsiy: Ou pral fè divès kalite aktivite epi reponn plizyè kesyon (fòm, kontni, gramè, vokabilè, semantik, estetik, elatriye) sou tèks ki anba a. Pran tan pou w byen etidye tèks la avan w koute/gade videyo mizik la.

Ayiti se

I
Ayiti se bèl lanmè, se bèl montay ak bèl rivyè
Se bèl plaj ak pye kokoye, bèl peyizaj ak bèl koulè
Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten
Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen
Ayiti se Basen Ble, Kaskad Pichon avèk Sodo
Se Akaden, La Sitadèl, se Labadi ak Marigo
Ayiti se Lavale, se Pòsali ak Zabriko
Se Mòn Lasèl, Pik Makaya, se Mamlad ak Mòn Pilbowo

II
Ayiti se yon dous makòs, se yon ponyen pistach griye
S on ji kole ki pou banm fòs, s on boutèy kola ki byen glase
Ayiti s on bon griyo, s on bon fritay, on bon taso
S on bon legim avèk sirik, s on bon diri avek lalo
Ayiti s on bon bouyon, s on soup joumou ak tout piman
S on bon kasav avèk manba ke ou tranpe nan akasan
Ayiti s on bon donmbwèy k ap marinen nan yon bon sòs pwa
S on bwa kochon, on bon kleren, Ayiti s on bon kafe diswa

Refren
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m adore w
Pa gen anyen k ap janm fè mwen kite w

III
Ayiti s on bèl mizik, se yon bann a pye, s on twoubadou
S on son kata seremoni, se yon son kwachi, yon son tanbou
Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou
Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak Vodou
Ayiti se festival, se tisourit, se fèt chanpèt
Se animasyon nan Kanaval se yon ti zile k pa janm frèt
Ayiti s on domino, se yon bezig, se yon twasèt
S on reveyon kote ki gen bouyon, se la k gen kenbe tèt

IV
Ayiti se yon konbit peyizan k ap sèkle latè
Se ti machann yo k ap desann pou y al goumen ak lavi chè
Ayiti se timoun yo k ap reve de yon bèl avni
Se dlo rigòl la k ap desann, pa konn kote l pral ateri
Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye
Se labou k leve on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe
Ayiti se sou beton an pou konn “la vrai” reyalite
Se youn ki tris, men grasa Dye, se pa li sèlman n ka chante

V
Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè
On fanm ki djanm, on fanm vanyan menm si l konnen li pa pafè
Ayiti se yon bèl fanm ki menmsi l pase anpil mizè
Li toujou f on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè
Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w
E menm si wout la long, konnen n ap toujou la pou n kenbe men w
Ayiti cheri w mèt kwè m, pa gen anyen k ap fè m kite w
M ap toujou la pou ou cheri, kite mizik sa a dòlote w.

© Michael Benjamin, Ayiti se, 2012

Etap 2 – Aktivite etid vokabilè – Analize mo ak ekpresyon nouvo ou pa konprann yo pou w ka fè dezyèm etap aktivite yo.

A. An nou idantifye mo ak ekspresyon nouvo ki nan tèks la! - Fè lis tout mo ki nouvo nan chak kouplè chante a epi chache definisyon yo nan yon diksyonè oswa sou Entènèt la. Si gen mo ak ekspresyon nou pa jwenn nan diksyonè oswa si nou pa byen konprann sans yo, poze pwofesè a kesyon sou yo. Lè w ap ekri mo yo, pran san w pou w byen respekte òtograf yo.

1. ……………………………………….......

2. ……………………………………….......

3. ……………………………………….......

4. ……………………………………….......

5. ……………………………………….......

6. ……………………………………….......

7. ……………………………………….......

8. ……………………………………….......

9. ……………………………………….......

10. ………………………………………......

11. ……………………………………........

11. ………………………………………......

B. An nou chache konprann sans mo ak ekspresyon nouvo yo! - Chache definisyon tout mo ak ekspresyon kreyòl nouvo yo nan yon diksyonè oswa sou Entènèt la. Si gen mo ak ekspresyon nou pa jwenn nan diksyonè oswa si nou pa byen konprann sans yo, poze pwofesè nou kesyon sou yo. Lè nou byen konprann sans chak mo ak ekspresyon nan kontèks li, ekri ekivalan an nan yon lòt lang ou byen metrize (angle oswa franse).

Mo/ekspresyon kreyòl

Mo/ekspresyon nan yon lòt lang

Mo/ekspresyon kreyòl

Mo/ekspresyon nan yon lòt lang

 boujonnen

 sant kafe

 bèl peyizaj

 lesklavaj

 ponyen pistach

 zansèt

 -

 -

 -

 -

 -

 -

 sèkle latè

 konbit peyizan

 glase

 labou

 doulè

 dòlote

 -

 -

 -

 -

 -

 -

C. An nou reflechi sou sans ak òtograf mo yo! - Reponn kesyon sila yo aloral. Apre sa, ekri repons yo pou ou ka memorize òtograf mo yo.

  1. Nan premye kouplè a – Site omwen 10 bèl kote yon touris ka pran plezi vizite ann Ayiti?
    ..................................................................................................................................................................

  2. Nan dezyèm kouplè a – Site omwen 10 eleman ki chita nan tradisyon gastwonomik peyi d Ayiti.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  3. Nan twazyèm kouplè a – Site omwen 10 aktivite sosyal/kiltirèl tradisyonèl Ayisyen renmen fè.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................

D. Egzèsis aplikasyon leksikal – Pami tout mo ak ekspresyon nouvo ki soti nan tèks chante “Ayiti se” a, chwazi 6 ladan yo pou ou kreye fraz konplè. Konpoze fraz konplè avèk chak mo ou chwazi yo dapre egzanp ki anba a.

Egzanp: (Akasan) – Lè mwen te timoun, mwen te konn bwè akasan chak maten pou dejene. Se yon bwason yo fè avèk mayi ak lèt.

..................................................................................................................................................................................

Etap 3 – Aktivite etid gramè – Prezantatif ak vèb kopil “se”

Yon rapèl sou fòm ak fonksyon prezantatif ak vèb kopil “se” Nan pawòl chante a, estrikti gramatikal yo plis repete se vèb kopil “se”. Annou analize fonksyon l nan pawòl chante a.

  • Nan lang kreyòl, «se» gen 2 estati gramatikal : li ka yon vèb kopil, konsa tou li ka yon prezantatif. Lè l se yon vèb kopil, nou jwenn li apre yon gwoup sijè. Lè l se yon prezantatif, nou jwenn li nan tèt fraz la oswa pwopozisyon an.

Egzanp : Se mwen ki pwofesè a.           (prezantatif) I am the teacher.
Egzanp : Mwen se pwofesè.                  (vèb kopil) I am a teacher.

  • Nan lang kreyòl, yo itilize vèb kopil “se” pou yo fè lyen ant sijè ak atribi sijè a nan yon pwopozisyon. Selon kontèks la, itilizasyon vèb kopil “se” ka obligatwa oswa fakiltatif. Gen lòt kontèks kote ou pa dwe itilize vèb kopil “se” a. Si w itilize l fraz ou an ap agramatikal.  Sa vle di fraz ou an pa p kòrèk sou plan gramatikal.

Egzanp : Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè. (kopil ki obligatwa)
Egzanp : Ayiti se pa yon ti peyi non. (kopil ki fakiltatif)
Egzanp : Ayiti Ø bèl kou lakansyèl. (kopil ki t ap agramatikal si n mete l)

Règ itilizasyon vèb kopil “se”.

  • Kopil “se” obligatwa lè atribi sijè a se yon non, yon gwoup non, yon pwonon, yon adjektif ki eksprime nasyonalite oswa pwofesyon, e ki nan yon fraz deklaratif, pozitif oswa entèwogatif. Kopil la obligatwa paske se li ki tabli lyen ant sijè a ak atribi sijè a.

Egzanp : Ayiti se yon dous makòs.
Egzanp : Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten.
Egzanp : Ayiti se nou tout li reprezante.
Egzanp : Mikaben se Ayisyen. 
Egzanp : Mikaben se mizisyen. 
Egzanp : Èske Ayiti se yon dous makòs?

  • Kopil “se” fakiltatif lè atribi a se yon gwoup non ki nan yon fraz negatif.

Egzanp : Ayiti se pa yon dous makòs. / Ayiti pa yon dous makòs.
Egzanp : Èske Ayiti se pa yon dous makòs ? / Èske Ayiti pa yon dous makòs?

  • Kopil “se” agramatikal lè atribi a se yon adjektif oswa yon gwoup adjektif. Kòm adjektif oswa gwoup adjektif la se yon predika ki ranpli fonksyon vèb, nou pa bezwen vèb kopil ladan l.

Egzanp : Ayiti Ø bèl anpil.  / *Ayiti se bèl anpil.
Egzanp : Ayiti Ø pa bèl ditou. / *Ayiti se pa bèl ditou.
Egzanp : Èske Ayiti bèl? / *Èske se Ayiti bèl?
Egzanp : Èske Ayiti pa bèl vre? *Èske Ayiti se pa bèl vre?

Nòt: Gen yon fòm kout “s” pou vèb kopil “se”.

Egzanp : Ayiti s on bon donmbwèy k ap marinen nan yon bon sòs pwa. (fòm kout).
Egzanp : Ayiti se yon bon donmbwèy k ap marinen nan yon bon sòs pwa (fòm long). 

Règ itilizasyon prezantatif “se”

  • Lè “se” nan koumansman yon fraz, li se yon prezantatif ki entwodui yon eleman nan diskou a. Eleman sa a, ki se konpleman prezantatif la, ka yon non, yon pwonon, yon advèb, oswa tout yon pwopozisyon.

Egzanp : Se lavi!
Egzanp : Se Mikaben!
Egzanp : Se mwen! 
Egzanp : Se sa!
Egzanp : Se byen!
Egzanp : Se manje a m ap kuit.
Egzanp : Se Ayiti m ye la. 

(non)
(non)
(pwonon)
(pwonon)
(advèb)
(pwopozisyon)
(pwopozisyon)

E. Egzèsis sou itilizasyon vèb kopil – Obsève prezans oswa absans vèb kopil «se» nan fraz sa yo epi endike pou ki rezon yo kòrèk oswa yo pa kòrèk sou plan gramatikal.

  1. Granmoun sa a lèd anpil.
  2. Èske granmoun pa lèd vre?
  3. Ayiti se pa yon manman ki konn sa yo rele doulè.
  4. Prezidan Aristide se pa pè okenn moun.
  5. Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè.
  6. Ti Jak se mizisyen palè.
  7. Prezidan Aristid pa pè okenn moun.
  8. Mikaben se yon mizisyen ayisyen ki gen anpil siksè.

F: Prezantatif oswa vèb kopil? – Di ki estati gramatikal «se» genyen nan fraz sa yo. Se pou w di si l se yon prezantatif oswa yon vèb kopil, epitou si prezans oswa absans li obligatwa oswa fakiltatif nan fraz la.

  1. Se Ayisyen moun sa yo ye.
  2. Pi fò Ayisyen se Lafrik zansèt yo soti.
  3. Se konsa pou w fè travay la.
  4. Premye gran siksè Mikaben, se te nan lane 1999.
  5. Nemou Jean Batis se yon mizisyen ayisyen.
  6. Prezidan Aristid se te yon pè katolik.
  7. Se mwen ki louvri pòt la.
  8. Ayiti se bèl plaj ak pye kokoye.
  9. Mikaben se pa yon bon chantè opera.
  10. Èske Mikaben pa yon bon chantè?

G. Egzèsis aplikasyon gramatikal – Chwazi yon vil ann Ayiti (Pòtoprens, Okap, Okay, Jakmèl, elatriye) epi ekri omwen 6 fraz konplè kote w ap prezante oswa dekri vil sa a. Se pou w presize estati gramatikal «se» nan kontèks chak fraz dapre egzanp lan. Se pou w di si l se yon prezantatif oswa yon vèb kopil, epitou si prezans oswa absans li obligatwa oswa fakiltatif nan fraz la.

Etap 4 – Aktivite konpreyansyon sou fòm ak kontni tèks pawòl chante a - Gade videyo chante a plizyè fwa. Fè lyen ant tèks ekri a ak pawòl yo. Pran san w pou w byen koute pawòl yo epi reponn kesyon yo.

A. Egzèsis pou chache konprann fòm ak kontni tèks la - Reponn kesyon yo dapre pawòl chante a ak videyo a (fòm, kontni, gramè, vokabilè, semantik, estetik, elatriye).

  1. Nan ki kategori literè (literary genre) nou ta klase pawòl chante a?
    1. Teyat dramatik.
    2. Fiksyon womanèsk.
    3. Pwezi.
    4. Kont fòlklorik.
       
  2. Nan ki lentansyon emetè (otè) chante a te ekri tèks la?
    1. Lentansyon emetè a se enfòme reseptè yo sou vrè reyalite Ayiti a.
    2. Lentansyon emetè a se dekri reyalite Ayiti a pandan l ap divèti reseptè yo.
    3. Lentansyon emetè a se ekprime santiman pèsonèl li pou Ayiti.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers)
       
  3. Nan ki 3 kategori tipoloji tèks prensipal nou ta klase tout ekstrè a (text types)?
    1. Agimantatif/enjonktif/ ekspresif
    2. Enfòmatif/ deskriptif /ekspresif
    3. Naratif/deskriptif/ dyalogal
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers).
       
  4. Ki sekans tèks fraz sa a ye «Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè»?
    1. Se yon sekans tèks enfòmatif/deskriptif.
    2. Se yon sekans tèks naratif/deskriptif.
    3. Se yon sekans tèks agimantatif/dyalogal.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers).
       
  5. Ki sekans tèks fraz sa a ye «M ap toujou la pou ou cheri / Kite mizik sa a dòlote w» ye?
    1. Se yon sekans tèks enfòmatif/deskriptif.
    2. Se yon sekans tèks agimantatif/enjonktif.
    3. Se yon sekans tèks naratif/dyalogal.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers).
       
  6. Ki figi retorik oswa figi estil otè a repete anpil nan tout tèks pawòl chante a?
    1. Se yon konparezon.
    2. Se yon metonimi.
    3. Se yon suit metafò.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers).
       
  7. Nan 3èm liy ki nan 4èm kouplè a, yo ekri «Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou». Ki kategori gramatikal mo “Ogou” e ki sa l vle di?
    1. Ogou se yon advèb ki vle di «avèk Bondye».
    2. Ogou se yon adjektif yo itilize pou yo kalifye yon lwa vodou.
    3. Ogou se yon non pwòp ki reprezante yon lwa vodou.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers).
       
  8. Nan 3èm liy ki nan 4èm kouplè a, yo ekri «Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp?
    1. Ayiti se yon kote moun sèvi lwa vodou.
    2. Ayiti se yon tè nou eritye nan men zansèt yo.
    3. Ayiti se yon kote tradisyon zansèt vodou chita.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers)
       
  9. Nan 4èm liy ki nan 3èm kouplè a, yo ekri «Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak vodo». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp?
    1. Ayiti se kote tout moun pratike relijyon vodou.
    2. Ayiti se kote tout moun gen libète.
    3. Ayiti se kote vodou ak libète makònen ansanm.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers)
       
  10. Nan 3èm liy ki nan premye kouplè a, yo ekri «Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten». Ki kategori gramatikal mo “sant” lan epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz la?
    1. Se yon vèb ki gen sans «respire santò».
    2. Se yon adjektif kalifikatif ki gen sans «yon move odè».
    3. Se yon non komen ki gen sans «yon bon odè».
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  11. Ki apresyasyon jeneral chantè a sou peyizaj fizik ak kiltirèl peyi d Ayiti?
    1. Peyizaj la lèd.
    2. Peyizaj la bèl.
    3. Peyizaj la pasab.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  12. Dapre chante a, nan ki moman nan jounen an Ayisyen konn pran sant kafe?
    1. Nan maten.
    2. A midi.
    3. Nan aswè.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  13. Dapre chante a, ki sa ki fè flè dizè boujounen?
    1. Se siklòn.
    2. Se lanèj.
    3. Se lawouze.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  14. Dapre chante a, ki kantite pistach griye Ayiti reprezante?
    1. Yon gwo kantite tankou yon sak.
    2. Yon ti kantike ou ka kenbe nan pla men w.
    3. Yon ti kantike ou ki reprezante yon ti mamit.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  15. Dapre chante a, ki kalite kola Ayiti reprezante?
    1. Yon kola byen cho.
    2. Yon kola byen fre.
    3. Yon kola byen tyèd.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers).
       
  16. Dapre chante a, Ayiti se yon legim ki fèt ak ki bèt lanmè?
    1. Legim ak pwason lanmè.
    2. Legim ak kribich lanmè.
    3. Legim ak ti krab lanmè.
    4. Okenn nan repons yo (None of the above answers)
       
  17. Dapre chante a, Ayiti reprezante yon manje yo sèvi premye janvye pou selebre fèt Lendepandans peyi a?
    1. Se soup yo fè ak joumou.
    2. Se soup yo fè ak piman.
    3. Se bouyon yo fè ak joumou.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers).
       
  18. Dapre chante a, Ayiti se ki kalite manje ki fèt avèk kasav epi manba?
    1. Se yon manje yo rele doukounou ki fèt ak manyòk.
    2. Se yon manje yo rele wayal ki fèt ak manyòk epi pistach griye yo moulen.
    3. Se yon manje yo rele chanmchanm ki fèt ak mayi e pistach griye yo pile.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers).
       
  19. Dapre chante a, ki kalite fanm Ayiti ye?
    1. Se yon fanm ki konn abiye e ki gen fyète.
    2. Se yon fanm ki gen kouraj pou l sipòte soufrans.
    3. Se yon fanm ki rete bèl malgre mizè.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers).
       
  20. Dapre chante a, ki sa k ka fè chantè a kite Ayiti?
    1. Pwoblèm ensekirite ka fè l kite Ayiti.
    2. Anyen pa ka fè li kite Ayiti.
    3. Pwoblèm grangou ka fè li kite Ayiti.
    4. Tout repons yo kòrèk (All the above answers)

B. Egzèsis pou chache konprann sans tèks la Reponn kesyon yo dapre pawòl chante a ak videyo a. Chwazi repons ki kòrèk la.

  1. Yo bay chante a tit «Ayiti se» a paske y ap prezante epi dekri peyi a.
     
  2. Nan peyi d Ayiti, pa gen plaj, mòn ak kaskad dlo.
     
  3. Nan peyi d Ayiti, konbit se yon aktivite agrikòl. 
     
  4. Dapre chante, Ayisyen renmen jwe, chante epi danse.
     
  5. Nan peyi d Ayiti, pa janm gen labou lè lapli fin tonbe.
     
  6. Dapre chante a, se ann Ayiti yo te kraze sistèm esklavaj la.
     
  7. Ayiti se yon fanm mòlòlò ki pa ka sipòte soufrans.  
     
  8. Ayiti se yon fanm ki lèd anpil.
     
  9. Ayiti se yon fanm ki soufri anpil.
     
  10. Chantè a renmen Ayiti, men li oblije abandone l.

V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F
 
V / F

Etap 5 – Aktivite pwodiksyon – Prepare w pou w reponn kesyon ki mande repons kout epi pou w fè tradiksyon, ekspoze oral ak redaksyon sou pawòl chante a.

A. Egzèsis konpreyansyon ak pwodiksyon ki kout – Reponn kesyon yo dapre tèks pawòl chante. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz tou kout, men ki konplè.

  1. Si w renmen bwè gwòg, ki 3 eleman gastwonomik ayisyen ou ta p renmen goute pami tout sa yo site nan dezyèm kouplè chante a? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  2. Si w renmen manje desè ki gen anpil sik, ki eleman gastwonomik ayisyen ou ta p renmen goute? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  3. Ki mo nan twazyèm kouplè a ki se yon referan istorik fondamantal pou Ayisyen? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  4. Ki lòt mo nan twazyèm kouplè a ki se yon referan kiltirèl fondamantal pou Ayisyen? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  5. Si w renmen banboche epi pran plezi w nan foul moun, ki aktivite nan twazyèm kouplè a w ap chwazi? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  6. Si w renmen amize w lakay ou san w pa soti, ki 3 aktivite nan twazyèm kouplè a ou ka chwazi fè? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  7. Nan ki mwa nan ane a yo konn fè reveyon ann Ayiti? Repons lan nan twazyèm kouplè a.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  8. Site omwen 2 aktivite sosyal ou jwenn nan katriyèm kouplè a ki demontre ke Ayisyen gen abitid travay di.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  9. Site twa eleman ou jwenn nan katriyèm kouplè a ki demontre Ayiti gen pwoblèm mizè, pwoblèm anviwòman ak katastwòf natirèl
    ...................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  10. Ki eleman yo itilize nan senkyèm kouplè chante a pou senbolize Ayiti?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  11. Dapre sa yo di nan senkyèm kouplè a, pou ki rezon chantè a renmen Ayiti?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  12. Ki sa chantè a di nan senkyèm kouplè a pou l ka demontre jan l renmen Ayiti?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  13. Dapre ou menm, èske w panse chantè a renmen Ayiti tout bon vre? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  14. Dapre sa yo di nan refren chante, kouman ou ka dekri santiman chantè a pou Ayiti?  
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  15. Ki sa w ka di sou reyalizasyon atistik videyo mizik la?  Èske w renmen sekans imaj yo? Pou ki sa?
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................

B. Egzèsis medyasyon/tradiksyon Fraz kreyòl sa yo soti nan pawòl chante a. Tradui yo ann angle, franse oswa panyòl. Sonje se pa tout lè ou ka fè tradiksyon literal. Fòk tradiksyon ou yo otantik.

  1. Ayiti se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  2. Ayiti cheri pou jan m adore w. Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  3. Ayiti se festival, fèt chanpèt ak animasyon nan Kanaval. Se yon ti zile k pa janm frèt.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  4. Ayiti se yon konbit peyizan ka p sèkle latè.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................
  5. Ayiti se ti machann yo k ap desann pou y al goumen ak lavi chè.
    ..................................................................................................................................................................
    ..................................................................................................................................................................

C. Egzèsis konpreyansyon oral ak òtograf Nou pral pran yon ti dikte. N ap tande 5 gwoup fraz ki soti nan pawòl chante a. Koute fraz yo byen epi eseye ekri yo sou yon fèy papye oswa nan kaye w. Se pou w koute fichye odyo a plizyè fwa pou ou ka byen konprann.

........................................................................................................................................................................................

D. Egzèsis pwodiksyon ki long – Reponn kesyon sou 2 sijè ki anba a dapre konsiy yo. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou sijè yo, fòk ou fè yon ti rechèch sou Entènèt la.

  1. Videyo ekspoze oral (3-5 minit) - Prepare yon ekspoze oral epi fè videyo pwòp tèt ou k ap fè prezantasyon an. Fichye videyo a pa dwe dire mwens pase 3 minit. Pami 10 bèl kote yo site nan premye kouplè chante a, chwazi youn ladan yo epi prepare yon ekspoze oral kote w ap dekri kote sila a pandan 3-4 minit. Nan koumansman ekspoze w la, fòk ou di pou ki rezon se kote sa ou chwazi. Apre sa, prezante deskripsyon sou kote ou chwazi a. Kisa pou n fè pou n ka jwenn tout enfòmasyon n ap bezwen pou ekspoze nou an?

Etap preparasyon yo

  1. Ale fè rechèch sou Entènèt la pou n ka chwazi yon kote. Pou ede nou jwenn plis enfòmasyon nan rechèch nou sou Entènèt la, nou ka itilize òtograf franse oswa angle. Paregzanp, pou «Basen Ble Ayiti», ou ka mete «Bassin Bleue Haiti»
  2. Itilize enfòmasyon yo pou n ekri prezantasyon nou. Nou ka itilize sipò vizyèl si n vle.
  3. Fè prezantasyon nou devan klas la.
  1. Pwodiksyon ekri (20-25 fraz). Pami 10 eleman gastwonomik yo site nan dezyèm kouplè chante a, chwazi youn ladan yo epi ekri yon deskripsyon sou li. Nan koumansman redaksyon w lan, fòk ou di pou ki rezon se manje oswa bwason sa ou chwazi. Apre sa, ekri omwen 20-25 fraz deskripsyon sou manje oswa bwason ou chwazi a.

Etap 6 – Pwojè final – Fè piblisite touristik pou yon kote Ayiti

Senaryo: Fanmiy ou gen yon otèl ann Ayiti ki pa p byen mache. Pa gen ase kliyan ki vini ladan l. Nan reflechi pou w jwenn yon solisyon, ou deside fè piblisite pou otèl la ak pou zòn kote otèl la lokalize a. Kouman ou ap fè sa? Ou panse kreye yon depliyan ak yon pajwèb sou Entènèt la kote w ap prezante otèl la, bon jan sèvis li ofri kliyan yo ak tout bèl bagay ki genyen nan zòn kote otèl la ye a ann Ayiti.

*

 Viré monté