Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

«Ayiti an mach»

Jean Heber Bellefleur

Kisa li ye?––

Plizyè moun kapab bay yon eleman repons pou gwo kesyon sa a. M konnen ou pral di se tit yon jounal, pa vre? Nou pa gen pwoblèm ak sa nonplis. Men sa nou vle fè ou remake, se gade bagay yo ak yon lòt je. Fò ou gen 2 je pami je ou genyen yo pou ka konprann pi byen kisa m vle di la a.

Pou mwen menm, mwen kapab di ke «Ayiti An Mach» ta dwe yon woulo. Tout moun konnen kisa yon woulo ye; sa vle di «Ayiti An Mach» pa ta dwe parèt sou fòm jounal sèlman, men de preferans sou fòm yon woulo. Se pral yon gwo opòtinite pou tout pitit peyi d Ayiti vin kenbe woulo sa a, devlope l, dewoule l, pou vin bay patisipasyon pa yo tou pou woulo sa a fè chemen l. Li pa ta dwe rete yon senp jounal. Fò nou anplifye l kote chak moun pral gade vizaj yo ladan l, kisa yo te fè ki byen pou peyi yo, pou moun tou; sa yo pa t fè tou. Se pral yon mwayen espesyal kote tout moun dwe pran konsyans ke yo te gen tò. Men se sèl moman kote yo gen tan menm pou yon segonn pataje sa k vin nan panse yo pou ede peyi yo vanse e, envesti nan moun pi plis chak jou, non sèlman pou n ka mete peyi nou an mach, pli patikilyèman pou lemonn ka chanje tout bon vre.

Eske Ayiti An Mach?––

Wi li an mach paske tout pitit li yo la, yo pa mouri. Se lè tout moun fin disparèt nèt sou bout tè a ke nou te ka di: Ayiti pa an mach. Depi m la, e ou la tou fòk nou fè lemonn antye santi ke Ayiti an mach. Se lè sa w ka bay patisipasyon pa w, ou ka pataje kèk bon lide ki kapab pèmèt nou atenn objektif pi gwo pwojè sa a se lè sa nou ka rive rekonèt tout bon vre ke Ayiti an mach.

Ki moun ki kapab patisipe? ––

Se tout moun san distenksyon ras ak koulè, nou pa bezwen konnen apatenans politik ou, ni relijyon w, ni konbyen diplòm ou posede. Se tout Ayisyen konsekan anndan kou deyò peyi a ki ka patisipe nan bay jarèt a gwo pwojè sa a. Se tout entèlektyèl ki gen bon jan kapasite refleksyon, ki panse pozitif, ki kwè nan envestisman moun ak kominote l, ki pwodiktif tou. Ebyen se moun sa yo ki ka patisipe nan mouvman sa a.

Se nou menm sèlman. Se pa etranje ki pral dikte nou kisa pou n fè. Nou pa pral gen pwoblèm si ta gen kèk etranje ki te travay sou pwojè devlòpman nan peyi nou, si yo ta ban nou kèk konsèy, nou ka pran l, analize l, men se nou ki pou mete tèt nou ansanm, fè yon sèl feso pou pran yon desizyon fèm sou sa ki ap bon pou nou. Sispann konte sou etranje! Konte sou Bon Dye! Konte sou sa nou ka fè! Mwen konnen nou fò e, nou kapab. Lè nou fè yon gwo koudèy nan pi gwo enstitisyon mondyal yo, se Ayisyen sitou ki okipe pi gwo pòs nan bwat sa yo. N ap ede lòt peyi pou yo an mach, tandiske lakay nou diferan. Men, kisa k manke menm? Se paske nou pa kwè nan tèt nou! Oubyen nou twouve n twò nntèlektyèl pou ti peyi sa a. Sa mande pi gwo refleksyon toujou.

Ki kote nou ka patisipe? ––

Nenpòt kote ou ye sou bout planèt tè a, depi w se Aytisyen ou konsène Li lè li tan pou nou ini nou pou sispann vire do bay peyi nou, fanmi nou ak zanmi n yo tou. Chèche konnen kontak «Ayiti An Mach» pou ka patisipe. Pa di ou pa gen tan. Sa pral depann de kòman ou jere tan w, e kisa ou fè ak li. Pa gaspiye l paske ou konn jodi ou pa konn demen. Yon tan ki pèdi ou p ap janm ratrape ankò. Alò, li enpòtan menm pou 5 minit ou ta mete apa nan orè w pou ta ekri yon bagay ki ka ede nan devlòpman pwojè a. Sa pral fè yon gwo enpak (efè) nan lemonn lè yo wè Ayisyen vle mete tèt ansanm pou mete Ayti an mach tout bon vre.

Kilè nou ka patisipe?––

Se jodiya menm! Si w pa t janm tande pale de jounal «Haiti en Marche» la, oubyen ou te konnen, e ou te meprize l, nou evite w fè premye pa a pou vin bay patisipasyon w ki pral fè yon gwo diferans nan lavi moun ak nan kominote yo tou. Pa di ou pa konsène oubyen sa pa gade w! Non! Se moman pa w la ki rive. Sòti nan zòn konfò pa w la, vin aprann konnen kisa k pral fèt pou bagay yo ka mache pi byen. Pa rete ap gade! Envite zanmi w tou pou bay opinyon yo pou ka eklere lòt moun sou zafè peyi nou.

Kòman nou ka patisipe? ––

Ebyen sa senp! Ou ka chèche konnen kontak «Haiti en Marche», nimewo telefòn ak kourye elektwonik yo, voye tèks, ide pa w ba yo (nan lang fransè ou kreyòl) y ap byenveni... Nou kwè nan Reyalite Ayisyèn nan. Ekri tou nan lang pèp la se yon fason pou n fè pwomosyon lang kreyòl atravè mesaj edikatif nou ka fè pase ladan. Nou kapab rive atenn nan gwo rèv nou yo tankou: inyon sa a, rete konekte, brase lide ansanm, elt. pou ak akselre mach Ayiti.

Poukisa nou bezwen patisipe? ––

Wi nou bezwen patisipe paske «Ayiti An Mach»se pa nou, se san sou, se la kòd lonbrit nou te antere; se la nou santi n pi alèz. Menm si jodiya n ap jwi gwo privilèj anndan kou deyò peyi a, nou rive bliye kote nou sòti. Ebyen, li lè li tan pou n sispann reflete moje imaj sa yo. Ann sispann rablaba! Ann aprann kwè nan aksyon. Li lè pou n poze aksyon ki konkrè. Se tout lasentjounen n ap pale de zansèt nou yo sou sa yo te fè pou te kreye peyi sa a. Men nou menm, kisa n fè de pozitif jodiya pou lòt moun ka rive pale de sa nou pwodui? Panse a kesyon sa a, e a fason ou kapab ede nan retire peyi a nan eta l ye jodiya…

Jean Heber Bellefleur
Woodstock, NB Canada
Email

boule   boule  boule

Viré monté