Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Obama demande au Congrès une aide de 2,8 milliards pour Haïti:
Obama mande Kongrè yon èd 2,8 milya pou Ayiti

Haïti en Marche, Vol. XXIV, #10
31 mars au 6 avril 2010

Barack Obama a demandé mercredi au Congrès américain de débloquer une aide d’urgence de 2,8 milliards de dollars pour financer les opérations de secours et de reconstruction en Haïti après le tremblement de terre du 12 janvier. Barack Obama mande Kongrè ameriken an mèkredi pou debloke yon èd ijans 2,8 milya dola pou finanse operasyon sekou e rekonstriksyon an Ayiti aprè tranblemanntè 12 janvye a.
Dans une lettre adressée à la présidente de la chambre des représentants, Nancy Pelosi, le président américain explique souhaiter une série d’amendements aux budgets de plusieurs départements, dont ceux de l’Agriculture, de la Défense, de la Santé, de la Sécurité intérieure, d’Etat et du Trésor. Nan yon lèt ki adrese a prezidan chanm depite yo, Nancy Pelosi, prezidan ameriken an esplike l swete wè yon seri amandman nan sou bidjè plizyè depatman, pami yo: Agrikilti, Defans, Sante, Sekirite enteryè, d Eta avèk Trezò.
Au total, ces amendements constitueraient une hausse du budget pour l’année fiscale 2010 de 2,8 milliards de dollars afin de venir en aide aux victimes du séisme qui a fait 300.000 morts. Antou, amandman sa yo ta konstitiye yon ogmantasyon nan bidjè pou ane fiskal 2010 de 2,8 milya dola dekwa pou vin ede viktim tranblemanntè a ki fè 300,000 mò.
Les économistes estiment que la reconstruction d’Haïti s’élèverait à un montant global de 14 milliards de dollars. Ekonomis yo estime rekonstriksyon Ayiti ta rive a yon montan global ki 14 milya dola.

Depuis le tremblement de terre, le gouvernement américain et l’armée jouent un rôle prépondérant dans l’aide humanitaire aux sinistrés, aidant au maintien de la sécurité ainsi qu’à l’assistance médicale.

Depi tranblemanntè a, gouvènman ameriken an avèk lame jwe yon wòl dominan nan èd imanitè pou sinistre yo, pou ede mentni sekirite e asistans mekikal tou.

boule   boule   boule

version créole haïtien : vèsyon kreyòl ayisyen
Emmanuel W. Védrine

 Viré monté