Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ti Malis ak Bouki apre 12 janvye: Pati II
(Dyesibon kontinye ap pale sou tranbladtè a)

Jou ki 29 avril 2010 anba syèl ble Sò Ayiti

(yon tèks Emmanuel W. Védrine)

Mezanmi, m ap di “krik!”

Nou menm, n a reponn “krak!” pou di mwen si nou la, si nou vivan toujou.

Alo! Alo! Gen moun la? Alo!  Èske gen moun nan kay la?

Kenbe chen pou mwen, souple! Nou konnen chen yo michan, e yo mòde antrèt (an trèt).

Onèlamezon! Mwen di “onè, wi!” Se mwen Dyesibon k ap frape a.

Kote nou, mesyedam, lasosyete? Epa m pa tande bri nou. Èske nou la?

Kote Dyekiswa? Èske li gen tan al nan patiraj?
 
Èske l gen tan pran yon ti kolasyon maten an anvan l met deyò?

Wi, alòske mwen te pase kote l pou wè ki nouvèl tounèf li pran de Pòtoprens. Mwen menm, se nèg andeyò mwen ye. Malgre mwen poko janm ale la, men m ap di nòtrejou kijan mwen te touche pa katastwòf terib 12 janvye a. Bon, nòtrejou, nou te fè yon ti pale byen kout sou otèl  ki rele “Alabèletwal” ke yo di ke gouvèlman an te gen tan bati  trapde (pripprip, byen vit, byen rapid) pou viktim tranbladtè (latranbladtè, tranblemanntè, tranblemandetè, tranbletè) 12 janvye ane sa a.
 
Konpè Mèsidye, ki pa t gen lontan depi blan Nanpanyòl pimpe l Ayiti, t ap fè yon batbouch sou pwoblèm moun ap konfwonte nan otèl sa a (pa egzanp, lapli mouye yo, yo santi fredi jouk nan zo leswa, chen ap janbe yo adwat agoch, e tandiske nan plen menmwit, pa gen chenjanbe pou chen ta vin manje, pou voltije sove ak moso griyo, gwo moso vyann. Men se lè mwen mande konpè Mèsidye dekilakyèl chen ap frite asètsèzè! Èske se chen tout bon? Èske se chen ki gen kat vrè pye? Èske se chen ki gen de pye lajounen, kat pye sole kouche? Èske se dèye vrè vyann moun manje chen sa yo ye? Bon, pale de koze “vrè vyann” Ayiti, se yon lòt pawòl anpil depi nan tan lenbo. Pito nou fèmen chapit sa a.

Wi, pandan mwen t ap pale, konpè Mèsidye t ap souke tèt gade, kòmkidire (kòmkwa) mwen gen lè pa okouran de chen ki vin dèyè fè dappiyanp sou maling moun ki te viktim yo. Adye wi dan! Se pa koze pou dan ta griyen. Pa ri non mezanmi, pa montre 32 nou lasosyete. Jis pran pòz mazora timid pou nou pa griyen 32 nou. Sere dan nou pou pa montre nou kontan. De rant dlo koule sot nan je m paske nou tout se Ayisyen, malè youn ta dwe malè lòt. Lajwa youn ta dwe lajwa lòt tou. Byennèt youn ta dwe byennèt lòt pou n ta fè sousèt ladousè ansanm, pou n ta petri ladousè pou tete siwo l. Nou tout te ka pataje bonnèt mouche Lakansyèl ansanm, san lòt pa ta bezwen kontinye ap fè viwonn pyebwa pou eseye vòlè l. Men konpè Mésidye ki te konn Pòtoprens fen e byen… bon, nou konnen misye se yon ansyen mawoule ki te konn mennen gwo towo bèf gra al vann la, nan labatwa nan tan lontan, anvan li t al koupe kann Nanpanyòl, atravè yon rakèt li te jwenn, kote l te prese prete desan goud nan men defen konpè Kenòl pou te peye vwayaj la.

Alòske konpè m t ap rakonte nou kijan kè li rache, kijan kè l te soti nan biskèt li lè li te pran nouvèl kouman Pòtoprens, li te konnen an kraze, kijan kapital li te konnen nan  ane 50 yo demantibile avan krache sèk, san pesonn pa t avèti, nan dat douz janvye. Kenbe dat sa a nan tèt nou mezanmi, pa blible li. Bon, dotyen moun  ta di nou fou si n ap kontinye sonje l2 janvye. Men se yon dat enpòtan nan istwa Ayiti. Wi, fò n kontiye sonje l pase l ale ak tout tip kretyenvivan ki te Ayiti. Nou tout Ayisyen viktim alawonnbadè (kit sa ki Ayiti, kit sa yo ki lòtbò dlo, tout pote non “Ayisyen”).

A wi, “tande ak wè se de”. Pwovèb la pa manti. Se vre mwen, abitan, poko janm ale Pòtoprens pou ta konstate tout dega tanpèt san lapli douz janvye a fè, kijan li desann pantalèt kòmè Ayiti, men ak krèy moun lavil (ki pa lwen ak bouk isit la) k al wè ak de grenn je yo (ak pwòp nawè yo, kòm granmoun lontan ta di) pou yo rakonte nou menm, abitan nan bouk la istwa sa a, avrèdi nou tout touche jouk nan mwal zo, kè nou tout dechire an miyèt moso.

Bon, pou tounen sou zafè “chen” an, konpè Misidye te mansyone a, premye bagay ki te vin nan tèt konpè Dyeswa: “Se lougawou sanwont k ap frite, ki tounen chen leswa. Moun otèl Alabèletwal yo dwe dòmi ak ponyen sèl bò kote yo pou voye sou chen sa yo lè yo vini”. Bon se vre, gen lougawou Ayiti. Te toujou gen lougawou tout kote Ayiti, depi sou prezidan bann machwè lè y ap rakonte istwa yo (tèlke: chen ki desètwotè leswa, chen yo konn rankontre k ap fimen pip nan Kalfou Makawon, chen k ap imite chwal k ap ranni nan savann, chen k ap touse kòmkwa yo gripe, bourik chaje ki pa kanpe, chwal sele k ap mache san moun sou yo, chat nwa sou do kay tòl men ki pa dèyè rat, chat gri ke long, frize sou do kay pay k ap plenyen, bann kochon dyòl long k ap frite leswa, manman poul ak pakèt ti poul, bèt dyòl long tout espès, zwazo ak dife nan bèk yo, elatriye), men apre 12 janvye yo ta sanpidè (sanwont san santiman) pou ta ap frite nan otèl Alabèletwal, kote malere, malerèz, timoun, timoun katchòkò vant anfle pye chèch (bagèt legede), timoun nwa lamizè kolore cheve yo an jòn, moun pye kase, moun bra kase, moun donmaje, fanm ki gwòs gwo vant ki prèt pou miba… anfen kote tout viktim tranbladtè 12 janvye a ap dòmi.

Nan tout pale nou, diskisyon nou te fè, nou vin remake otèl Alabèletwal la se pa yon otèl pou gouvèlman an te mete pèp Pòtoprens lan, annantandan zotobre sa yo ta deside konnen sa yo pral fè tout bon vre pou mete peyi Papa Desalin nan rekanpe sou de pye miliè l. Wi, Papa Desalin ta fache. Wi, li ta frape pye l atè pou krache kòlè l. Wi, li ta kriye tou pou wè mizèrere pèp ayisyen jounen jodi. Se yon moun yo di ki te bay vi li pou kreye patri sa a. Wi, te gen gran ewo ayisyen nan tan lontan. Alòske se pa magouyè, vandèdpeyi, blofè, fo patriyòt k ap toupizi pèp depi lè ti konkonm te leve berejenn li fese l atè. O, non! M ap pale de nèg santi bon, ewo, pa “zewo” non mezanmi. Ewo tout bon…ki pa gen “z” pa devan. Wi, nou sonje defen Tonton Pyè, filozòf analfabèt sa a, lè pou l kare kò l nan fòtèy li, kachimbo l nan bouch li ap voye nway tankou yon gwo boukan dife k ap voye lafimen vèt nan syèl… Granmoun nan ka rakonte ou Istwa Ayiti depi “A” joukka “Z”. Li konn tout non prezidan, ki t ap dirije lapatri. Epoutan, granmoun nan pa t konn ni li, ni ekri (li pa t konn bekounaba nan fèy malanga). Men, moun konnesè di : “Tonton Pyè se yon filòzòf ki diplome nan Inivèsite Lavi. Tèlman misye konn anpil bagay nan lavi, bagay reyèl.”

Mezanmi, lasosyete! Fè m tande vwa nou. Pa rete ap dòmi! Ayiti se pou nou tout. Ann pale de mizèrere peyi Rèn Anakawo a, peyi Tousen an, Peyi Desalin nan, Peyi Chalmay Peral la. Bon, alòske, peyi magouyè yo tou. Nou pa bliye yo. Enben, tout se pitit Sò Ayiti byenke nou tout Ayisyen pa “kabrit Tonmazo” (nou pa gen menm plim menm plimay). Men… ou kwè moun sa yo pa ta chanje apre 12 janvye pou sèmante swasanndisèt fwa sèt, pou ta sispann abize, blofe, boule, esplwate, dechouke, dechèpiye, grate santi, kraze, piye, radote, vòlè, vòlè al sere …? Lasosyete, nou va di rès la.

Mezanmi, m ale!

Dyesibon.

Viré monté