Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Se Kreyòl mwen ye, se Kreyòl mwen pale
I am Creole, I speak Creole

(Emmanuel W. VEDRINE)

Koleksyon | Collection:
«Kri pou liberasyon : Cry for liberation»
 31 oktòb 2010 : October 31, 2010

Citadelle

Devant la Citadelle. Photo Frédéric Gircour.

Kreyòl se pa nou, se lang tout Ayisyen. Lè yon bagay rele w chèmèt chèmètrès, ou dwe fyè de li. Se maladi kolonizasyon ki fè anpil Ayisyen pa fyè de sa yo ye, pa fyè de lang yo pale. Donk li nesesè pou gen yon lòt Lekòl Ayisyen (k ap panse), youn ki dwe anseye fyète nou nan iswa ak apresiyasyon valè kiltirèl. W ap di ou ta renmen Ayiti pwogrese epi ou kont pwogrè nan lang tout Ayisyen. Ebyen ou manti kou chen!   Creole is ours, it’s the language of all Haitians. When something is yours, you must be proud of it. It’s the colonization disease that makes many Haitians not proud of who they are, not proud of the language they speak. So, it’s necessary to have a New Haitian School (of thought), one that should teach our pride in history and the appreciation of cultural values. You say you’d like Haiti to progress and you’re against progress in the language of all Haitians. So, you are lying!
Kòman fè ou ka rekonèt yon Ayisyen lè ou aletranje? Se pa paske li pale franse, se pa paske l ap gade ou san bat je, se pa paske li (ka) byen abiye men se paske ou tande l ap pale kreyòl, pa vre? W ap di ou ta renmen Ayiti pwogrese epi ou kont pwogrè nan lang tout Ayisyen. Ebyen ou manti kou chen!   How can you recognize a Haitian when you are abroad? It’s not because he speaks French, it’s not because he’s gazing at you, it’s not because he (may) be well-dressed but it’s because you hear him speaking Creole, isn’t it? You say you’d like Haiti to progress and you’re against progress in the language of all Haitians. So, you are lying!
Ou di ou ta renmen wè Ayiti chanje, ou ta renmen wè Ayiti devlope (sou tout fòm) epi ou gen pwoblèm ak lang pèp ayisyen pale, lang yo te premye tande lè manman yo fèk akouche. Ak kisa yo pral kominike? W ap di ou ta renmen Ayiti pwogrese epi ou kont pwogrè nan lang tout Ayisyen. Ebyen ou manti kou chen!   You say you’d like to see Haiti changes; you’d like to see Haiti develops (on all forms) and you have problem with the language the Haitian people speak, the language they first heard when their mothers gave birth to them. With what are they going to communicate? You say you’d like Haiti to progress and you’re against progress in the language of all Haitians. So, you are lying!
Kisa konstitisyon peyi a menm di sou zafè lang Ayiti? Eske konstitisyon 1987 la pa di Ayiti gen de lang ofisyèl: fransè ak kreyòl? Eske l pa di se kreyòl ki simante tout Ayisyen? Pouki ou gen pwoblèm ak sa olye ou anbrase sa? Okontrè ou ta sipoze mande leta ayisyen pou l respekte sa (pou tout bagay ekri an de lang, pou de lang yo ta itilize kòmsadwa nan tout zafè leta). W ap di ou ta renmen Ayiti pwogrese epi ou kont pwogrè nan lang tout Ayisyen. Ebyen ou manti kou chen!   What does the country’s constitution say about languages in Haiti? Doesn’t the 1987 Constitution say Haiti has two official languages: French and Creole? Doesn’t it say that Creole connects all Haitian? Why do you have problem with that instead of embracing that? On the contrary you were supposed to ask the government to respect that (for everything to be written in two languages, for the two languages to be fully used in all matters related to the government). You say you’d like Haiti to progress and you’re against progress in the language of all Haitians. So, you are lying!

Voye zye w sou lòt peyi serye kote jounal ki pibliye chak jou Bondye mete ekri nan lang pèp la pale, pandansetan y aprann lang etranje nan lekòl y ale. Eske se pa yon bèl modèl pou Ayiti ta adopte pou ede Ayisyen li, ekri lang yo pale? W ap di ou ta renmen Ayiti pwogrese epi ou kont pwogrè nan lang tout Ayisyen. Ebyen ou manti kou chen!

 

Take a look at other serious countries where their daily newspapers are being written in the language that the people speak, meanwhile they learn foreign languages in their schools. Isn’t that a nice model for Haiti to adopt to help Haitians read, and write the language they speak? You say you’d like Haiti to progress and you’re against progress in the language of all Haitians. So, you are lying!

boule

 Viré monté