Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Gid pou yon bon madanm
(vèsyon kreyòl ayisyen yon manyèl eskolè
ekonomi domestik anglosakson ki te pibliye an 1960)

Lakwizin

Lakwizin kreol par Paul Comarmond.

  1. FÈ TOUT POSIB POU DINE A PARE. Prepare l alavans, yon swa avan si l posib, pou yon bon jan repa ret tann li lè l sot travay. Se yon fason pou fè l konnen ke ou panse a li e ke ou sousye de bezwen l. Anpil gason grangou lè yo rantre lakay e posiblite pou yon bon repa (patikilyèman sa yo pi renmen) fè pati de sa ki nesesè pou yon akèy chalere.
     
  2. METE OU PRE. Pran kenz minit pou repoze w pou kapab detann ou lè l parèt. Retouche makiyaj ou, mete yon riban nan cheve ou epi parèt fre, yon fason pou plè l. Li pase jounen an konpayi moun ki chaje enkyetid ak travay. Parèt emab e yon ti jan pi enteresan ke moun sa yo. Li bezwen divèti l apre jounen di li pase a e se youn nan devwa ou pou fè l santi l nan beny li.
     
  3. RANJE BAGAY KI AN DEZÒD YO. Fè yon dènye vire nan chanm prensipal kay la jis avan mari ou antre. Sanble liv lekòl yo, jwèt, papye, elatriye. Epi pase yon moso twal sou tab la pou anlve pousyè.
     
  4. PANDAN MWA YO KI PI FRÈT NAN ANE A. Fò ou prepare epi limen yon dife nan chemine a, kote li ka detann li toupre l. Mari ou va gen santiman ke l atenn yon refij kote ki gen lapè ak lòd e sa va rann ou ere tou. An definitif, lè ou veye aske l konfòtab, sa pral pwodui yon kokenn satisfaksyon pèsonèl pou ou.
     
  5. REDUI TOUT BRI YO O MINIMÒM. Depi l rive, elimine tout bri (bri machin a lave a, bri sechwa rad la, bri aspiratè a ap fè). Eseye ankouraje timoun yo pou pa fè bri. Pran pòz ou kontan lè ou wè l. Akeyi l ak yon chalè souri epi montre senserite nan dezi ou pou plè li.
     
  6. TANDE L LÈ L AP PALE. Li posib ke ou genyen yon douzèn bagay enpòtan pou di l men lefèt ke l apèn rive nan kay la, se pa meyè moman pou fè sa. Kite l pale dabò. Sonje ke sijè konvèsasyon l yo pi enpòtan pase pa ou yo. Fè yon jan ke se li menm ki gen kontwòl sware a.
     
  7. PA JANM PLENYEN SI L RANTRE TA. Pa janm plenyen si l rantre ta nan kay la, si l sòti pou al dine oubyen si l gen pou ale lòt kote pou divèti l san ou menm. Okontrè, eseye fè yon jan pou fwaye ou (sanble) yon refij lapè, youn ki gen lòd ak trankilite kote mari ou kapab detann kò l ak lespri l.
     
  8. PINGA AKEYI LI AK PLENT OUBYEN PWOBLÈM OU YO. Pa plenyen lè l rive nan kay la an reta pou dine oubyen si l ta pase nuit lan deyò. Konsidere sa kòm yon bagay minim (ki pa enpòtan) konpare a sa li ka andire pandan jounen an. Mete l chita konfòtableman. Pwopoze l pou l detann li nan yon chèz konfòtab oubyen detann li nan chanmakouche a. Prepare yon bwason frèch oubyen cho pou li.

    Ranje zòrye a epi mande l si ou mèt retire soulye l. Pale ak yon vwa dous e agreyab. Pa poze l kesyon sou sa li te fè, pa pote oken jijman oubyen kesyone entegrite l.

    Sonje se li ki mèt fwaye a, e etan chèf l ap toujou egzèse volonte li avèk jistis e onètete.
     
  9. LÈ L FIN DINE, DESÈVI TAB LA EPI LAVE VESÈL YO SAN PÈDI TAN. Si mari ou ta pwopoze pou ede ou, di l non paske  l ap riske pou l santi l oblije pou l repete sa aprè epi aprè yon joune travay long, li pa bezwen fè plis travay ankò.

    Ankouraje mari ou pou konsantre l sou pastan favori l yo, pou l konsantre sou sa ki enterè prensipal li epi montre ou enterese san ke ou pa bay enpresyon ke w ap pilonnen domèn li. Si ou menm, ou gen kèk ti pastan, fè yon jan pou pa annuiye li lè w ap pale paske trè souvan enterè prensipal fanm pa tèlman enpòtan, konpare ak pa gason.
     
  10. LÈ L JOU. Kou l jou, ranje kay la yon fason pou l pre pou demen maten epi panse prepare yon ti dejene davans. Ti dejene mari w la se yon bagay enpòtan si l dwe fè fas a mond eksteryè a de mànyè pozitif. Yon fwa nou toude sòti nan chanmakouche a, prepare ou pou al sou kabann nan vit ke posib.
     
  11. IJYÈN FEMININ. Byenke ijyèn (pou) fanm gen yon gran enpòtans, men mari ou fatige donk li pa pral mete l an ran nan saldeben an menm jan li ta fè sa lè l ap pran tren. Sepandan, asire ou ke se pi bon avantay pou al kouche. Eseye bay yon aparans agreyab menm si ou pa sou sa. Si ou dwe pase krèm nan figi ou oubyen mete ti woulo nan cheve w, tann dòmi pran l paske sa ka choke l pou entewonp dòmi pran l nan yon tèl espektab.
     
  12. KONSÈNAN RELASYON ENTIM AVÈK MARI OU. Li enpòtan pou raple w de ve maryaj ou e an patikilye, obligasyon pou obeyi l. Si l jije bon ke l bezwen dòmi tousuit, ensiswatil. Nan tout bagay, kite dezi mari ou gide w epi pa fè oken presyon sou li pou pwovoke l oubyen pou  chofe yon relasyon entim.
     
    12b). SI MARI OU SIJERE W ANNALFA. Si li sijere sa, asepte avèk imilite pandan w ap panse ke plezi yon gason pi enpòtan ke pa yon fanm lè manmzèl atenn setyèm syèl li. Yon ti jemisman (seksyèl) bò kote pa ou va ankouraje li epi sa ap sifi pou endike tout fòm plezi ou te ka pran.

    12c). SI MARI OU SIJERE KÈK PRATIK KI TA MWEN KOURAN. Si li sijere sa, montre l ou obeyisant epi ou reziyen ou  men montre ke ou pa tèlman eksite pandan ou gade silans. Li pwobab ke dòmi ka pran l byen vit. Ranje rad li, mete ou fre, itilize ti krèm de nuit ak pwodui pou swen cheve.
     
     
  13. METE REVÈY OU ALÈ. Ou kapab mete revèy la alè pou l sonnen dekwa pou gen tan reveye avan l lematen. Sa ap pèmèt ou kenbe tas te li, aladispozisyon, lè li reveye.

(vèsyon kreyòl ayisyen: Emmanuel W. Védrine. sous: yon tèks ki sikile sou entènèt la nan lang fransè,
avril 2007)

Viré monté