Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Enough already: Ase! Ase!

Scène historique
Scène historique, Alexis VINCENT. Source

A great text by JOPHIMANA! (jophimana@aol.com) Shouldn't it be part of a curriculum for CIVICS in Haiti? I took pleasure translating it to the Haitian language. Best, E. W. Védrine -

boule

ABRAAM DI SÈTASE !

Mesyadam lasosyete, onè respè! Anpil pale anpil fèt chak jou sou pwoblèm Ayiti ki yon gwo liv aritmetik. Si nou kapab pale de yo, sèke yon fason yon lòt, nou chak gen yon nivo lanmou pou peyi natifnatal la byenke anpil nan nou ka poko montre okenn sakrifis pou pwouve lanmou sa a.

Anpil nan nou gen tandans blame zòt tout tan pou tout pwoblèm nou olye nou menm nou aprann pran konsyans de eta nou epi apran pran responsablite nou  an men. Donk li lè li tan pou chak grenn Ayisyen fè yon egzamennkonsyans pou antre nan yo menm lè y ap panse a sous tout pwoblèm Ayiti (ki chita anndan Ayisyen). Konsa, mwen te tonbe sou yon bonjan tèks yon sèten JOPHIMANA (jophimana@aol.com) ekri ki reflete «prizkonsyans» sa a nou bezwen pou fè yon dekabès dekwa pou kapab rive chanje vizaj negatif Ayiti.

Lè w fin li tèks sa a ak tèt poze, èske w pa panse li ta dwe antre kare bare nan korikilòm kou «sivik» an(n) Ayiti? M ap reponn «wi!» paske m panse se depi piti pou n aprann drese yon ti pyebwa si nou pa vle l grandi kwochi. Demèn, li enpòtan pou lekòl Ayiti kòmanse enjekte nan tèt timoun yo bonjan «dòz konsyans» pou prepare yo pou vin bon sitwayen ki ka itil sosyete a demen. Mwen pran plezi tradui tèks anba a an kreyòl pou tout Ayisyen gen aksè konprann li, epi pou pran yon ti moman pou reflechi sou li. (Emmanuel W. Védrine).

Nan istwa Ayiti, istwa pa repete tèt li men pito li an mosyon pèpetyèl. Sot sou Dessalines rive sou Aristide, yo touye pifò nan prezidan nou yo, sa yo bay koudeta, e sa yo pa t janm bay chans fini manda yo san oken pwoblèm. Sa yo ki te gen chans fini, siksesè yo toujou aji kòm yon ènmi ki la pou l pwouve l pi bon, donk dechoukay manchlong travay sa dènye a te fè; peyi a toujou kòmanse a zewo.

Ankò, pwoblèm peyi nou an se pa youn ki politik, pwoblèm nou se AYISYEN. Epitou nou pa gen yon pwoblèm LIDÈ, nou gen yon pwoblèm twòp lidè, nou gen yon pwoblèm fanatik. Nou pa konnen kijan pou suiv avèk pasyans, se poutèt sa apre chak swadizan revolisyon, kaka biznaw (anyen), anyen pa kontinye. Nou konnen kijan pou n reyini an gwoup, men nou manke kapasite pou ini pou n konstwi; sa a se yon woutin ki dwe kraze. Kèk nan nou ki la a tèlman fyè pou enimere depi kilè nou nan konba, e ap konte konbyen revolisyon yo pote anba sentiwon yo, yon bagay ki pa konte pou anyen si n gade rezilta yo. Se ta yon tristès pou m ta rele tèt mwen “revolisyonè” lè m pa gen anyen pou pwouve sa.

Nou toujou ap plenyen de krim Duvalier te komèt kont Ayisyen, mwen vle fè nou sonje ke l pa t ale ni Kiba ni an Dominikani al chèche moun pou fè krim yo, se Ayisyen ki te komèt yo kont Ayisyen. Se frè ki te denonse frè nan menm fanmi an, vwazen ki te touye vwazen pou yon ti lòsyè kòb, swetan pou ta amelyore sitiyasyon yo, pou yon meyè plas nan sosyete a. Li lè li tan pou n sispann blame yon moun pou pwoblèm nou, epitou yon sèl moun pa kapab solisyone tout pwoblèm.

Tout rasin pwoblèm nan makònen ak fason nou leve, apati mantalite destriktif ke n eritye nan men zansèt nou yo. Nou pa t grandi ak yon sans patriyotis, pesonn pa t anseye nou kijan pou n renmen peyi nou. Nou grandi ak yon mantalie ke bagay yo toujou pi bon aletranje. Anpil nan jenerasyon nou leve ak yon sèl bi, kite peyi a  pou ka souse yon pi bon zo, e lè nou pa jwenn li nou pa janm gen kouray retounen (lakay nou).

Bagay yo pral chanje lè n aprann respekte youn lòt. Pwoblèm nou ka parèt difisil pou solisyone men nou ka kòmanse kote n montre respè youn pou lòt; premye pa nou se asepte ide lòt moun, byenke yo ka diferan de ide pa n. Fò n aprann dakò  pou n pa dakò.

Nou tout ki la a konsyan de tout pwoblèm Ayiti genyen, kèk nan nou ap admèt kèk solisyon ladan yo, men pesonn nan nou pral pran inisyativ pou eseye pote yon solisyon).

[HC version: E. W. Vedrine]

boule

ABRAHAM DIT C'EST ASSEZ!

Messieurs, Mesdames, la société honneur et respect! Il y a déjà, chaque jours, beaucoup de vacarmes sur les problèmes que confronte Haïti, toute une montagne de problèmes. Si nous pouvons les parler, c'est que d'une façon ou d'une autre, chacun de nous a un niveau d'amour pour notre terre natale bien que beaucoup d'entre nous ne montrent pas encore aucun sacrifice pour prouver cet amour.

Beaucoup d'entre nous avons une tendance de blâmer les (pays) étrangers pour nos problèmes au lieu d'apprendre à prendre conscience de notre état et prendre en main notre responsabilité. Donc, il est temps que chaque Haïtien fasse un examen de conscience quand il pense aux sources des problèmes d'Haïti (qui résident dans l'Haïtien même). De cette façon, je tombe, par accident, sur un bon texte (en ligne) d'un certain JOPHIMANA (jophimana@aol.com) qui reflète cette «prise de conscience» dont nous avons besoin pour arriver à changer le visage négatif d'Haïti.

Quand vous aurez fini de lire ce texte en paix, ne pensez-vous pas qu'il serait obligatoire de l'incorporer dans le curriculum des cours de «civiques» en Haïti? Je réponds «oui!» parce que je pense que c'est tout petit qu'on doit apprendre à dresser un arbre si on veut qu'il grandisse tout droit. De même, il est important que l'école en Haïti commence à injecter dans nos enfants de bonnes «doses de conscience» pour les préparer à devenir de bons citoyens qui peuvent être utiles à la société dans le futur. Je prends plaisir à traduire le texte ci-dessous en français pour que tous les Haïtiens le comprennent, et prennent quelques minutes pour réfléchir là-dessus.

[Dans l'histoire d'Haïti, l'histoire ne se répète pas mais est plutôt un mouvement perpétuel. De Dessalines à Aristide, on a tué la majorité de nos présidents, ceux qui ont été renversés par des coups d'Etat et ceux qui n'ont n'ont pas pu terminer leur mandat ni régler aucun problème. Quant à ceux qui ont eu la chance d'achever leur mandat, leurs successeurs font toujours en sorte de les dénigrer et d'effectuer un long «déchoucage» de leur travail; et le pays recommence donc toujours à zéro.

Et encore, le problème de notre pays n'est pas purement politique. Ce n'est pas non plus une absence de leader, car nous avons déjà trop de chefs. Notre problème, c'est plutôt l'Haïtien, et le problème de l'Haïtien c'est le fanatisme.

Nous n'avons pas la patience de donner suite aux choses; et c'est pourquoi après chaque «révolution» il ne se passe absolument rien et rien ne change. Certes, nous savons nous réunir et former des groupes, mais nous ne parvenons pas à nous unir pour construire. C'est cette routine partisane que nous devons éliminer.

Quelques uns d'entre nous sont tellement fiers d'énumérer depuis quand ils sont en combat ou combine de révolutions ils portent au-dessus de leur ceinturon, alors que ça ne compte pour rien au regard de leurs maigres résultats. Ce serait une tristesse pour moi de m'appeler «révolutionnaire», alors que rien ne le prouve.

Nous nous lamentons constamment des crimes que les Duvalier ont commis contre les Haïtiens. Mais je veux vous rappeler qu'ils ne sont pas allés à Cuba ou en République Dominicaine à la recherche de quelqu'un pour les commettre; ce sont des Haïtiens qui les ont commis contre d'autres Haïtiens. Ce sont des frères qui ont dénoncé leurs frères de la même famille, des voisins qui ont tué leurs voisins pour un petit peu d'argent, dans un seul but mercantile et égoïste.

Il est vraiment temps de d'arrêter de blâmer autrui pour notre problème, et de croire qu'une seule personne peut tout solutionner. La racine du mal est mêlée à notre éducation, elle provient de la mentalité destructive que nous avons héritée de nos ancêtres. Nous n'avons pas grandi avec un sens du patriotisme; personne ne nous a appris comment aimer notre pays. Nous avons toujours pensé que l'herbe est plus verte de l'autre côté. Et ainsi beaucoup de nos generations n'ont eu qu'un seul but: abandonner le pays pour trouver une vie meilleure. Et même quand ces mirages ont disparu, nous n'avons jamais eu le courage de retourner chez nous.

Les choses changeront quand nous apprendrons à respecter chacun. La solution est peut être hardue, mais nous pouvons déjà commencer par respecter l'autre. Le premier pas, c'est d'accepter que quelqu'un puisse avoir des convictions différentes des notres. Nous devons apprendre à vivre plus sereinement nos désaccords. Nous sommes tous conscients des problèmes d'Haïti. Malheureusement, si nous admettons qu'il existe quelques solutions à ces problèmes, personne d'entre nous ne va prendre l'initiative pour essayer d'apporter une solution concrete.]

boule   boule   boule 

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com


Viré monté