Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ahmar Mahboob «Prestij lang Kreyòl dwe leve»

Sous : lexpress.mu
25 .02. 2011

The English text

(Tradiksyon an kreyòl ayisyen: Emmanuel W. Védrine)


Dr. Mahboob, vizit ou Il Moris kowenside avèk prezantasyon ofisyèl dokiman, «lortograf Kreol morisien» (òtograf kreyòl morisyen). Ki evalyasyon ou fè de sitiyasyon lengwistik la?

Li trè konplèks. Ta sanble gen yon sèten silans sou sa; se yon sitiyasyon moun pa nesesèman vle pale de li ouvètman, men youn, an menm tan, yo santi yo pasyone de li.

Ou panse nou pa pale ase sou sitiyasyon lengwistik Il Moris?

Bon, moun gen opinyon pa yo sou sa men ta sanble gen yon konpreyansyon ke sa se yon kesyon politik e potansyèlman kontwovèse*. Lè mwen di sa, mwen pa remake kesyon «lang nan edikasyon» parèt plizyè fwa pandan atelye m yo e lòt sesyon.

Pa egzanp, pandan yon atelye nan Inivèsite (Il) Moris, Mwen mande elèv yo idantifye yon pwoblèm yo bezwen fè rechèch sou li pou amelyore bagay lokal yo. Pou majorite a, si se pa tout, pwoblèm ki idantifye a se te wot to echèk elèv alafen lekòl primè, ke patisipan yo lye a planifikasyon lang nan edikasyon.

Ou panse echèk kapab atribye a lang?

A yon degre, wi, paske alfabetizasyon ki kòmanse nan lang matènèl la gen plis siksè ke nan yon lang etranje. Kesyon sa a se youn ki plis konplèks si medyòm enstriksyon an se yon lang etranje tou, e elèv yo pa sèlman gen pou aprann anglè, men tou yo gen pou aprann AN anglè. Nan ka konsa yo ka vin endikap de (2) fwa.

Ou panse si yo te anseye timoun yo an kreyòl, to echèk la ta diminye?

Li te ka si te gen sifizamman resous pou anseye an kreyòl. An Chin pa egzanp, chinwa se lang siksè yo, pa anglè.

Rezon ki fè chinwa kapab yon lang siksè se paske yo tradui pifò tèks kle an chinwa. Donk, gen yon kokenn envestisman. Nou wè egzanp an Chin, Kore, Japon, kote yo devlope paske yo devlope lang matènèl yo dekwa pou itilize l nan tout diferan fonksyon sa yo. Nan peyi sa yo, anglè enpòtan – kòm yon lang etranje – men se pa li ki medyòm* enstriksyon nan lekòl yo.

Men si ou gade Hong Kong, pa egzanp, èske lang chinwa pa yon lòt kesyon, kote paran yo pa vle yo anseye pitit yo an chinwa men an anglè?

Resamman, mwen pase yon ane Hong Kong e selon konpreyansyon m sèke gen toude medyòm yo: anglè e kantonè nan lekòl piblik yo, avèk majorite ki medyòm kantonè. Anglè se lang prensipal nan edikasyon siperyè (ou inivèsitè), men pa nan tout lekòl.

Diferans nan medyòm enstriksyon atravè lekòl e inivèsite prezante pwòp defi pa yo.

Lè n gade enpòtans (yo bay) anglè nan edikasyon inivèsitè e nan pi gwo djòb sou mache a, paran ki gen yon chwa chwazi itilizasyon anglè kòm medyòm enstriksyon. Kèk paran voye pitit yo tou pran leson prive an anglè.

Lè ou di, ‘paran ki gen yon chwa’ ou vle di paran ki kapab peye pou voye pitit yo nan lekòl prive, pa vre?

Wi, nan pifò lekòl piblik yo se kantonè ki lang medyòm nan, pandan yo gen tandans itilize anglè kòm medyòm nan lekòl prive yo.

Èske sa pa fini pa kreye yon baryè klas sosyal epi mentni li?

Wi, se sa. E sa ta sanble ka a nan pifò kote nan lemond. Mentyen anglè nan yon kontèks post-kolonyal gen tandans privilejye sa yo ki deja gen aksè a lang pouvwa a – pa egz., moun ki gen mwayen materyèl yo pou achte edikasyon nan yon lang ki konsidere prestijye.

Donk si yo entwodui kreyòl isit kòm medyòm enstriksyon, èske nou pa ta gen pou n lite avèk menm kesyon kreyasyon e mentyen diferans sosyal yo?

Posibleman, wi. Men, si ou ta gen pou entwodui kreyòl epi founi sipò rezonab materyèl kreyòl, donk ou ta ka minimize varyasyon klas sosyal sa yo – konsidere, ankò, egzanp Lachin, kote moun te kapab amelyore estati sosyoekonomik yo atravè edikasyon e itilizasyon chinwa. Men, sa pa fèt nan tout ka, e yon moun dwe fè anpil atansyon nan kontèks Il Moris.

Poukisa?

Paske, nan Il Moris, yo pèsevwa anglè ak fransè kòm lang ki gen pozisyon pouvwa. Donk san planifikasyon ki fèt ak swen, sa ki kapab pase sèke moun ki gen resous pral voye pitit yo nan lekòl prive. Kite m pataje yon egzanp ki soti nan yon lòt peyi. Nan Pakistan, an 1979, Jeneral Zia Ul Haq deklare ke l te vle tout sektè lekòl piblik yo itilize urdu kòm lang medyòm lekòl sa yo. Sa k pase kòm rezilta sèke lekòl sektè piblik sa yo te konvèti an urdu – lang ki itilize kòm medyòm nan lekòl sa yo. Yon lòt kote, ou te gen yon kwasans rapid medyòm anglè nan lekòl prive yo.

E apre yon peryòd de tan, ou tande diskou ke sistèm lekòl piblik la pa t bon, e ke li pa t ka edike timoun nòmalman; donk moun te kòmanse e kontinye voye pitit yo nan lekòl prive. Sa vin pwomote plis yon baz segregasyon* klas.

Pou retounen a kontèks morisyen nou an, yo pèsevwa valè (lang) anglè a se pa yon bagay k ap toudenkou, se vre?

Non, sa p ap fèt men, lè nou pale sou planifikasyon lang, gen omwen twa fason pou gade l. Estati planifikasyon an, planifikasyon corpus* e planifikasyon prestij. Planifikasyon estati vle di ke gouvènman an rekonèt kreyòl kòm lang edikasyon nan lekòl yo.

Se yon desizyon politik ki bay lang nan estati. Kesyon corpus la gen pou wè avèk devlopman materyèl. Devlopman e tradiksyon materyèl kouwè jounal, liv, elt. Nan lang lan pou pwomote l. Twazyèm nan se planifikasyon prestij ki enplike ogmantasyon prestij lang lan. Pou kounyeya, li parèt pou mwen ke kreyòl pa gen yon wot prestij.

Byenke pifò moun itilize lang lan, li gen yon prestij ba. Si sa pa chanje, politik pou entwodui kreyòl kòm medyòm enstriksyon pwobablemen pa pral gen siksè. Si prestij kontinye asosye ak anglè e fransè, donk sa nou kapab wè se yon egzòd elèv pral kite sektè piblik la epi ale nan sektè prive a kote yo pral edike an anglè.

Kijan prestij la pral chanje?M vle di ou pa ka chanje atitid moun, ou kapab?

Wi, ou kapab. Nou wè manipilasyon atitid nan plizyè ka. Yon egzanp yo, malerezman, gen pou wè ak jeni lagè aprè 11/9 (onz septann), egz. chanjman atitid vizavi moun ki apateni a yon sèten bakgrawoun etnik/relijye ki sipòte pa kolokasyon* e itilizasyon tèm regilye kouwè teworis, fondamantalis, elt. ak yo. Yon tèl chanjman nan atitid enfliyanse pa medya a, sinema, woman, elt.

Donk, si yon moun vle leve prestij kreyòl, yon moun dwe devlope yon plan koyeran* pou li. Yon moun te ka poze kesyon sa yo kouwè: èske ou gen yon seri jounal, revi an kreyòl? Èske ou gen yon estasyon televizyon ki dedye tan a kreyòl?

Èske ou gen yon cho prensipal nan televizyon ak sinema an kreyòl? Èske ou gen tòp elit la ki soti pou l pale an kreyòl? Tout bagay sa yo kontribye a prestij yon lang. Sa kreye yon imaj pozitif lang nan kòm yon bagay ki aspire pèp la.

Apa prestij la, gen tou yon pèsepsyon ke timoun nan pral anfème nan yon lang ki pa pral kondi l oken kote. Èske pèsepsyon sa a jistifye?

A yon degre, wi. Sèten opinyon disponib kapab pa la si se an kreyòl ou te enstwi. Pa ekzanp, si ou gade a politik (sou) imigrasyon yo k ap emèje kounyeya nan Wayòm Ini e Ostrali, ou pral note enpòtans yo mete sou anglè. Ostrali ap entwodui yon sistèm kote yo pral bay yon trè laj pwopòsyon pwen pou konpetans an anglè. Donk, si ou pa gen anglè, ou kapab pa imigre an Ostrali. Si ou panse a edikasyon aletranje e ou panse ou ta kapab travay nan yon konpayi miltinasyonal e kontribye a yon mond global entèkonekte*, epi anglè e fransè se fason pou fè sa. Jis gen kreyòl limite ou. Pèsepsyon sa a, pakonsekan, jistifye a yon degre. Yon mwatye wout ta pou medyòm enstriksyon bileng.

Sa ap pase deja non-ofisyèlman.

Wi, mwen tande sa tou. Pwofesè itilize kreyòl paske yo santi ke si yo anseye an anglè, timoun yo pa ta aprann anyen.

Men sa m ap sijere sèke li bezwen sanksyone dekwa pou gen yon pwogram edikasyon pwofesè ki fè trening pwofesè pou itilize kreyòl (e petèt lòt lang lokal) pi efikas nan saldeklas yo. Eklere yo sou kijan de lang yo fonksyone pwoaktivman* kòm yon resous.

Kounyeya, pwofesè yo tipikman itilize kreyòl nan klas la paske yo pa konnen kisa pou fè ankò.

Konnen kijan e kilè pou itilize kreyòl yon fason efikas kapab ede nan devlope apwoch bileng yo a pedagoji ki pi efikas.

Ki peyi ou panse ki gen kesyon similè tankou pa nou yo?

M ta panse Il Moris istorikman inik, men li gen similarite ak sèten kominote milti-etnik, milti-relijye nan kote kouwè Sengapò e Malezi.

Ki sitiyasyon an nan Sengapò?

Nan Sengapò, medyòm enstriksyon an lajman anglè, men yo anseye elèv yo tou lang matènèl yo nan lekòl.

Y ap fonksyone trè byen, pa vre?

Y ap mache trè byen, men yo envesti anpil resous nan ansèyman anglè.

Donk kesyon an se pa lang, se resous yo.

Bon, yo mete gwo anfaz tou sou chinwa, maley e tamil, ki anseye kòm lang matènèl nan lekòl yo. Nan Malezi, ou gen anglè kòm medyòm nan lekòl yo, medyòm chinwa nan lekòl yo e medyòm tamil nan lekòl yo. Kounyeya, pandan yo rekonèt lòt lang nan Malezi, se lang maley la ki makònen ak idantite etnik e nasyonal, e ak islam. Sitiyasyon an nan Il Moris trè diferan. Isit, kreyòl vrèman asosye ak nenpòt etnisite ou relijyon.

Se sa l ye nan yon fason.

Li sa e li pa sa. Yo wè l kòm sa k ap soti nan pèp kreyòl la ki gen rasin afriken e patikilyèman kretyen men, epi tout moun isit ap itilize kreyòl depi lontan. Anplis, ou gen «geeta» e anpil lòt materyèl toufnèf sou endouyism ki tradui an kreyòl e kreyòl itilize kòm lang ansèyman nan madrasa e moske yo. Alòske an Malezi, gen plis yon distenksyon kategorik and maley e tamil, kote maley makònen ak islam e tamil ki majoritèman wè kòm yon lang endou tamil.

Mwen toujou pa konprann kote ou reyèlman kanpe lè pou itilize lang matènèl la kòm lang enstriksyon.

Gen bon egzanp e gen move. Malezi envesti anpil nan tradiksyon e Lachin tou.

Peyi sa yo angaje yo nan yon tèl prestij ki gen siksè e planifikasyon corpus. Gen lòt egzanp ki pa mache. Egzanp avan mwen bay de Pakisman konsidere gwo echèk, avèk konsekans terib.

An 1985, menm jeneral la ki entwodui urdu kòm medyòm enstriksyon ranvèse politik la e reyentwodui anglè. Moun kapab tou santi enpak polisi (politik) 1970 yo nan peyi a jodiya.

Donk, si nou entwodui kreyòl demen, èske ou panse nou pral nan fason Pakistan an oubyen fason Sengapò?

Si ou al pou li demen, mwen ta ale ak fason Pakisman an. Fò gen ase planifikasyon e ase rechèch lokal. Kounyeya, otan mwen konnen, gen vyep ti rechèch k ap fèt, ki pibliye e disemine*. Amwenke rechèch separe e disimile, ki pwovoke plis diskisyon e rechèch, se yon enpas. Kesyon n ap diskite yo isit la jodiya bezwen rekonsidere nan yon eklèsisman lokal, rechèch kredib, ki founi nou ak rezilta ki kolekte etnikman, e ki analize kritikman apwopo kontèks lokal.

Nou bezwen rechèch konsa avan nou pran nenpòt desizyon sou polisi.

Sa ki enkyete m pèsonèlman apwopo tout kesyon ansèyman kreyòl, ki yon gwo sijè deba jis kounyeya, sèke li sanble y ap mete l devan kòm « remèd geri tout» a tout tip pwoblèm. Timoun yo ap echwe. Jis anseye yo an kreyòl epi yo va fè vwal. Èske w panse sa se yon egzajerasyon?

Gen yon sèten nivo rechèch ki pral sipòte ansèyman nan lang matènèl la. Sepandan, se pa repons a tout bagay paske kesyon sosyo-ekonomik. Si edikasyon nan lang matènèl la te solisyon tout bagay, ou pa ta gen elèv ki pale anglè ki echwe oubyen rezone nan peyi kouwè US, Ostrali oubyen Wayòm Ini. Pèsòn pa ta echwe paske tout bagay ap fèt an anglè, ki lang matènèl yo. Men, nou konnen se pa vre. Donk medyòm enstriksyon an se yon sèl dimansyon.

Sa kapab ede si sa fèt yon fason apwopriye, men se pa sa sèlman.

Ki lòt pwoblèm yo?

Nan sa mwen konprann, gen yon valè kesyon yon moun bezwen poze an relasyon a sistèm edikasyon primè isit. Yon moun dwe konsidere tip lang e pratik alfabetizasyon elèv yo pote lekòl la e sa yo bezwen dekwa pou gen siksè tou kòm pwogram pwofesè a sou òf li e ki tip pedagoji yo ankouraje. Gen tou yon relasyon ant egzamen yo e tip bagay elèv yo ap aprann. Yon moun dwe pran an konsiderasyon resous ki disponib a lekòl yo e sa ki disponib pou pwofesè /elèv yo.

Tout bagay sa yo se varyab ki afekte kalite edikasyon. Anplis, ta sanble ou ta genyen yon  sistèm edikasyon ki aranje isit. Ou gen yon sistèm antre anplas ki «baze sou egzamen». Kounyeya, si sistèm nan te mache kòmsadwa, ou ta gen yon distribisyon jis e estatistikman nòmal kote elèv ki antre lekòl segondè yo e inivèsite yo ki soti nan sèten bakgrawoun sosyo-ekonomik ou lengwistik ki distribiye dispwopòsyonèlman atravè sistèm lekòl la? Si gen sèlman yon echantiyon nimewo pitit travèyè ak fèmye ki degaje yo antre nan lekòl elit yo, donk gen yon bagay ki pa mache byen.

Kijan ou rive a distribisyon nòmal sa a?

Atravè entèvansyon lang e pedagoji ki fèt avèk atansyon, trening pou pwofesè e rechèch. Rechèch trè enpòtan. Men mwen rankontre anpil moun ki di mwen yo ta enterese nan fè rechèch men fò yo pase atravè anpil biwokrasi ke lè ou rive jwenn fon, si ou jwenn fon, ou bliye sa pwen an te ye.

Èske sa move?

Sa yo di mwen se yon kesyon pou fè pwosesis la transparan e egal. Gen tou pèsepsyon sa a ke si «grant» (lajan pou fè rechèch), y ale nan syans ak jeni. Yo pa vin nan syans sosyal ou imanite.

Se yon devopman tipik yon mond sendwòm. Nou pa valorize imanite ak syans sosyal yo. Aktyèlman, si ou pa envesti nan rechèch, ou pral gen pou konte sou konesans etranje ki jenere. Yon moun chita Ostrali, US (Etazini), Wayòm Ini, oubyen Lafrans ki petèt kapab pibliye anpil liv, men kijan y ap reyèlman ale oubyen touche bezwen Il Moris yo?

Sa ki bezwen fèt se jenere konesans lokal.

Rechèch ki, petèt, rate plis la se sa ki touche reyalite a.

Se sa mwen vle di pa rechèch KREDIB. Rechèch ki: apwopriye Kontekstyèlman, ki Reponn a bezwen teyorik e pratik yo, ki Angaje moun ki enplike, ki Sèvi ak  yon konpreyansyon konesans lokal e pratik yo, se enfòme pa apwoch glabal e eksperyans yo, Benefisye kominote lokal yo, Gide chan /disiplin e kontribye a teyori ki pi laj, e sa Etik. Sa se rechèch KREDIB.

Nòt

corpus (n): ansanm tèks.
 
disemine (v): dispèse, epapiye; ekate; gaye (tout kote, an plizyè pwen).
 
entèkonekte (v) : konekte youn lòt.
 
kolokasyon (n): rezilta lè w aranje bagay ansanm.
 
kontwovèse (adj): ki gen pwendvi (oswa ide) opoze.
 
koyeran (koheran, koeran) (adj): ki lokijman konsistan.
 
medyòm (n): kanal, sistèm kominikasyon. 2. pozisyon antre de (2) ou omilye (nan mitan). 3. entèmedyè.
 
pwoaktivman (adv): avèk antisipasyon pwoblèm ou bezwen demen.
 
segregasyon (n): izolasyon; izolman (yon gwoup moun).

 

boule

 Viré monté