Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jounen entènasyonal lang kreyòl.
Premyè edisyon, Santiago, Rep, Dom.

Sainnécharles Claude

Jounen entènasyonal lang kreyòl

Dimanch 28 pase a yon ekip etidyan ak profesè te met tèt ansanm nan lakou Santiago de los caballeros pou yo te ka selebre jounen mondyal lang kreyòl la. Se te yon pwogràm ki te bèl anpil, chalè kiltirèl sa te menm fè dominiken vin benyen nan anbyans lengwistik sa. Youn nan òganizatè enpòtan aktivite sa ki se Amlè Aleksann, yon etidyan nan medsin nan inivésite UTESA, te fè anpil sakrifis ak tout rès kominite pwogràm lan, e yo te itilize pwòp fon pa yo pou yo te ka montre lang manman yo ak lang papa yo kòman yo renmen li anpil.

Pwogràm lan te dewoule konsa. Yon konferansye ki rele Jan Bisnèl Gèmen, etidyan nan medsin, ansyen profesè literati  nan Jeremi, te prezante yon bèl konferans ki gen nen sou lang kreyòl, lang ke tout powèt renmen tete a. Li te montre kòman lang kreyòl la te pran nesans, ki diferan etap li te pase, ki lit entèlektyèl  yo, ekriven yo, pami yo nou gen Feliks Moriso Lewa, te mennen pou fè lang kreyòl  la yon lang ofisyèl lè tout moun tap di kreyòl pa yon lang, menm moun ki pale kreyòl pi byen pase sa m pa konnen ke si pat gen kreyòl menm bèbè yo pa tap ye. Li montre kòman jounen jodi a lang kreyòl la ap vale teren menm lè diskriminasyon kont li pa sispan.

Li te mete aksan sou yon pwen sansib ki se kòman nou dwe kontinye goumen pou sa ki simante nou an, pou lang nou pale depi ti katkat la tounen veritab zouti pou edikasyon ayiti. Piblik la te tèlman swaf konferans sa se te avèk gwo bravo ayisyen kou dominiken yo te manifeste etadam yo. Sa m pral di a la pa yon blag pran san nou tande m: Si se pat tan ki tap fè nou lagè gen dominiken ki tap  vin fè diskou nan lang Desalin lan.! Maldito el tiempo! kòm  di yon chantè brezilyen, Alexandre Pires.

Aprè konferans lan bèl mizik kreyòl te makonnen tankou  Stiv Brinach, Annsi Dewoz, Bitova Oba, Manno Chalmay, Cawòl Demesmen... mizik ki gen nanm ki eksprime reyalite kiltirèl  pèp ayisyen an. Mizik la te vin pase plas ak lòt bagay... ak yon bèl fanm kreyòl, yon Choukoun modèn ki te fè tout moun friz ak vwa l -wosinyòl  pa ka chante pi byen pase mèvèy kreyòl sa! Non atis sa se Rit Batis. Aprè Rit te vin pase plas la ak yon lòt etidyan, Renaldi Pòl Avril, ki te tonbe ap di powèm kreyòl. M pa kache di nou sa tout moun te jwenn! Aprè powèt la te fin di powèm li yo li te pase kòn lan ak yon ti bway yo rele Kwelekwekwe, men vrèman non li se Klod Sennechal. Misye te di senpman de powèm. Kristyan Bolye o! Ki se yon tèks Feliks Moriso Lewa, yon gwo potorik gason ki te goumen ak tout fòs (ak ideyoloji, ak kreyasyon atistik) li pou yo te ka respekte kreyòl la, powèm sa kòmanse konsa:

M ap ekri yon liv an kreyòl
M ap ekri pou ou
Pou tout moun ou te renmen (...)

Dezyèm lan se yon tèks  Jòj Kastera ki rele Pitit malere:

Sa ou vle nèg la fè?
Madanm li ap passe rad,
Li menm l ap passe tray
Pitit li kouche tou rèd tou plat
Kou nap joudlan (...)

Pwogràm lan te fini ak remiz pri konkou pwezi  kreyòl kite òganize espesyalman pou jounen mondyal lang kreyòl la sou tèm: Tit lang sa a, sou facebook. Manm jiri yo (ki se te klod Sennechal, Jan Bisnèl Gèmen, Renaldi Pòl Avril, Elens Sebastyen) ak Amlè te remèt yon pri ak tout yon sètifika plis yon anvlòp ki te gen tchotcho ameriken ladan li pou patisipan ki te gen plis vòt sou facebook yo, ak meyè tèks powetik yo.

Sa se foto ganyan yo. Ganyan ki te gen plis vòt sou facebook la se te: Wando Ramondi Samyèl, twazyèm nan vòt sou facebook la se te Max Estefèsonn Telisma e dezyèm pou tèks tou. Dezyèm pri pou vòt la se te Bennji  Bonè. Ganyan premye pri pou pwezi a se te: Vaval Wadsonn. Aktivite sa a te posib, premyèman, gras ak Amlè aleksann, fondatè Jespaham’s production, mèt koze a,plis ak Elens Bastyen, Rejinal Sentinò, Gayetán Krone B., Gabriyèl Polikap, Telis Noyèlsiyis, Direktè Pawola Raposo, Renaldi Pòl Avril. Jespaham’s production ak tout estaf la pa kache anbisyon yo pou lòt ane pou selebrasyon lang kreyòl la :

"Lòt ane aktivite sa a ap pi djanm. Nou konte fè mizik kreyòl pase nan radyo dominiken, fè emisyon sou lang kreyòl  nan televizyon dominiken e envite jèn komedyen vin jwe nan okazyon sa a nan lakou Santiago"

Se nan anbyans fratènèl sa yo te selebre lang manman yo ak papa yo dimanch 28 pase a.

Klod Sennechal, powèt-ekriven

boule

 Viré monté