Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

REPUBLIQUE D'HAITI

Université d'État d'Haïti
Rectorat

Nòt pou laprès

Sou: Kòlòk Entènasyonal
"Akademi Ayisyen: Ki avantaj? Ki pwoblèm? Ki defi? Ki avni?"

Programme

ueh

Komite Pilotaj Kòlòk Entènasyonal sou tèm «Akademi Ayisyen: Ki avantaj? Ki pwoblèm? Ki defi? Ki avni?» remèsye alawonnbadè tout moun ak tout enstitisyon ki jwe yon wòl nan reyalizasyon kokennchenn woumble sa a: komite syantifik, komite sipò, komite òganizatè, konferansye, prezidan seyans, laprès, patisipan, ak tout lòt moun ak entitisyon ki pote kole ak nou.

Plis pale 300 patisipan te gen okazyon brase lide ak 35 entèvenan ki soti nan peyi d Ayiti, nan dyaspora a, ak nan kèk lòt peyi (Kiba, Lababad, zile Moris) soti 26 pou rive 29 oktòb 2011. Travav sa a rive fèt nan 6 panèl tankou: Lang ak sosyete, Lang kreyòl ak jan yo sèvi avè 1, Lang kreyòl, edikasyon, teknoloji, Amenajman lengwistik, Akademi Kreyòl Ayisyen: filozofi, definisyon, wòl, modèl, estrikti. 24 atelye te pèmèt diskisyon lit nan mitan patisipan ak entèvenan vo, von mannyè pou nou soti ak rezolisyon je klere sou ki sa Akademi Ayisyen Lang Kreyòl la dwe ye epi sou kòman pou nou rive mete 1 kanpe.

Kontribisyon chak aktè sa yo pèmèt kòlòk la rive reyalize epi li ede nou rive nan objektif nou t ap chache a ki se jwenn yon antant sou pi bon oryantasyon pou akademi kreyòl ayisyen an genyen.

Nan kòlòk sa a, plizyè enstitisyon ak pèsonalite jwenn yon atansyon espesyal pou travay yo fè nan lang kreyòl la oswa pou jan yo sèvi ak lang lan.

Se konsa nan okazyon sa a:

  • Rektora Inivèsite Leta a tabli yon «Pri Pierre Vernet» pou rekonpanse pi bon travay syantifik ki fèt an kreyòl nan Inivèsite a chak lane. Se yon okazyon tou pou rann Profesè Pierre Vernet omaj pou ansanb travay syantifik ak akademik li realize kòm anseyan e Dwayen Fakilte Lingwistik Aplike.
     
  • Jounal Bon Nouvèl, radyo Kiskeya, radyo Limyè, radyo Ayiti, Enfofanm, Sektè Vodou a, Sosyete Koukouy, resevwa onè ak merit pou wòl enstitisyon sa yo nan fè pwomosyon pou lang kreyòl la epi gaye enfòmasyon nan lang lan.
     
  • Pèsonalite tankou Yves Dejean, Pradel Pompilus, Frankétienne, Georges Castera, Christian Beaulieu, Nicole Magloire, François Severin, Pradel Pompilus, Jean-Claude Bajeux atire atansyon manm komite pilotaj la pou zèv literè oswa syantifik yo fè nan lang lan.

Komite pilotaj la fè tout moun konnen travay yo ap kontinye dekwa pou dokiman rezolisyon kòlòk la sèti anvan lontan. Epi l ap fè demach pou mete komite suivi a kanpe prese prese.

Yon lòt fwa ankò, Komite Pilotaj la voye yon gwo chay mèsi ak konpliman pou tout moun ak enstitisyon ki enterese pote kole ak li sou zafè Akademi Ayisyen Lang Kreyòl la.

Pou Komite Pilotaj Kòlòk la:

Inivèsite Leta Ayiti

Akademi

Akademi

boule

 Viré monté