Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

ZILE NOU
ak Michel-Ange Hyppolite,

yon plezi estetik oswa
yon doulè ekzistansyèl?

 

Pierre Anglade
Docteur ès lettres

 

 

 

 

 

Zile nou, Michel-Ange Hyppolite • ISBN  1-58432-150-4 •
11.00 US + frais postaux chez Educa Vision
Zile nou

ZILE NOU tradwi an anglè ak an fransè. Èske se paske anpil moun konsidere ayisyen an (lang kreyòl pa nou an donk) tankou yon lang minè ki bezwen ke 2 lang ewopeyen majè kore li, yon fason pou ba liv la plis valè? Ousnon se pou ZILE NOU kap touche plis moun nan mond la? Gen kèk lòt konsiderasyon tou: Anpil Ayisyen ki kapab li, kapab konprann, kapab ekri ayisyen (kreyòl la) pa fòseman alèz ak fransè a. Se yo menm ki an premye ap apresye tèks an ayisyen an (tèks kreyòl la). Tout Ayisyen pale ayisyen (kreyòl), men konbyen ladan yo ki alèz ak li e sitou ekri lang nasyonal nou an? Kategori sa a, dotanplis ke anpil pami yo konsidere ke lang ayisyen an enferyè, ap savoure tradiksyon an fransè a. Pou yon lòt pati, se sou tradiksyon anglè a ke yo a pe lage kò yo paske anpil Ayisyen nan dyaspora ki ap viv nan peyi anglofòn yo (Etazini ak Kanada prensipalman) pale ayisyen, konprann ayisyen, san yo pa fòseman kap li ayisyen oubyen ekri li, e fòk ou pa pale yo menm de afè pale ak li franse a!

Donk tradiksyon fransè ak anglè, nan 2 lang ewopeyen sa yo, 2 lang sib sa yo, kilès ki pi pwòch ak tèks orijinal an ayisyen an, lang sous la, ki rann pi byen lapawòl ak sans ke otè a eksprime nan ZILE NOU? Lò ou etabli yon paralèl ak 2 tradiksyon nan lang sib fransè epi anglè yo, ou kapab di ke vèsyon anglè a se yon vèsyon literal, paske li mo pou mo, pi pwòch tèks ayisyen an e ki pa denatire sans premye a. Men, poze nou keksyon: Vrèman, lang sib anglè a pa denatire sans lang sous an ayisyen an? An reyalite, pèsonèlman mwen pa konnen sifizamman anglè pou mwen ta kapab di ak sètitid ke, pou yon lokitè eksklizif an anglè, sètadi ki pa pale ni fransè ni ayisyen, tradiksyon anglè ke li ap li a fè sans pou li. Nou tout konnen ke lò ou ap aprann yon lang etranjè, yo toujou mande aprenan an pou li pa fè tradiksyon mo pou mo. Pwofesè yo toujou mande yon tradiksyon idyomatik. Sa sa vle di? Fòk aprenan an (dizon yon aprenan ayisyennofòn/kreyolofòn) rive pwodwi yon tèks tèlman kredib ke li bay enpresyon ke tèks li a te redije nan lang sib la menm!

Èske vèsyon nan lòt lang darive a, lòt lang sib la, nan fransè a donk, vrèman idyomatik, tankou mwen fenk di li la a? Annou admèt ke tout 20 powèm ki konpoze ZILE NOU a ki tradwi an fransè, yo idyomatik. Yo tèlman idyomatik ke sans anpil ladan yo bay la vin trè zelwanye de sans premye a. Vèsyon an fransè yo bèl, men yo pa parèt kòm yon tradiksyon fidèl de tèks ayisyen an. Sa pa fè anyen an reyalite, bote yo sove yo! Pou montre diferans ant vèsyon anglè ki jeneralman mo pou mo, ak vèsyon fransè ki idyomatik, ann chwazi 2 powèm ki pami sa ki pi kout yo, powèm nimewo 9 la (Dèy) ak nimewo 13 la (Zile nou III). Ann mete kotakot powèm orijinal an ayisyen an ak tradiksyon fransè a, ak tradisyon anglè a men ke nou ap tradwi ankò an fransè:

N°9 Dèy

A) Vèsyon orijinal

B) Tradiksyon an fransè

C) Tradiksyon anglè tradwi an fransè

Matris latè koule
youn bèl semans
Une terre en mal d’avortement The womb of the earth is pouring: L’utérus de la terre déverse
beautiful seeds: de belles semences
sou miluisankat kuis Mille huit cent quatre cuisses
sont là, sanguinolentes
over eighteen hundred an four thighs: sur dix-huit cent quatre cuisses
 
Solèy kase koub aladriv Un soleil désorienté
qui ne sait plus où aller
The sun takes a hairpin turn abandoned: Le soleil prend un virage en épingle à cheveux abandonné
Lalin maldyòk
Plòtonnen la vi tyovi
An chatpent 
Une lune sans vergogne
qui brade en catimini
la vie de nos enfants 
The moon’s evil eye: Le mauvais œil de la lune
is screwing up our kid’s lives: est en train de gâcher la vie de nos gosses
on the sky: dans le ciel 


N°13 Zile nou III

A) Vèsyon orijinal

B) Tradiksyon an fransè

C) Tradiksyon anglè tradwi an fransè

Lannuit pete eskonbrit Un cri traverse la nuit The night bursts out screaming: La nuit éclate en hurlant
Zetwal yo chire syèl la des étoiles lacèrent le ciel Stars are tearing up the sky: Les étoiles déchirent le ciel
Je-m pantan Je n’en crois pas mes yeux My yes are startled: Mes yeux ont sursauté
Ayiti kase lezo Elle fait fausse couche, Haïti!
Haiti’s water is breaking: L’eau d’Haïti se rompt
men rèv nou mouri nan pasaj Notre rêve avorte!
but our dreams are stillborn: mais nos rêves sont mort-nés

Vèsyon ki nan kolòn C a pi pwòch de kolòn A a, se vèsyon mo pou mo a; vèsyon ki nan kolòn B a mwens pwòch de kolòn A a, se vèsyon idyomatik. Jeneralman tradiksyon an fransè yo, yo lwen anpil de tèks kreyòl la, (mwen te di li pi devan an deja) tèlman lwen ke ou gen enpresyon ke se yon tèks diferan.

ZILE NOU, sètadi il Ayiti a konpoze de 2 repiblik, repiblik Ayiti ak repiblik Dominikèn. Fokis (focus) la fèt sou yon sèl bò zile a, liv la pa pale de lòt bò a, tankou li pa pale de pakèt lòt zile ki genyen nan Karayib la. Men, li pale de Amerik Dinò nan powèm 18 Larivyè Rido, 19 Miyami ak 20 Flèv Senloran, yon elajisman jewografik ki parèt nan final liv la. Powèm 5 la, Zile Karayib, anglobe tout Karayib la paske li pa ta posib pou site tout zile ki konpoze espas sila a. Powèm sa a se yon powèm angloban oubyen «metonimik». E sèlman 2 powèm konpòte non Ayiti ladan yo: nimewo 13 Zile nou III, nimewo 20 Flèv Senloran. Men, metonimikman Ayiti toujou prezan lòske powèm lan fè referans avèk yon seri de kote, yon seri de reyalite ki reyèlman ekziste nan peyi a.

N°)2 Lapawòl Vèvè Ogoun Feray / Titanyen
N°)6 Larivyè Larivyè Grenye
N°)12 Zilenou II Latibonit / Lagrandans / Mònlopital / Senjera / Lasoustijo
N°)15 Fanm Madan sara
N°)17 Lèt sa a se pou ou Mòn lopital

Nan ki kategori poetik nou kap mete ZILE NOU? Eksepsyon fèt de poèm nimewo 17 la, Lèt sa a se pou ou, ke mwen kap ranje nan kategori poèm an pwoz, tout lòt yo ekri an vè lib, yo gen yon metrik, yon ritm inegal. Pi bèl ekzanp liv la genyen, se poèm nimewo 13 la ankò:

Lannuit pete eskonbrit (7 silab)
Zetwal yo chire syèl la (7 silab)
Je-m pantan (3 silab)
Ayiti kase lezo (7 silab)
men rèv nou mouri nan pasaj (8 silab)

Pwosede literè ke Hyppolite anplwaye la a se yon sòt de estikomiti (stichomythie), chak vè yo gen yon sans konplè kòm si se te yon dyalòg ant 2 moun, avèk yon estrikti ritmik an miwa (7/7/3/7/8) rapid. Nan liv la, otè a itilize tout gam figi estil ki ekziste, (asonans, aliterasyon, metafò, ipèbòl, pèsonifikasyon, alegori, metonimi, apoloji, anafò etc) tankou tablo jeneral EXCELL ak 8 itèm ke mwen prezante an anèks la montre li. Wit (8) itèm sa yo, Tit, Lang, Tèm, Fòm, Sans, Ritm, Figi estil, Mesaj, se asiz ki pèmèt devlopman etid kritik sa a.

Gen 4 powèm ki konstwi de fason pou ranfòse yon afimasyon, pou kreye yon efè simetrik, piske yo komanse avèk yon anafò ki pozisyone antèt chak estwòf, e yo ritme chak tèks yo:

N°5 Zile Karayib: « Nou se zile Karayib» devan 2 estwòf yo
N°6 Larivyè: «Larivyè» devan 3 estwòf yo
N°10 Bòn fèt papa: «Ou» devan 3 estwòf yo
N°12 Zilenou II: «Chak» devan 4 estwòf yo

Kòm tout tèks se yon mond inik (unique), kòm tout tèks yo gen yon Mesaj (ak yon M majiskil), ke tout otè devwale, ki sa Hyppolite devwale nou nan ZILE NOU? Annou dakò ke tout tèks se ekspresyon yon emosyon pèsonèl, ke se woman, nouvèl, pwezi, teyat, diskou, kont etc. Byen vre ke anpil nan powèm yo eksprime emosyon pèsonèl otè a, ki pran plizyè fòm. E ki pi bèl emosyon pèsonnèl pase ekspresyon lanmou pou yon moun? Gen powèm ki make lanmou fizik, chanèl pou yon moun dirèkteman, tankou Pinggi (N°7), Ou beni (N°8), Zile nou IV (N°14), Lèt sa a se pou ou (N°17), ak Flèv Senloran (N°20).

Nan Larivyè (N°6), dlo sa a se yon pretèks pou otè a deklare lanmou pou yon moun kan li di «lanmou nou grandi». Men se lanmou pou nati a, pou lavi a tou. Men chan leksikal lanmou pou nati a:

larivyè Grenye / wòch / galèt / bonèt palmis / toutrèl.

Men chan leksikal pou lavi a tou, lò li evoke lamizik

chanson / senfoni / tanbou;

lò li evoke laliterati tou (womans), e ankò nosyon de fèt nan «fedatifis».

Li sèten ke powèm sa a gen kòm preyokipasyon amoni ki dwe ekziste ant èt imen (être humain) avèk milye natirèl, e kiltirèl, finalman avèk lavi. Li genyen yon dimansyon nètman ekolojik.

Lanmou an kap pran fòm yon admirasyon sensè. Se sa otè a eksprime pou papa li nan Bòn fèt papa (N°10) ak nan Fanm (N°15). Powèm sa a se petèt yon pami pi bèl tèks nan rekèy la, yon omaj sou fòm epope pou tout fanm an Ayiti ki rive venk tout difikilte nan lavi a.

Ekspresyon lanmou pou peyi a kap pran fòm yon nostalji ki anvayi lespri Hyppolite lò li lwen Ayiti. Nan Zile nou II (N°12), nostalji pou peyi a marasa ak nostalji ke powèt la genyen pou moun (ki non moun saa?) li kite an Ayiti a. De (2) santiman sa yo, lanmou peyi a ak lanmou pou patnè li a, lè 2 makònen nan 2 premye estwòf yo ak nan mwatye estwòf 3 a. Santiman nostaljik pou Ayiti, se dezyèm mwatye a avèk katryèm e dènye estwòf ki eksprime li pi fò. Li nan Larivyè Rido tou (N°18), yon siplikasyon ke li adrese ba rivyè sa a ke nou sipoze o Kanada, antouka yon kote ki lwen de Ayiti, pou ke rivyè a ke otè pèsonifye adousi nostalji ke li resanti a:

«Larivyè souri pou mwen
Bonnanj mwen nan sèp».

Malgre tou nostalji pou Ayiti pa anpeche Michel-Ange Hyppolite rekonèt tout defisyans ki karakterize tè natal li a! Se manifestasyon yon gwo desepsyon nan Zile nou III (N°13) lò li afime ke

«rèv nou mouri nan pasaj».

Nan 2 tèks metaforik ke mwen te kap konsidere kòm elejyak, Bèldriv (N°1) ak Dèy (N°9) se ekspresyon yon tristès kaziman mistik ki frape lektè a.

Nan Miyami (N°19), ki sa Hyppolite denonse? Se tout mizè ke imigre (ayisyen) ap pase nan peyi etranje. Se parabòl ki denonse imigrasyon ilegal, plent pou moun ki neye nan travèse lanmè pou yon lavi miyò. E lò lanmè Karayib epànye yo, yo rive Myami, yo wè ke bagay yo pa dous kòm yo te kwè li a ! Tristès la nou wè li nan Dekourajman (N°3) tou, men ak yon diferans kapital, powèm la manifeste yon envitasyon pou yon lapè inivèsel fini enpoze li sou latè, se pa sèlman an Ayiti. Kontrèman de tit powèm lan, otè a se yon ankourajman ke li ban nou pito!

Li rele sou nou pou nou rasanble. Politik rasanbleman an ki pou sove peyi nou an, li mande nou fè li menm si nou pa nan peyi nou «nan ekziltik» tankouè Zile nou I (N°11) lan di li. Se yon fason pou envite dyaspora yo patisipe nan efò rasanbleman an tou. Dènye pwopozisyon sa a, fòk nou konsevwa li tou tankou yon rasanbleman jeyografik, ètnik ak lengwistik nan tout Zile Karayib (N°5) la. Nan kòpis (corpus) sa a, genyen 8 okirans (occurrence) de pwonon pèsonèl NOU pou yon tèks de 11 vè distribiye nan 2 estwòf ki ba li plis fòs ankò.

Soti Ayiti pou rive nan Karayib la, rasanbleman an gen pou li kanpe sou tout latè a de sòt ke lamitye ak lanmou fleri toupatou. Van lespwa (N°4) sa a konpoze de yon grenn douzen, sètadi yon sèl estwòf konpoze de douz (12) vè, men nou kapab konsidere powèm lan se alafwa tankou:

  • yon metafò file: premye vè a gen pou sijè «ti van», e se aksyon li ke lòt 11 vè yo ap dewoule;
  • yon pèsonifikasyon paske «ti van» entreprann aksyon ke sèl yon èt imen kap fè;
  • yon akimilasyon, «ti van» an reji 7 aksyon, sètadi 7 vèb.

Ansanb pwosede estilistik sa yo, nou kap rezime yo andizan ke Van lespwa sa a se anmèmtan:

yon alegori, paske li fè nou wè konkrètman sa «ti van» kap fè pou li pote «lanmou zanmitay / nan tout zantray latè»!

Powèm Latè a (N°16) bèl tou, li gen lòt patikilarite. An plis di fèt ke tematik la e mesaj prensipal la se yon ensitasyon sou fòm de plent pou nou fè ansòt ke latè chanje, pwosede estilistik ki nan tèks la ba tèks la plis fòs ankò. Se konsa nou kap wè:

  • nan premye estwòf la aliterasyon an [B] ak an [T];
  • nan kòmansman dezyèm estwòf la yon anadiploz ki ranfòse emosyon otè a («Men nan kè-m !!! / Nan kè-m mezanmi») avèk asonans an [È] yo;
  • nan twazyèm estwòf la, anpil aliterasyon an [L] yo;
  • nan katriyèm estwòf la aliterasyon an [T] e ankò an [L] yo.

Pou sinyale patikilarite Latè a (N°16) ou kapab ajoute tout fwa ke mo eponim powèm la parèt nan tèks la:

  • senk (5) fwa sou vokab «latè» a menm;
  • plis senk (5) fwa ankò sou yon fòm pwonominalize [ba-l (15è vè) / pou-l (19è vè) / ba-l (22è vè) / pou l (26è vè) / li (29è vè)].

Tout eleman sa yo bay powèm sila a yon richès estilistik san parèy!

Sepandan, se avèk powèm nimewo 2 a ki gen pou non Lapawòl ke nou ape fini etid kritik sa a. Kòpis (corpus) la fizyone fòs politik (vè 8 «langay loksijèn») ak fòs mistik (vè 2 «Vèvè Ogoun Feray»). Si premye a kap eksprime li, se gras a dezyèm lan, se dezyèm lan ki bay etidyan Titanyen an, yon lokalite defavorize nan nò Pòtoprens, kouraj pou li pale. Men fòs reyaksyonè ke pawòl sa a ta pral akize a fèmen bouch etidyan an anvan. Men si gouvènan yo asasine li, ideyal ke li reprezante a nouri espwa tout yon jenès estidiantin, li konkretize revèy politik ke Hyppolite swete pou Ayiti. Lapawòl se lavi li ye, se li ki pote espwa. Powèm sila a, se sentèz de Mesaj ke otè a vle voye bay lektè li yo, atravè lektè yo, bay Ayiti. Pwezi nan ZILE NOU, se pa yon pwezi san karaktè, ke Michel-Ange Hyppolite ekri pou «fè bèbèl». Malgre tèks yo gen yon aparans inegal, longè yo varye, yo pa toujou fasil pou konprann, yo gen yon kote misterye, e kòm mwen montre pi devan, menm si otè a eksprime lanmou li genyen pou fanm ke li renmen yo, se pa pou sa ke mwen kap konsidere ZILE NOU tankou yon «pwezi danmou, santimantal», entimis (intimiste) ki ap konfye nou sekrè vi pa li sèlman, ki ap evoke doulè li, ki ap montre nou 2 rann dlo nan je li ! Mwen montre tou ke ti liv sa a, se yon liv angaje ki montre yon emosyon vrè, vrè pèsonalite Michel-Ange Hyppolite.

Mwen di ke pou mwen, rekèy sa a se yon rekèy angaje. Fòk nou pa bliye ke nan yon angajman, otè a kap riske vi li tou, paske sa li di yo leplisouvan deplè otorite peyi a. Daprè copyright liv la, li parèt an 2001, nan Florida (Etazini) ki jou, ki mwa? An Ayiti, 2001 se ane ke René Préval fini premye manda li (07/02/1996 rive 07/02/2001), e Jean-Bertrand Aristide komanse dezyèm manda li (07/02/2001 rive 29/02/2004). Konbyen de tan anvan 2001 Hyppolite te kòmanse ekri ZILE NOU? Nan ki kote? Nan ki sikonstans? Ki te pozizyon politik li ak gouvèneman Préval la, e ak gouvèneman Titid/TiPè a? Pou mwen menm, lefèt ke ewo (héros) nan Lapawòl (N°2) soti nan yon Titanyen, ke li se yon etidyan, e ke Ogoun Feray monte ti-nèg la pou ba li kouraj, se twa (3) mizanvalè de 3 senbòl:

  1. Nan Titanyen, nan pi ba pèp la, malgre ke peyi a pa fè anyen pou retire pèp la lan mizè;
  2. Nan pèp la, gen moun de valè ki kap rive fè etid inivèsitè malgre tout antrav;
  3. Etidyan kwè nan Ogoun Feray, nan vodou nou an, malgre tout kanpay ke relijyon monoteyis yo ap fè.

ZILE NOU pa pè kritike sosyete a, opoze li ak yon vizyon etabli an Ayiti, sepandan, «sans avoir l’air d’y toucher». Pou mwen, ti liv sa a, se yon liv pozitivman sibvèsif.

Pierre Anglade
Docteur ès lettres
Besançon, France  01/02/2022 à 19/02/2022

* * *

Titre Langues Thème Forme Sens  Rythme Figures de style, sonorité But
Avant-propos franse            
Prefas kreyòl, franse, anglè            
1.
Bèldriv
idem flè powèm vè lib frajilite natirèl 1 estwòf
4 vè, 7/10/5/8
konsonans È ak OU emosyon elejyak, misterye
2.
Lapawòl
idem eponimi idèm pwisans vèb 4 estwòf
1 tèsè (6/6/4);
3 katren (7/9/2/3); (5/7/3/6); (5/3/7/7) 
metafò file pawòl konbine ak kwayans = revèy politik
3.
Dekourajman
idèm insistans, pasyans idèm nesesite pou pa dekouraje 2 estwòf
1 sizen (4/6/4/4/4/5);
1 kentil (4/7/6/7/7)
metafò file sou eleman natirèl ensitasyon pou lapè inivèsèl
4.
Van lespwa
idèm eponimi idèm pwisans espwa 1 estwòf
1 douzen (6/3/4/7/4/6/6/6/6/4/5/6)
metafò ipèbolik ak alegorik sou eleman natirèl koyezyon sosyal = anfavè lamitye ak lanmou
5.
Zile Karayib
idem eponimi idèm inyon nan Karayib la 2 estwòf
1 sizen (7/8/5/4/6/8);
1 kentil (7/8/4/7/7)
anafò ak reyifikasyon politik rasanbleman jeyografik ak lengistik
6.
Larivyè
idem eponimi idèm senbolik larivyè konpare ak lanmou 3 estwòf
1 kentil (5/4/5/67);
2 sizen (5/3/4/5/5/6); (5/4/8/6/4/5)
anafò, chan leksikal pou bati yon alegori emosyon pèsonèl; glorifikasyon lanmou
7.
Pinggi
idem pasyon lanmou idèm dominasyon lanmou 1 estwòf
13 vè, (6/5/4/6/4/12/5/5/6/3/7/5/7)
metafò file apwo-po leksik MAB; konsonans OU, A emosyon pèsonèl; glorifikasyon lanmou
8.
Ou beni
idem lanmou idèm enkòmansirabilite lanmou 2 estwòf
1 witen (9/13/4/6/7/7/5/2);
1 septen (5/4/5/7/7/7/9)
metafò file; apwopo leksik apwopo kò youn moun emosyon pèsonèl; glorifikasyon lanmou
9.
Dèy
idèm dèy,
lamizè
idem malè andemik peyi a 1 estwòf
1 septen (6/4/6/8/4/7/3)
pèsonifikasyon doulè emosyon elejyak sou malè peyi a 
10.
Bòn fèt papa
idèm papa idèm lanmou filyal 3 estwòf
2 katren (5/5/5/4); (5/7/6/4);
1 kentil (5/3/6/3/7)
anafò ak apoloji emosyon pèsonèl; lanmou filyal
11.
Zile nou I
idem zile idèm lanmou pou zile 2 estwòf
1 katren (6/6/8/5);
1 kentil (4/4/8/7/6)
metafò file emosyon pèsonèl ak politik rasanbleman
12.
Zile nou II
idem zile idèm lanmou pou zile 4 estwòf
1 katren (5/5/6/7);
1 sizen (3/3/2/4/8/8);
1 septen (5/6/9/2/8/7/3);
1 witen (9/5/4/3/4/3/7/4)
anafò ak pèsonifi-kasyon; aliterasyon an k (witen) emosyon pèsonèl ak nostalji, lanmou pou peyi a
13.
Zile nou III
idèm zile idèm lanmou pou Ayiti 1 estwòf
1 kentil (7/7/3/7/8)
sòt de stikomiti emosyon pèsonèl ak defisyans sosyal, nasyonal
14.
Zile nou IV
idèm zile idèm Ayiti bay desepsyon 1 estwòf
1 douzen (3/2/3/6/3/7/4/6/7/5/4/6)
akimilasyon tankou yon obsekrasyon emosyon pèsonèl ak lanmou / espwa
15.
Fanm
idèm eponimi idèm admirasyon pou fanm 5 estwòf
1 septen(5/8/6/ 5/5/8 /5);
1 kentil (6/6/5/8/4);
1 neven (5/6/8/5/7/8/4/7/8);
1 witen (5/6/5/5/5/6/7/11);
1 douzen (7/3/6/4/7/4/4 /4/6 /2 /4/7)
tèks ipèbolik, anaforik, metaforik, anfaz apolojetik; pwozopope emosyon pèsonèl; admirasyon; epope
16.
Latè
idèm eponimi idèm plent pou latè 4 estwòf
1 witen (5/8/6/4/6/ 6/6/6);
1 kentil (3/5/3/5/5);
1 sizen (5/3/7/5/14/6);
1 onzen (5/5/1/7/3/5/3/3/3/8/7)
anadiploz (vè 9 ak 10); parataks; pèsonifikasyon emosyon pèsonèl; pwopozisyon pou bagay yo chanje; espwa
17.
Lèt sa a se pou ou
idèm lèt danmou powèm an pwoz deklarasyon damou 3 paragraf tèks powetik emosyon pèsonèl : deklarasyon damou
18.
Larivyè Rido
idèm eponimi powèm an vè lib ekspresyon yon dezawa 1 estwòf
1 witen (7/7/4/4/6/5/7/5)
pèsonifikasyon  emosyon pèsonèl, nostalji
19.
Miyami
idèm eponimi idèm difikilte pou viv Miyami 3 estwòf
1  tèsè (5/9/3);
2 katren (5/5/3/3); (6/6/4/4)
pèsonifikasyon ipèbolik emosyon pèsonèl sou difikilte lavi a nan Miyami
20.
Flèv Senloran
idèm eponimi idèm omaj pou SenLoran 3 estwòf
1 witen (6/6/6/7/5/6 /5/7);
1 septen (3/7/3/8/3/8/6);
1 kentil (6/6/5/8/10);
1 tèsè (3/3/8)
konparezon; metafò emosyon pèsonèl, remèsiman pou flèv la ki ranfòse lanmou li pou yon fi

*

 Viré monté